Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w bay sa Jewova te fè pou l delivre w la valè?

Èske w bay sa Jewova te fè pou l delivre w la valè?

Èske w bay sa Jewova te fè pou l delivre w la valè?

“Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo.” —LIK 1:68.

1, 2. Ki egzanp nou ka bay pou montre ki jan sitiyasyon nou ladan l aktyèlman an grav, e ki kesyon nou pral konsidere?

IMAJINE ou kouche sou yon kabann lopital. Ou nan yon chanm e tout moun ki nan chanm nan gen menm maladi ansanm avè w, yon maladi ki touye moun, e yo poko dekouvri okenn remèd pou li. Lè w vin aprann gen yon doktè k ap fè rechèch pou l jwenn yon remèd pou maladi a, ou kòmanse gen espwa. W ap tann pou w tande nouvèl sou rechèch k ap fèt yo avèk enpasyans. Yon jou, ou aprann li dekouvri yon remèd pou maladi a. Doktè ki te dekouvri remèd sa a te fè gwo sakrifis pou sa posib. Ki jan w t ap reyaji? Sandout, kè w t ap chaje ak respè ansanm ak rekonesans pou doktè ki te fè li posib pou ou menm ak anpil lòt moun delivre anba lanmò a.

2 Li ka parèt yon ti jan egzajere pou nou imajine yon sitiyasyon konsa, men li koresponn ak yon reyalite n ap viv. Nou chak nou nan yon sitiyasyon ki pi grav pase sa nou sot dekri a. Nou vrèman bezwen yon moun pou sove nou. (Li Women 7:24.) Jewova fè gwo sakrifis pou l delivre nou. Pitit li a tou te fè gwo sakrifis. Kounye a, annou konsidere kat kesyon enpòtan. Poukisa nou te bezwen yon delivrans? Ki sa delivrans nou an te koute Jezi? Ki sa l te koute Jewova? E ki jan nou ka montre nou bay delivrans Bondye ban nou an anpil valè?

Rezon ki fè nou bezwen delivrans

3. Nan ki sans nou ka konpare peche ak yon gwo epidemi?

3 Selon yon rapò yo te bay sa pa fè twò lontan, youn nan epidemi ki te pi grav ki te gen nan istwa limanite se grip espayòl la ki te pase an 1918. Li te touye plizyè dizèn milyon moun. Sepandan, nan yon sans, gen lòt maladi ki ka pi danjere. Byenke mwens moun kapab trape yo, pousantaj moun yo touye yo pi plis *. Nou ka konpare peche ak yon epidemi konsa. Sonje sa Women 5:12 di: “Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.” Se tout moun nèt peche enfekte, paske tout moun enpafè e yo peche. (Li Women 3:23.) Ki kantite moun ki mouri akoz peche? Pòl te ekri peche pote lanmò pou “tout moun”.

4. Ki jan Jewova wè kantite tan nou viv la, e poukisa pwennvi pa l sou kesyon sa a diferan ak pwennvi anpil moun jodi a?

4 Gen anpil moun jodi a ki konsidere peche ak lanmò kòm yon bagay ki nòmal. Yo pè pou yo pa mouri anvan lè, men yo twouve lè yon moun mouri paske li vin granmoun, se yon bagay ki “natirèl”. Yo pa chèche konprann pwennvi Kreyatè a genyen. Kantite tan nou viv la pi kout lontan pase kantite tan li te vle nou viv. Anfèt, pa gen moun ki viv menm “yon jou” nan je Jewova (2 Pyè 3:8). Se sa k fè Pawòl Bondye a di lavi nou pase rapid menm jan ak zèb oubyen menm jan ak yon vapè (Sòm 39:5; 1 Pyè 1:24). Nou bezwen sonje sa. Poukisa? Si nou konprann nan ki pwen “maladi” nou genyen an grav, n ap ka pi byen konprann nan ki pwen “remèd” la, sètadi delivrans lan, enpòtan pou nou.

5. Ki sa nou pèdi akoz peche?

5 Pou nou ka konprann nan ki pwen peche se yon bagay ki grav e pou nou ka konprann efè l gen sou nou, nou ta dwe eseye konprann sa l te fè nou pèdi. Sa ka difisil pou nou konprann, paske sa nou pèdi akoz peche a se yon bagay nou pa t janm konnen. Okòmansman, Adan ak Èv te gen yon vi ki pafè. Yo te gen yon lespri ak yon kò ki pafè e yo te kapab chwazi pou yo kontwole panse yo, santiman yo ak aksyon yo. Konsa, yo te lib pou yo te kontinye devlope yon seri bèl kalite antanke sèvitè Jewova Dye. Olye yo te fè sa, yo te rejte bèl kado sa a. Lefètke yo te chwazi peche kont Jewova, sa te fè ni yo menm ni desandan yo pèdi kalite lavi Jewova te vle pou yo a (Jen. 3:16-19). Anmenmtan, yo te pran “maladi” terib n ap pale a e yo te ban nou l. Se sa k fè Jewova te gen rezon pou l kondane yo. Sepandan, li ban nou espwa pou nou jwenn delivrans. —Sòm 103:10.

Sa delivrans nou an te koute Jezi

6, 7. a) Ki jan Jewova te montre delivrans nou an t ap mande gwo sakrifis? b) Ki sa nou ka aprann konsènan sakrifis Abèl ak kèk moun ki te viv anvan epòk Lalwa a te fè?

6 Jewova te konnen sa t ap mande gwo sakrifis pou l delivre pitit Adan ak Èv yo. Pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan ban nou yon ide sou sa delivrans lan t ap mande pou l fè. Jewova t ap gen pou l bay yon “desandans” ​(NW), yon sovè, ki t ap gen pou l detwi Satan yon jou. Sepandan, sovè sa a t ap gen pou l soufri anvan. Nan yon sans figire, yo t ap blese l nan talon. Nou ka konprann lè yon moun blese nan talon, sa ka fè l mal e sa ka limite aktivite l. Men, ak ki sa blese sa a ki nan pwofesi a gen rapò? Ki sa Moun Jewova chwazi a t ap gen pou l sibi?

7 Pou sovè sa a ta kapab retire limanite anba peche, li t ap gen pou l bay yon bagay pou limanite jwenn padon, yon bagay ki t ap pèmèt limanite rekonsilye ak Bondye paske bagay sa a t ap efase konsekans peche gen sou limanite. Ki sa sa t ap enplike? Depi nan kòmansman istwa limanite gen kèk bagay kèk moun te fè ki te endike yon sakrifis te nesesè. Lè Abèl, premye moun ki te fidèl la te ofri Jewova yon sakrifis bèt, li te jwenn apwobasyon Jewova. Annapre, gen yon seri moun nan tan lontan ki te gen lakrentif pou Bondye tankou Noye, Abraram, Jakòb ak Jòb ki te fè yon seri sakrifis menm jan an, e sa te fè Bondye plezi (Jen. 4:4; 8:20, 21; 22:13; 31:54; Jòb 1:5). Plizyè syèk annapre, Lwa Moyiz la te vin ede moun yo pi byen konprann kesyon sakrifis la.

8. Ki sa gran prèt la te konn fè chak ane nan jou Pwopisyasyon an?

8 Pami sakrifis Lalwa te mande ki te pi enpòtan yo, te gen sakrifis yo te konn ofri nan jou Pwopisyasyon an. Jou sa a, gran prèt la te konn fè yon seri aksyon senbolik. Li te konn ofri Jewova sakrifis pou l te ka fè pwopisyasyon pou peche moun yo, sètadi pou yo te ka jwenn padon pou peche yo. Li te konn fè sa premyèman pou peche moun ki te fè pati klas prèt yo epi annapre pou tribi ki pa t gen prèt yo. Gran prèt la te konn rantre nan pati nan tabènak la oswa tanp lan ki te rele Trèsen an, yon kote se li menm sèlman ki te ka rantre ladan l e se sèlman nan jou sa a nan ane a li te ka fè sa. Lè l te antre nan Trèsen an, li te konn fè aspèsyon san sakrifis yo devan lach alyans lan. Pa anlè kòf sakre sa a, pafwa te konn gen yon nyaj ki klere ki te konn parèt ki te reprezante prezans Jewova Dye. —Egz. 25:22; Lev. 16:1-30.

9. a) Kiyès gran prèt la te reprezante nan jou Pwopisyasyon an, e ki sa sakrifis li te ofri yo te reprezante? b) Ki sa antre gran prèt la te konn antre nan Trèsen an te anonse?

9 Apot Pòl te resevwa enspirasyon pou l fè konnen ki sa tout aksyon sa yo te reprezante. Li te montre gran prèt la te reprezante Jezi Kris, Mesi a, tandiske sakrifis li te ofri yo te reprezante sakrifis Kris t apral bay lè l te aksepte mouri a (Ebre 9:11-14). Grasa sakrifis pafè sa a, de gwoup moun t apral jwenn vrè pwopisyasyon an, sètadi vrè padon an. De gwoup sa yo se 144 000 frè Kris yo ki wen ak lespri e ki se yon klas prèt ansanm ak “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Antre gran prèt la te antre nan Trèsen an te anonse moman Jezi t apral rantre nan syèl la menm pou l parèt devan Jewova Dye pou l prezante l valè sakrifis li te bay kòm ranson an. —Ebre 9:24, 25.

10. Ki jan pwofesi ki nan Bib la te montre ki sa k t apral rive Mesi a?

10 Li klè, te gen gwo sakrifis ki te dwe fèt pou desandan Adan ak Èv yo te ka jwenn delivrans. Mesi a t ap gen pou l sakrifye lavi l. Nan Ekriti ebrayik yo, pwofèt yo bay anpil detay sou verite sa a. Pa egzanp, pwofèt Dànyèl te di yon fason dirèk yo t ap “touye chèf Bondye te chwazi a [“Mesi, Lidè a”, NW]” pou “padonnen tout peche”. (Dàn. 9:24-26.) Izayi te predi yo t ap rejte Mesi a, yo t ap pèsekite l e yo t ap touye l, sètadi yo t ap pèse l, pou l kapab pote peche lèzòm ki enpafè. —Iza. 53:4, 5, 7.

11. Ki jan Pitit Jewova a te montre li te dispoze sakrifye tèt li pou nou ka jwenn delivrans lan?

11 Depi anvan sèl Pitit Bondye fè a te vin sou tè a, li te konnen ki sa delivrans nou an t apral koute l. Li te konnen li t apral gen pou l soufri anpil epi yo t ap touye l. Lè Papa l te fè l konnen verite sa yo, èske l te fè bak oubyen èske l te rebele? Non. Okontrè, li te soumèt devan enstriksyon Papa l yo volontèman (Iza. 50:4-6). Menm jan an tou, pandan Jezi te sou tè a, li te fè volonte Papa l paske li te vle obeyi l. Poukisa? Nou jwenn yon repons nan pawòl sa yo li te di: “Mwen renmen Papa m.” Men yon lòt repons li te bay: “Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.” ​(Jan 14:31; 15:13). Konsa, lanmou Pitit Jewova a genyen pou nou an jwe yon gwo wòl nan delivrans nou. Byenke sa te mande pou l bay lavi pafè li te genyen antanke imen an, li te byen kontan fè sa yon fason pou nou te ka jwenn delivrans lan.

Sa delivrans nou an te koute Jewova

12. Grasa volonte kiyès nou jwenn ranson an, e poukisa li te bay li?

12 Se pa Jezi ki te deside si te dwe gen yon sakrifis oswa ki jan pou sakrifis la fèt. Men, delivrans lan te vin posib paske sa te antre nan volonte Jewova. Apot Pòl te fè konnen otèl ki nan tanp lan kote yo te konn ofri sakrifis yo te reprezante volonte Jewova (Ebre 10:10). Donk, delivrans nou jwenn pa mwayen sakrifis Kris la se Jewova an premye ki ban nou li (Lik 1:68). Se yon fason li demontre volonte l ak lanmou li gen pou lèzòm. —Li Jan 3:16.

13, 14. Ki jan egzanp Abraram nan ka ede nou konprann sa Jewova te fè pou nou an?

13 Pou Jewova te demontre lanmou l gen pou nou nan fason sa a, ki sa sa te koute l? Sa difisil pou nou konprann. Sepandan, gen yon istwa nan Bib la ki ka ede nou wè bagay yo pi klè. Jewova te mande Abraram, yon nonm fidèl, pou l fè yon bagay ki te difisil anpil. Li te mande l pou l ofri Izarak pitit li an sakrifis. Abraram se yon papa ki te renmen pitit li. Jewova te pale de Izarak antanke “sèl pitit gason [Abraram] genyen an, pitit [li] renmen anpil la”. (Jen. 22:2.) Men, Abraram te wè volonte Jewova pi enpòtan lontan pase lanmou l gen pou Izarak. Donk, Abraram te obeyi. Sepandan, Jewova pa t kite l fè sakrifis sa a, byenke Li menm li t apral fè yon sakrifis konsa pi devan. Bondye te voye yon zanj pou l kanpe Abraram pandan l te prèt pou l sakrifye pitit gason l lan. Abraram te tèlman gen detèminasyon pou l obeyi Bondye l la nan eprèv difisil sa a, li te gentan mete nan tèt li sèl espwa li te genyen pou l rewè Izarak vivan ankò se te rezirèksyon an. Li te gen yon lafwa total Bondye t ap fè rezirèksyon sa a. Se avèk rezon Pòl te di “nan yon sans” Abraram te resevwa Izarak ki te sot nan lanmò. —Ebre 11:19.

14 Èske w kapab imajine lapenn Abraram te gen nan kè l lè l t ap prepare l pou l ofri pitit gason l lan? Nan yon sans, sa Abraram te viv la ede nou konprann sa Jewova te santi lè l t ap sakrifye sila li te rele “pitit mwen renmen anpil la”. (Mat. 3:17.) Men, nou bezwen sonje sandout lapenn Jewova te santi a te plis lontan pase pa Abraram nan. Jewova ak Pitit li a te ansanm depi plizyè milyon ane e petèt menm depi plizyè milya ane. Pitit la te konn travay ak kè kontan avèk Papa a antanke “ouvriye abil” Papa a te renmen anpil la e antanke “Pawòl la”, sètadi Pòtpawòl li (Pwo. 8:22, 30, 31, NW; Jan 1:1). Nou pa ka konnen sa Jewova te andire pandan yo t ap fè Pitit li a soufri, pandan yo t ap pase l nan betiz e lè yo te touye l kòm kriminèl la. Delivrans nou te koute Jewova anpil. Donk, ki jan nou ka montre delivrans sa a gen valè pou nou?

Ki jan w ka montre delivrans lan gen valè pou ou?

15. Ki jan Jezi te franchi dènye etap li te gen pou l franchi ki t ap pèmèt nou jwenn padon pou peche nou an, e ki sa ki te vin posib apre sa?

15 Jezi te franchi dènye etap li te gen pou l franchi ki t ap pèmèt nou jwenn padon pou peche nou an lè li te resisite pou l al nan syèl la. Lè l te retounen al jwenn Papa l li renmen anpil la, li te prezante l valè sakrifis li a. Gen gwo benediksyon ki te vini apre sa. Li te vin posib pou moun jwenn yon padon total, e sa te posib premyèman pou peche frè Kris yo ki wen, e apre sa, pou peche “tout moun”. Grasa sakrifis sa a, jodi a tout moun ki repanti sensèman e ki vin yon vrè disip Kris kapab gen yon bon konsyans devan Jewova Dye (1 Jan 2:2). Ki jan sa konsène w?

16. Ki egzanp nou ka bay ki montre rezon ki fè nou dwe gen rekonesans pou delivrans Jewova ban nou an?

16 Ann retounen nan egzanp nou te site nan kòmansman atik la. Ann sipoze doktè ki te jwenn tretman pou maladi a ta vin kot malad ki nan menm chanm avèk ou yo epi li ta di: Tout pasyan ki aksepte suiv tretman an e ki suiv rejim yo preskri a ap geri kanmenm. Si pifò malad yo pa ta dakò suiv sa doktè a mande a epi yo ta di sa ap twò difisil pou yo pran medikaman yo e pou yo suiv rejim nan, ki sa w t ap fè? Èske w t ap suiv yo menmsi w ta jwenn prèv ki montre tretman an efikas vre? Jamè! Sandout ou t ap montre w rekonesan pou tretman sa a e apre sa ou t ap suiv sa doktè a preskri a avèk swen. Petèt menm ou t ap di lòt moun ki desizyon w pran. Nou chak nou ta dwe pi chofe toujou pou nou montre Jewova nan ki pwen nou rekonesan pou delivrans li ban nou pa mwayen sakrifis Pitit li a. —Li Women 6:17, 18.

17. Ki jan w ka montre ou apresye sa Jewova te fè pou l delivre w la?

17 Si nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Pitit li a te fè pou yo delivre nou anba peche ak lanmò, n ap montre sa (1 Jan 5:3). N ap goumen ak tandans nou genyen pou nou peche a. Nou pap janm tonbe nan pratike peche volontèman ni nou pap mennen yon vi doub menm jan ak moun ki ipokrit, sa ki rive byen souvan lè moun ap pratike peche volontèman. Si nou ta aji konsa, se kòmsi nou t ap montre nou pa bay ranson an valè ditou oswa nou pa gen rekonesans pou li ditou. Okontrè, n ap montre nou gen rekonesans pou li lè nou fè gwo efò pou nou rete pwòp nan je Bondye (2 Pyè 3:14). N ap montre sa tou lè nou pataje bèl esperans nou genyen pou nou delivre a avèk lòt moun, yon fason pou yo menm tou yo kapab pwòp devan Jewova e pou yo kapab gen esperans pou yo jwenn lavi etènèl la (1 Tim. 4:16). Pa gen dout nan sa, Jewova ak Pitit li a merite pou nou ba yo tout tan ak enèji nou kapab bay pou nou louwe yo (Mak 12:28-30)! Imajine sa! Nou kapab tann moman kote nou pral delivre nèt anba peche a. Lè sa a, n ap kapab viv jan Bondye te vle pou nou viv la, sètadi nan lapèfeksyon, e pou toutan! Sa ap posib grasa sa Jewova te fè pou l delivre nou an. —Wom. 8:21.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Yo fè konnen grip espayòl la te enfekte ant 20 a plis pase 50 pousan nan kantite moun ki te sou tout tè a nan epòk sa a. Petèt viris sa a te touye ant 1 a 10 pousan moun ki te enfekte yo. Viris ki bay Ebola a li menm se yon viris ki ra, men, nan kèk okazyon kote li te pwovoke epidemi, li te touye prèske 90 pousan moun li te enfekte yo.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa ou vrèman bezwen delivrans?

• Lefètke Jezi te aksepte fè sakrifis la, ki efè sa gen sou ou?

• Ki jan w konsidere ranson an ki se yon kado Jewova ban nou?

• Ki sa w santi w anvi fè poutèt dispozisyon Jewova pran pou l delivre w la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Nan jou Pwopisyasyon an, gran prèt la te jwe yon wòl ki te anonse Mesi a.

[Foto nan paj 28]

Lefètke Abraram te dispoze ofri pitit li a an sakrifis, sa aprann nou anpil bagay konsènan sakrifis Jewova te fè a ki te pi gwo lontan.