Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki dwe chwazi relijyon pou mwen? Mwen menm oswa paran m?

Kiyès ki dwe chwazi relijyon pou mwen? Mwen menm oswa paran m?

Kiyès ki dwe chwazi relijyon pou mwen? Mwen menm oswa paran m?

NAN peyi Polòy, gen anpil moun ki konn di Temwen Jewova yo: “Nan relijyon m fèt la, se ladan l m ap mouri.” Sa montre, nan lespri yo, relijyon se yon bagay pitit eritye nan men paran yo. Èske nan zòn kote w ye a se konsa moun yo panse tou? Byen souvan, ki sa k konn rive lè moun yo gen pwennvi sa a? Lè moun yo gen pwennvi sa a, yo pratike relijyon yo a pou lafòm, senpleman paske se relijyon sa a fanmi an te toujou pratike. Èske menm bagay la ka rive Temwen Jewova ki te aprann laverite nan men paran yo oswa gran paran yo?

Antouka, sa pa t rive Timote. Manman l ak grann li ki te atache ak Bondye te anseye l pou l kwè nan vrè Dye a e pou l renmen l. Timote te konnen ekriti sakre yo ‘depi l toupiti’. Avèk letan, menm jan ak manman l ak grann li, Timote te vin kwè krisyanis lan se laverite. Yo “te konvenk li pou l kwè” sa l te aprann nan Ekriti yo konsènan Jezi Kris (2 Tim. 1:5; 3:14, 15, NW). Menm jan an tou, jodi a, se vre, paran kretyen yo fè tout sa yo kapab pou yo ede pitit yo sèvi Jewova, men se timoun yo pèsonèlman ki bezwen vin gen dezi pou yo sèvi l. —Mak 8:34.

Pou yon timoun sèvi Jewova paske li renmen l, e pou l kenbe entegrite l kèlkeswa sa k rive li, yo dwe konvenk li ak bonjan rezònman ki konvenkan. Konsa, l ap gen yon lafwa ki solid e ki byen anrasinen. —Efe. 3:17; Kol. 2:6, 7.

Wòl timoun yo jwe

Albert *, ki leve nan yon fanmi Temwen Jewova, di pawòl sa yo: “Mwen te toujou santi Temwen Jewova yo ap pratike vrè relijyon an, men mwen te twouve li difisil pou m te aksepte sa yo te anseye sou fason mwen ta dwe mennen vi m.” Si w se yon jèn, petèt ou panse menm jan an. Poukisa w pa fè efò pou w chèche konnen ki jan Bondye vle pou nou viv, e apre sa pou w pran plezi fè volonte l (Sòm 40:8)? Gade sa Albert di: “Mwen te kòmanse priye. Okòmansman, mwen te twouve sa difisil. Men, mwen te oblije fòse tèt mwen priye. Nan yon tikras tan, mwen te santi mwen kapab gen anpil valè nan je Bondye si m chèche fè sa ki byen. Sa te ban m fòs pou m fè chanjman ki te nesesè yo.” Si w kiltive yon relasyon pèsonèl ak Jewova, w ap kapab vin gen dezi pou w fè sa l mande w fè. —Sòm 25:14; Jak 4:8.

Reflechi ak yon jwèt ou abitye jwe, tankou jwèt kat, oswa yon spò ou renmen. Si w pa konn règ yo oswa ou pa konn jwe l byen, sandout ou twouve l annuiyan. Men, si w vin konn règ yo e w vin bon ladan l, èske w pap toujou anvi jwe l? Petèt menm w ap chèche okazyon pou w fè sa. Se menm bagay la pou aktivite espirityèl nou yo. Se poutèt sa ou dwe pran dispozisyon pou w prepare reyinyon yo. Ou dwe patisipe ladan yo. Kèlkeswa laj ou, ou kapab menm rive ankouraje lòt moun grasa egzanp ou. —Ebre 10:24, 25.

Se menm bagay la tou lè n ap pale ak lòt moun konsènan lafwa nou. Nou dwe fè sa paske nou renmen Jewova e non pa paske yo fòse nou fè sa. Mande tèt ou: ‘Poukisa mwen vle pale lòt moun de Jewova? Ki rezon ki fè m renmen l?’ Ou bezwen konsidere Jewova kòm yon Papa ki plen lanmou. Men sa l te di pa mwayen pwofèt Jeremi: “N’a chache m, n’a jwenn mwen paske n’a chache m ak tout kè nou.” ​(Jer. 29:13, 14). Ki sa sa ka mande pou w fè? Men sa Jakub te di: “Mwen te oblije chanje fason m panse. Mwen te konn asiste reyinyon yo e mwen te konn soti nan predikasyon depi m te toupiti, men aktivite sa yo te vin yon woutin pou mwen. Se sèlman lè m te vin pi byen konnen Jewova e mwen te vin gen yon relasyon pèsonèl avè l mwen te vrèman vin ap viv laverite.”

Lè w gen bon frekantasyon ki ka ankouraje w, sa ap ede w apresye ministè w anpil. Gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj.” ​(Pwo. 13:20, NW). Se sa k fè ou bezwen chèche moun k ap pousuiv objektif espirityèl e ki kontan nan sèvis Jewova a kòm zanmi. Men sa Jola di: “Mwen santi lefètke mwen gen anpil moun ki espirityèl kòm zanmi, sa te ankouraje m. Mwen te kòmanse patisipe nan ministè a regilyèman avèk anpil kè kontan.”

Wòl paran jwe

Men sa Jola di: “Mwen gen anpil rekonesans pou paran m paske yo te ede m konnen Jewova.” Pa gen dout nan sa, paran yo kapab gen yon gwo enfliyans sou chwa pitit yo fè. Apot Pòl te ekri: ‘Nou menm, papa, bay timoun yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.’ ​(Efe. 6:4). Konsèy enspire sa a montre byen klè wòl paran yo se pou yo anseye pitit yo chemen Jewova yo, e non pa panse pa yo. Olye w chèche konvenk yo pou yo suiv objektif ou menm ou gendwa te genyen, li t ap pi bon lontan pou w ta ede yo pou yo toujou chèche viv ann amoni ak objektif Jewova yo!

Nou kapab mete pawòl Jewova yo nan lespri timoun nou yo e nou kapab “repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n’ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay”. (Det. 6:6, 7.) Ewa ak Ryszard leve twa pitit gason. Men sa yo di: “Souvan, nou te konn pale ak yo sou diferan fòm sèvis aplentan.” Ki rezilta yo te jwenn? “Timesye yo te vle enskri nan Lekòl ministè teyokratik depi yo te toupiti, yo te vin pwoklamatè, epi finalman, yo te deside poukont yo pou yo batize. Annapre, yo te sèvi nan Betèl oswa nan sèvis pyonye.”

Li trèzenpòtan pou paran yo bay timoun yo bon egzanp. Ryszard di: “Nou te detèmine pou nou pa mennen yon vi doub, sa vle di pou nou pa aji yon fason lakay nou e yon lòt fason nan kongregasyon an.” Kounye a, mande tèt ou: ‘Ki sa timoun mwen yo wè lè y ap gade jan m viv? Èske yo wè mwen gen yon vrè lanmou pou Jewova? Èske yo wè lanmou sa a nan priyè m ap fè yo e nan abitid mwen genyen pou m fè etid pèsonèl mwen? Èske yo santi lanmou sa a lè yo gade etadespri m parapò ak ministè a, ak detant, ak bagay materyèl e nan sa m ap di konsènan lòt manm kongregasyon an?’ ​(Lik 6:40). Timoun yo ap obsève fason w viv chak jou e y ap note tout diferans ki genyen ant sa w ap di ak sa w ap fè.

Disiplin jwe yon gwo wòl nan leve timoun. Pawòl Bondye enspire a di pou nou “bay yon timoun prensip li dwe swiv”. (Pwo. 22:6.) Ewa ak Ryszard di: “Nou te pran tan pou nou fè yon etid Labib ak chak timoun apa.” An reyalite, se paran yo ki pou deside si l nesesè pou yo fè yon etid apa ak chak timoun. Kèlkeswa sa yo deside a, yo dwe trete chak timoun kòm yon timoun ki gen pèsonalite pa l. Sa mande pou yo fleksib e pou yo rezonab. Pa egzanp, olye pou w annik di timoun ou yo yon mizik pa bon, poukisa w pa montre yo pito prensip biblik ki ka ede yo pran desizyon ki saj nan domèn sa a?

Timoun ou yo gendwa konnen egzakteman sa w ap atann de yo e sanble yo konfòme yo ak sa w ap atann nan. Men, ou bezwen touche kè yo. Sonje sa, “lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò”. (Pwo. 20:5.) Se pou w aji ak disènman. Chèche wè si gen kèk bagay nan kè pitit ou yo ki reprezante yon danje pou yo epi aji tousuit pou w ede yo. San w pa akize yo, montre yo sitiyasyon an enkyete w epi poze yo kesyon ki apwopriye. Men, pran prekosyon pou w pa poze yo twòp kesyon. Sa ap touche kè yo si yo wè w gen sousi sensèman pou yo e sa ap pèmèt ou ede yo.

Wòl kongregasyon an

Antanke sèvitè Bondye, èske ou menm ou kapab ede jèn nan kongregasyon an apresye eritaj yo resevwa nan domèn espirityèl la? Se vre, se paran yo ki responsab pou fòme pitit yo, men, lòt manm kongregasyon an, espesyalman ansyen yo, kapab ede yo nan efò y ap fè yo. Li enpòtan pou yo fè sa sitou si se yon fanmi kote moun yo pa gen menm relijyon.

Ki sa ansyen yo kapab fè pou yo ede jèn yo renmen Jewova, pou yo santi yo itil e pou yo santi yo apresye yo? Mariusz, k ap sèvi kòm ansyen nan yon kongregasyon nan Polòy, di: “Ansyen yo dwe pale toutan ak jèn yo. Yo pa dwe fè sa sèlman lè yo gen pwoblèm, men nan lòt okazyon tou, tankou nan ministè a, apre reyinyon yo oswa nan kad ki rilaks.” Poukisa nou pa mande yo ki jan yo konsidere kongregasyon an? Lè w gen yon kominikasyon sensè konsa ak jèn yo, sa ap ede yo rete kole ak kongregasyon an e sa ap ede yo santi yo fè pati kongregasyon an.

Si w se yon ansyen, èske w aprann konnen jèn ki nan kongregasyon w lan? Byenke Albert, nou te mansyone anvan an, se yon ansyen kounye a, li te rankontre divès kalite eprèv lè l te adolesan. Li di: “Lè m te fèk antre nan laj adilt, mwen menm mwen te bezwen yon vizit pastoral.” Ansyen yo ka montre tou yo enterese nan jèn yo pèsonèlman lè yo priye pou byennèt espirityèl yo. —2 Tim. 1:3.

Li bon pou jèn yo patisipe nan aktivite kongregasyon an. Si yo pa fè sa, yo kapab vin konsantre plis sou pousuiv objektif pwofàn. Èske nou menm ki gen plis laj nou kapab patisipe avèk yo nan ministè a e èske nou kapab fè zanmi avèk yo? Pase moman detant avèk jèn yo, kreye yon anbyans kote nou fè yo santi nou fè yo konfyans e nou se zanmi yo. Konsa, yo menm tou, y ap fè nou konfyans e y ap santi yo se zanmi nou. Men sa Jola sonje: “Gen yon sè ki te pyonye ki te demontre li enterese nan mwen pèsonèlman. Premye fwa mwen pe patisipe nan ministè a ak tout kè m se avè l mwen te preche.”

Se ou ki pou chwazi

Jèn, mande tèt ou: ‘Ki objektif mwen? Kòm mwen poko batize, èske m gen objektif pou m batize?’ Yon moun pa dwe pran desizyon pou l batize paske li oblije nan menm relijyon ak fanmi l, l ap fè sa paske li renmen Jewova ak tout kè l.

Wi, nou swete pou Jewova vin Zanmi w toutbon e pou laverite vin yon trezò pou ou. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Izayi: “Pa gade toutotou, paske mwen se Bondye w.” Jewova ap avè w toutotan w zanmi l. Vrèman, l ap fòtifye w e l ap “kenbe w fèm avèk men dwat jistis li an”. —Iza. 41:10, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gen non moun yo chanje.

[Foto nan paj 4]

Chèche wè sa k nan kè pitit ou.

[Foto nan paj 6]

Yon moun ap pran desizyon pou l batize paske li renmen Jewova ak tout kè l.