Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen jwenn yon bagay ki bay lavi m yon sans

Mwen jwenn yon bagay ki bay lavi m yon sans

Mwen jwenn yon bagay ki bay lavi m yon sans

Dapre Gaspar Martínez

Nan yon sans, istwa pa m nan se istwa yon moun ki pòv ki soti andeyò e ki vin rich nan yon vil. Men, w ap wè richès mwen te vin genyen yo se pa egzakteman sa m te espere m t ap jwenn yo.

MWEN leve nan yon rejyon ki rele Rioja nan nò Espay nan ane 1930 yo, yon bouk ki pa t ka pwodui anyen. Lè m te gen dizan, mwen te oblije kite lekòl, men, mwen te gentan aprann li ak ekri. Mwen menm ansanm avèk lòt sis frè m ak sè m yo, nou te konn pase tout jounen nou ap pran swen mouton oubyen ap kiltive ti moso tè nou te genyen an.

Akoz nou te pòv, nou te panse bagay materyèl yo gen anpil enpòtans. Nou te vin ap anvye moun ki posede plis bagay pase nou. Poutan yon lè, gen yon evèk ki te fè konnen bouk nou an se “bouk ki pi relijye nan dyosèz li a”. Men, li pa t konnen, avèk letan, anpil moun t apral kite relijyon katolik la.

Mwen t ap chèche yon bagay ki pi bon

Mwen te marye ak Mercedes, yon jèn fi ki te soti nan menm bouk avè m. Nou pa t pran lontan pou nou gen yon ti gason. An 1957, nou t al rete toupre vil Logroño, e finalman, tout fanmi m te fè menm bagay la. Sa pa t pran lontan pou m konprann piske mwen pa t gen yon metye, mwen pa t gen anpil chans pou m jwenn yon travay ki byen peye. Mwen t ap mande tèt mwen ki kote pou m ale pou m jwenn direksyon. Mwen te kòmanse chèche direksyon sa a nan yon bibliyotèk, byenke mwen pa t konnen vrèman ki sa pou m chèche.

Annapre, mwen te aprann gen yon emisyon radyo ki ofri moun yon kou biblik pa korespondans. Yon ti tan apre mwen te fini kou a, gen yon gwoup potestan ki te kontakte m. Men, apre m te fin vizite kote yo fè sèvis yo a de fwa, mwen te rann mwen kont moun anndan gwoup sa a ki te enpòtan yo te gen rivalite antre yo. Mwen pa t retounen kote yo ankò e mwen te tire konklizyon tout relijyon dwe menm jan an.

Kal ki te nan je m yo tonbe

An 1964, gen yon jenòm ki rele Eugenio ki te rann nou vizit lakay nou. Se te yon Temwen Jewova, yon relijyon mwen pa t janm tande pale de li anvan sa. Men mwen te vrèman dispoze pale sou Labib. Mwen te panse mwen te byen konnen Ekriti yo. Nan repons mwen t ap ba li yo, mwen te itilize kèk vèsè biblik mwen te aprann nan kou a. Byenke mwen te eseye defann kèk doktrin potestan, nan kè m mwen pa t vrèman kwè nan doktrin sa yo.

Apre de konvèsasyon byen long, mwen te oblije admèt Eugenio maton nan sèvi ak Pawòl Bondye a. Mwen te sezi wè jan l te jwenn vèsè yo fasil e fason li te aplike yo, malgre mwen te fè pi gwo klas pase l. Eugenio te montre m selon Labib, n ap viv nan dènye jou yo e talè konsa Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi. Mwen te vle konn plis toujou! —Sòm 37:11, 29; Iza. 9:6, 7; Mat. 6:9, 10.

Tousuit, mwen te aksepte yon etid Labib. Pratikman, tout sa mwen te aprann yo te nouvo pou mwen e yo te touche kè m. Mwen te vin gen lòt objektif devan m ki te merite pou m chèche atenn yo. Mwen te jwenn sa m t ap chèche a. Lè sa a, tout lite m t ap lite pou m te ka amelyore sitiyasyon m nan sosyete a e pou m fè fas ak pwoblèm mwen genyen nan jwenn travay te vin gen mwens enpòtans pou mwen. Si Bondye pral retire maladi ak lanmò, alewè pou ti pwoblèm sa yo. —Iza. 33:24; 35:5, 6; Rev. 21:4.

Mwen te kòmanse rakonte fanmi m sa m aprann yo tousuit. Avèk antouzyas, mwen te esplike yo pwomès Bondye fè pou l fè tè a tounen yon paradi kote moun ki fidèl ak li yo pral kapab viv pou toutan.

Fanmi m aksepte verite ki nan Bib la

Anvan lontan, anviwon nou douz nan fanmi an te deside pou nou rankontre ansanm chak dimanch aprèmidi lakay yon tonton m pou nou etidye pwomès ki nan Labib yo. Nou te pase de oswa twazèdtan chak semèn ap fè sa. Lè Eugenio te wè gwoup la enterese nan Bib la konsa, li te aranje l pou l bay chak fanmi yon atansyon pèsonèl.

Mwen te gen lòt fanmi m nan vil Durango, yon ti vil ki a 120 kilomèt anviwon parapò ak Logroño. Pa t gen okenn Temwen ladan l. Twa mwa apre, mwen te pran de jou vakans e mwen t al vizite yo yon fason pou m te ka pale yo de nouvo lafwa mwen te vin genyen an. Lè sa a, nou dis konsa te reyini chak swa e mwen te pale avè yo pou jis apre minui. Yo tout te byen kontan koute m. Lè moman an te rive pou m kite yo, mwen te kite kèk Bib pou yo ak kèk piblikasyon. Apre sa, nou te toujou kenbe kontak.

Lè Temwen yo te rive nan Durango, kote okenn moun potko preche anvan, yo te jwenn 18 moun ki te byen dispoze e ki t ap tann pou yo etidye Labib avèk yo. Temwen yo te kontan pran dispozisyon pou yo etidye ak chak fanmi.

Pandan tan sa a, Mercedes pa t vle aprann laverite. Se pa paske li pa t vle aprann ansèyman ki nan Bib la, men se plis paske li te gen krent pou lòm. Piske aktivite Temwen Jewova yo te anba entèdiksyon ann Espay nan epòk sa a, li te panse otorite yo t ap mete de timoun nou yo deyò nan lekòl yo te ye a e sosyete a t ap rejte nou tout. Men, lè l te wè tout fanmi an aksepte verite ki nan Bib la, li te deside fè yon etid tou.

Nan dezan, 40 moun nan fanmi m te vin Temwen Jewova e yo te batize pou yo demontre yo vwe lavi yo bay Bondye. Wi, fanmi m te vin gen menm objektif avè m nan lavi a. Mwen te santi mwen te vrèman fè yon gwo bagay. Nou te jwenn anpil richès nan domèn espirityèl.

Tank m ap vin gen plis laj, se tank m ap vin pi rich

Pandan 20 ane ki te pase annapre yo, nou te konsantre nou sou leve de pitit gason nou yo e nou te ede kongregasyon ki nan zòn nan. Lè Mercedes ansanm avè m t al rete Logroño, te gen anviwon 20 Temwen sèlman nan vil sa a ki te gen anviwon 100 000 moun. Sa pa t pran lontan pou yo te konfye m anpil responsablite nan kongregasyon an.

Ansuit, lè m te gen 56 an, faktori kote m t ap travay la te vin fèmen sanzatann, e mwen te vin nan chomaj. Kòm mwen te toujou anvi antre nan sèvis aplentan, mwen te pwofite sitiyasyon sa a. Pansyon m te konn resevwa a te piti anpil, e li pa t fasil pou n viv avè l. Mercedes te ede m grasa travay netwayaj li te konn fè. Nou te rive pran swen fanmi an e nou pa t janm manke anyen nou te vrèman bezwen. Mwen toujou pyonye, e detanzantan Mercedes pran sèvis pyonye oksilyè. Li renmen travay predikasyon an anpil.

Sa gen kèk ane depi Mercedes te konn kite peryodik regilyèman pou yon jèn dam ki rele Merche. Dam sa a te deja konn etidye Labib lè l te timoun. Li te li piblikasyon yo avèk enterè. Mercedes te remake nan fon kè Merche, li te toujou apresye verite ki nan Bib la. Finalman, Merche te aksepte yon etid Labib e li te kòmanse fè bon pwogrè. Men, Vicente, mari li, te konn bwè anpil e sa te fè l pa ka kenbe yon travay nètale. Kòm rezilta, li pa t ka pran swen Merche paske l pa t gen ase lajan. Bwè li te konn bwè twòp la te mete maryaj yo an danje.

Madanm mwen te konseye Merche pou l fè Vicente pale avè m, e finalman Vicente te fè sa. Apre plizyè vizit, li te aksepte yon etid Labib. Vicente te kòmanse chanje, li te pase plizyè jou san l pa bwè ata yon fwa. Annapre, li pa t bwè ditou pandan yon semèn ou plis. Finalman, li te sispann bwè nèt. Moun te ka wè byen klè aparans li chanje e fanmi li te vin ini. Tout fanmi an nèt, sa gen ladan l madanm li ak pitit fi l la, ap soutni ti kongregasyon ki nan zile Kanari a, kote y ap viv kounye a.

Lè m ap reflechi sou lavi m

Byenke kèk nan moun nan fanmi m ki te aprann ansèyman biblik yo depi plizyè ane mouri kounye a, fanmi nou kontinye ogmante, e Bondye beni nou anpil anpil (Pwo. 10:22). Se pa ti satisfaksyon nou genyen lè nou wè prèske tout moun nan fanmi an ki te kòmanse etidye Labib, sa gen 40 an, kontinye ap sèvi Jewova avèk fidelite ansanm ak pitit yo ak pitit pitit yo!

Jodi a, gen anpil moun nan fanmi m ki Temwen Jewova. Anpil ladan yo sèvi kòm ansyen, kòm asistan ministeryèl e kòm pyonye. Premye pitit gason m nan ak madanm li ap sèvi nan filyal Espay la ki nan vil Madrid. Lè m te vin Temwen, nou te anviwon 3 000 Temwen Jewova ann Espay. Kounye a, nou plis pase 100 000. Mwen renmen ministè aplentan an anpil e mwen gen anpil rekonesans pou Bondye pou bèl vi m ap mennen nan sèvis li a. Malgre m pa t fè gwo klas, detanzantan mwen gen posiblite pou m sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan.

Sa gen kèk ane, mwen te aprann prèske pi fò moun nan bouk kote m te leve a te kite zòn nan. Finalman, povrete te fè moun yo abandone jaden yo ak kay yo pou y al chèche yon lavi miyò. Erezman, yon bon kantite nan moun sa yo ki kite zòn nan, mwen menm mwen ladan l tou, jwenn richès espirityèl. Nou aprann lavi a vrèman gen yon sans, e lè nou sèvi Jewova, sa ban nou yon jwa san parèy, yon jwa nou pa t janm imajine nou ta ka genyen.

[Foto nan paj 32]

Moun sa yo se prèske tout moun nan fanmi frè Martínez ki nan laverite.