Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ‘anrasinen nan fondasyon an e èske w byen chita sou li’?

Èske w ‘anrasinen nan fondasyon an e èske w byen chita sou li’?

Èske w ‘anrasinen nan fondasyon an e èske w byen chita sou li’?

ÈSKE W konn wè yon pyebwa lè gen gwo van tanpèt k ap frape l? Van an fè anpil presyon sou pyebwa a, poutan pyebwa rete la. Poukisa? Se paske rasin li byen plante nan tè a. Nou kapab menm jan ak yon pyebwa. Lè n ap fè fas ak gwo eprèv nan lavi nou ki tankou van tanpèt, nou menm tou nou kapab kenbe fèm si nou ‘anrasinen nan fondasyon an e si nou byen chita sou li’. (Efe. 3:14-17, NW.) Ki sa fondasyon sa a ye?

Pawòl Bondye a fè nou konnen “Jezi li menm se wòch ki nan kwen fondasyon” kongregasyon an (Efe. 2:20, NW; 1 Kor. 3:11). Men ki ankourajman nou jwenn antanke kretyen: “Se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou.” Si nou fè sa, n ap kapab andire kèlkeswa atak lafwa nou sibi, se kapab atak ki vin sou fòm “pawòl ki sanble verite” oswa ki vin sou fòm “diskisyon ki pa vo anyen” moun yo ap fè. —Kol. 2:4-8.

‘Lajè, longè, fondè ak wotè’ laverite

Men, ki jan nou ka vin “anrasinen” nan lafwa e ki jan nou ka “kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou [“lafwa”, NW]”? Yon fason nou ka fè sa, se lè nou antre rasin nou byen fon nan tè, sètadi lè nou etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans. Jewova ta renmen “pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan [laverite] laj, jan li long, jan li fon, jan li wo”. (Efe. 3:18.) Se sa k fè kretyen yo pa ta dwe kontante yo ak yon senp konesans, sètadi yo pa dwe annik kontante yo konnen “bagay de baz” ki nan Pawòl Bondye a (Ebre 5:12; 6:1, NW). Okontrè, nou chak, nou ta dwe gen dezi pou nou gen plis konpreyansyon sou verite ki nan Bib la. —Pwo. 2:1-5.

Byennantandi, sa pa vle di se anpil konesans nou bezwen genyen sèlman pou nou vin ‘anrasinen nan fondasyon an e pou nou byen chita sou li’. Dayè, menm Satan konnen sa k nan Bib la. Donk, nou bezwen gen plis pase sa. Nou bezwen “konnen lanmou Kris, yon lanmou ki depase tout konesans”. (Efe. 3:19, Bib Kreyòl La.) Sepandan, si nou etidye paske nou renmen Jewova e paske nou renmen laverite, plis n ap gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a, se plis lafwa nou ap vin solid. —Kol. 2:2.

Teste konpreyansyon w

Kounye a, sa w panse si w ta teste konpreyansyon w genyen sou kèk verite enpòtan ki nan Bib la? Si w fè sa, sa kapab ankouraje w pou w fè etid pèsonèl ou avèk plis dilijans. Pa egzanp, li vèsè ki nan kòmansman lèt apot Pòl te voye bay Efezyen yo. (Gade kare ki gen tit  “Efezyen” an.) Lè w fin li vèsè sa yo, poze tèt ou kesyon sa a: ‘Èske m konprann siyifikasyon ekspresyon ki ann italik nan pasaj biblik ki nan kare a?’ Annou egzamine yo youn apre lòt.

Yo te chwazi yo “depi anvan monn nan te fonde”

Men sa Pòl te ekri kèk kwayan parèy li: “[Bondye] te chwazi nou davans pou l adopte nou kòm pitit li, grasa Jezi Kris, selon bon plezi l e selon volonte l.” Vrèman, Jewova te deside adopte kèk moun pou yo fè pati fanmi espirityèl pafè li gen nan syèl la. Pitit sa yo Bondye adopte a t ap gen pou yo sèvi antanke wa e antanke prèt ansanm ak Kris (Wom. 8:19-23; Rev. 5:9, 10). Lè Satan te opoze ak souvrènte Jewova, li te fè konprann Bondye kreye lèzòm ak defo nan yo. Donk, li byen apwopriye pou Jewova chwazi kèk moun pami menm moun sa yo Satan te di ki gen fay yo pou yo patisipe nan debarase linivè anba tout sa ki mal, sa gen ladan l Satan Ledyab ki lakòz tout mechanste ki genyen yo. Sepandan, se pa depi davans Jewova te chwazi chak moun li t ap adopte kòm pitit. Men, li te deside t ap gen yon gwoup moun ki t ap gen pou yo dirije ansanm ak Kris nan syèl la. —Rev. 14:3, 4.

De ki “monn” Pòl t ap pale lè l te ekri kretyen parèy li yo pou l di yo yo te chwazi yo antanke gwoup “depi anvan monn nan te fonde”? Li pa t ap pale de yon moman kote Bondye potko kreye tè a oubyen de yon moman kote l potko kreye lèzòm. Sa pa t ap jis. Ki jan Adan ak Èv t ap fè responsab aksyon yo si Bondye te deside yo t ap peche depi anvan li te kreye yo? Kidonk, ki lè Bondye te prevwa fason li t ap rezoud pwoblèm ki te poze lè Adan ak Èv te mete ansanm ak Satan pou yo rebele kont souvrènte l? Jewova te fè sa lè premye paran nou yo te rebele a, men anvan yon monn ki gen moun ki enpafè te vin egziste, yon monn Bondye te ka rachte anpil moun ladan l.

“Selon richès favè san parèy Bondye a”

Poukisa Pòl te di Bondye te pran dispozisyon nou wè nan kòmansman liv Efezyen an “selon richès favè san parèy [li] a”? Li te di sa pou l te ka montre Jewova pa t oblije rachte moun ki te vin enpafè yo.

Natirèlman, pa gen okenn nan nou ki ka fè anyen pou l merite jwenn delivrans lan. Sepandan, lanmou Jewova gen pou nou te fè l pran yon seri dispozisyon pou l sove nou. Lè n ap gade jan nou enpafè ak jan nou peche, jan Pòl te di sa, se vrèman yon favè san parèy Jewova fè nou lefètke li ban nou delivrans lan.

Objektif Bondye a te yon sekrè sakre

Okòmansman, Bondye pa t fè konnen ki jan li t ap repare tout mal Satan lakòz yo. Se yon “sekrè sakre” sa te ye (Efe. 3:4, 5). Annapre, yonfwa kongregasyon kretyen an te fin etabli, Jewova te bay detay sou fason li t apral akonpli objektif li te genyen depi okòmansman pou tout limanite e pou tè a. Selon sa Pòl te esplike, “nan dènye limit tan fikse yo”, Bondye te mete “yon administrasyon” anplas, sètadi yon fason pou l jere bagay yo ki pral pèmèt gen inite nan mitan tout kreyati entèlijan l yo.

Premye etap ki t apral rann inite sa a posib la te kòmanse lè Jewova te kòmanse reyini moun ki t ap gen pou yo dirije ansanm ak Kris nan syèl la nan Pannkòt ane 33 epòk nou an (Tra. 1:13-15; 2:1-4). Dezyèm etap la se t ap reyini moun k ap gen pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi anba dominasyon Wayòm Mesi a (Rev. 7:14-17; 21:1-5). Lè yo itilize mo “administrasyon” an se pa pou pale de Wayòm Mesi a, paske Wayòm sa a te etabli jis an 1914. Depreferans, mo sa a gen rapò ak fason Bondye ap jere bagay yo pou l akonpli objektif li genyen pou l met inite nan mitan tout kreyati l yo.

“Se pou nou vin granmoun anrapò ak kapasite nou genyen pou nou konprann”

Pa gen dout nan sa, yon bagay k ap ede w konprann ‘lajè, longè, fondè ak wotè’ laverite se bonjan abitid ou genyen pou w fè etid pèsonèl. Sepandan, lefètke lavi a fè anpil moun oblije nan kouri toutan, li vin pi fasil pou Satan fè nou neglije abitid sa a e pou l menm kraze l nèt. Pa kite l fè w sa. Sèvi ak “entèlijans” Bondye ba ou a pou w ka “vin granmoun anrapò ak kapasite [w] genyen pou [w] konprann”. (1 Jan 5:20, NW; 1 Kor. 14:20, NW.) Asire w ou byen konprann poukisa ou gen kwayans ou genyen yo e asire w ou toujou anmezi pou w bay ‘esplikasyon sou espwa w gen nan kè w la’. —1 Pyè 3:15.

Ann sipoze w te Efèz premye fwa yo te li lèt Pòl la. Èske pawòl li te di yo pa t ap fè w anvi ogmante “konesans [ou sou] Pitit Bondye a”? (Efe. 4:13, 14.) Asireman! Donk, kite pawòl Bondye te enspire Pòl ekri yo pouse w fè menm bagay la jodi a. Si w renmen Jewova anpil e si w gen yon konesans egzak sou Pawòl li a, sa ap ede w rete “anrasinen nan fondasyon an” ki se Kris e sa ap ede w “byen chita sou” fondasyon sa a. Konsa, w ap kapab andire anba kèlkeswa gwo van tanpèt, sa vle di eprèv, Satan ta mete devan w anvan sistèm sa a rive nan bout li. —Sòm 1:1-3; Jer. 17:7, 8.

[Kare/Foto nan paj 27]

 “Efezyen”

“Benediksyon pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li. Paske, grasa lespri sen l, li ban nou tout kalite benediksyon nan syèl la, poutèt nou ann inyon avèk Kris, menm jan li te chwazi nou ann inyon avèk li depi anvan monn nan te fonde, pou nou ka vin sen e pou nou ka vin san tach devan l nan lanmou. Paske, li te chwazi nou davans pou l adopte nou kòm pitit li, grasa Jezi Kris, selon bon plezi l e selon volonte l, pou li ka jwenn louwanj poutèt favè san parèy li a ki gen glwa, favè li ban nou pa mwayen byenneme l la. Piske Pitit li a te peye ranson an, nou jwenn liberasyon nou grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo, selon richès favè san parèy Bondye a. Li ban nou favè sa a ann abondans ansanm ak tout sajès ak bonsans, lè li fè nou konnen sekrè sakre volonte l. Se selon bon plezi l li te deside nan li menm pou l tabli yon administrasyon nan dènye limit tan fikse yo, sa vle di, pou l reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris, bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a.” —Efe. 1:3-10, NW.