Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w rezève tan pou w etidye Bib la?

Èske w rezève tan pou w etidye Bib la?

Èske w rezève tan pou w etidye Bib la?

ANE pase, Kolèj santral la te anonse t ap gen yon ajisteman nan pwogram reyinyon kongregasyon yo k ap pèmèt fanmi yo gen plis tan pou yo pale sou Bib la e pou yo etidye l. Si w se yon chèf fanmi, asire w etid fanmi an fèt regilyèman yon fason pou tout fanmi an tire pwofi ladan l e pou l reponn a bezwen madanm ou ak pitit ou. Koup marye ki pa gen timoun yo ta dwe sèvi ak tan sa a pou yo etidye Bib la ansanm. Frè ak sè ki selibatè e ki pa gen yon fanmi sou responsablite yo ap kapab byen sèvi ak tan sa a pou yo fè etid pèsonèl yo nan Bib la.

Gen anpil moun ki fè konnen jan yo apresye dispozisyon pou gen sware Adorasyon an fanmi an. Pa egzanp, Kevin, ki se yon ansyen, te ekri: “Mo ‘mesi’ a twò piti pou nou di jan nou menm nan kongregasyon an nou santi nou. Antanke ansyen, nou konn pale antre nou sou jan nou sèvi ak sware lib sa a pou nou fè egzakteman sa Kolèj santral la mande nou fè a, sètadi etidye avèk fanmi nou.”

Men sa Jodi, ki marye avèk yon ansyen, te ekri: “Nou gen twa pitit fi, youn gen 15 an, youn gen 11 an, e youn gen 2 an. Sa pa gen twò lontan depi nou t al nan yon kongregasyon lang siy. Sa pran anpil tan e sa mande anpil efò pou nou rive prepare tout reyinyon yo. Grasa ajisteman sa a, nou gen yon sware anplis kounye a, e sa pèmèt nou konsantre sou Adorasyon an fanmi an.”

John ak JoAnn se yon koup marye k ap sèvi kòm pyonye pèmanan. Men sa yo te ekri: “Byen souvan, nou pa t gen yon lè fiks pou nou fè etid fanmi nou paske nou te konn fòse antre etid la nan mitan lòt aktivite nou te gen nan kongregasyon an. Nouvo ajisteman sa a se yon kado ki soti nan men Jewova k ap reban nou fòs nan domèn espirityèl, men akondisyon nou sèvi ak tan an nan fason nou dwe fè sa.”

Tony se yon frè selibatè ki gen anviwon 25 an. Li aranje l pou l fè etid pèsonèl li chak madi swa. Li chwazi lòt lè nan semèn nan pou l prepare reyinyon yo. Sepandan, men sa Tony di: “Se madi mwen plis renmen.” Poukisa? Men sa li di: “Paske sware sa a se yon lè apa pou mwen ak Jewova.” Men sa li di ankò: “Mwen pase anviwon dezèdtan ap etidye sijè ki ede m vin pi pwòch Jewova. Lefètke mwen gen plis tan pou m etidye, sa pèmèt mwen medite sou vèsè mwen li nan Bib la.” Ki rezilta l jwenn? “Konsèy Jewova yo antre pi fon nan kè m.” Èske l ka ban nou yon egzanp ki montre sa? Tony di: “Nan liv Étude perspicace la mwen te li jan David ak Yonatàn te bon zanmi. Mwen aprann anpil nan fason Yonatàn te montre yon enterè pèsonèl pou David. Egzanp li ede m wè pi klè sa sa vle di pou yon moun bon zanmi yon lòt. Mwen toujou ap tann pou m dekouvri plis bijou espirityèl konsa chak madi swa!”

Sandout, tout sèvitè Jewova yo ap jwenn anpil byenfè lè yo byen sèvi ak tan yo gen anplis kounye a pou yo byen etidye Bib la e pou yo byen fè adorasyon an fanmi an.