Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Adorasyon an fanmi enpòtan anpil pou nou sove

Adorasyon an fanmi enpòtan anpil pou nou sove

Adorasyon an fanmi enpòtan anpil pou nou sove

IMAJINE jan “batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye” a pral fè moun pè (Rev. 16:14). Pwofèt Mika te sèvi ak yon seri ekspresyon ki bay yon imaj frapan pou l dekri jou sa a. Men sa l te di: “Mòn yo ap fonn [...] tankou lasi nan dife. Y’ap koule desann [...] tankou lavalas k’ap desann mòn.” ​(Mika [Miche] 1:4). Ki sa k pral rive moun ki pap sèvi Jewova yo? Men sa Pawòl Bondye a di: “Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye.” —Jer. 25:33.

Avètisman sa yo ta dwe fè chèf fanmi yo, san wete paran k ap leve pitit yo poukont yo, mande tèt yo konsènan pitit yo ki ase gran pou yo reflechi: ‘Èske pitit pa m yo ap chape anba kokenn evènman sa a?’ Labib bay asirans y ap chape lè jou sa a rive si yo gen bon relasyon ak Jewova parapò ak laj yo. —Mat. 24:21.

Li enpòtan pou nou gen yon lè fiks pou nou fè Adorasyon an fanmi an

Antanke paran, ou bezwen veye pou w fè tout sa w kapab pou w “korije [pitit ou], [e pou w] pale ak yo dapre prensip Senyè a”. (Efe. 6:4.) Li enpòtan anpil anpil pou w etidye Labib ak pitit ou. Nou ta renmen pou pitit nou yo sanble ak kretyen ki te nan vil Filip yo, yon seri kretyen Pòl te felisite pou fason yo te obeyi Jewova ak tout kè yo. Men sa l te ekri: “Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.” —Fil. 2:12.

Èske pitit ou yo obeyi lwa Jewova bay yo lè w pa avèk yo? Èske yo fè sa lè yo lekòl? Ki jan w ka ede pitit ou yo gen konviksyon lwa Jewova bay yo bon pou yo, yon fason pou yo ka kite lwa sa yo dirije yo menm lè w pa la?

Adorasyon an fanmi an se yon bagay k ap ede timoun yo gen yon lafwa ki solid. Kounye a, annou egzamine twa bagay enpòtan ou ka fè pou w byen fè etid familyal la.

Fè l regilyèman

Labib fè nou konnen Pitit Bondye yo, sètadi zanj yo, gen lè fiks pou yo parèt devan Bondye (Jòb 1:6). Fè menm bagay la ak pitit ou. Fikse yon jou ak yon lè presi pou sware Adorasyon an fanmi an epi fè efò pou w respekte l. Anplis, fikse yon lòt lè pou etid la fèt si yon bagay nou pa t prevwa ta anpeche nou fè l nan lè nou te fikse a.

Ofiramezi tan ap pase, veye pou nou pa vin gen abitid pou nou pa regilye nan etid la. Sonje sa, pitit ou yo se etidyan ki gen plis enpòtans pou ou. Men, Satan ta renmen pran yo nan pyèj (1 Pyè 5:8). Si w ta pran lè ou te fikse pou sware Adorasyon an fanmi an pou w gade televizyon oubyen pou w fè yon lòt aktivite ki pa twò enpòtan, ou t ap kite Satan fè de pwen sou ou. —Efe. 5:15, 16; 6:12; Fil. 1:10.

Fè l yon fason k ap itil fanmi an

Sware Adorasyon an fanmi an pa ta dwe fèt senpleman pou nou chèche gen plis konesans. Fè efò pou l itil nou nan lavi nou chak jou. Ki jan? Detanzantan, chwazi sijè ki gen rapò ak sitiyasyon pitit ou gendwa pral rankontre nan jou k ap vini yo oswa nan semèn k ap vini yo. Pa egzanp, sa w panse si w ta fè kèk seyans demonstrasyon ak pitit ou pou ministè a? Lè jèn yo kapab fè yon bagay byen, yo pran plezi ladan l. Lè yo repete prezantasyon yo e lè yo egzamine fason yo kapab reponn kèk objeksyon, sa ap ede yo pou yo gen plis asirans lè y ap patisipe nan diferan aspè ki gen nan travay predikasyon an. —2 Tim. 2:15.

Ou kapab fè demonstrasyon tou k ap ede pitit ou yo fè fas ak presyon lòt jèn parèy yo kapab fè sou yo. Nou kapab egzamine chapit 15 liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volume 2 a, an fanmi. Nan paj 132 ak paj 133 a gen yon pati ki gen tit “Contre la pression du groupe”. Pitit ou a kapab jwenn kèk sijesyon ladan l. Pati sa a ap ba l posiblite tou pou l prepare repons li santi l alèz pou l bay. Nan fen paj 133 a, yo ankouraje jèn yo pou yo jwe pati sa a ak manman yo oubyen ak papa yo oubyen ak yon zanmi yo ki gen matirite. Sa w panse si w ta fè sa detanzantan nan sware Adorasyon an fanmi an?

Adorasyon an fanmi an bay paran yo posiblite pou yo mete aksan sou byenfè yon moun jwenn lè l gen objektif espirityèl. Nan domèn sa a, liv Les jeunes s’interrogent, volume 2 a, gen bonjan enfòmasyon ladan l nan chapit 38 la ki gen tit “Que vais-je faire de ma vie?” Pandan w ap egzamine chapit sa a ak pitit ou, ede l konprann pi bon bagay li ka fè se santre tout vi l sou sèvi Jewova. Ede l gen dezi pou l vin pyonye, pou l sèvi nan Betèl, pou l asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl oubyen pou l antre nan yon lòt fòm sèvis aplentan.

Atansyon! Gen kèk paran ki gen bon entansyon e ki ta tèlman renmen wè pitit yo atenn yon objektif, yo bliye felisite pitit yo pou bon bagay y ap fè. Se vre, li bon pou w ankouraje pitit ou pou l gen bon objektif, tankou sèvi nan Betèl ak sèvi kòm misyonè. Men, lè w ap fè sa, ou bezwen veye pou w pa irite timoun nan, tèlman w ap pale l de sa w ta renmen li fè, e pou w pa dekouraje l (Kol. 3:21). Ou bezwen toujou sonje sa: pitit ou a ta dwe renmen Jewova paske li menm li pran desizyon pou l renmen Jewova e non pa senpleman paske ou menm ou vle l renmen Jewova (Mat. 22:37). Donk, chèche okazyon pou w felisite l pou sa l fè ki bon, epi fè efò pou w pa plede ap pale sou sa li pa fè. Ede l apresye tout sa Jewova fè. Apre sa, kite li demontre ki jan bonte Jewova touche kè l.

Fè l yon fason ki enteresan

Twazyèm bagay ki enpòtan pou yon sware Adorasyon an fanmi ka byen pase se lè ou fè l yon fason ki enteresan. Ki jan w ka fè sa? Pafwa, petèt nou ka koute youn nan dram odyo yo oubyen nou kapab gade youn nan kasèt videyo oubyen DVD Temwen Jewova yo fè epi nou fè ti pale sou li. Oubyen, nou kapab li yon pòsyon nan Bib la ansanm. Chak moun ap reprezante yon pèsonaj nan pasaj n ap li a e chak moun ap li pawòl pèsonaj li reprezante a ap di chak fwa se pèsonaj sa a k ap pale.

L ap bon pou nou egzamine an fanmi kèk ribrik nan Toudegad ak Réveillez-vous! Pa egzanp, ou kapab sèvi ak ribrik ki gen tit “Que répondriez-vous?” a ki nan paj 31 nan chak Réveillez-vous! “Pou jèn yo” se yon ribrik ki parèt tanzantan nan Toudegad piblik la. Li bay jèn yo yon ti plan pou ede yo etidye. Tanzantan tou, nou jwenn yon lòt ribrik ki rele “Anseye pitit ou” pou timoun ki pi piti yo.

Atik ki nan ribrik “Les jeunes s’interrogent” nan Réveillez-vous! yo ak liv Les jeunes s’interrogent, volume 2 a, ap enteresan sitou pou paran ki gen pitit yo ki adolesan. Lè n ap sèvi ak liv sa a, pa bliye egzamine kare ki gen tit “Qu’en pensez-vous?” a ki nan fen chak chapit. Kare sa a pa yon senp revizyon. Nou kapab egzamine kesyon ki ladan l yo an fanmi.

Men, fè atansyon pou etid familyal la pa tounen yon entèwogatwa. Pa egzanp, gen yon pati nan liv la ki rele “mon journal” e gen lòt pati ankò ladan l kote pitit ou a gen posiblite pou l ekri ide pa l. Veye pou w pa fòse l li sa l te ekri yo awotvwa pou ou. Men sa liv la di nan paj 3 ki gen tit “Un mot aux parents”: “Pou pitit ou a ki adolesan ka dispoze ekri nan liv li a san pwoblèm, ou bezwen aksepte li pa oblije montre w li. Petèt pi devan li ka fè w konnen fason l panse anrapò ak sijè li te ekri opinyon l sou yo a.”

Si w fè Adorasyon an fanmi an regilyèman, si w fè l yon fason ki itil e ki enteresan, Jewova ap beni efò w yo anpil. Moman espesyal sa yo ou pase ansanm ak fanmi w ou renmen anpil ap ede yo gen bon relasyon ak Jewova.

[Kare nan paj 31]

Sèvi ak imajinasyon w

“Lè mwen menm ak mari m ap fè etid ak tipitit fi nou yo, nou konn fè yon ti pale sou sa nou gen pou nou prepare pou yon reyinyon nan kongregasyon an epi nou fè pitit fi nou yo fè yon desen pou rezime sa nou te wè a. Pafwa nou konn jwe kèk istwa biblik sou fòm yon ti dram oubyen nou konn fè demonstrasyon sou sa pou nou di nan predikasyon. Nou te toujou fè etid la yon fason ki apwopriye pou laj yo, yon fason ki enteresan, ki pozitif e ki amizan.” —J. M., Etazini.

“Pou nou te ka ede pitit gason youn nan etidyan nou yo konprann jan sa te ye nan tan biblik yo lè yo te konn sèvi ak woulo, nou te efase tout chif ki reprezante chapit ak vèsè ki nan liv Izayi a. Nou te enprime liv la nèt. Apre sa nou te kole paj yo youn ak lòt epi nou te kole chak bout nan yon bagay pou woule papye a [pou l te ka vin tankou yon woulo]. Tigason an te eseye fè sa Jezi te fè nan sinagòg Nazarèt la. Lik 4:16-21 di Jezi ‘louvri [woulo Izayi a epi] li jwenn’ pasaj li t ap chèche a (Iza. 61:1, 2). Sepandan, lè ti gason an te eseye fè menm bagay la, li te twouve li difisil pou l jwenn Izayi 61 nan gwo woulo sa a ki pa t gen ni chapit ni vèsè. Fason Jezi te sèvi ak woulo a te tèlman enpresyone l, li te di: ‘Waw! Jezi te fò!’” —Y. T., Japon.

[Foto nan paj 30]

Lè nou fè demonstrasyon ak pitit nou, sa ka ede yo fè fas ak presyon lòt jèn parèy yo kapab fè sou yo.

[Foto nan paj 31]

Fè efò pou sware Adorasyon an fanmi an agreyab.