Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou

Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou

Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou

“Men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.” —JAN 15:17.

1. Poukisa kretyen nan premye syèk la te bezwen bon zanmi youn ak lòt?

NAN dènye nuit Jezi te pase sou tè a anvan l mouri, li te ankouraje disip fidèl li yo pou youn toujou zanmi lòt. Anvan sa, nan menm sware a, li te di yo kalite lanmou yo demontre youn pou lòt la ap fè moun idantifye yo kòm disip li (Jan 13:35). Apot yo te bezwen rete bon zanmi youn ak lòt pou yo te kapab andire eprèv yo t apral jwenn pi devan e pou yo te kapab fè travay Jezi t apral ba yo fè nan yon ti tan ankò. Moun nan premye syèk la te konnen kretyen yo se moun ki atache fèm ak Bondye e ki atache youn ak lòt.

2. a) Ki detèminasyon nou genyen, e poukisa? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Jodi a, se vrèman yon plezi pou nou fè pati yon òganizasyon ki sou tout tè a kote moun yo suiv egzanp kretyen premye syèk yo. Nou detèmine pou nou obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou montre yon lanmou sensè youn pou lòt. Sepandan, pandan dènye jou sa yo, pifò moun pa fidèl e yo pa gen afeksyon youn pou lòt (2 Tim. 3:1-3). Lè yo fè zanmi ak yon moun, yo pa gen yon amitye ki pwofon ak moun nan e se tèt yo yo wè anvan. Pou nou kenbe idantite nou antanke vrè kretyen, nou pa dwe gen menm atitid ak moun nan monn nan. Kidonk, annou egzamine kesyon ki vin annapre yo: Sou ki sa yon amitye solid chita? Ki jan nou ka vin gen bon zanmi? Ki lè pou nou sispann zanmi yon moun? Ki jan nou ka konsève amitye ankourajan nou genyen ak yon moun?

Sou ki sa yon amitye solid chita?

3, 4. Sou ki sa amitye ki pi solid yo chita, e poukisa?

3 Amitye ki pi solid yo chita sou lanmou pou Jewova. Men sa wa Salomon te ekri: “Si yon moun ka metrize yon moun ki poukont li, de ansanm ka kenbe tèt avè l. E yon kòd twa branch pa ka kase vit.” ​(Ekl. 4:12, NW). Lè Jewova se twazyèm branch nan yon amitye, amitye sa a ap dire.

4 Byennantandi, moun ki pa renmen Jewova yo kapab gen amitye ki fè kè yo kontan tou. Sepandan, lè de moun vin zanmi akoz lanmou yo toule de gen pou Bondye, amitye yo genyen an ap solid. Si de bon zanmi vin gen pwoblèm youn ak lòt, youn ap trete lòt yon fason k ap fè Jewova plezi. Lè ènmi Bondye yo eseye met divizyon nan mitan vrè kretyen yo, yo remake amitye ki egziste ant kretyen sa yo solid. Pandan tout listwa, sèvitè Jewova yo montre yo dispoze mouri pase yo trayi youn lòt. —Li 1 Jan 3:16.

5. Sa k fè amitye Rit te genyen ak Nawomi an te solid e li te dirab konsa?

5 Pa gen dout nan sa, amitye k ap fè nou gen plis kè kontan yo se amitye nou genyen ak moun ki renmen Jewova yo. Ann pran egzanp Rit ak Nawomi. Amitye de medam sa yo se youn nan pi bèl amitye yo pale de li nan Bib la. Sa k fè amitye yo a te solid e dirab? Rit te bay rezon an lè l te di Nawomi pawòl sa yo: “Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou. [...] Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.” ​(Rit 1:16, 17). Kòm nou kapab wè sa, Rit ak Nawomi te renmen Bondye anpil e yo te kite lanmou sa a enfliyanse fason youn trete lòt. Jewova te beni yo toule de poutèt sa.

Ki jan nou ka vin gen bon zanmi?

6-8. a) Ki sa sa mande pou nou gen amitye ki solid e ki dirab? b) Ki jan nou kapab fè premye pa a nan fè zanmi nan kongregasyon an?

6 Egzanp Rit ak Nawomi an montre se pa paraza de moun vin bon zanmi. Amitye konsa chita sou lanmou de moun ki vin zanmi yo genyen pou Jewova. Men, pou nou gen amitye k ap dire lontan, sa mande anpil efò ak sakrifis. Menm frè ak sè ki leve nan menm fanmi bezwen fè efò si yo vle vin bon zanmi. Ki jan nou ka vin gen bon zanmi?

7 Fè premye pa a. Apot Pòl te ankouraje zanmi l yo nan kongregasyon Wòm pou yo “pran abitid akeyi moun”. (Wom. 12:13, NW.) Donk, pou nou ka vin gen bon zanmi, nou bezwen pwofite tout opòtinite nou jwenn pou nou akeyi moun. Pèsonn pa kapab pran abitid sa a pou ou. (Li Pwovèb 3:27.) Yon fason ou kapab akeyi moun nan kongregasyon an se lè ou fè yon repa byen senp epi ou envite kèk moun vin manje l avè w. Èske w kapab pran abitid akeyi manm kongregasyon an tanzantan?

8 Yon lòt fason ou kapab fè premye pa a nan fè zanmi nan kongregasyon an se lè w mande lòt moun preche avè w. Lè w kanpe nan papòt yon kay epi w ap koute moun w ap preche avè l la k ap di pawòl ki soti nan kè l ki montre lanmou li gen pou Jewova, ou pa ka pa santi w vin pi pwòch moun sa a.

9, 10. Ki egzanp Pòl kite pou nou, e ki jan nou kapab imite l?

9 Louvri tout kè w. (Li 2 Korentyen 6:12, 13.) Èske w santi pa gen okenn moun nan kongregasyon w lan ou ka fè zanmi avè l? Si se sa, èske petèt se paske ou limite ki moun ou ka chwazi pou vin zanmi w? Apot Pòl te bay yon bon egzanp antanke yon moun ki te konn louvri tout kè l bay lòt moun. Te gen yon lè, li pa t ap janm panse li ta vin bon zanmi ak moun ki pa t Juif. Poutan, li te vin “apot” “moun lòt nasyon yo”. —Wom. 11:13.

10 Anplis de sa, Pòl pa t sèlman chwazi moun ki gen menm laj avè l pou zanmi l. Pa egzanp, li menm ak Timote te vin bon zanmi malgre yo pa t gen menm laj e yo pa t gen menm kilti. Jodi a, gen anpil jèn ki vrèman apresye amitye yo genyen ak moun ki pi gran pase yo nan kongregasyon an. Men sa Vanessa ki nan ventèn li di: “Gen yon sè ki nan senkantèn li ki se bon zanmi m. Mwen kapab pale avè l konsènan nenpòt sijè mwen ta ka pale ak zanmi m ki gen menm laj avè m yo. Li renmen m anpil.” Ki jan Vanessa te rive fè zanmi sa a? Men sa li di: “Mwen te oblije fè efò pou m jwenn zanmi sa a. Mwen pa t ret tann li vin jwenn mwen.” Èske w dispoze fè zanmi ak moun ki pa gen menm laj avè w? Se sèten Jewova ap beni w pou efò w fè nan sans sa a.

11. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Yonatàn ak David?

11 Se pou nou fidèl. “Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè.” ​(Pwo. 17:17, NW). Lè Salomon t ap ekri pawòl sa yo, petèt li t ap panse ak amitye David, papa l, te genyen avèk Yonatàn (1 Sam. 18:1). Wa Sayil te vle pou Yonatàn, pitit li, resevwa twòn Izrayèl la. Men, Yonatàn te konnen Jewova te chwazi David pou l ba l privilèj sa a e li te aksepte sa. Kontrèman ak Sayil, li pa t rayi David poutèt sa. David te konn resevwa louwanj e sa pa t ba l pwoblèm, ni li pa t kwè manti Sayil t ap bay sou David yo (1 Sam. 20:24-34). Èske nou tankou Yonatàn? Lè zanmi nou yo resevwa privilèj, èske nou kontan pou yo? Lè yo nan pwoblèm, èske nou rekonfòte yo e èske nou ba yo sipò nou? Si nou tande moun ap pale yon zanmi nou mal, èske nou kouri kwè sa y ap di yo? Oubyen, menm jan ak Yonatàn, èske nou defann zanmi nou an avèk fidelite?

Lè pou nou sispann zanmi yon moun

12-14. Ki defi kèk etidyan Labib konn rankontre, e ki jan nou kapab ede yo?

12 Lè yon moun k ap etidye Bib la kòmanse fè chanjman nan lavi li, li kapab jwenn kèk difikilte nan domèn amitye. Li gendwa gen zanmi li renmen konpayi yo, men ki pap viv selon prensip biblik yo. Anvan, li gendwa te konn pase tan avèk yo regilyèman. Men, kounye a, li wè aktivite zanmi sa yo ap mennen kapab gen yon move enfliyans sou li, e li santi li ta dwe gen mwens kontak avèk yo (1 Kor. 15:33). Menmsi li wè bagay yo konsa, li gendwa santi si li pa pase tan ak yo, se trayi li trayi yo.

13 Si w se yon etidyan ki nan sitiyasyon sa a, ou bezwen sonje yon vrè zanmi ap kontan lefètke w ap eseye fè bon chanjman nan lavi w. Li kapab menm anvi vin aprann konnen Jewova menm jan avè w. Sepandan, moun ki pa t vrèman zanmi w yo “ap pale [w] mal” paske ou pa kontinye kouri al nan “debòch ansanm avèk yo ankò”. (1 Pyè 4:3, 4; Bib Kreyòl La.) An reyalite, se pa ou menm ki pa fidèl anvè zanmi sa yo, se yo menm ki pa fidèl anvè w pito.

14 Lè moun k ap etidye Labib yo pèdi ansyen zanmi yo ki pa renmen Bondye, nou menm ki nan kongregasyon an nou kapab ranplase zanmi sa yo (Gal. 6:10). Èske ou menm pèsonèlman ou konnen moun k ap etidye Labib ki asiste reyinyon yo? Èske pafwa ou konn fè ti pale ak yo pou w ba yo ankourajman?

15, 16. a) Ki reyaksyon nou ta dwe genyen si yon zanmi nou ta sispann sèvi Jewova? b) Ki jan nou ka pwouve lanmou nou pou Bondye?

15 E si yon zanmi nou genyen anndan kongregasyon an deside kite Jewova, e petèt li merite pou yo eskominye l? Sitiyasyon sa a kapab difisil anpil pou nou. Men sa yon sè te di lè li t ap dekri reyaksyon li te genyen lè yon bon zanmi l te sispann sèvi Jewova: “Mwen te santi se kòmsi m te pèdi yon pati nan mwen. M te panse zanmi m nan te byen anrasinen nan laverite, men se pa t vre. Mwen te mande tèt mwen si se pou l fè fanmi l plezi li t ap sèvi Jewova. Apre sa, mwen te kòmanse analize mobil pa m. Èske mwen t ap sèvi Jewova ak bon mobil?” Ki jan sè sa a te jere sitiyasyon an? Men sa li di: “Mwen te lage fado m sou Jewova. Mwen detèmine pou m montre Jewova se jan de moun li ye ki fè m ap sèvi l, se pa sèlman poutèt mwen jwenn zanmi nan òganizasyon l lan.”

16 Nou pa ka atann pou nou rete zanmi Bondye si nou rete zanmi ak moun ki chwazi pou yo vin zanmi monn nan. Men sa disip Jak te ekri: “Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.” ​(Jak 4:4). Nou kapab pwouve nou renmen Bondye lè nou gen konfyans l ap ede nou andire lè nou pèdi yon zanmi nou si nou rete fidèl devan L. (Li Sòm 18:25.) Men sa sè nou te site pi wo a te di: “Mwen aprann nou pa kapab fè yon moun renmen Jewova; ni nou pa kapab fè yon moun renmen nou. Anfèt, se yon chwa pèsonèl sa ye.” Kidonk, ki sa nou kapab fè pou nou konsève amitye ankourajan nou genyen ak moun ki nan kongregasyon an?

Fason pou nou konsève amitye nou yo

17. Ki jan moun ki bon zanmi pale youn ak lòt?

17 Lè de moun ki zanmi gen bon kominikasyon antre yo, amitye yo genyen an ap solid. Lè n ap li sa Bib la di konsènan Rit ak Nawomi, David ak Yonatàn e konsènan Pòl ak Timote, n ap remake de moun ki bon zanmi pale avèk franchiz youn ak lòt, men yo fè sa avèk respè. Men sa Pòl te ekri konsènan fason nou ta dwe kominike youn ak lòt: “Se pou pawòl nou toujou gen gras ladan l, se pou l sizonnen ak sèl.” La a, Pòl t ap pale sitou konsènan fason nou ta dwe pale ak “moun deyò yo”, sa vle di moun ki pa kretyen parèy nou (Kol. 4:5, 6, Bib Kreyòl La). Si lè n ap pale ak moun ki pa kretyen nou bezwen fè sa avèk respè, ale wè pou lè n ap pale ak zanmi nou yo anndan kongregasyon an!

18, 19. Ki jan nou ta dwe konsidere kèlkeswa konsèy nou resevwa nan men yon zanmi nou ki kretyen, e ki egzanp ansyen yo nan kongregasyon Efèz la kite pou nou?

18 Moun ki bon zanmi respekte opinyon youn lòt. Donk, lè y ap pale youn ak lòt, yo dwe fè sa avèk gras, sa vle avèk cham, e avèk franchiz. Men sa Salomon, wa yo te konnen pou sajès li te genyen an, te di: “Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray.” ​(Pwo. 27:9). Èske se konsa ou konsidere kèlkeswa konsèy ou resevwa nan men yon zanmi w ki kretyen? (Li Sòm 141:5.) Lè yon zanmi fè yon ti pale avè w paske li enkyè poutèt yon aksyon w fè, ki jan w reyaji? Èske w konsidere sa li di w yo kòm yon fason li montre bonte ki plen lanmou li genyen pou ou, oubyen èske w fache?

19 Apot Pòl te gen yon relasyon sere ak ansyen yo nan kongregasyon Efèz la. Sandout li te konnen kèk nan mesye sa yo depi lè yo te fèk vin kwayan. Sepandan, nan dènye reyinyon li te fè avèk yo a, li te ba yo kèk konsèy avèk franchiz. Ki jan yo te reyaji? Zanmi Pòl yo pa t fache. Olye de sa, yo te apresye enterè sensè li te gen pou yo. Yo te menm kriye lè yo te aprann yo pa t ap wè l ankò. —Tra. 20:17, 29, 30, 36-38.

20. Ki sa yon zanmi ki gen lanmou pou konpayon l ap fè?

20 Bon zanmi dispoze aksepte konsèy ki saj nan men youn lòt. Byennantandi, nou bezwen konnen ki lè pou nou “okipe zafè pa nou”. (1 Tes. 4:11.) Anplis, nou bezwen rekonèt “chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa [l]”. (Wom. 14:12.) Sepandan, lè sa nesesè, yon zanmi ki renmen konpayon l ap fè l sonje prensip Jewova yo avèk bonte (1 Kor. 7:39). Pa egzanp, ki sa w t ap fè si w ta remake yon zanmi w ki pa marye kòmanse gen santiman pou yon moun ki pa kwayan? Èske w t ap rete san w pa di zanmi w lan anyen paske ou pè pou l pa zanmi w ankò? Oubyen, si zanmi w lan pa ta koute konsèy ou ba li, ki sa w t ap fè? Yon bon zanmi t ap chèche èd nan men bèje yo ki gen lanmou pou twoupo a pou yon konpayon l ki fè yon fo pa. Pou w fè sa, sa mande kran. Men, pa gen anyen ki kapab kraze yon amitye ki baze sou lanmou pou Jewova.

21. Ki sa nou tout ka fè pafwa, e poukisa li enpòtan pou nou gen zanmi nan kongregasyon an e pou amitye sa yo solid?

21 Li Kolosyen 3:13, 14. Pafwa, zanmi nou yo kapab “gen yon repwòch” pou yo fè nou poutèt yon bagay nou fè yo, e yo menm tou yo kapab di oswa yo kapab fè yon bagay ki fè nou fache. Men sa disip Jak te di: “Nou tout nou bite nan plizyè sans [“tanzantan”, NW].” ​(Jak 3:2). Sepandan, sa ki detèmine nan ki pwen de moun zanmi, se nan ki degre youn padone lòt totalman pou sa l fè ki mal, kèlkeswa kantite fwa youn peche kont lòt. Ala sa enpòtan pou nou chèche fè zanmi nan kongregasyon an e pou amitye sa yo solid lè nou kominike youn ak lòt avèk senserite e lè nou padone youn lòt san grate tèt! Si nou demontre yon lanmou konsa, lanmou sa a ap vin “tankou yon kòd k’ap mare nou ansanm yonn ak lòt”.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan nou ka fè bon zanmi?

• Ki lè nou ta dwe sispann zanmi yon moun?

• Ki jan nou ka konsève amitye nou genyen ki solid yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Sou ki sa amitye Rit ak Nawomi an te chita ki fè l te solid e li te dirab?

[Foto nan paj 19]

Èske w toujou akeyi moun?