Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason twa kongrè te enfliyanse lavi m

Fason twa kongrè te enfliyanse lavi m

Fason twa kongrè te enfliyanse lavi m

Dapre George Warienchuck

ÈSKE sa deja rive w pou w tande yon bagay nan yon kongrè ki pouse w fè gwo chanjman nan lavi w? Sa te rive m. Lè m fè yon ti reflechi, mwen rann mwen kont gen twa kongrè ki te gen yon gwo efè sou lavi m. Premye kongrè a te ede m pou m vin mwens timid, dezyèm nan te ede m pou m kontante m ak sa m genyen e twazyèm nan te ede m pou m fè plis. Men, anvan m pale nou de chanjman sa yo, kite m rakonte nou kèk bagay ki te rive pandan m te timoun, plizyè ane anvan kongrè sa yo.

Mwen fèt an 1928, e se mwen ki dènye nan twa timoun ki te gen nan fanmi an. Mwen menm ak de sè m yo, Margie ak Olga, nou te leve nan yon vil ki rele South Bound Brook ki nan Noujèze, Ozetazini, yon vil ki te gen anviwon 2 000 moun ladan l. Manman m te yon moun ki donan, byenke nou te pòv. Lè l te gen mwayen pou l fè yon bon ti manje, li te pataje l ak vwazen yo. Lè m te gen nevan, gen yon sè Temwen ki pale ongwa, lang manman m, ki te vizite manman m. Piske se nan lang li li te pale avè l, li te koute mesaj la. Pi devan, yon sè ki rele Bertha, ki te fèk antre nan ventèn li, te kontinye etid la avèk li e li te ede l vin sèvi Jewova.

Kontrèman ak manman m, mwen te timid tou natirèlman paske mwen pa t kwè nan tèt mwen. Sa k pi di a, sèke manman m te gen tandans rabese m. Yon fwa, avèk dlo nan je, mwen te mande l: “Poukisa w toujou ap kritike m?” Li te di m se paske li te renmen m e li pa t vle gate m. Manman m te gen bon entansyon, men lefètke li te manke felisite m, sa te fè m santi m pa vo anyen.

Yon jou, gen yon vwazin ki te konn pale avè m souvan avèk jantiyès ki te envite m pou m al nan lekòl di dimanch avèk pitit gason l yo nan legliz yo a. Mwen te konnen si m ale, sa pa t ap fè Jewova plezi, men m te pè pou m pa t fè vwazin nan ki te janti avè m nan fache. Se sa k fè, pandan plizyè mwa, mwen te konn al legliz avè l, byenke pandan tout tan sa a mwen te wont tèt mwen. Mwen te santi m gen pwoblèm ak konsyans mwen nan lekòl mwen tou. Direktè a te otoritè anpil e li asire l pwofesè yo te fè tout timoun yo salye drapo. Mwen menm tou m te konn salye drapo a. Mwen pase anviwon yon ane ap fè sa. Men apre sa, mwen te vin chanje.

Mwen te aprann pou m gen kouraj

An 1939, gen yon gwoup etid liv ki te kòmanse reyini lakay nou. Ben Mieszkalski, yon jèn frè ki te pyonye, te konn kondui etid la. Nou te konn rele l Gwo Ben. E non sa a te byen tonbe, paske pou mwen, se kòmsi l te menm wotè menm lajè ak pòt devan kay la. Men, malgre gwosè l te fè l parèt enpresyonan, li te janti anpil. Fason l te konn souri te fè m santi m alèz. Donk, lè Ben te envite m akonpaye l nan travay predikasyon an, mwen te aksepte ak kè kontan. Nou te vin zanmi. Lè m te konn santi moral mwen ba, li te konn pale avè m menm jan yon gran frè ta pale ak ti frè l li renmen. Mwen te apresye sa anpil e mwen te vin renmen l anpil.

An 1941, Ben te envite tout moun lakay mwen pou nou akonpaye l nan yon kongrè ki t ap fèt Senlwi, nan Misouri. Se pa ti kontan m te kontan akonpaye l! Mwen pa t janm vwayaje kite lakay mwen pou m al pi lwen pase 80 kilomèt, men kounye a, mwen t apral vwayaje sou yon distans 1 500 kilomèt. Men, lè nou te rive Senlwi, te gen yon pwoblèm. Manm klèje yo te bay lòd pou tout fidèl nan zòn nan anile tout aranjman yo te fè pou yo resevwa Temwen yo lakay yo. Anpil nan yo te fè sa vre. Manm klèje yo te menase fanmi ki te gen pou l akeyi nou an tou. Sepandan, yo te akeyi nou kanmenm. Yo te di yo menm yo t ap respekte pwomès yo te fè pou yo ban nou yon chanm. Kouraj yo te demontre yo genyen te fè yon gwo efè sou mwen.

Sè m yo te batize nan kongrè sa a. Menm jou sa a, frè Rutherford, ki te sot nan Betèl Bwouklin, te bay yon diskou ankourajan kote l te mande tout timoun ki te vle fè volonte Bondye pou yo leve kanpe. Anviwon 15 000 timoun te kanpe. E mwen menm tou mwen te kanpe. Apre sa, li te mande tout timoun ki te vle fè tout posib yo pou yo patisipe nan travay predikasyon an pou yo di: “Wi”. Mwen te di “wi” ak tout fòs mwen ansanm ak lòt timoun yo. Tout moun te bat yon gwo bravo. Sa te fè m vin gen anpil antouzyas.

Apre kongrè a, nou te vizite yon frè k ap viv nan yon zòn ki rele West Virginia. Li te rakonte nou ki jan yon jou pandan l te nan predikasyon, yon foul moun ki an kòlè te pran l, yo te bat li epi yo te kouvri l ak goudwon ak plim zwazo pou imilye l. Mwen te koute istwa a avèk anpil atansyon. Frè a te di: “Men, m ap kontinye preche.” Lè nou sot lakay li, mwen te santi m tankou David. Mwen te santi m pare pou m parèt devan Golyat, anpalan de direktè lekòl mwen an.

Lè m retounen lekòl la, mwen pwoche bò kote direktè a. Li gade m byen move. Mwen priye Jewova nan kè m pou l ede m. Apre sa, san m pa pran tan, mwen di l: “Mwen t al nan yon kongrè Temwen Jewova. Mwen pap salye drapo ankò!” Li fè yon bon tan san l pa di anyen. Apre sa, li leve dèyè biwo l la tou dousman, li mache vin jwenn mwen. Figi l te tou wouj tèlman l te an kòlè. Li fè yon sèl rèl sou mwen, li di m: “Salye drapo a, sinon m ap mete w deyò lekòl la!” Fwa sa a, mwen pa t fè konpwomi, e nan fon kè m, mwen te santi mwen te gen yon kè kontan mwen potko janm genyen anvan sa.

Mwen pa t ka tann pou m esplike Ben sa k te rive a. Lè m te wè l nan Sal Wayòm nan, mwen te di l byen fò: “Yo mete m deyò lekòl la, paske m pa t salye drapo a!” Lè sa a, Ben pase men sou zepòl mwen, li souri epi li di m: “Asireman, Jewova renmen w.” ​(Det. 31:6). Pawòl sa yo te motive m toutbon! Nan dat 15 jen 1942, mwen te batize.

Mwen te aprann pou m kontante m

Apre Dezyèm Gè mondyal la, te vin gen gwo amelyorasyon nan ekonomi peyi a yon sèl kou, e te gen anpil bagay nan peyi a pou moun achte. Mwen te nan yon travay ki byen peye e mwen te kapab achte yon seri bagay mwen pa t janm panse m te ka achte anvan. Gen kèk nan zanmi m yo ki te achte moto, e gen lòt ki te fè kay yo vin plis nan gou yo. Mwen te achte yon machin tounèf. Nan yon tikras tan, sèvis Jewova te kòmanse gen mwens enpòtans pou mwen paske m te anvi gen plis bagay materyèl. Mwen te konnen mwen te sou yon move pant. Erezman, nan ane 1950, gen yon kongrè ki te fèt Nouyòk ki te ede m chanje pwennvi m ak atitid mwen.

Pandan kongrè sa a, oratè yo te ankouraje tout moun nan oditwa a pou yo kontinye depanse yo nan travay predikasyon an. Gen yon oratè ki te ban nou konsèy sa a: “Redui nan kantite bagay nou genyen, kontante nou ak sa k nesesè yo, epi kouri nan kous la.” Se kòmsi se avè m sèlman l t ap pale. Anplis, mwen te asiste gradyasyon yon klas Gileyad, e sa te fè m fè refleksyon sa a: ‘Si Temwen sa yo ki gen apeprè menm laj avè m ka bay vag sou yon seri konfò nan domèn materyèl pou yo ka sèvi nan peyi etranje, mwen menm tou mwen ta dwe dispoze fè menm bagay la nan peyi m.’ Distans pou kongrè a fini, mwen te deside vin pyonye.

Antretan, mwen te kòmanse frekante Evelyn Mondak, yon sè zele ki te nan kongregasyon kote m te ye a. Manman Evelyn te leve sis pitit nan chemen Jewova yo. Se te yon fi ki pa t pè anyen. Li te renmen preche nan lari devan yon gwo gwo legliz katolik women. Sa te konn fè prèt la fache anpil e prèt la te toujou ap di l deplase, men li pa t janm fè yon pa. Evelyn te menm jan ak manman l. Li pa t pè moun. —Pwo. 29:25.

An 1951, mwen te marye ak Evelyn. Nou te bay demisyon nou nan travay nou e nou te kòmanse sèvi kòm pyonye. Gen yon siveyan sikonskripsyon ki te ankouraje nou pou nou demenaje al sèvi nan yon vilaj ki rele Amagansett, ki bò Oseyan Atlantik, e ki gen anviwon 160 kilomèt ki separe l ak Nouyòk. Lè kongregasyon an te fè nou konnen pa t gen kay pou nou rete, nou te chèche youn nan ti kay ki gen wou pa anba yo a ki fèt espre pou pèmèt yo deplase avè l. Men nou pa t gen ase kòb pou nou achte sa nou te jwenn yo. Sepandan, annapre nou te vin jwenn youn ki te nan move eta. Mèt li te mande 900 dola pou li, e se te egzakteman kantite kòb sa a nou te resevwa kòm kado pou maryaj nou. Nou achte l, nou ranje l epi nou rale l mete nan nouvo tèritwa nou an. Sepandan, lè nou rive, nou pa t gen senkòb, e nou t ap mande tèt nou ki sa nou t apral fè pou n viv antanke pyonye.

Evelyn te jwenn djòb pou l fè netwayaj nan kay, e mwen menm mwen te jwenn yon travay kote m te dwe fè netwayaj lannuit nan yon restoran italyen. Mèt restoran an te di m: “Ou mèt pran manje ki rete yo, pote yo lakay ou pou madanm ou.” Donk, lè m te konn retounen lakay mwen a dezè dimaten, nou te konn chofe manje sa yo e sant pidza ak tout kalite espageti ak makawoni te konn gaye anndan ti kay la. Nou te pran plezi pou nou manje manje sa yo, sitou ann ivè lè nou t ap tranble anndan ti kay la ki te fè frèt anpil. Mete sou sa, pafwa, frè nan kongregasyon an te konn kite yon gwo pwason sou mach eskalye ti kay la pou nou. Pandan ane nou te Amagansett ansanm ak frè nou yo nou te renmen anpil, nou te aprann lè nou kontante nou ak bagay ki nesesè yo, n ap jwenn satisfaksyon nan lavi a. Nou te jwenn anpil kè kontan pandan ane sa yo.

Nou te jwenn ankourajman pou nou fè plis

An jiyè 1953, nou te akeyi plizyè santèn misyonè ki te sot nan peyi kote yo te asiyen yo pou yo te ka asiste yon kongrè entènasyonal ki te fèt Nouyòk. Yo te rakonte yon seri eksperyans estrawòdinè. Yo te tèlman kontan lè yo t ap rakonte yo, sa te fè nou menm tou nou te kontan. Anplis, lè gen yon oratè ki te montre gen anpil peyi ki poko tande mesaj Wayòm nan, nou te santi fòk nou etann ministè nou. Nan menm kongrè sa a, nou te aplike pou nou te ka jwenn fòmasyon pou nou vin misyonè. Menm ane sa a, yo te envite nou pou nou asiste 23yèm klas Lekòl Gileyad la ki te kòmanse an fevriye 1954. Ala yon gwo privilèj sa te ye pou nou!

Nou te kontan anpil lè nou te aprann yo t ap voye nou al sèvi nan peyi Brezil. Anvan nou te fè vwayaj la, yon vwayaj ki t apral dire 14 jou sou yon bato a vapè, yon frè responsab nan Betèl la te di m: “Gen nèf sè misyonè selibatè k ap vwayaje ansanm avè w ak madanm ou pou y al Brezil. Veye sou yo!” Èske w imajine jan maren yo t ap gade nou lè yo te wè m k ap monte bato a ak dis jèn fi dèyè m! Sepandan, sè yo pa t gen okenn pwoblèm pou yo jere sitiyasyon an. Malgre sa, se lè nou te rive Brezil sennesof, mwen te rale yon souf.

Apre m te fin aprann pale pòtigè, yo te nome m siveyan sikonskripsyon, e mwen te gen pou m vizite kongregasyon ki nan yon eta ki rele Rio Grande do Sul, nan sid Brezil. Siveyan sikonskripsyon mwen te sipoze ranplase a, ki te selibatè, te di mwen menm ak madanm mwen: “Mwen sezi wè se yon koup yo voye nan yon zòn difisil konsa.” Kongregasyon yo te gaye nan yon zòn pwovens ki gran anpil, e gen kèk kongregasyon se sèlman nan kamyon ou te ka rive ladan yo. Chofè kamyon yo t ap kite w monte nan kamyon an si w te achte manje ba yo. Nou te konn chita sou bagay y ap transpòte yo kòmsi se te sou yon cheval nou te chita, e nou te konn kenbe kòd ki mare chay yo byen di ak de men nou. Lè kamyon an ap fè gwo koub, nou te kenbe kòd yo ak tout fòs nou pou nou pa tonbe. Lè konsa, chajman kamyon an ki men wotè panche epi nou menm ki pa anlè n ap gade falèz yo pa anba. Sepandan, lè nou te wè frè ak sè yo ki t ap tann nou avèk enpasyans e lè nou te wè jan yo kontan, nou te konn santi sa vo lapèn pou nou pase tout yon jounen ap fè kalite vwayaj sa yo.

Nou te rete kay frè yo. Yo te pòv anpil, men sa pa t anpeche yo bay lòt moun nan sa yo genyen. Gen yon zòn nou t ale ki te izole kote tout frè yo t ap travay nan yon izin kote yo mete vyann nan pake. Ti kòb yo t ap touche a te pèmèt yo manje yon fwa pa jou sèlman. Si yo pa t travay yon jou, yo pa t ap touche pou jou sa a. Malgre sa, lè nou te vizite kongregasyon an, yo te konn pran de jou konje nan travay yo pou yo ka soutni aktivite kongregasyon an. Yo te mete konfyans yo nan Jewova. Nou te aprann anpil nan men frè sa yo ki te enb konsènan kesyon fè sakrifis pou Wayòm Bondye a, e nou pap janm bliye leson sa yo. Pandan nou te avèk yo, nou te resevwa yon fòmasyon okenn lekòl pa t ka ban nou. Jis kounye a, mwen toujou kontan lè m sonje frè sa yo e dlo toujou koule nan je m.

An 1976, nou te retounen Ozetazini pou nou te ka pran swen manman m ki te malad. Sa te difisil pou nou anpil pou nou kite Brezil, men nou kontan dèske nou te wè fason kantite pwoklamatè yo ak kongregasyon yo te ogmante anpil nan peyi sa a. Chak fwa nou resevwa lèt ki sot Brezil, anpil bèl souvni vin nan lespri nou lè nou sonje bèl epòk sa a nan lavi nou.

Nou te rejwenn kèk zanmi nou renmen anpil

Toutpandan nou t ap pran swen manman m, nou te pyonye e nou te konn fè djòb netwayaj. An 1980, manman m te mouri fidèl ak Jewova. Apre sa, mwen te resevwa asiyasyon pou m sèvi kòm siveyan sikonskripsyon Ozetazini. An 1990, mwen menm ak madanm mwen te vizite yon kongregasyon ki nan zòn Konektikèt, e nou te rankontre yon moun espesyal. Se te Ben, menm Ben ki te ede m pran pozisyon pou Jewova 50 an anvan an! Li te youn nan ansyen ki nan kongregasyon sa a. Èske w ka imajine lajwa nou te genyen lè youn te bay lòt akolad?

Depi 1996, mwen menm ak Evelyn n ap sèvi antanke pyonye espesyal ki enfim nan yon kongregasyon pòtigè nan Elizabeth, nan Noujèze. Mwen gen kèk pwoblèm sante, men grasa èd madanm mwen mwen renmen anpil, mwen patisipe otan m kapab nan ministè a. Evelyn gen yon sè l ap ede tou, yon ti granmoun ki gen yon sante frajil. Kiyès dapre nou? Se Bertha, menm Bertha ki te ede manman m sèvi Jewova sa gen 70 an. Nou kontan dèske nou gen opòtinite pou nou demontre rekonesans nou pou tout sa l te fè pou ede fanmi nou aprann laverite.

Mwen kontan anpil dèske kongrè sa yo te pouse m pran pozisyon pou laverite, yo te pouse m senplifye lavi m e yo te pouse m etann ministè m. Pa gen dout nan sa, kongrè sa yo te enfliyanse lavi m anpil.

[Foto nan paj 23]

Manman Evelyn (agoch) ak manman m.

[Foto nan paj 23]

Ben, zanmi m nan.

[Foto nan paj 24]

Nan peyi Brezil.

[Foto nan paj 25]

Mwen menm ak Evelyn jodi a.