Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki leson nou ka tire nan Pwovèb 24:27?

Nan vèsè sa a, moun ki ekri liv Pwovèb la t ap bay yon jenòm konsèy. Li te di l: “Prepare travay ou deyò, epi mete jaden w anfòm. Apre sa, ou dwe fonde fwaye w tou.” Ki sa pwovèb sa a aprann nou? Li aprann nou yon gason ta dwe prepare l kòrèkteman anvan li marye e anvan li fonde fwaye pa l. Konsa, l ap montre li rekonèt gen responsablite ki mache ak yon angajman konsa.

Pafwa, esplikasyon yo te konn bay anvan sou vèsè sa a te montre yon gason ki marye e ki gen pitit pa ta dwe konsantre sou travay pwofàn li sèlman, men li ta dwe fè yon fason pou l bati fanmi l, sètadi pou l fòtifye fanmi l, pa egzanp lè l anseye yo sou Jewova e sou Bib la. Se vre, yon gason dwe fè sa, dayè, Labib mande l pou l fè sa. Sepandan, se pa sa ki ide prensipal vèsè sa a. Poukisa nou di sa? Annou konsidere de rezon.

Premyèman, lè vèsè sa a di fonde fwaye w, li pap pale de yon fwaye ki deja egziste kote moun ki ladan l yo bezwen pou yo ankouraje yo oubyen pou yo fòtifye yo. Depreferans, l ap pale de bati yon kay literalman. Mo “fonde” a kapab gen yon sans figire tou. Nan sans sa a, li gen rapò ak fonde yon fanmi, sa vle di marye epi fè pitit.

Dezyèmman, vèsè sa a mete aksan sou nesesite pou bagay yo fèt nan lòd, se kòmsi l di: “Toudabò, ou dwe fè tèl bagay, apre sa, ou dwe fè tèl bagay.” Kidonk, èske pwovèb sa a ta ka vle montre responsablite yon moun genyen pou l pran swen fanmi l nan domèn materyèl vin anvan responsablite li genyen nan domèn espirityèl? Non!

Nan tan biblik yo, si yon gason te vle “fonde fwaye” l, sètadi si l te vle marye pou l gen yon fanmi, li te dwe poze tèt li kesyon sa a: ‘Èske m pare pou m pran swen yon madanm ak timoun mwen menm ak madanm mwen ka vin genyen pi devan?’ Anvan pou l te marye e pou l te fè pitit, travay li te gen pou l fè se te pran swen jaden l ak rekòt li. Gen yon tradiksyon Labib (Today’s English Version) ki byen fè ide sa a parèt. Men ki jan l tradui vèsè sa a: “Pinga w bati yon kay e pinga w fè yon fanmi anvan jaden w pare epi ou sèten w ap gen mwayen pou w fè ase lajan pou w viv.” Èske menm prensip sa a valab jodi a?

Wi. Yon gason ki vle marye ta dwe prepare l kòrèkteman pou l pran responsablite sa a. Si li pa gen yon pwoblèm fizik, li dwe travay. Natirèlman, yon gason dwe travay di pou l pran swen fanmi l nan domèn materyèl, men se pa nan sans sa a sèlman li dwe fè efò. Pawòl Bondye a montre yon gason ki pa pran swen fanmi l nan domèn materyèl, nan domèn afektif ak nan domèn espirityèl pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa (1 Tim. 5:8). Se sa k fè yon jenòm ki ta renmen marye ta dwe poze tèt li kesyon sa yo: ‘Èske mwen santi m pare pou m pran swen yon fanmi nan domèn materyèl? Èske m pare pou m pran swen yon fanmi nan domèn espirityèl? Èske m ap ka pran responsablite pou m etidye Labib regilyèman ak madanm mwen ak pitit mwen?’ Pa gen dout nan sa, Pawòl Bondye a mete aksan sou responsablite enpòtan sa yo. —Det. 6:6-8; Efe. 6:4.

Donk, yon jenòm k ap chèche yon fi pou l marye ta dwe byen reflechi sou prensip nou jwenn nan Pwovèb 24:27 la. Menm jan an tou, li t ap bon pou yon jèn fi mande tèt li si l pare pou l marye e pou l gen pitit. Moun ki anvizaje marye yo ak moun ki pa gen lontan depi yo marye yo ta dwe poze tèt yo menm kesyon sa yo si yo ta renmen gen pitit (Lik 14:28). Konsèy sa yo kapab ede sèvitè Bondye yo evite anpil tètchaje e yo kapab ede yo gen kè kontan nan fanmi yo.

[Antrefilè nan paj 12]

Ki kesyon yon jenòm ta dwe poze tèt li anrapò ak maryaj?