Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou lespri a ap bouyi nan nou”

“Se pou lespri a ap bouyi nan nou”

“Se pou lespri a ap bouyi nan nou”

“Pinga nou trennen nan aktivite nou. Se pou lespri a ap bouyi nan nou. Travay tankou esklav pou Jewova.” —WOM. 12:11, NW.

1. Poukisa Izrayelit yo te konn fè sakrifis bèt ak lòt kalite ofrann?

JEWOVA apresye sakrifis sèvitè l yo fè ak tout kè yo pou yo montre yo renmen l e yo soumèt anba volonte l. Nan tan lontan, li te aksepte divès kalite sakrifis bèt ak lòt kalite ofrann. Izrayelit yo te konn ofri bagay sa yo ann amoni ak Lalwa Moyiz la yon fason pou yo te ka chèche jwenn padon nan men Jewova pou peche yo e pou yo te ka remèsye l. Nan kongregasyon kretyen an, Jewova pa mande pou nou ofri jan de sakrifis sa yo. Sepandan, nan lèt apot Pòl te ekri voye bay kretyen Wòm yo, nan chapit 12 la, li te montre Jewova toujou atann pou nou ofri l sakrifis. Annou wè ki jan.

Yon sakrifis ki vivan

2. Antanke kretyen, ki kalite lavi nou mennen, e ki sa sa mande?

2 Li Women 12:1, 2. Depi nan kòmansman lèt Women an, Pòl montre byen klè Bondye deklare kretyen wen yo jis devan l, kit yo Juif, kit yo pa Juif, grasa lafwa yo, e non pa sou baz zèv yo fè (Wom. 1:16; 3:20-24). Nan Women chapit 12 la, Pòl esplike kretyen yo ta dwe montre rekonesans yo pou Bondye lè yo mennen yon lavi sakrifis. Pou nou fè sa, nou bezwen transfòme entèlijans nou. Akoz enpèfeksyon nou eritye a, nou twouve nou anba ‘lalwa peche ansanm ak lanmò’ a (Wom. 8:2). Se poutèt sa, nou bezwen “renouvle fòs k ap dirije lespri nou” an, nou bezwen transfòme nou lè nou chanje tandans nou yo totalman (Efe. 4:23, NW). Se sèlman grasa èd Jewova e grasa lespri l nou kapab fè yon chanjman totalkapital konsa. Sa mande tou pou nou fè gwo efò e pou nou itilize “kapasite nou genyen pou nou rezone” ​(NW). Sa vle di nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou “pa fè menm bagay ak sa moun ap fè” nan monn sa a ki chaje ak koripsyon, ak divètisman imoral e ki gen yon mantalite ki pèvèti. —Efe. 2:1-3.

3. Poukisa nou patisipe nan aktivite kretyen yo?

3 Pòl ankouraje nou tou pou nou itilize “kapasite nou genyen pou nou rezone” pou nou ka verifye sa ki “volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè” ​(NW). Poukisa nou li Labib chak jou, nou medite sou sa nou li yo, nou priye, nou asiste reyinyon kretyen yo e nou preche bon nouvèl Wayòm nan? Èske se paske ansyen nan kongregasyon an ankouraje nou fè sa? Se vre, nou gen rekonesans pou ansyen yo pou rapèl yo ban nou, rapèl ki itil nou, sepandan, antanke kretyen, nou fè bagay sa yo paske lespri Bondye motive nou pou nou demontre nou renmen Jewova ak tout kè nou. Anplis, nou gen konviksyon Bondye vle nou fè bagay sa yo (Zek. 4:6; Efe. 5:10). Lè nou viv antanke vrè kretyen, nou kapab fè Bondye plezi, e sa fè nou gen anpil lajwa ak anpil satisfaksyon.

Divès kalite don

4, 5. Ki jan ansyen yo ta dwe itilize don yo genyen yo?

4 Li Women 12:6-8, 11. Pòl esplike selon “favè Bondye fè nou an”, li “pa bay tout moun menm don”. Kèk nan don Pòl te site yo, tankou don pou ankouraje ak don pou dirije, plis konsène ansyen yo ki jwenn konsèy pou yo dirije “byen”.

5 Pòl montre tout moun ta dwe wè siveyan yo fè travay yo byen. Yo ta dwe wè sa nan fason yo ranpli responsablite yo genyen antanke anseyan e yo ta dwe wè sa nan “ministè” y ap akonpli a. Selon kontèks la, sanble Pòl te vle pale de “ministè” y ap akonpli anndan kongregasyon an li di ki se “yon sèl kò”. (Wom. 12:4, 5.) Travay oswa ministè yo pale la a se menm ak travay yo pale nan Travay 6:4 la. Nan vèsè sa a, apot yo te di pawòl sa yo: “Nou menm, n ap konsakre nou nan lapriyè ak nan ministè pawòl la.” ​(NW). Ki sa k gen nan ministè sa a? Ansyen yo itilize don yo genyen yo pou yo edifye manm kongregasyon an. Yo montre yo “fè travay la” lè yo bay kongregasyon an bonjan direksyon ak bonjan enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a. Yo fè sa tou lè yo etidye, yo priye, yo fè rechèch, yo anseye moun nan kongregasyon an e yo pran swen yo. Siveyan yo ta dwe byen itilize don yo genyen yo pou yo pran swen mouton yo “ak kè kontan”. —Wom. 12:7, 8; 1 Pyè 5:1-3.

6. Ki jan nou kapab suiv konsèy nou jwenn nan Women 12:11 lan ki se tèks de baz atik la?

6 Men sa Pòl te di annapre: “Pinga nou trennen nan aktivite nou. Se pou lespri a ap bouyi nan nou. Travay tankou esklav pou Jewova.” Si nou remake nou pa chofe nan ministè a, nou bezwen korije fason nou abitye etidye, nou bezwen priye Jewova avèk plis fòs pou nou mande l lespri l e nou bezwen fè sa pi souvan. Paske lespri l kapab ede nou konbat tandans nou ka genyen pou nou manke antouzyas e li kapab ede nou vin gen menm zèl nou te genyen anvan an (Lik 11:9, 13; Rev. 2:4; 3:14, 15, 19). Lespri sen te bay premye kretyen yo fòs pou yo “rakonte bèl bagay Bondye te fè”. (Tra. 2:4, 11.) Menm jan an tou, li kapab pouse nou pou nou zele nan ministè a e “pou lespri a ap bouyi nan nou”.

Imilite ak modesti

7. Poukisa nou ta dwe sèvi Bondye avèk imilite e avèk modesti?

7 Li Women 12:3, 16. Se “favè Bondye fè” nou ki fè nou kapab gen yon seri don. Men sa Pòl di yon lòt kote: “Si nou kalifye, se nan Bondye sa soti.” ​(2 Kor. 3:5, NW). Se sa k fè nou pa ta dwe glorifye tèt nou. Nou ta dwe rekonèt avèk imilite tout bon rezilta nou jwenn nan ministè a se benediksyon Bondye ki fè nou jwenn yo, se pa konpetans pa nou (1 Kor. 3:6, 7). Ann amoni ak ide sa a, men sa Pòl te di: “Men sa m’ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye.” Li nesesè pou nou konnen nou gen valè e pou nou gen lajwa ak satisfaksyon nan travay Wayòm nan. Men, si nou gen modesti, sètadi si nou rekonèt limit nou, sa ap anpeche nou bay opinyon nou twòp valè. Olye de sa, se pou nou “panse yon fason pou [nou] vin gen bonsans” ​(NW).

8. Ki sa k ap anpeche nou “kwè nou gen pi bon konprann” pase tout lòt moun?

8 Nou t ap manke bonsans si nou ta vante tèt nou pou bagay nou reyalize. Paske “se [Bondye] ki fè plant lan pouse”. (1 Kor. 3:7.) Pòl esplike Bondye bay chak moun nan kongregasyon an mezi “pa l nan lafwa”. Olye nou santi nou siperyè lòt moun, nou ta dwe rekonèt sa lòt moun yo fè se sa yo kapab fè selon mezi lafwa yo genyen an. Men sa Pòl di ankò: “Jan nou panse pou tèt nou, se konsa pou nou panse pou lòt moun tou.” ​(NW). Nan yon lòt lèt apot la ekri, li di nou pou nou “pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, [se pou nou] soumèt nou”. Apre sa li di: “Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.” ​(Fil. 2:3). Pou nou rekonèt frè ak sè nou yo siperyè nou nan yon domèn oswa nan yon lòt, nou bezwen fè gwo efò. Anplis, sa mande pou nou vrèman gen imilite. Si nou gen kalite sa a, sa ap anpeche nou “kwè nou gen pi bon konprann” pase tout lòt moun. Se vre, privilèj espesyal kèk moun jwenn nan kongregasyon an kapab atire atansyon sou yo, men, nou tout n ap jwenn anpil lajwa lè nou “viv tankou moun ki san pretansyon”, sètadi lè nou aksepte fè travay ki rabesan, souvan travay moun yo pa bay enpòtans. —1 Pyè 5:5.

Inite nou genyen nan mitan nou antanke kretyen

9. Poukisa Pòl konpare kretyen ki wen ak lespri yo ak manm ki nan yon kò?

9 Li Women 12:4, 5, 9, 10. Pòl konpare kretyen ki wen ak lespri yo ak manm ki nan yon kò. Yo se yon kò k ap fonksyone nan inite anba direksyon Tèt la, ki se Kris (Kol. 1:18). Li fè kretyen sa yo sonje yon kò gen yon pakèt manm ki gen divès fonksyon, e konsa tou, kretyen sa yo ‘anpil, men yo fè yon sèl kò ansanm ak Kris la’. Nan menm sans lan, men ki ankourajman Pòl te bay kretyen wen nan Efèz yo: “Avèk renmen nan kè nou, [...] [se pou nou] grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l’ap devlope nan renmen.” —Efe. 4:15, 16.

10. Otorite kiyès “lòt mouton” yo ta dwe rekonèt?

10 Byenke “lòt mouton” yo pa fè pati kò Kris la, yo kapab aprann anpil bagay nan konparezon sa a (Jan 10:16). Pòl te esplike Jewova “soumèt tout bagay anba pye [Kris], e li mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon an”. (Efe. 1:22, NW.) Jodi a, lòt mouton yo fè pati “tout bagay” Jewova mete anba otorite Pitit li a. Moun sa yo fè pati “byen” Kris konfye “esklav fidèl ki prevwayan” an tou (Mat. 24:45-47, NW). Se poutèt sa, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ta dwe rekonèt Kris kòm Chèf yo, yo ta dwe soumèt devan esklav fidèl ki prevwayan an ak Kolèj santral li a e yo ta dwe soumèt tou devan moun Kolèj sa a nome siveyan nan kongregasyon an (Ebre 13:7, 17). Lè yo fè sa, sa pèmèt gen inite nan mitan kretyen yo.

11. Sou ki sa inite nou an baze, e ki lòt konsèy ankò Pòl te bay?

11 Inite sa a kretyen yo genyen an baze sou lanmou, ki “se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kol. 3:14, NW.) Nan Women chapit 12 la, Pòl mete aksan sou sa lè l di nou dwe renmen youn lòt “ak tout kè nou”, e “lanmou nou gen pou frè nou yo”(NW) ta dwe “makònen ak [yon] afeksyon ki pwofon” ​(NW). Sa ap pèmèt nou youn gen respè pou lòt. Men sa apot la di: “Se pou youn konsidere lòt la anvan tèt li.” ​(Bib Kreyòl La). Natirèlman, nou pa dwe konfonn lanmou ak yon atachman ki deplase. Nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou kongregasyon an toujou rete pwòp, paske lè Pòl t ap bay konsèy sou lanmou an, li te di tou: “Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.”

Pran abitid akeyi moun

12. Nan kesyon akeyi moun nan, ki sa nou kapab aprann nan men kretyen ki t ap viv Masedwàn yo?

12 Li Women 12:13. Lanmou nou gen pou frè nou yo ap pouse nou “bay moun k’ap viv pou Bondye yo konkou” selon kapasite nou, “lè nou wè yo nan bezwen”. Menmsi nou pa gen anpil, nou kapab pataje sa nou genyen an ak yo. Men sa Pòl te di konsènan kretyen ki te Masedwàn yo: “Yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay [plis] pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n’ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.” ​(2 Kor. 8:2-4). Se vre, kretyen Masedwàn yo te pòv, men yo te donan anpil. Yo te konsidere se yon privilèj pou yo pataje sa yo genyen ak frè yo ki te nan nesesite nan Jide.

13. Ki sa ekspresyon “pran abitid akeyi moun” nan vle di?

13 Ekspresyon grèk lè yo tradui l ki bay “pran abitid akeyi moun” nan (NW) montre nou bezwen pran inisyativ. Gen yon tradiksyon Labib ki tradui l konsa: “Chèche okazyon pou nou akeyi moun.”(The new Jerusalem Bible). Yon fason nou montre nou konn akeyi moun se lè nou envite yon moun pran yon repa avèk nou. Lè se lanmou ki pouse nou fè sa, se yon bagay ki merite felisitasyon. Men, si nou montre nou se moun ki konn pran inisyativ, n ap jwenn anpil lòt fason pou nou akeyi moun. Si posiblite nou oswa sante nou pa pèmèt nou envite lòt moun pran yon repa avèk nou, nou kapab envite yo vin bwè yon ti kafe, yon ti ji oswa yon lòt bwason avèk nou. Sa tou se yon fason nou kapab akeyi moun.

14. a) Ki mo ki fòme mo grèk lè yo tradui l ki bay “akeyi moun” nan? b) Ki jan nou kapab demontre nou gen sousi pou moun ki soti nan lòt peyi yo nan ministè nou?

14 Mo grèk lè yo tradui l ki bay “akeyi moun” nan gen rapò ak atitid nou. Li fòme ak de mo grèk; youn vle di “lanmou” e lòt la vle di “etranje”. Ki atitid nou genyen parapò ak moun nou pa konnen oswa moun ki soti nan lòt peyi? Gen kretyen ki chèche aprann yon lòt lang pou yo ka preche moun ki soti nan lòt peyi ki vin rete nan tèritwa kongregasyon yo bon nouvèl la. Konsa, yo montre yo se moun ki konn akeyi moun. Se vre, anpil nan nou pa gen posiblite aprann yon lòt lang, men, nou tout kapab ede moun ki soti nan lòt peyi lè nou byen sèvi ak ti bwochi ki rele Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an, ki gen yon mesaj ki soti nan Bib la ki parèt nan anpil lang ladan l. Èske w deja jwenn bon rezilta ak ti bwochi sa a nan ministè w?

Mete nou nan plas lòt moun

15. Ki fason Jezi te aji ki tonbe daplon ak konsèy nou jwenn nan Women 12:15 lan?

15 Li Women 12:15. Nan vèsè sa a, Pòl bay yon konsèy nou kapab rezime konsa: Mete nou nan plas lòt moun. Nou bezwen chèche konprann santiman lòt moun, e nou bezwen aprann pataje santiman yo genyen an, swa lajwa, swa tristès. Si lespri a ap bouyi nan nou, sa ap parèt klè nan fason nou pataje lajwa lòt moun genyen oswa nan fason nou demontre konpasyon pou yo. Lè 70 disip Kris yo te retounen ak kè kontan sot nan yon kanpay predikasyon yo t al fè e yo t ap rakonte bon rezilta yo te jwenn, “Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil” tou (Lik 10:17-21). Li te gen lajwa menm jan avèk yo. Yon lòt bò, Jezi te ‘kriye ak moun ki t ap kriye’ lè Laza, zanmi l, te mouri. —Jan 11:32-35.

16. Ki jan nou kapab mete nou nan plas lòt moun, e kiyès an patikilye ki bezwen fè sa?

16 Nan domèn mete nou nan plas lòt moun nan, nou bezwen suiv egzanp Jezi ban nou. Lè yon kretyen parèy nou ap rejwi, nou ta dwe rejwi ansanm avèk li. Konsa tou, nou ta dwe montre nou gen kè sansib pou frè nou ak sè nou k ap soufri oswa ki nan lapenn. Souvan, nou kapab soulaje kwayan parèy nou yo anpil lè y ap soufri akoz lapenn yo gen nan kè yo si nou pran tan pou nou koute yo avèk bonjan konpasyon. Pafwa, sa kapab tèlman touche kè nou, sa fè nou kriye (1 Pyè 1:22). Ansyen yo an patikilye ta dwe suiv konsèy Pòl bay sou fason pou nou mete nou nan plas lòt moun.

17. Ki sa nou sot aprann nan Women chapit 12 la, e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Nou sot egzamine kèk vèsè nan Women chapit 12 la. Ladan yo, nou jwenn konsèy nou ka aplike nan lavi nou antanke kretyen e nan relasyon nou genyen avèk frè nou yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine rès vèsè ki gen nan chapit sa a. Vèsè sa yo pral montre nou ki jan pou nou konsidere moun ki pa fè pati kongregasyon an e ki jan pou nou boule avèk yo. Pami moun sa yo, gen moun ki opoze ak nou e gen moun k ap pèsekite nou yo.

Revizyon

• Ki jan n ap montre “lespri a ap bouyi nan nou”?

• Poukisa nou ta dwe sèvi Bondye avèk imilite e avèk modesti?

• Ki jan nou ka mete nou nan plas kwayan parèy nou yo e ki jan nou ka montre nou gen konpasyon pou yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Antanke kretyen, poukisa nou fè bagay sa yo?

[Foto nan paj 6]

Ki jan nou chak kapab ede moun ki soti nan lòt peyi yo jwenn konesans konsènan Wayòm nan?