Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou nou anpè ak tout moun”

“Se pou nou anpè ak tout moun”

“Se pou nou anpè ak tout moun”

“Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” —WOM. 12:18, NW.

1, 2. a) Ki sa Jezi te fè disip li yo konnen? b) Ki kote nou kapab jwenn konsèy anrapò ak fason pou nou reyaji lè nou jwenn opozisyon?

JEZI te fè disip li yo konnen nasyon yo nan monn nan t ap opoze ak yo. Li te esplike rezon an nan nuit anvan li te mouri a. Men sa l te di apot li yo: “Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.” —Se nou menm ki mete mo yo ann italik, Jan 15:19.

2 Nan eksperyans apot Pòl te fè li te wè pawòl Jezi te di yo se laverite. Nan dezyèm lèt li te ekri Timote a, yon jenòm ki te konpayon sèvis li, men sa l te di l: “Ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m, nan jan mwen kenbe fèm, nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen.” Annapre, men sa li te ajoute: “Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.” ​(2 Tim. 3:10-12). Nan chapit 12 lèt Pòl te ekri kretyen Wòm yo, li te ba yo kèk konsèy ki saj anrapò ak fason yo ta dwe reyaji lè yo jwenn opozisyon. Pawòl li te di yo kapab ban nou direksyon nan tan lafen n ap viv la.

“Chache fè sa ki byen”

3, 4. Ki jan nou kapab aplike konsèy nou jwenn nan Women 12:17 la: a) nan yon kay kote se pa tout moun k ap sèvi Jewova? b) nan jan nou boule ak pwochen nou?

3 Li Women 12:17. Pòl di lè moun mal aji avèk nou, nou pa dwe fè menm jan ak yo. Li vrèman enpòtan pou nou koute konsèy li a, sitou si nou nan yon fanmi kote se pa tout moun k ap sèvi Jewova. Konjwen ki kretyen yo bezwen fè efò pou yo pa aji kifkif si konjwen yo ki pa kretyen ta di yo yon move pawòl oubyen si yo ta mal aji avèk yo. Yon moun pap akonpli anyen ki bon si li ‘fè yon moun mal poutèt li te fè l mal’. Okontrè, yon atitid konsa kapab fè sitiyasyon an vin pi grav.

4 Pòl egzòte yo pou yo byen aji lè l di: “Chache fè sa ki byen nan je tout moun.” Nan fwaye a, lè yon madanm kontinye montre li gen bonte pou mari l apre mari a fin fè kèk move remak sou kwayans madanm nan, sa kapab anpeche yon kont pete nan kay la (Pwo. 31:12). Carlos, ki fè pati yon fanmi Betèl kounye a, esplike manman l te rive venk gwo opozisyon li te jwenn nan men papa l paske manman l te toujou aji avèk bonte e li te toujou byen pran swen kay la. Carlos di: “Li te konn ankouraje nou, nou menm timoun yo, pou nou toujou respekte [papa nou]. Li te konn ensiste pou mwen jwe yon jwèt yo rele “boul” ​(yon kalite jwèt ki soti an Frans yo jwe avèk yon seri ti boul) avèk li, alòske mwen pa t renmen jwèt sa a. Men, sa te konn fè l kontan.” Finalman, li te vin etidye Labib e li te batize. Souvan, Temwen Jewova yo venk opozisyon lè yo ede pwochen yo apre yon katastwòf natirèl fin pase. Konsa, yo “fè sa ki byen nan je tout moun”.

Annou fè opozisyon an fonn anba “chabon ki byen limen”

5, 6. a) Ki jan nou ka mete “chabon ki byen limen” sou tèt yon ènmi? b) Rakonte yon eksperyans nou fè nan zòn kote nou rete a ki montre jan nou kapab jwenn bon rezilta lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Women 12:20 an.

5 Li Women 12:20. Lè Pòl t ap ekri pawòl nou jwenn nan vèsè sa a, sandout li te gen nan lespri l pawòl nou li nan Pwovèb 25:21, 22 yo. Men sa nou li ladan yo: “Si yon moun ki rayi w grangou, ba l pen pou l manje, e si l swaf, ba l dlo pou l bwè. Paske se chabon w ap rasanble sou tèt li, konsa Jewova li menm ap rekonpanse w.” Nan konsèy Pòl bay nan Women chapit 12 la, li pa t vle di chabon yo reprezante pinisyon oswa wont moun ki opoze ak nou an ap jwenn. Ni pwovèb la, ni konsèy Pòl bay nan menm sans lan nan lèt Women an sanble gen rapò ak yon metòd yo te konn itilize nan tan lontan pou yo fonn metal. Men sa Charles Bridges, yon biblis anglè ki te viv nan 19yèm syèk la, esplike: “Yo te mete dife ni anba ni anlè yon metal ki difisil pou yo travay li; yo pa t annik mete l sou dife a, men yo te mete chabon dife sou li tou. Yon lanmou ki makònen ak pasyans e ak espri sakrifis kapab rive ramoli kè pi di a.”

6 Menm jan ak “chabon ki byen limen”, aksyon ki demontre bonte sèvitè Bondye yo fè ka pouse moun ki opoze ak yo chanje atitid e yo ka fè yo sispann opoze ak yo. Bon aksyon nou fè kapab ede moun yo vin gen yon pi bon atitid anvè pèp Jewova a e yo ka fè yo pi dispoze koute mesaj biblik n ap preche a. Gade sa apot Pyè te ekri: “Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y’ap pale nou mal, lè y’ap di se yon bann malfektè nou ye, y’a gen pou yo rekonèt tout byen n’ap fè a, y’a fè lwanj Bondye lè l’a vin jije yo.” —1 Pyè 2:12.

“Se pou nou anpè ak tout moun”

7. Ki sa lapè Kris kite pou disip li yo ye, e ki sa nou ta dwe fè si nou gen lapè sa a?

7 Li Women 12:18. Pandan dènye nuit Jezi te pase avèk apot li yo, li te di yo: “Mwen kite lapè pou nou. Mwen ban nou lapè mwen.” ​(Jan 14:27, Bib Kreyòl La). Lapè Kris kite pou disip li yo se yon kè poze yo genyen lefètke yo konnen Jewova Dye ak Pitit li renmen anpil la renmen yo e yo pran plezi nan yo. Si nou gen lapè sa a nan kè nou, sa ta dwe pouse nou viv anpè ak lòt moun. Vrè kretyen yo se moun ki renmen lapè e yo se moun k ap fè lapè ak lòt moun. —Mat. 5:9, NW, nòt anba paj.

8. Ki jan nou kapab montre nou se moun k ap fè lapè lakay nou e nan kongregasyon nou?

8 Youn nan fason nou kapab montre nou se moun k ap fè lapè nan fanmi nou se lè nou regle dezakò nou genyen yo byen vit, olye nou kite sitiyasyon an deteryore (Pwo. 15:18; Efe. 4:26). Nou kapab aplike sa tou nan kongregasyon an. Apot Pyè te montre lè yon moun metrize lang li, se lapè l ap pousuiv (1 Pyè 3:10, 11). Apre disip Jak te fin bay konsèy fèm konsènan bon fason pou yon moun itilize lang li e konsènan nesesite ki genyen pou l rejte jalouzi e pou l pa renmen fè diskisyon, men sa li te ekri: “Sajès ki soti anwo a, toudabò, li pwòp. Apre sa, li gen lapè, li dous; li tande rezon; li plen ak pitye ak bon fwi; li san patipri, san ipokrizi. Moun k ap fè lapè, yo simen nan lapè, yo rekòlte jistis.” —Jak 3:17, 18, Bib Kreyòl La.

9. Byenke n ap chèche “anpè ak tout moun”, ki sa nou ta dwe toujou gen nan lespri nou?

9 Nan pawòl Pòl di nan Women 12:18 la, li pa sèlman montre li nesesè pou nou anpè ak moun ki nan fanmi nou ak nan kongregasyon an, paske li di nou ta dwe “anpè ak tout moun”. Sa gen ladan l vwazen nou, kòlèg travay nou, kondisip nou ak moun nou rankontre nan ministè nou. Sepandan, apot la ajoute yon kondisyon sou konsèy li a lè l di: “Si posib, depi sa depann de nou.” Sa vle di n ap fè tout sa nou kapab yon fason rezonab pou nou “anpè ak tout moun”, men, san nou pa rive nan pwen pou nou vyole prensip Bondye yo ki jis.

Se Jewova ki gen dwa tire revanj

10, 11. Nan ki sans nou “kite kòlè Bondye aji”, e poukisa li apwopriye pou nou fè sa?

10 Li Women 12:19. Nou dwe “andire sa ki mal” e nou dwe aji “avèk dousè” menm lè nou rankontre “moun ki pa byen dispoze” pou yo byen reyaji devan travay predikasyon nou an e ki pa dispoze koute mesaj nou an. Sa gen ladan l tou moun ki opoze totalman ak nou (2 Tim. 2:23-25; NW). Pòl konseye kretyen yo pou yo pa tire revanj, men, pou yo “kite kòlè Bondye aji”. Antanke kretyen, nou konnen se pa nou ki pou tire revanj. Gen yon salmis ki te di: “Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.” ​(Sòm 37:8). Men konsèy Salomon te bay: “Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l’a delivre ou.” —Pwo. 20:22.

11 Si opozan yo fè nou sa ki mal, fason ki saj pou nou aji a se kite sa nan men Jewova; se li k ap pini yo si li wè sa apwopriye, e nan moman li wè ki apwopriye a. Pou Pòl te montre li t ap panse ak kòlè Jewova, li te ajoute: “Men sa ki ekri: ‘Se nan men m vanjans ye. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè, se sa Jewova di.’”(NW). (Konpare ak Detewonòm 32:35.) Si nou ta chèche vanje tèt nou, nou t ap aji avèk prezonpsyon, sètadi nou t ap fè yon bagay se Jewova ki gen dwa fè l. Anplis, nou t ap montre nou manke lafwa nan pwomès sa a Jewova fè lè l di: “Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.”

12. Ki lè Jewova pral montre kòlè l e ki jan l ap fè sa?

12 Nan kòmansman lèt Women an, lèt Pòl te ekri a, li te di: “Se poutèt sa, n’ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y’ap chache anpeche verite a fè travay li.” ​(Wom. 1:18). Jewova pral montre kòlè l detan l nan syèl la pa mwayen Pitit li a nan moman “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:14, Bib Kreyòl La.) Nan yon lòt lèt enspire, Pòl esplike lè Bondye fè sa, sa ap pwouve “se Bondye ki gen rezon lè l ap jije [...]. Bondye va gen rezon lè la fè moun k’ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k’ap soufri kounyeya, l’a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. L’a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p’ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an”. —2 Tes. 1:5-8.

Fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal

13, 14. a) Sa k fè nou pa sezi lè nou jwenn opozisyon? b) Ki jan nou kapab beni moun k ap pèsekite nou yo?

13 Li Women 12:14, 21. Piske nou gen konfyans Jewova ap reyalize objektif li yo, se sa k fè nou fè tout sa nou kapab pou nou fè travay li ban nou fè a ki se preche “bon nouvèl wayòm” nan “nan lemonn antye”. (Mat. 24:14, Bib Kreyòl La.) Nou konnen aktivite sa a n ap fè antanke kretyen an ap fè ènmi nou yo an kòlè kont nou, paske Jezi te avèti nou: “Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.” ​(Mat. 24:9). Se sa k fè nou pa sezi lè nou jwenn opozisyon, e nou pa dekouraje. Apot Pyè te ekri pawòl sa yo: “Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k’ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k’ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske [...] nou patisipe nan soufrans Kris yo.” —1 Pyè 4:12, 13.

14 Olye nou rayi moun k ap pèsekite nou yo, nou chèche anseye yo, piske nou konnen gen kèk ladan yo ki kapab aji nan inyorans (2 Kor. 4:4). Nou fè tout sa nou kapab pou nou koute konsèy Pòl bay nan Women 12:14 la: “Mande Bondye pou l beni moun k’ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.” Youn nan fason nou mande Bondye pou l beni moun ki opoze ak nou yo se lè nou priye pou yo. Men sa Jezi te di nan Sèmon sou montay la: “Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k’ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k’ap maltrete nou.” ​(Lik 6:27, 28). Eksperyans apot Pòl li menm te fè nan lavi pa l te pèmèt li konprann yon pèsekitè kapab vin yon disip Kris ki fidèl e yon sèvitè Jewova ki zele (Gal. 1:13-16, 23). Nan yon lòt lèt, men sa Pòl te di: “Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k’ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo.” —1 Kor. 4:12, 13.

15. Ki pi bon fason nou ka fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal?

15 Donk, yon vrè kretyen bezwen suiv sa ki di nan dènye vèsè ki nan Women chapit 12 la: “Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou [w] kraze sa ki mal.” Se nan Satan Ledyab tout bagay mal soti (Jan 8:44; 1 Jan 5:19). Nan revelasyon Jezi te bay apot Jan an, li te montre frè l yo ki wen t ap “goumen ak [Satan] jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t’ap pibliye a [“pawòl temwayaj yo te bay”, NW]”. (Rev. 12:11.) Sa montre pi bèl fason pou nou ranpòte laviktwa sou Satan e pou nou venk move enfliyans li gen sou sistèm ki la kounye a, se lè nou fè sa ki byen, sètadi lè nou patisipe nan travay bay temwayaj la, ki se travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan.

Pandan n ap tann nan, fè kè n kontan

16, 17. Ki sa nou aprann nan Women chapit 12 la anrapò ak: a) fason nou ta dwe itilize lavi nou? b) fason nou ta dwe aji nan kongregasyon an? c) fason nou ta dwe trete moun ki opoze ak kwayans nou yo?

16 Nan egzamen nou sot fè sou chapit 12 nan lèt Pòl te ekri voye bay kretyen Wòm yo, nou aprann anpil bagay. Nou aprann antanke sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou ta dwe dispoze fè sakrifis. Lespri sen pouse nou bay tèt nou kòm sakrifis ak tout kè nou, paske kapasite nou genyen pou nou rezone fè nou gen konviksyon se sa Bondye vle nou fè. Lespri a ap bouyi nan nou e nou itilize divès kalite don nou genyen yo avèk zèl. Nou sèvi Bondye avèk imilite e avèk modesti, e nou fè tout sa nou kapab pou nou prezève inite nou genyen antanke kretyen an. Nou pran abitid akeyi moun e nou mete nou nan plas lòt moun.

17 Nan Women chapit 12 la tou, nou jwenn anpil konsèy sou fason nou ta dwe reyaji lè nou jwenn opozisyon. Nou pa ta dwe rann mal pou mal. Nou ta dwe venk opozisyon lè nou fè aksyon ki demontre nou gen bonte. Depi sa posib pou nou, anmenmtan san nou pa vyole prensip biblik yo, nou ta dwe chèche viv anpè ak tout moun. Nou kapab aplike sa nan fanmi nou, nan kongregasyon nou, ak vwazen nou, nan travay nou, nan lekòl nou e nan ministè nou. Menm lè nou jwenn opozisyon dirèk, n ap fè tout sa nou kapab pou nou venk mal la ak byen, lè nou sonje se Jewova k ap fè moun yo peye pou sa yo fè.

18. Bay twa konsèy nou jwenn nan Women 12:12 la.

18 Li Women 12:12. Apre Pòl fin bay tout bon konsèy sa yo, li bay twa lòt konsèy. Etandone nou pa ka fè tout bagay sa yo si nou pa jwenn èd nan men Jewova, apot la egzòte nou pou nou “pa janm sispann lapriyè”. Konsa, n ap anmezi pou nou suiv lòt konsèy li bay apre sa kote l mande nou pou nou “gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo”. Finalman, nou bezwen kenbe lespri nou fikse sou avni Jewova sere pou nou an e nou bezwen “fè kè n kontan” “pandan n’ap tann” pou nou jwenn lavi etènèl la, swa nan syèl la, swa sou tè a.

Revizyon

• Ki jan nou ta dwe reyaji lè nou jwenn opozisyon?

• Ki kote nou ta dwe chèche fè lapè, e ki jan nou ta dwe fè sa?

• Poukisa nou pa ta dwe chèche tire revanj?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Lè nou ede pwochen nou, sa ka ede nou venk opozisyon.

[Foto nan paj 9]

Èske nou fè tout efò nou pou nou fè lapè nan kongregasyon an?