Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se zanmi m nou ye”

“Se zanmi m nou ye”

“Se zanmi m nou ye”

“Se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè.” —JAN 15:14.

1, 2. a) Nan ki diferan kouch sosyal zanmi Jezi yo te soti e ki aktivite yo te genyen? b) Poukisa li enpòtan pou nou zanmi Jezi?

MESYE ki te chita ak Jezi yo nan chanmòt la pa t soti nan menm kouch sosyal e yo pa t gen menm aktivite. Pyè ak Andre se te de frè ki te konn peche pwason. Matye te yon ansyen pèseptè enpo, e Juif yo te rayi moun ki t ap fè travay sa a. Te gen nan yo, tankou Jak ak Jan, ki sanble te konnen Jezi depi lè li te timoun. Genyen nan mesye yo, tankou Natanayèl, ki te gen kèk ane sèlman depi yo te konnen Jezi (Jan 1:43-50). Sepandan, tout moun ki te la nan nuit enpòtan sa a lè yo t ap selebre Pak la nan Jerizalèm te kwè ak tout kè yo Jezi se Mesi yo te pwomèt la, Pitit Bondye vivan an (Jan 6:68, 69). Se sèten yo te santi Jezi te renmen yo lè li te di yo pawòl sa yo: “M’ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.” —Jan 15:15.

2 Anfèt, pawòl sa yo Jezi te di disip fidèl li yo aplikab pou tout kretyen wen yo jodi a, e yo aplikab tou pou “lòt mouton” yo paske yo se konpayon kretyen wen yo (Jan 10:16). Nan kèlkeswa kouch sosyal nou soti e kèlkeswa aktivite nou genyen, nou gen privilèj pou nou zanmi Jezi. Amitye sa a enpòtan anpil, paske, lè nou zanmi l, sa fè nou zanmi Jewova tou. Anfèt, li pa posib pou nou pwoche bò kote Jewova si nou pa pwoche bò kote Jezi anvan. (Li Jan 14:6, 21.) Donk, ki sa pou nou fè pou nou vin zanmi Jezi e pou nou toujou zanmi l? Anvan nou pale sou sijè enpòtan sa a, annou egzamine egzanp Jezi bay antanke yon moun ki te yon bon zanmi e annou wè ki sa nou ka aprann lè nou konsidere fason amitye li te genyen ak disip li yo te gen enfliyans sou yo.

Egzanp Jezi bay antanke yon bon zanmi

3. Ak ki kalite moun Jezi te konn fè zanmi?

3 Salomon, yon wa ki te saj, te di: “Lè ou rich, ou plen zanmi.” ​(Pwo. 14:20). Pawòl sa yo montre lèzòm enpafè gen tandans fè zanmi ak moun sou baz sa yo kapab jwenn nan men yo olye se sou baz sa yo menm yo kapab ba yo. Jezi li menm pa t gen tandans sa a. Kantite lajan yon moun te genyen ak pozisyon yon moun nan sosyete a pa t enfliyanse Jezi. Se vre li te renmen yon jèn chèf ki te rich e li te envite l vin disip li. Sepandan, li te mande l pou l vann tout sa li te genyen pou l te bay pòv lajan an (Mak 10:17-22; Lik 18:18, 23). Yo pa t konnen Jezi kòm yon moun ki te zanmi ak moun ki rich e ki te enpòtan, men yo te konnen l kòm yon moun ki te fè zanmi ak moun ki enb ki soti nan pèp la, moun yo te meprize. —Mat. 11:19.

4. Poukisa nou kapab di zanmi Jezi yo te gen defo nan yo?

4 Pa gen dout nan sa, zanmi Jezi yo se moun ki te gen defo nan yo. Te gen moman kote Pyè te montre li pa t wè bagay yo jan Bondye wè yo (Mat. 16:21-23). Jak ak Jan te montre yo te gen anbisyon lè yo te mande Jezi pou l ba yo gwo pozisyon nan Wayòm nan. Lefètke yo te mande sa, lòt apot yo te fache. Kesyon pozisyon an te toujou lakòz diskisyon nan mitan yo. Sepandan, avèk pasyans, Jezi te eseye korije fason zanmi l yo te panse. Li pa t kite atitid yo fè l fache kont yo. —Mat. 20:20-28.

5, 6. a) Poukisa Jezi te kontinye konsidere pifò nan apot li yo kòm zanmi l? b) Poukisa Jezi te sispann zanmi Jida?

5 Se pa paske Jezi te twò toleran oubyen paske li pa t wè enpèfeksyon mesye yo ki fè li te kontinye konsidere yo kòm zanmi l. Men, se paske li te chwazi konsantre sou bon mobil yo te genyen ak bèl kalite yo te genyen pito. Pa egzanp, Pyè, Jak ak Jan te kite dòmi pran yo olye yo te rete ap veye avèk Jezi nan moman ki te pi difisil pou li a, e nou kapab konprann rezon ki fè Jezi te santi yo fè l desi. Malgre sa, li te wè yo te gen bon entansyon. Li te di: “Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.” —Mat. 26:41.

6 Yon lòt bò, Jezi te sispann zanmi Jida Iskaryòt. Menm lè Jida te pran pòz li te zanmi Jezi, Jezi te wè ansyen zanmi sa a te kite kè l fè l vin kòwonpi. Lefètke Jida te vin zanmi monn nan, li te fè tèt li tounen ènmi Bondye (Jak 4:4). Se sa k fè Jezi te gentan fè Jida ale lè li te fè 11 apot fidèl li yo konnen yo se zanmi l. —Jan 13:21-35.

7, 8. Ki jan Jezi te montre li renmen zanmi l yo?

7 Jezi pa t rete sou defo zanmi l ki te fidèl yo te genyen e li te aji nan enterè yo. Pa egzanp, li te priye Papa l pou li pwoteje yo lè yo jwenn eprèv. (Li Jan 17:11.) Jezi te konnen yo te gen limit e li te pran sa an konsiderasyon (Mak 6:30-32). Li pa t sèlman enterese nan sa li te gen pou l di yo, men li te enterese koute yo tou pou l te ka konprann panse yo ak santiman yo. —Mat. 16:13-16; 17:24-26.

8 Jezi te itilize lavi l ak lanmò l nan enterè zanmi l yo. Se vre, li te konnen li t ap ofri tèt li an sakrifis paske se te yon aksyon legal jistis Bondye te mande (Mat. 26:27, 28; Ebre 9:22, 28). Sepandan, se lanmou ki te pouse l bay lavi l. Men sa li te di: “Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.” —Jan 15:13.

Lefètke Jezi te zanmi disip li yo, ki enfliyans sa te gen sou yo?

9, 10. Lefètke Jezi te donan, ki jan sa te fè moun yo reyaji anvè l?

9 Jezi te donan nan fason li te konn bay moun tan l, afeksyon l ak bagay materyèl li te posede. Se sa k fè anpil moun te santi yo pwòch li e yo te kontan ba li tou (Lik 8:1-3). Eksperyans Jezi te fè te pèmèt li di pawòl sa yo: “Bay, epi yo va ban nou tou. Y a vide yon bon mezi nan kòt rad nou, byen foule, byen souke, plen ap tonbe. Paske, nan mezi nou mezire a, se ladan l y ap mezire pou nou tou.” —Lik 6:38, Bib Kreyòl La.

10 Anfèt, gen moun ki te chèche vin zanmi Jezi sèlman poutèt sa yo te ka jwenn nan men li. Fo zanmi sa yo te abandone l lefètke yo pa t byen konprann yon bagay li te di. Olye yo te met konfyans yo nan Jezi lè yo pa t konprann sa l te di a, yo te kouri tire yon move konklizyon e yo te abandone l. Sepandan, apot yo te rete fidèl. Amitye yo te gen ak Kris te konn jwenn eprèv, men yo te fè sa yo kapab pou yo soutni l ni nan bon moman ni nan moman difisil. (Li Jan 6:26, 56, 60, 66-68.) Nan dènye nuit Jezi te fè sou tè a antanke yon imen, li te montre zanmi l yo li gen apresyasyon pou yo. Men sa li te di yo: “Nou se moun ki kenbe fèm avè m nan tout tribilasyon mwen yo.” —Lik 22:28.

11, 12. Ki jan Jezi te rebay disip li yo asirans, e ki efè sa te gen sou yo?

11 Yon tikras tan apre Jezi te fin felisite disip li yo pou fidelite yo, yo te abandone l. Pandan yon ti tan, yo te kite lakrentif pou lòm toufe lanmou yo te gen pou Kris. Yon fwa ankò, Jezi te padone yo. Apre lanmò l ak rezirèksyon l, li te fè yo wè l e li te fè yo sonje se zanmi yo li ye. Anplis, li te konfye yo yon travay sakre: fè disip pou li “nan tout nasyon” epi bay temwayaj sou li “jouk nan dènye bout latè”. (Mat. 28:19; Tra. 1:8.) Ki reyaksyon disip li yo te genyen?

12 Yo te bay tout yo menm nan preche mesaj Wayòm nan. Avèk èd lespri sen Jewova, nan yon ti tan, yo te preche mesaj la nan tout Jerizalèm (Tra. 5:27-29). Menm lè gen moun ki te fè disip yo menas y ap touye yo, sa pa t fè yo sispann obeyi kòmandman Jezi te ba yo pou yo fè disip la. Kèk dizèn ane sèlman apre disip yo te fin resevwa kòmandman sa a, apot Pòl te fè konnen yo te gentan preche “tout moun sou latè” bon nouvèl la (Kol. 1:23). Pa gen dout nan sa, disip sa yo te montre yo apresye amitye yo te genyen ak Jezi a.

13. Ki jan disip Jezi yo te kite ansèyman l yo enfliyanse yo?

13 Moun ki te vin disip Jezi yo te kite ansèyman l yo enfliyanse lavi yo. Pou anpil nan yo, sa te mande pou yo fè gwo chanjman nan konduit yo ak nan pèsonalite yo. Gen nan nouvo disip yo ki te omoseksyèl, ki te konn fè adiltè, ki te konn bwè pou yo sou e ki te konn vòlè anvan yo te vin disip (1 Kor. 6:9-11). Gen lòt menm ki te oblije chanje fason yo te wè moun ki soti nan lòt ras (Tra. 10:25-28). Malgre yo te oblije fè gwo chanjman konsa, yo te obeyi Jezi. Yo te voye ansyen pèsonalite yo te genyen an jete e yo te abiye ak nouvo pèsonalite a (Efe. 4:20-24). Yo te vin “konnen sa ki nan lide Kris”, sa vle di yo te vin konprann fason li panse ak fason li aji e yo te vin imite fason sa yo. —1 Kor. 2:16.

Fason nou kapab montre nou se zanmi Kris jodi a

14. Ki sa Jezi te pwomèt l ap fè nan “fen sistèm nan”?

14 Anpil nan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te konnen Jezi pèsonèlman oswa yo te wè l apre rezirèksyon l. Nou menm, nou pa gen privilèj sa a. Donk, ki jan nou kapab zanmi Kris? Yon fason nou kapab vin zanmi l se lè nou obeyi enstriksyon klas esklav fidèl ki prevwayan an ban nou, sa vle di, frè Jezi yo ki wen ak lespri e ki vivan sou tè a toujou. Jezi te pwomèt nan “fen sistèm nan” ​(NW), li t ap mete esklav sa a “reskonsab tout byen l yo”. (Mat. 24:3, 45-47.) Jodi a, pifò nan moun k ap chèche pou yo vin zanmi Kris yo pa fè pati esklav sa a. Ki jan fason yo reyaji devan enstriksyon klas esklav sa a bay gen enfliyans sou amitye yo ak Kris?

15. Ki sa ki detèmine si yon moun se yon mouton oswa si l se yon kabrit?

15 Li Matye 25:31-40. Jezi te rele moun ki t ap gen pou yo fè pati klas esklav fidèl ki prevwayan an frè l. Nan parabòl Jezi te bay konsènan separasyon mouton yo ak kabrit yo, li montre aklè lè nou trete frè l yo yon jan, se li menm nou trete konsa. Anfèt, li te di sa ki t apral detèmine si yon moun se yon mouton oswa si l se yon kabrit se fason li t apral trete “pi piti pami frè [l] yo”. Donk, pi bon fason moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a montre yo vle vin zanmi Jezi se lè yo soutni klas esklav fidèl la.

16, 17. Ki jan nou ka montre nou se zanmi frè Kris yo?

16 Si w gen esperans pou w viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a, ki jan ou kapab demontre ou se zanmi frè Kris yo? Annou konsidere twa fason nou kapab fè sa. Premyèman nou kapab fè sa lè nou patisipe nan travay predikasyon an ak tout kè nou. Kris te bay frè l yo kòmandman pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a (Mat. 24:14). Sepandan, li t ap difisil pou rès frè Kris yo ki sou tè a jodi a fè travay sa a si yo pa t gen lòt mouton yo kòm konpayon yo pou ede yo. Anfèt, chak fwa moun ki fè pati lòt mouton yo patisipe nan travay predikasyon an, se ede yo ede frè Kris yo akonpli travay sakre sa a. Esklav fidèl ki prevwayan an apresye anpil anpil fason sa a moun ki fè pati lòt mouton yo montre yo se zanmi yo. Kris apresye sa tou.

17 Yon dezyèm fason moun ki fè pati lòt mouton yo kapab ede frè Kris yo se lè yo soutni travay predikasyon an ak sa yo posede. Jezi te ankouraje disip li yo pou yo fè zanmi pa mwayen ‘richès yo gen sou latè’. (Lik 16:9.) Sa pa vle di nou kapab achte amitye Jezi oswa amitye Jewova. Men, lè nou itilize richès nou pou nou fè enterè Wayòm nan avanse, nou pwouve yo nou se zanmi yo e nou renmen yo, non pa ak pawòl n ap di sèlman, men nan “aksyon [nou] e avèk senserite”. (1 Jan 3:16-18, NW.) Nou bay sa nou posede lè nou patisipe nan travay predikasyon an, lè nou fè ofrann pou pèmèt òganizasyon an konstwi lokal pou nou reyini e pou yo fè antretyen nan lokal sa yo ak lè nou fè ofrann pou nou soutni travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. Kit sa nou bay la piti, kit li gwo, se sèten Jewova ak Jezi apresye lè nou fè sa avèk kè kontan. —2 Kor. 9:7.

18. Poukisa nou ta dwe suiv enstriksyon ansyen yo ban nou ki baze sou Bib la?

18 Yon twazyèm fason nou tout nou montre nou se zanmi Kris se lè nou suiv enstriksyon ansyen yo ban nou nan kongregasyon an. Mesye sa yo se lespri sen ki nome yo anba direksyon Kris (Efe. 5:23). Apot Pòl te ekri: “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou.” ​(Ebre 13:17, NW). Pafwa, nou ka twouve li difisil pou nou suiv enstriksyon ansyen yo ban nou ki baze sou Bib la. Petèt nou konnen defo yo, e sa kapab fè nou mal wè konsèy yo ban nou. Sepandan, Kris, Chèf kongregasyon an, byen kontan sèvi ak mesye sa yo. Se sa k fè fason nou reyaji devan otorite yo genyen an gen yon enfliyans dirèk sou amitye nou ak Kris. Lè nou pa rete sou defo ansyen yo e nou suiv enstriksyon yo ban nou yo ak kè kontan, nou pwouve nou renmen Kris.

Men kote nou ka jwenn bon zanmi

19, 20. Ki sa nou kapab jwenn nan kongregasyon an, e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Nonsèlman Jezi kontinye pran swen nou pa mwayen bèje yo k ap veye sou nou e ki renmen nou, men tou, li fè sa grasa manman espirityèl e grasa frè ak sè espirityèl li ban nou nan kongregasyon an. (Li Mak 10:29, 30.) Lè w te fèk kòmanse pran kontak ak òganizasyon Jewova a, ki jan fanmi w te reyaji? Nou espere yo te soutni w nan efò ou t ap fè pou w pwoche bò kote Bondye e bò kote Kris. Sepandan, nan yon avètisman Jezi te bay li te di, pafwa “se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou”. (Mat. 10:36.) Ala sa rekonfòtan pou nou konnen nou kapab jwenn moun nan kongregasyon an ki kapab vin pi pwòch nou pase menm yon frè nou! —Pwo. 18:24.

20 Nou kapab wè apot Pòl te fè anpil bon zanmi nan fason li te voye salitasyon bay anpil moun nan fen lèt li te voye bay kongregasyon ki te nan vil Wòm nan (Wom. 16:8-16). Men sa apot Jan te di nan fen twazyèm lèt li a: “Di chak zanmi m yo yon bonjou apa pou mwen.” ​(3 Jan 15; [14, NW]). Kòm nou kapab wè sa, li te fè anpil bon zanmi tou, e amitye li te genyen ak yo te byen solid. Ki jan nou kapab imite Jezi ak premye disip yo nan kesyon fè zanmi ak frè ak sè nou yo, e ki jan nou ka konsève bonjan amitye nou genyen ak yo? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine repons kesyon sa a.

Ki repons nou ta bay?

• Ki egzanp Jezi bay lefètke li te yon bon zanmi?

• Ki enfliyans amitye Jezi te gen ak disip li yo te gen sou yo?

• Ki jan nou kapab montre nou se zanmi Kris?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Jezi te enterese konnen opinyon zanmi l yo ak santiman yo.

[Foto nan paj 16]

Ki jan nou ka montre nou vle zanmi Kris?