Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la

Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la

Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la

“Aa! Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou.” —NEY. 1:11.

1, 2. Poukisa li bon pou nou egzamine kèk nan priyè ki nan Bib la?

LAPRIYÈ ak etid se de bagay ki trèzenpòtan nan vrè adorasyon an (1 Tes. 5:17; 2 Tim. 3:16, 17). Se vre, Bib la pa yon liv priyè, men, li gen yon pakèt priyè ladan l. E nou jwenn anpil nan priyè sa yo nan liv Sòm nan.

2 Tank w ap li Bib la e w ap etidye l, petèt w ap jwenn yon seri priyè ladan l ki koresponn ak sitiyasyon w ap rankontre. Anfèt, lè w mete panse ou jwenn nan priyè sa yo ki nan Ekriti yo nan priyè pa w, sa ap amelyore yo. Ki sa w ka aprann nan men moun ki te priye Bondye pou l ede yo e Bondye te reponn priyè yo, e ki sa sa yo te di nan priyè yo ka aprann ou?

Chèche direksyon nan men Bondye epi fè sa li di w

3, 4. Ki misyon sèvitè Abraram nan te genyen, e ki sa w kapab aprann nan fason Jewova te fè bagay yo fini pou li?

3 Etid ou fè nan Bib la ka fè w wè byen klè ou ta dwe toujou priye Bondye pou l ba w direksyon l. Ann egzamine sa k te rive lè patriyach Abraram te voye sèvitè l ki te pi ansyen an, petèt Elyezè, nan Mezopotami pou l t al chèche yon fi ki gen krentif pou Bondye pou vin madanm Izarak. Pandan plizyè medam t ap tire dlo nan yon pi, sèvitè Abraram nan te fè priyè sa a: “Senyè [...], mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l’ap ban m bwè lèfini l’ap bay chamo m yo bwè tou, lè m’a di l: Tanpri, bese krich ou a ban m ti gout dlo pou m bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m’a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre.” —Jen. 24:12-14.

4 Bondye te reponn priyè sèvitè Abraram nan te fè a lè Rebeka te bay chamo l yo dlo pou yo bwè. Yon ti tan apre, Rebeka te ale Kanaran ansanm avè l e Rebeka te vin madanm Izarak, yon madanm Izarak te renmen anpil. Se vre, ou pa ka atann pou Bondye ba w yon siy espesyal, men, l ap gide w nan lavi a si w mande l sa e si w pran detèminasyon pou w kite lespri l kondui w. —Gal. 5:18.

Lapriyè ede nou diminye enkyetid nou genyen

5, 6. Ki sa k remakab nan priyè Jakòb te fè lè l t apral rankontre ak Ezayi a?

5 Lapriyè kapab ede yon moun diminye enkyetid li genyen. Lè Jakòb te santi l an danje akoz Ezayi, frè l la, men priyè l te fè: “O Bondye, [...] mwen menm k’ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m. [...] Tanpri, delivre m non anba men Ezaou [Ezayi], frè mwen an! Mwen pè pou l pa vin atake nou, pou l pa touye ata fanm yo ak timoun yo. Chonje sa ou te di m lan: M’ap fè tout bagay mache byen pou ou. M’ap si tèlman ba ou pitit pitit [desandans], moun p’ap ka konte yo. Y’ap tankou grenn sab bò lanmè.” —Jen. 32:9-12.

6 Byenke Jakòb te pran kèk prekosyon, Bondye te reponn priyè l la lè li menm ak Ezayi te rekonsilye (Jen. 33:1-4). Si w li priyè sa a avèk atansyon, w ap wè Jakòb pa t annik mande Bondye èd. Li te montre li gen lafwa nan pwomès Bondye te fè pou l ba l yon Desandans lan e li te pale avèk rekonesans pou bonte ki plen lanmou Bondye montre anvè l. Èske gen sitiyasyon ki fè w “pè nan kè” w (2 Kor. 7:5)? Si w santi sa, priyè Jakòb la kapab fè w sonje lapriyè ka ede w diminye enkyetid ou. Sepandan, nonsèlman priyè w yo ta dwe gen demann w ap fè yo, men tou, yo ta dwe demontre lafwa w genyen.

Priye pou w gen sajès

7. Poukisa Moyiz te mande Jewova pou l fè l konnen chemen l yo?

7 Dezi w genyen pou w fè Jewova plezi ta dwe pouse w priye l pou mande l sajès. Moyiz te priye Bondye pou l mande l fè l konnen chemen l yo. Li te di l: “Ou [Jewova] di m fè pèp la moute [kite Ejip pou yo] ale nan peyi a. [...] Bon, si ou kontan m vre, tanpri, fè m konnen lide ou gen nan tèt ou [“chemen w yo”, NW] pou m ka konnen ki moun ou ye, pou m ka toujou fè ou plezi.” ​(Egz. 33:12, 13). Jewova te reponn Moyiz, li te ba li plis konesans toujou sou chemen l yo, sa ki te nesesè pou Moyiz te ka dirije pèp Li a.

8. Ki jan w ka tire pwofi si w medite sou 1 Wa 3:7-14?

8 Men sa David te mande tou nan yon priyè: “Fè m konnen chemen pa w yo, o Jewova.” (Sòm 25:4, NW). Salomon, pitit David la, te mande Bondye pou l ba l sajès li te bezwen pou l te ka ranpli responsablite l antanke wa ann Izrayèl. Priyè Salomon an te fè Jewova plezi. Nonsèlman Jewova te ba l sa l te mande a, men tou, li te ba l richès ak laglwa. (Li 1 Wa 3:7-14.) Si w resevwa kèk privilèj nan kongregasyon an ki sanble depase w, priye Bondye pou l ba w sajès epi montre w enb. L ap ede w gen konesans ak sajès ou bezwen pou w byen ranpli responsablite w genyen yo, e l ap ede w ranpli yo avèk amou.

Fè priyè ki soti nan kè w

9, 10. Ki sa w twouve ki remakab konsènan divès kote Salomon pale de kè nan priyè l te fè lè inogirasyon tanp lan?

9 Pou Bondye tande priyè w yo, fòk yo soti nan kè w. Salomon te fè yon priyè ki te soti nan kè l, ki nan 1 Wa chapit 8, devan yon foul moun ki te rasanble Jerizalèm pou inogirasyon tanp Jewova a nan ane 1026 anvan epòk nou an. Lè yo te mete lach alyans lan nan Trèsen an, Jewova te fè yon nyaj ranpli tanp lan. Nan moman sa a, Salomon te louwe Bondye.

10 Etidye priyè Salomon an, e w ap remake li pale de kè divès kote ladan l. Salomon te konnen se Jewova sèlman ki konnen kè yon moun (1 Wa 8:38, 39). Nan priyè sa a tou, li montre gen espwa pou yon moun ki peche, men ki ‘tounen vin jwenn Bondye ak tout kè l’. Li te di si yon ènmi ta pran pèp Jewova a an kaptivite, e pèp la ta priye Jewova, Jewova ap tande yo si y ap sèvi l ak yon kè ki konplè (1 Wa 8:48, 58, 61). Donk, pa gen dout nan sa, priyè w yo ta dwe soti nan kè w.

Fason Sòm yo kapab ede w amelyore priyè w yo

11, 12. Ki sa w aprann nan kèk pawòl yon Levit te di nan yon priyè nan yon moman kote li pa t ka ale nan sangtyè Bondye a pandan yon tan?

11 Lè w etidye Sòm yo, sa kapab ede w amelyore priyè w yo e sa kapab ede w tann Bondye reponn yo. Annou konsidere pasyans yon Levit ki te ann egzil te genyen. Byenke li pa t ka ale nan sangtyè Jewova a pandan yon tan, men sa li te di nan yon chante: “Poukisa m kagou konsa? Poukisa m’ap plede plenn konsa nan kè m? M’ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre m, se li ki Bondye mwen.” —Sòm 42:5, 11; 43:5.

12 Ki sa w ka aprann nan men Levit sa a? Si w nan prizon akoz w ap fè sa ki jis, e sa fè, pandan yon tan, ou pa ka reyini ak frè ak sè w yo kote y ap adore Bondye, pran pasyans, tann Bondye aji pou ou (Sòm 37:5). Medite sou jwa ou te jwenn anvan sa nan sèvis Bondye a, e priye l pou l ba w andirans toutpandan w ap ‘met espwa w nan li’ pou l fè w retounen nan mitan pèp li a.

Priye avèk lafwa

13. Selon Jak 1:5-8, poukisa w ta dwe priye avèk lafwa?

13 Kèlkeswa sitiyasyon w ladan l lan, toujou priye avèk lafwa. Si w jwenn eprèv ki menase entegrite w, suiv konsèy disip Jak bay la. Priye Jewova, epi pinga w doute li kapab ba w sajès ou bezwen pou w andire eprèv ou a. (Li Jak 1:5-8.) Bondye konnen tout eprèv w ap jwenn yo, li kapab gide w e li kapab rekonfòte w pa mwayen lespri l. Ouvri kè w ba li ak lafwa, ‘san w pa gen doutans’, epi aksepte direksyon lespri l ba w ak konsèy ou jwenn nan Pawòl li a.

14, 15. Poukisa nou kapab di Ana te aji ak lafwa e li te priye ak lafwa?

14 Ana, youn nan de madanm Èlkana, yon Levit, te genyen, te priye Bondye ak lafwa e li te aji ak lafwa. Penina, lòt madanm nan, ki te fè plizyè timoun, te konn pase Ana nan rizib poutèt li pa t gen pitit. Lè Ana t al nan tabènak la, li te fè yon ve bay Jewova. Li te di Jewova si l pèmèt li gen yon pitit gason l ap ba li l. Lefètke bouch li t ap tranble lè l t ap priye a, Eli, gran prèt la, te panse li te sou. Men, lè Eli te aprann se pa sa, li te di l: “Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.” Byenke Ana pa t konnen egzakteman ki jan sa t apral pase, li te gen lafwa Bondye t ap reponn priyè l la. Se sa k fè, “figi l [te] vin pa enkyè ankò.” Li pa t tris ankò ni li pa t dekouraje ankò. —1 Sam. 1:9-18; NW.

15 Apre Ana te fin fè Samyèl e li te fin sevre l, li te prezante l bay Jewova pou l fè sèvis sakre a nan tabènak la (1 Sam. 1:19-28). Lè w pran tan pou w medite sou priyè l te fè a, sa kapab ede w vrèman amelyore priyè w yo e sa kapab ede w wè ou ka venk ata tristès oswa lòt pwoblèm k ap trakase w si w priye Jewova e ou gen lafwa l ap reponn ou. —1 Sam. 2:1-10.

16, 17. Lefètke Neyemya te priye e li te aji ak lafwa, ki sa k te pase?

16 Neyemya, yon nonm jis ki t ap viv nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, te priye ak lafwa e li te aji ak lafwa. Men sa li te di nan priyè a: “Aa! Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m’ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m byen.” De kiyès li t ap pale la a? Li t ap pale de wa pès la, Atakzèksès. Neyemya te konn sèvi wa sa a bwason. —Ney. 1:11.

17 Neyemya te priye avèk lafwa pandan plizyè jou apre l te fin aprann Juif ki te delivre sot nan kaptivite anba men Babilonyen yo te ‘anba gwo pwoblèm, yo pa t konn sa pou yo fè tèlman yo te wont, e miray lavil Jerizalèm yo te fin kraze’. (Ney. 1:3, 4.) Bondye te reponn priyè Neyemya yo, e li te fè plis pase sa Neyemya te espere l t ap fè, paske wa Atakzèksès te pèmèt li ale Jerizalèm pou l rebati miray yo (Ney. 2:1-8). Sa pa t pran lontan pou yo te repare miray yo. Bondye te reponn priyè Neyemya yo paske yo te mete aksan sou vrè adorasyon an e yo te fèt avèk lafwa. Èske se konsa w fè priyè w yo tou?

Pa bliye louwe Jewova e pa bliye di l mèsi

18, 19. Pou ki rezon yon sèvitè Jewova ta dwe louwe l e li ta dwe di l mèsi?

18 Lè w ap priye, sonje pou w louwe Jewova e pou w di l mèsi. Gen anpil rezon ki fè w dwe fè sa. Pa egzanp, David te toujou prèt pou l fè louwanj pou pozisyon Jewova antanke Wa. (Li Sòm 145:10-13.) Èske priyè w yo montre ou cheri privilèj ou genyen pou w anonse Wayòm Jewova a? Pawòl salmis yo kapab ankouraje w tou pou w di Bondye ki jan w gen rekonesans pou reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo nan priyè w ap fè l ki sot nan kè w. —Sòm 27:4; 122:1.

19 Rekonesans ou genyen pou bèl relasyon w genyen avèk Bondye, relasyon ki gen anpil valè, ka pouse w eksprime nan priyè w yo panse ki soti nan kè w tankou panse nou jwenn nan vèsè nou pral site la yo: “Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!” ​(Sòm 57:9-11). Panse sa yo vrèman ankourajan! Èske w pa dakò pawòl touchan sa yo kapab gen yon efè sou priyè w e yo kapab amelyore yo?

Priye Bondye avèk anpil respè

20. Ki jan Mari te montre li te gen yon gwo respè pou Bondye?

20 Gwo respè ou gen pou Bondye ta dwe parèt nan priyè w yo. Yon ti moman apre Mari te fin aprann se li ki t apral manman Mesi a, li te di yon seri pawòl ki te demontre li te gen gwo respè pou Bondye. Pawòl li yo sanble ak sa Ana te di lè l t ap prezante ti Samyèl pou l sèvi nan tabènak la. Gwo respè Mari te genyen pou Bondye a te parèt byen klè nan pawòl li te di yo: “Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.” ​(Lik 1:46, 47). Èske w ka amelyore priyè w yo ak bèl panse konsa? Sa pa etonan si Bondye te chwazi Mari, yon fi ki gen krentif pou li, pou l vin manman Jezi, Mesi a!

21. Ki jan priyè Jezi yo montre aklè li te gen yon gwo respè pou Bondye e li te gen lafwa nan li?

21 Jezi te priye Bondye avèk anpil respè e avèk anpil lafwa. Pa egzanp, anvan l te resisite Laza, “[li te] leve je l anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m.” ​(Jan 11:41, 42). Èske priyè w yo montre aklè ou gen yon respè konsa pou Bondye ak yon lafwa konsa nan li? Si w etidye priyè Jezi te bay kòm modèl la, yon priyè ki demontre gwo respè li te gen pou Bondye, w ap wè pwen prensipal ki ladan l yo se sangtifikasyon non Jewova, Wayòm li an ki gen pou l vini ak akonplisman volonte l (Mat. 6:9, 10). Reflechi sou priyè w konn fè yo. Èske yo montre ou bay Wayòm Jewova a, akonplisman volonte l ak sangtifikasyon non l ki sen anpil enpòtans? Se sa yo ta dwe montre.

22. Poukisa w kapab sèten Jewova ap ba w kran pou w preche bon nouvèl la?

22 Akoz pèsekisyon w jwenn oswa lòt eprèv ou rankontre, souvan ou ka mande Jewova nan priyè w yo pou l ede w sèvi l avèk kran. Lè Sanedren an te bay Pyè ak Jan lòd pou yo pa ‘pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi’, avèk kran, apot sa yo pa t aksepte pou yo sispann anseye moun yo (Tra. 4:18-20). Lè yo te fin lage yo, yo te rakonte lòt kwayan parèy yo sa k te pase a. Apre sa, tout moun ki te la yo te mande Bondye pou l ede yo pale pawòl li a avèk kran. Lè Bondye te reponn priyè yo a, sa dwe te fòtifye yo anpil, paske “yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo [te] pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon”. (Li Travay 4:24-31.) Kòm rezilta, yon pakèt moun te vin adore Jewova. Lapriyè kapab ba w fòs tou pou w preche bon nouvèl la avèk kran.

Pa janm sispann amelyore priyè w yo

23, 24. a) Site kèk lòt egzanp ki montre lè w etidye Bib la, sa kapab amelyore priyè w yo. b) Ki sa w pral fè pou w amelyore priyè w yo?

23 Nou te kapab site anpil lòt egzanp pou montre lè w li Bib la e lè w etidye l, sa kapab amelyore priyè w yo. Pa egzanp, menm jan ak Yona, nan priyè w yo, ou kapab rekonèt “se Senyè a ki delivrans nou”. (Yona 2:1-10.) Si w te fè yon peche grav ki te boulvèse w e w te chèche èd nan men ansyen yo, panse ki gen nan priyè David te fè yo ka ede w pou w montre w repanti nan priyè pa w yo (Sòm 51:1-12). Menm jan ak Jeremi, ou kapab fè kèk priyè kote w ka louwe Jewova (Jer. 32:16-19). Si w ap chèche yon moun pou w marye, etidye priyè nou jwenn nan Ezra chapit 9 la. Si w pran kèk ide ladan l pou w mete nan priyè pa w, sa kapab ranfòse detèminasyon w pou w ‘marye sèlman nan Senyè a’ yon fason pou w ka obeyi Bondye. —1 Kor. 7:39, Bib Kreyòl La; Ezra 9:6, 10-15.

24 Se pou w kontinye li Bib la, se pou w kontinye etidye l e se pou w kontinye fouye ladan l. Chèche panse ou kapab mete nan priyè w yo. Konsa, w ap kapab mete panse sa yo nan siplikasyon w ap fè yo ak nan priyè w ap fè pou w di Bondye mèsi e pou w louwe l. Ou mèt sèten w ap vin pi pwòch Jewova Dye tank w ap amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa nou ta dwe chèche direksyon nan men Bondye e poukisa nou ta dwe suiv direksyon l bay?

• Ki sa k ta dwe pouse nou priye Bondye pou l ban nou sajès?

• Ki jan liv Sòm nan kapab amelyore priyè w yo?

• Poukisa nou ta dwe priye Bondye avèk lafwa e avèk yon gwo respè?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Sèvitè Abraram nan te priye Bondye pou l mande l direksyon l. E ou menm, èske w fè sa tou?

[Foto nan paj 10]

Grasa Adorasyon an fanmi an, ou kapab amelyore priyè w yo.