Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye chèche gen plis lanmou fratènèl

Annou kontinye chèche gen plis lanmou fratènèl

Annou kontinye chèche gen plis lanmou fratènèl

“Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou.” —EFE. 5:2.

1. Ki aspè enpòtan Jezi te montre ki t ap pèmèt moun idantifye disip li yo?

PRECHE bon nouvèl Wayòm Bondye a kay an kay se mak fabrik Temwen Jewova yo. Poutan, Kris Jezi te chwazi yon lòt aspè nan krisyanis la ki t ap pèmèt moun yo idantifye vrè disip li yo. Men sa l te di: “M’ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” —Jan 13:34, 35.

2, 3. Ki efè lanmou fratènèl ki gen nan mitan nou an genyen sou moun ki asiste reyinyon yo?

2 Nan sosyete n ap viv la, lanmou ki gen nan mitan vrè fanmi kretyen an se yon lanmou ki pa egziste pami okenn lòt moun. Menm jan leman atire fè, se konsa lanmou sèvitè Jewova yo genyen an ini yo e li atire moun ki sensè yo pou yo vin nan vrè adorasyon an. Annou pran egzanp Marcelino, yon mesye nan peyi Kamewoun ki te fè yon aksidan nan travay li ki lakòz li avèg. Apre aksidan an, gen moun ki te fè konnen se paske se yon sòsye l ye ki fè li vin avèg. Olye pastè legliz li a ak lòt manm legliz la te ba l rekonfò, yo te mete l deyò nan legliz la. Yon lè, gen yon Temwen Jewova ki te envite Marcelino nan reyinyon, men li te yon jan retisan, paske li te pè pou yo pa t rejte l ankò.

3 Sa k te rive nan Sal Wayòm nan te fè Marcelino sezi. Yo te ba l yon bon akèy e li te jwenn rekonfò grasa ansèyman biblik li te tande yo. Li te kòmanse asiste tout reyinyon kongregasyon an, li te fè pwogrè nan etid biblik li t ap fè a e li te batize an 2006. Kounye a, l ap pataje laverite ak fanmi l ak vwazen l yo e li kòmanse plizyè etid ak lòt moun. Marcelino vle pou moun l ap etidye Labib avèk yo santi yo jwenn menm lanmou li jwenn nan mitan pèp Bondye a.

4. Poukisa nou ta dwe obeyi konsèy Pòl bay pou nou “kontinye mache nan lanmou” an?

4 Lanmou fratènèl sa a atiran, e se nou tout ki dwe fè efò pa nou pou l ka rete solid. Imajine yon jou swa, gen kèk moun ki limen yon dife, paske fè frèt, pou yo chofe epi yo rasanble otou dife a. Si yo pa met bwa nan dife a, l ap mouri. Menm jan an tou, lanmou estrawòdinè ki ini nou an ki gen anndan kongregasyon an ap diminye si nou chak antanke kretyen nou pa fè efò pou nou ranfòse l. Ki jan nou ka fè sa? Men repons apot Pòl bay: “Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li.” ​(Efe. 5:2). Kounye a, nou bezwen poze tèt nou kesyon sa a: Ki jan mwen ka kontinye mache nan lanmou?

“Louvri kè nou byen laj”

5, 6. Poukisa Pòl te ankouraje kretyen Korent yo pou yo “louvri kè [yo] byen laj”?

5 Men sa apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Korent yo: “Moun Korent, mwen menm ak lòt yo, nou louvri bouch nou pou nou pale ak nou. Kè nou louvri byen laj. Li pa fèmen pou nou, Korentyen. Se nou menm ki fèmen kè nou pou mwen menm ak lòt yo. Kite m pale avèk nou tankou pitit mwen: Fè menm jès la avèk mwen. Louvri kè nou byen laj pou mwen tou.” ​(2 Kor. 6:11-13, Bib Kreyòl La). Poukisa Pòl te ankouraje Korentyen yo pou yo louvri kè yo byen laj pou li?

6 Annou gade ki jan kongregasyon Korent lan te pran nesans. Pòl te vin Korent nan fen ane 50 epòk nou an. Byenke okòmansman li te difisil pou l preche nan vil sa a, li pa t bay vag sou sa. Nan yon tikras tan, anpil moun nan vil la te met lafwa yo nan bon nouvèl la. Pòl te fè “dizwit mwa” ap travay di pou l anseye epi fòtifye nouvo kongregasyon an. Pa gen dout nan sa, li te renmen kretyen Korent yo anpil (Tra. 18:5, 6, 9-11). Donk, yo menm tou, yo te dwe renmen l e yo te dwe respekte l anretou. Sepandan, gen kèk moun nan kongregasyon an ki te rale kò yo sou li. Petèt gen nan yo ki pa t renmen konsèy li te konn ba yo avèk franchiz (1 Kor. 5:1-5; 6:1-10). Petèt tou, gen lòt ki te konn koute medizans “apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo”. (2 Kor. 11:5, 6.) Pòl te vle pou tout frè ak sè l yo renmen l toutbon. Se sa k fè li te ba yo konsèy pou yo “louvri kè [yo] byen laj”, sètadi pou yo pwoche pi pre l e pou yo pwoche pi pre lòt kwayan yo.

7. Ki jan nou ka “louvri kè nou byen laj” nan kesyon demontre lanmou fratènèl la?

7 E nou menm, ki jan nou ka “louvri kè nou byen laj” nan kesyon demontre lanmou fratènèl la? Li nòmal pou moun ki nan menm jenerasyon oubyen ki gen menm kilti renmen ret ansanm. Byen souvan, moun ki gen menm gou nan domèn detant konn pase anpil tan ansanm. Men, si nou toujou ansanm avèk yon kategori frè ak sè paske nou gen menm bagay ki enterese nou, epi sa fè nou neglije kèk lòt frè ak sè, nan ka sa a, nou bezwen “louvri kè nou byen laj”. Li t ap saj pou nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske se yon lè konsa mwen patisipe nan ministè a avèk frè ak sè ki pa nan gwoup zanmi m yo oubyen èske se yon lè konsa mwen pran detant avèk yo? Èske nan Sal Wayòm nan mwen bay nouvo yo limit paske m santi se avèk letan pou yo merite amitye m? Èske mwen salye ni granmoun ni timoun ki nan kongregasyon an?’

8, 9. Ki jan konsèy Pòl te bay ki nan Women 15:7 la ka ede nou salye youn lòt yon fason k ap ranfòse lanmou fratènèl nou?

8 Pawòl Pòl te di Women yo ka ede nou devlope yon pwennvi ki kòrèk sou adoratè Jewova menm jan avèk nou yo nan kesyon salye youn lòt la. (Li Women 15:7.) Mo grèk lè yo tradui l yo mete “asepte” pou li la a vle di “resevwa moun avèk jantiyès oubyen byen akeyi moun, aksepte pou yon moun fè pati gwoup zanmi w”. Nan tan biblik yo, lè yon moun t ap akeyi zanmi lakay li, li te konn fè yo konnen jan l kontan wè yo. Nan yon sans senbolik, Kris te akeyi nou konsa, e nou jwenn ankourajman pou nou imite l nan fason n ap akeyi adoratè Jewova parèy nou yo.

9 Lè n ap salye frè ak sè nou yo nan Sal Wayòm nan ak lòt kote ankò, nou ka veye pou nou wè kiyès nou pa wè depi yon ti tan oubyen kiyès nou pa pale avè l depi yon ti tan. Sa w panse si w ta pase kèk minit ap pale avèk yo? Ou ka fè menm bagay la pou lòt moun ankò nan pwochen reyinyon an. Nan yon tikras tan, w ap gentan gen plizyè konvèsasyon agreyab avèk prèske tout frè ak sè yo. Nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm si nou pa gentan pale ak tout moun menm jou a. Yon moun pa ta dwe fache si nou pa rive salye l nan chak reyinyon.

10. Ki opòtinite san parèy nou tout nou genyen nan kongregasyon an, e ki jan nou ka byen pwofite opòtinite sa a?

10 Premye bagay nou fè lè n ap akeyi lòt moun se salye yo. Lè nou salye yo, sa ka fè nou gen bonjan konvèsasyon avèk yo e sa ka fè nou vin bon zanmi yo. Pa egzanp, lè moun k ap asiste kongrè ak asanble yo fè konesans youn ak lòt e yo kòmanse fè ti pale ansanm, yo atann pou youn wè lòt ankò. Souvan, frè ak sè k ap sèvi kòm volontè nan konstriksyon Sal Wayòm yo ansanm ak frè ak sè k ap patisipe nan travay pote sekou yo konn vin bon zanmi paske yo pase anpil tan ansanm e youn vin aprann konnen bon kalite lòt genyen. Nan òganizasyon Jewova a, nou jwenn yon pakèt opòtinite pou nou fè bon zanmi. Si nou “louvri kè nou byen laj”, n ap vin gen plis zanmi, e sa ap pèmèt lanmou ki ini nou nan vrè adorasyon an vin pi solid.

Nou dwe pran tan pou nou pale ak lòt moun

11. Selon Mak 10:13-16, ki egzanp Jezi kite pou nou?

11 Tout kretyen yo ka fè efò pou yo abòdab, menm jan ak Jezi. Annou wè ki jan Jezi te reyaji lè disip li yo te eseye anpeche kèk paran mennen pitit yo ba li. Li te di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske [“Wayòm Bondye a”, NW], se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. [...] Apre sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo.” ​(Mak 10:13-16). Èske w ka imajine jan timoun sa yo dwe te kontan lè yo te wè jan gran Anseyan an te pran ka yo e li te montre li renmen yo?

12. Ki sa k ka anpeche nou fè konvèsasyon ak lòt moun?

12 Chak kretyen ta dwe mande tèt li: ‘Èske m fè yon fason pou m disponib pou lòt moun oubyen èske byen souvan mwen parèt twò okipe?’ Gen yon seri abitid, san se pa move bagay yo ye, ki ka anpeche nou fè konvèsasyon. Pa egzanp, si nou toujou nan telefòn selilè nou oubyen si nou toujou gen yon kas nan zòrèy nou pou nou tande anrejistreman pandan gen moun ki la bò kote nou, se kòmsi nou ta fè moun yo konprann nou pa anvi bò kote yo. Si lòt moun wè souvan nou pèdi nan yon òdinatè pòtatif, yo ka panse nou pa anvi pale avèk yo. Se vre, gen yon “lè pou ou rete san pale”. Sepandan, souvan lè gen lòt moun la, se “lè pou ou pale”. (Ekl. 3:7.) Gen kèk moun ki gendwa di: “Mwen pito pa di anyen” oubyen “mwen pa moun ki renmen pale lè m fèk leve”. Sepandan, lè nou chèche gen konvèsasyon amikal menm lè nou pa santi nou anvi fè sa, se yon fason nou demontre yon lanmou ki pa “chache avantaj pa l”. —1 Kor. 13:5.

13. Ki jan Pòl te ankouraje Timote pou l konsidere frè ak sè yo?

13 Pòl te ankouraje Timote, ki te jèn, pou l gen respè pou tout moun nan kongregasyon an. (Li 1 Timote 5:1, 2.) Nou menm tou nou ta dwe trete kretyen ki pi aje yo tankou manman nou ak papa nou e sa k pi jèn yo tankou frè nou ak sè nou, sètadi tankou yo se pitit paran nou toutbon. Lè nou aji konsa, pa gen okenn nan frè ak sè nou yo k ap santi nou pa abòdab. Okontrè, y ap santi yo pwòch nou.

14. Ki byenfè w ka jwenn lè w gen bonjan konvèsasyon ak lòt moun?

14 Lè nou gen konvèsasyon ankourajan ak lòt moun, sa ede yo nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif. Gen yon frè k ap travay nan yon biwo filyal ki gen bon souvni konsènan kèk Betelit ki yon ti jan aje ki te konn pran tan regilyèman pou yo pale avèk li lè l te fèk antre nan Betèl. Pawòl ankourajan yo te konn di l yo te fè l santi li vrèman fè pati fanmi Betèl la. Kounye a, li fè efò pou l imite yo lè l pale ak lòt frè ak sè ki nan Betèl la.

Imilite ap ede nou fè lapè ak lòt moun

15. Ki sa k montre sa ka rive pou nou gen kont youn ak lòt?

15 Evodi ak Sentich, se de sè nan kongregasyon ki te nan vil Filip la. Sanble yo te gen yon pwoblèm yo pa t ka rezoud (Fil. 4:2, 3). Pòl ak Banabas te fè yon gwo kont e lòt moun te vin okouran de sa, sa te lakòz yo chak te fè bò pa yo pandan yon ti tan (Tra. 15:37-39). Istwa sa yo fè nou konprann sa ka rive vrè adoratè Jewova yo fè kont. Jewova ban nou èd nou bezwen pou nou rezoud pwoblèm yo e pou nou retounen byen ankò. Men, li mande pou nou fè yon bagay.

16, 17. a) Nan ki pwen imilite jwe yon wòl enpòtan nan ede nou rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun? b) Ki jan istwa ki esplike fason Jakòb te pwoche pou l rankontre Ezayi a montre imilite gen anpil valè?

16 Imajine ou pral fè yon vwayaj ak yon zanmi w nan yon machin. Anvan w kòmanse vwayaj la, se pou w pase kle machin nan pou w fè machin nan pati. Menm jan an tou, pou nou rezoud pwoblèm yo, nou bezwen yon kle. Kle sa a se imilite. (Li Jak 4:10.) Jan nou pral wè sa nan egzanp biblik ki vin apre a, kle sa a pèmèt moun ki gen pwoblèm youn ak lòt kòmanse aplike prensip biblik yo.

17 Ventan te gentan pase depi Ezayi te fache kont Jakòb, frè l la, e li te vle touye l paske l te pran dwa premye pitit la nan men l. De jimo sa yo te rive nan moman kote yo t apral rankontre apre tout tan sa a te fin pase. “Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse”. Li te santi gen anpil chans pou Ezayi atake l kanmenm. Men, nan moman li t apral rankontre ak Ezayi a, li te fè yon bagay Ezayi pa t ap atann. Li pran “bese tèt li jouk atè” ofiramezi li t ap rive pi pre frè l la. Ki sa k te rive apre sa? “Ezaou [Ezayi] kouri al kontre l, li pase bra l nan kou l, li bat do l, li bo li. Epi yo tou de yo pran kriye.” Te gen posiblite pou yo goumen, men sa pa t fèt. Imilite Jakòb te fè Ezayi sispann rayi l. —Jen. 27:41; 32:3-8; 33:3, 4.

18, 19. a) Poukisa li enpòtan anpil pou nou pran inisyativ pou nou aplike konsèy Bib la bay lè nou gen pwoblèm ak lòt moun? b) Poukisa nou pa ta dwe sispann chèche fè lapè si lòt moun nan pa reyaji byen devan premye demach nou te fè pou nou fè lapè avè l yo?

18 Labib gen yon pakèt konsèy ki bon anpil pou ede nou rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun (Mat. 5:23, 24; 18:15-17; Efe. 4:26, 27) *. Men, si nou pa aplike konsèy sa yo avèk imilite, l ap difisil pou nou fè lapè. Poukisa pou nou tann se lòt moun nan ki demontre imilite, alòske nou menm tou nou gen kle sa a nan men nou?

19 Si pou yon rezon kèlkonk premye demach nou te fè pou nou fè lapè yo pa t bay bon rezilta, nou pa ta dwe panse nou pap janm rive fè lapè ak moun nan. Lòt moun nan ka bezwen yon ti tan toujou anvan l aksepte pou l fè lapè. Frè Jozèf yo te fè l yon kou trèt. Yo te fè l sa yon pakèt tan anvan yo te rankontre l ankò lè l te premye minis nan peyi Ejip. Finalman, kè yo te vin chanje e yo te sipliye Jozèf pou l padone yo. Jozèf te fè sa. Apre sa, pitit Jakòb yo te vin yon nasyon ki te gen privilèj pou l pote non Jewova (Jen. 50:15-21). Lè nou fè efò pou nou fè lapè ak frè ak sè nou yo, n ap kontribye pou gen inite ak lajwa nan kongregasyon an. —Li Kolosyen 3:12-14.

Annou renmen “nan aksyon ak laverite”

20, 21. Ki leson nou aprann lefètke Jezi te lave pye apot li yo?

20 Yon tikras tan anvan Jezi te mouri, li te di apot li yo: “Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.” ​(Jan 13:15). Li te fèk fin lave pye 12 apot yo. Sa Jezi te fè a, li pa t fè l paske li t ap suiv yon tradisyon, ni li pa t fè l tou senpleman paske li gen bonte. Anvan Jan te pale de istwa kote Jezi te lave pye disip yo, li te ekri pawòl sa yo: “[Jezi] pa t manke renmen moun pa l yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.” ​(Jan 13:1). Se lanmou Jezi te gen pou disip li yo ki te fè l fè yon travay se esklav ki te konn fè l an jeneral. Apre egzanp sa a, yo te dwe aji avèk amou e yo te dwe aji avèk imilite youn anvè lòt. Vrèman, si nou gen vrè lanmou fratènèl la, l ap pouse nou aji yon fason ki demontre nou gen enterè ak sousi pou tout frè ak sè nou yo.

21 Apot Pyè, youn nan apot Pitit Bondye a te lave pye l yo, te byen konprann sans sa Jezi te fè a. Men sa l te ekri: “Kounyeya, lè n’ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sa k fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.” ​(1 Pyè 1:22). Men sa apot Jan, yon lòt apot Jezi te lave pye l, te di: “Timoun mwen yo, se pa nan pawòl ak nan bouch pou nou renmen. Okontrè, se nan aksyon ak laverite.” ​(1 Jan 3:18, Bib Kreyòl La). Se pou kè nou pouse nou pwouve nou gen lanmou fratènèl nan aksyon nou.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Gade nan liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah, paj 144-150.

Èske nou sonje?

• Ki jan nou ka “louvri kè nou byen laj” pou nou montre lanmou ou gen youn pou lòt?

• Ki sa k ap ede nou pran tan pou nou pale ak lòt moun?

• Ki wòl imilite jwe nan kesyon fè lapè a?

• Ki sa k ta dwe pouse nou gen sousi pou frè ak sè nou yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Akeyi frè ak sè nou yo avèk antouzyas.

[Foto nan paj 23]

Pa rate okazyon pou w pale ak lòt moun.