Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!

Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!

Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!

JODI A, pèp Bondye a se yon gwo fanmi ki konpoze ak frè ak sè espirityèl ki resevwa yon eritaj ki soti nan men kèk fi ak gason ki te viv nan tan lontan. Pami fi ak gason sa yo, gen Samyèl, David, Sanson, Rahab, Moyiz, Abraram, Sara, Noye ak Abèl. Pami moun k ap sèvi Jewova avèk fidelite yo, anpil ladan yo se moun soud. Pa egzanp, de premye moun ki te vin Temwen Jewova nan peyi Mongoli yo se yon koup ki te soud. Grasa Temwen soud k ap viv nan peyi Larisi ki kenbe entegrite yo, nou te genyen yon gwo viktwa nan Lakou ewopeyen pou dwa moun nan.

Nan epòk pa nou an, “esklav fidèl ki prevwayan an” pwodui piblikasyon nan lang siy, li fòme kongregasyon e li òganize asanble ak kongrè nan lang siy (Mat. 24:45, NW). Aranjman sa yo pwofitab anpil pou moun ki soud yo *. Men, èske w konn mande tèt ou ki jan moun soud yo te aprann konnen vrè Dye a e ki jan yo te pwogrese nan laverite anvan aranjman sa yo te fèt? Èske w konn reflechi sou sa ou ta kapab fè pou w ede moun soud k ap viv nan kominote w la?

Anvan yo te pran dispozisyon yo pran pou yo jodi a

E si ou ta mande kèk moun soud nan kongregasyon an ki aje ki jan sa te ye lè yo t ap aprann konnen Jewova? Yo gendwa rakonte w ki jan yo te santi yo lè yo te aprann Bondye gen yon non, ki jan verite sa a sèlman te chanje lavi yo e ki jan li te ankouraje yo pandan dèzane anvan yo vin jwenn pwogram videyo oswa DVD nan lang siy pou ede yo konprann verite ki pi pwofon yo. Yo kapab fè w konnen tou ki jan reyinyon kretyen yo te ye anvan yo te fèt nan lang siy oswa anvan yo te entèprete yo nan lang sa a. Nan epòk sa a, yon moun te konn chita bò kote yo e li te pran nòt sou yon fèy papye pou ede yo konprann sa yo t ap di yo. Gen yon frè ki soud ki te aprann verite biblik yo konsa pandan setan anvan li te jwenn yon moun pou entèprète reyinyon yo pou li.

Temwen soud ki aje yo sonje kòman sa te ye lè yo te konn preche moun ki tande ansanm avèk lòt moun nan kongregasyon an. Nan yon men, yo te konn kenbe yon ti kat ki te gen yon prezantasyon byen senp ekri sou li, e nan lòt men an, yo te konn kenbe Toudegad ak Réveillez-vous! Ki te fèk parèt yo. Li te difisil pou yo kondui etid biblik ak lòt moun soud avèk yon piblikasyon ni yo menm ni lòt moun nan pa t fin byen konprann enfòmasyon ki ladan l yo. Sandout, pwoklamatè soud ki aje yo sonje jan sa te dekourajan lè yon lòt moun pa t kapab konprann yo e lè yo te oblije sispann chèche ede moun nan konprann verite espirityèl yo. Yo te konprann tou sa sa vle di pou yon moun renmen Bondye anpil, men pou li pa kapab aplike avèk konfyans tout sa l ap aprann konsènan Bondye yo. Poukisa? Paske yo pa t konnen si konpreyansyon yo te genyen konsènan kèk verite te kòrèk.

Malgre tout pwoblèm sa yo, frè n ak sè n ki soud yo te toujou kenbe entegrite yo (Jòb 2:3). Yo t ap tann Jewova avèk pasyans (Sòm 37:7). Kounye a, li ba yo plis benediksyon pase sa yo te kapab imajine.

Annou konsidere efò yon frè soud ki marye e ki gen pitit te konn fè. Menm anvan videyo an lang siy yo te vin disponib, li te kondui etid familyal li regilyèman. Men sa pitit gason l lan sonje: “Etid familyal la te toujou difisil pou papa m, paske sa li te genyen pou l anseye nou yo se te nan piblikasyon enprime yo te ye, e souvan, li pa t fin konprann enfòmasyon yo nèt. Nou menm timoun yo, nou te rann sa pi difisil pou li. Lè li pa t esplike bagay yo byen, lamenm nou te konn di l sa. Malgre sa, li te toujou fè etid familyal la. Sa ki te pi enpòtan pou li se te sa nou t ap aprann sou Jewova yo, menmsi detanzantan li te konn santi li wont poutèt li pa t fin byen konprann anglè.”

Yon lòt egzanp nou genyen se Richard, yon frè ki nan 70 an yo ki soud e ki avèg anmenmtan, k ap viv Bwouklin, Nouyòk, nan peyi Etazini. Tout moun konn Richard kòm yon moun ki toujou asiste reyinyon yo. Pou l fè sa, li pran tren poukont li. Pou l konn ki kote pou li desann, li konte konbyen fwa tren an kanpe. Yon fwa, nan sezon ivè, lanèj te tèlman tonbe anpil, yo te ranvwaye yon reyinyon. Yo te fè tout kongregasyon an konn sa, men yo te bliye di Richard sa. Lè frè yo vin reyalize sa, yo te pran chèche l. Yo vin jwenn li ki kanpe bò Sal Wayòm nan. Li t ap tann avèk pasyans pou yo ouvè pòt la. Lè yo mande l poukisa li te soti nan tanpèt nèj la, li di: “Mwen renmen Jewova.”

Ki sa w ka fè?

Èske gen moun soud k ap viv nan zòn ou an? Èske w ta kapab aprann pale lang siy pou w pale ak yo? An jeneral, moun soud yo janti e yo pasyan anpil lè y ap aprann moun lang yo a. Ki sa w ka fè si w ta rankontre yon moun soud nan predikasyon oswa yon lòt kote? Ou kapab eseye pale ak li. Ou kapab fè jès, ou kapab ekri yon ti nòt pou li, ou kapab desine yon bagay pou li, ou kapab montre l yon foto, oubyen ou kapab fè plizyè nan bagay sa yo. Menmsi li ta di w laverite pa enterese l, fè yon Temwen ki soud konn sa oswa fè yon Temwen ki konn lang siy konn sa. Mesaj nou an ka plis enterese yon moun ki soud si se nan lang siy li resevwa l.

Petèt w ap aprann lang siy e ou nan yon kongregasyon lang siy. Ki jan w kapab pale lang sa a pi byen e ou kapab konprann li pi byen? Byenke kapab gen lòt moun nan kongregasyon w lan ki pa soud, poukisa w pa “sispann sèvi” ak vwa w? Sa ap ede w panse nan lang siy, sa vle di w ap wè imaj lè w ap panse. Sepandan, pafwa ou ka santi li pi fasil pou ou pou w pale. Men, tankou nenpòt lang yon moun ap aprann, pou w pale l byen, se pou w kontinye fè efò.

Lè nou fè bonjan efò pou nou aprann pale lang siy, sa montre lanmou ak respè nou genyen pou frè n ak sè n ki soud yo. Imajine jan moun soud yo konn santi yo dekouraje paske chak jou yo pa ka konprann moun ki nan travay yo oswa ki nan lekòl yo. Men sa yon frè ki soud di: “Chak jou moun ap pale bò kote m. Souvan, mwen santi mwen poukont mwen, tankou yon moun yo mete nan yon kwen. Santiman sa yo konn tèlman anvayi kè m, mwen konn santi mwen kontrarye. Mwen konn menm vin an kòlè. Pafwa, pa gen mo ki kapab vrèman dekri jan mwen santi m.” Reyinyon yo ta dwe yon kote frè n ak sè n ki soud yo jwenn manje espirityèl, yon kote yo ka gen bonjan konvèsasyon e yo kapab jwenn moun pou ankouraje yo. —Jan 13:34, 35.

Gen anpil ti gwoup ki fòme ak moun soud ki asiste reyinyon nan kongregasyon kote moun ki nan kongregasyon sa yo se moun ki tande. Lè konsa, gen moun pou entèprete reyinyon yo pou gwoup yo. Pou moun ki fè pati ti gwoup sa yo kapab byen konprann sa y ap prezante a, yo chita devan nan Sal Wayòm nan. Sa pèmèt yo wè ni oratè a ni moun k ap entèprete pou yo a san pwoblèm. Dapre eksperyans ki fèt, rès moun ki nan kongregasyon sa yo pa pran lontan pou yo vin abitye ak sa, e sa pa anpeche yo konsantre. Yo fè aranjman sa a tou pou asanble ak kongrè kote gen moun ki pou entèprete pwogram nan nan lang siy. Gen moun nan kongregasyon an ki travay di anpil pou yo entèprete enfòmasyon yo kòmsi se te yon moun soud ki t ap fè sa, sètadi yon fason ki fè sans e ki natirèl. Yo vrèman merite felisitasyon pou sa!

Petèt ou nan yon kongregasyon ki gen yon gwoup lang siy ladan l oswa ki gen yon ti gwoup moun soud yo entèprete reyinyon pou yo. Ki sa w ka fè pou w pran ka moun sa yo? Envite yo lakay ou. Si sa posib, aprann kèk siy. Menmsi ou pa ka pale avèk yo, pa kite sa vin yon baryè pou ou. W ap jwenn yon fason pou w kominike ak yo, e lè w montre lanmou konsa, w ap gen bon souvni (1 Jan 4:8). Temwen ki soud yo gen anpil bagay yo ka pataje avèk ou. An jeneral, yo konn ki jan pou yo fè konvèsasyon ak moun, yo gen bon konprann anpil e yo apresye bagay ki amizan. Men sa yon frè ki gen ni manman l ni papa l soud di: “Pandan tout vi m, mwen toujou ak moun soud. Sa mwen jwenn nan men yo tèlman anpil, mwen pap janm ka remèt yo sa. Nou kapab aprann anpil bagay nan men frè n ak sè n ki soud yo.”

Jewova renmen moun ki sèvi l avèk fidelite yo, san wete moun ki soud yo. Se sèten, egzanp fidelite yo bay ak andirans yo fè òganizasyon Jewova a parèt pi estrawòdinè toujou. Se sa k fè nou dwe cheri frè n ak sè n ki soud yo!

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gade atik “Jewova fè yo santi li la avèk yo” nan Toudegad 15 out 2009 la.

[Foto nan paj 31]

Mesaj Wayòm nan ka plis enterese yon moun ki soud si se nan lang siy li resevwa l.

[Foto nan paj 32]

Reyinyon nou yo ta dwe yon kote frè n ak sè n ki soud yo jwenn ankourajman sou plan espirityèl.