Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Antanke minis Bondye, nou bezwen aji avèk politès

Antanke minis Bondye, nou bezwen aji avèk politès

Antanke minis Bondye, nou bezwen aji avèk politès

“Se pou nou chache fè tankou Bondye fè.” —EFE. 5:1.

1, 2. a) Poukisa li enpòtan pou nou aji avèk politès? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

MEN sa yon ekriven ki rele Sue Fox te ekri konsènan politès: “Pa gen yon moman kote yon moun gen dwa pou l manke politès. Politès toujou gen bon efè kèlkeswa kote a.” Lè moun pran abitid aji avèk politès, yo gen mwens pwoblèm ak lòt moun oswa yo pa gen pwoblèm ak lòt moun ditou. Sepandan, kontrè a ka rive tou. Si yon moun pran abitid trete lòt moun mal, sa ap lakòz gen pwoblèm, rankin ak tristès.

2 An jeneral, frè ak sè nan kongregasyon an aji avèk politès. Sepandan, nou ta dwe veye pou nou pa adopte move fason moun yo konpòte yo nan monn nan jodi a. Annou wè ki jan lè nou aplike prensip ki nan Bib la nan domèn politès, sa ka pwoteje nou pou sa pa rive nou e sa ka atire moun vin nan vrè adorasyon an. Annou konsidere egzanp Jewova ak Pitit li a pou nou ka konprann sa sa mande pou nou aji avèk politès.

Jewova ak Pitit li a se egzanp nan domèn politès

3. Ki egzanp Jewova Dye bay nan domèn politès?

3 Jewova Dye bay yon egzanp ki pafè nan domèn politès. Antanke Souvren linivè a, se li ki nan pi gwo pozisyon ki egziste a, poutan, li trete lèzòm avèk anpil jantiyès e avèk anpil respè. Lè Jewova t ap pale ak Abraram, ak Moyiz, li te sèvi ak yon mo ebre souvan yo mete “tanpri” pou yo tradui l (Jen. 13:14, NW; Egz. 4:6, NW). Lè sèvitè Jewova yo fè yon fot, Jewova montre li ‘se yon Bondye ki gen pitye pou yo, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè, li p’ap janm sispann renmen yo, li toujou kenbe pawòl li’. (Sòm 86:15.) Li diferan nèt parapò ak kèk moun ki konn fè gwo kòlè sou lòt moun lè yo pa fè sa yo vle yo fè.

4. Ki jan nou ka imite Jewova lè lòt moun ap pale avèk nou?

4 Bondye montre li gen politès tou nan fason li koute moun. Lè Abraram te poze kesyon konsènan pèp Sodòm nan, Jewova te reponn li chak kesyon avèk pasyans (Jen. 18:23-32). Li pa t panse Abraram t ap fè l pèdi tan ak kesyon li t ap poze yo. Jewova koute priyè sèvitè l yo e li koute rèl pechè ki repanti yo fè. (Li Sòm 51:11, 17.) Èske nou pa ta dwe imite Jewova lè nou koute moun k ap pale avèk nou?

5. Lè nou imite fason Jezi te konn aji avèk politès, ki jan sa fè nou gen pi bon relasyon ak lòt moun?

5 Pami tout sa Jezi te aprann nan men Papa l, li te aprann politès tou. Byenke pafwa li te bezwen konsakre anpil tan ak anpil enèji nan ministè l, li te toujou pasyan e li te toujou aji avèk jantiyès. Moun ki te gen lèp, moun ki t ap mande lacharite poutèt yo te avèg, ak lòt moun ki te nan bezwen te remake Jezi te dispoze ede yo. Li pa t meprize yo, byenke yo te konn vin jwenn li san yo pa t fè l konn sa davans. Souvan, li te konn kanpe sa l t ap fè pou l te ka ede yon moun ki te dekouraje ak lavi a. Jezi te konn aji avèk anpil konsiderasyon pou moun ki te mete lafwa yo nan li (Mak 5:30-34; Lik 18:35-41). Antanke kretyen, nou suiv egzanp Jezi lè nou montre nou janti e lè nou prèt pou nou bay èd nou. Lè nou aji konsa, fanmi nou, vwazen nou ak lòt moun pap manke pa remake sa. Anplis, sa glorifye Jewova e sa fè kè nou kontan.

6. Ki egzanp Jezi kite pou nou nan kesyon aji avèk antouzyas e yon fason ki amikal la?

6 Jezi te montre li gen respè pou moun tou lefètke li te sèvi ak non yo. Èske chèf relijye juif yo te konn bay moun valè menm jan an? Non. Yo te konsidere moun ki pa t konn Lalwa yo kòm “moun ki gen madichon”, e yo pa t byen trete yo (Jan 7:49). Pitit Bondye a pa t konsa. Li te konn sèvi ak non Mat, Mari ak Zache lè li t ap pale avèk yo e li te konn fè sa tou pou anpil lòt moun (Lik 10:41, 42; 19:5). Byenke kilti ak sikonstans konn endike fason pou yon moun pale ak yon lòt, sèvitè Jewova yo fè efò pou yo amikal ak lòt moun *. Yo pa kite distenksyon klas fè yo gen mwens respè pou frè ak sè yo ak lòt moun ankò. —Li Jak 2:1-4.

7. Ki jan prensip ki nan Bib la ede nou trete lòt moun avèk politès?

7 Politès Bondye ak Pitit li a demontre nan fason yo trete moun tout nasyon ak tout gwoup etnik bay moun sa yo diyite e sa atire moun ki nan dispozisyon kòrèk pou yo jwenn laverite yo. Natirèlman, tout kote pa gen menm règ politès. Se sa k fè nou pa suiv yon seri règ ki strik anrapò ak politès. Depreferans, nou kite prensip ki nan Bib la fè nou fleksib nan fason nou montre respè pou pwochen nou, kèlkeswa kote nou ye. Annou wè lè nou trete lòt moun avèk politès, ki jan sa ka fè nou jwenn pi bon rezilta nan ministè nou.

Lè nou salye lòt moun e nou pale avè yo

8, 9. a) Ki abitid si nou genyen l yo ka konsidere nou kòm moun ki manke respè pou lòt moun? b) Poukisa pawòl Jezi te di ki nan Matye 5:47 yo ta dwe gen yon efè sou fason nou trete lòt moun?

8 Jodi a, nan anpil kote, moun yo pa gen tan tèlman yo okipe. Se sa k fè de moun ka kwaze san youn pa di lòt “bonjou” oubyen “kòman w ye?” Natirèlman, si yon moun ap mache sou yon twotwa ki plen moun, pèsonn pa ka atann pou l pale ak chak moun k ap pase kote l. Sepandan, gen anpil lòt sitiyasyon kote li apwopriye oubyen li menm bon pou nou salye lòt moun. Èske w gen abitid salye moun? Oubyen èske byen souvan ou pase bò kote yo san w pa menm souri ba yo oubyen san w pa di yo yon ti mo janti? Yon moun gendwa vin pran abitid aji yon fason ki manke jantiyès san l pa gen move entansyon.

9 Men sa Jezi te di ki tou sèvi nou rapèl: “Si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Èske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?” ​(Mat. 5:47). Anrapò ak kesyon sa a, men sa Donald Weiss, yon konseye, fè konnen: “Moun pa renmen lè lòt moun fè kòmsi yo pa wè yo. Anfèt, pa gen anyen w ka di ki kapab fè yon moun ou te meprize pa fache ankò. Sa pou w fè a senp: aprann salye moun. Pale avèk yo.” N ap jwenn bonjan rezilta si nou pa bay moun bwa long kenbe e si nou pa frèt frèt avèk yo.

10. Lè nou gen politès, ki jan sa ka fè nou jwenn pi bon rezilta nan ministè a? (Gade kare ki gen tit  “Kòmanse ak yon bèl souri” a.)

10 Annou pran egzanp Tom ak Carol, yon koup k ap viv nan yon gwo vil ann Amerik dinò. Yon aspè nan ministè yo se fè konvèsasyon agreyab avèk moun ki ozalantou lakay yo. Ki jan yo rive fè sa? Ann amoni ak Jak 3:18, men sa Tom di: “Nou fè efò pou nou amikal e pou nou anpè avèk moun yo. Nou pwoche kote moun nou wè ki deyò lakay yo oubyen k ap travay nan zòn kote nou ye a. Nou souri ba yo epi nou salye yo. Nou pale konsènan sa k enterese yo, sètadi konsènan pitit yo, chen yo, kay yo, travay yo. Avèk letan, yo vin konsidere nou kòm zanmi yo.” Men sa Carol ajoute: “Lè nou vizite yo ankò, nou ba yo non nou e nou mande yo kòman yo rele. Nou fè yo konnen sa n ap fè nan katye a, men nou fè yon fason pou konvèsasyon an pa dire lontan. Avèk letan, nou ba yo yon temwayaj.” Anpil nan moun Tom ak Carol rankontre yo vin fè yo konfyans. Anpil nan yo aksepte piblikasyon ki baze sou Bib la, e gen kèk nan yo ki montre yo ta renmen konn plis sou laverite.

Lè nou montre nou gen politès nan sitiyasyon difisil

11, 12. Poukisa nou ta dwe atann moun ap aji mal avèk nou lè n ap preche bon nouvèl la, e ki jan nou ta dwe reyaji lè sa a?

11 Pafwa, nou jwenn moun ki mal resevwa nou lè n ap preche bon nouvèl la. Nou atann n ap jwenn sa, paske Jezi te deja avèti disip li yo sou sa. Li te di yo: “Si yo pèsekite m, y’a pèsekite nou tou.” ​(Jan 15:20). Si nou reyaji menm jan avèk moun ki denigre nou yo, nou pap jwenn bon rezilta. Ki jan nou ta dwe reyaji? Men sa apot Pyè te ekri: “Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Senyè a nan kè nou. Se pou n toujou pare pou n defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè.” ​(1 Pyè 3:15, 16 [3:15, NW]). Lè yon moun pale mal avèk nou, si nou reyaji avèk politès, sètadi si nou reponn avèk dousè e avèk respè, sa ka fè l pi dispoze tande mesaj nou an. —Tit 2:7, 8.

12 Èske nou ka prepare nou pou nou reyaji yon fason ki fè Bondye plezi, menm lè lòt moun pale mal avèk nou? Wi. Men ki konsèy Pòl te bay: “Lè n’ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.” ​(Kol. 4:6). Si nou pran abitid pou nou aji avèk politès avèk moun ki nan fanmi nou, nan lekòl nou, nan travay nou, nan kongregasyon nou ak nan vwazinaj nou, n ap pi byen prepare pou nou aji jan yon kretyen dwe aji, lè n ap fè fas ak pawòl moun ap di pou moke nou oubyen pou joure nou. —Li Women 12:17-21.

13. Bay yon egzanp ki montre lè nou aji avèk politès, sa ka adousi moun ki opoze avèk nou yo.

13 Lè nou aji avèk politès nan sitiyasyon ki difisil, sa ka pote bon rezilta. Pa egzanp, nan peyi Japon, yon Temwen ki t ap preche te pase nan yon kay, e moun ki te nan kay la ak yon moun ki te vin vizite l te pase l nan rizib. Frè sa a te deplase kite kay la byen pezib. Pandan l t ap kontinye preche nan tèritwa a, li te remake moun ki te vin vizite zanmi l lan pa t twò lwen l e li t ap gade l. Lè frè a pwoche kote mesye a, mesye a di l: “Eskize m pou sa k sot pase a. Malgre nou te pale mal avè w, mwen remake ou te kontinye souri. Ki sa pou m fè pou m ka konsa tou?” Mesye sa a te panse li pa t ap janm gen kè kontan ankò paske li te pèdi djòb li e pa t gen lontan depi manman l te mouri. Frè a ofri l pou l etidye Labib avè l, e li te aksepte sa. Apre yon ti tan, li te kòmanse fè etid la de fwa pa semèn.

Pi bon fason pou nou devlope politès

14, 15. Ki sa k montre moun ki t ap sèvi Jewova nan tan biblik yo te konn bay pitit yo fòmasyon nan domèn politès?

14 Nan tan biblik yo, paran ki te gen lakrentif pou Bondye yo te konn bay pitit yo fòmasyon nan domèn politès lakay yo. Nou kapab wè jan Abraram ak Izarak, pitit li, te pale youn ak lòt avèk politès nan Jenèz 22:7. Sa parèt klè Jozèf te jwenn bon fòmasyon nan men paran l. Lè l te nan prizon, li te janti menm avèk moun ki te nan prizon ansanm avèk li yo (Jen. 40:8, 14). Pawòl li te di Farawon yo te montre li te aprann ki jan pou l pale kòrèkteman avèk yon moun ki gen gwo pozisyon. —Jen. 41:16, 33, 34.

15 Dis kòmandman Jewova te bay pitit Izrayèl yo te gen kòmandman sa a ladan l: “Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.” ​(Egz. 20:12). Youn nan fason pitit yo te ka montre yo respekte paran yo oubyen yo onore yo se lè yo te aji avèk politès lakay yo. Pitit fi Yifta a te demontre yon gwo respè pou papa l lefètke li te soumèt li e li te aji ann amoni ak ve papa l te fè ki te mete l nan yon sitiyasyon ki te difisil anpil. —Jij 11:35-40.

16-18. a) Ki sa paran yo ka fè pou yo aprann timoun yo pou yo gen politès? b) Bay kèk bon rezon ki fè paran yo dwe aprann timoun yo pou yo gen politès.

16 Li enpòtan anpil pou nou fòme pitit nou pou yo ka gen politès. Pou jèn yo kapab konn ki jan pou yo aji lè yo vin adilt, yo bezwen aprann bon fason pou yo salye moun ki vin lakay yo, bon fason pou yo reponn telefòn e pou yo manje ak lòt moun. Nou ta dwe ede yo konprann rezon ki fè yo dwe kenbe pòt pou lòt moun ka pase, rezon ki fè yo dwe trete moun ki aje ak moun ki malad avèk jantiyès e ki fè yo dwe ede moun k ap pote chay lou. Yo dwe konprann rezon ki fè li enpòtan pou yo di “silvouplè”, “mèsi”, “deryen”, “ban m ede w” avèk “eskize m”.

17 Sa pa difisil pou nou anseye pitit nou yo politès. Pi bon fason pou nou fè sa, se ba yo bon egzanp. Kurt, yon frè ki gen vennsenk an esplike ki jan li menm ak twa frè l yo te aprann politès. Men sa l di: “Nou te konn wè e nou te konn tande fason manman nou ak papa nou te konn pale avèk jantiyès youn ak lòt e fason yo te konn demontre pasyans ak konsiderasyon anvè lòt moun. Nan Sal la, papa m te toujou fè m akonpaye l ni anvan ni apre reyinyon yo lè l pral pale ak frè ak sè ki pi aje yo. Mwen te konn tande fason l ap salye yo e mwen te wè respè li gen pou yo.” Men sa Kurt di ankò: Avèk letan, mwen te vin menm jan avèk li. Li vin otomatik pou w aji avèk politès ak moun [lè w jwenn bon egzanp]. Se pa oblije ou santi ou oblije aji konsa, men se vle ou vle aji konsa.”

18 Ki sa ki ka rive si paran yo anseye pitit yo pou yo gen politès? Timoun sa yo ap kapab fè zanmi e y ap kapab viv anpè ak lòt moun. Y ap kapab byen boule ak patwon yo ak kòlèg travay yo. Mete sou sa, timoun ki gen politès, ki byennelve e ki dwat ap fè kè paran yo kontan e y ap fè yo plezi. —Li Pwovèb 23:24, 25.

Politès fè nou diferan ak monn nan

19, 20. Poukisa nou ta dwe pran detèminasyon pou nou imite egzanp politès Bondye nou an ak Pitit li a ban nou?

19 Men sa Pòl te ekri: “Paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.” ​(Efe. 5:1). Pou nou imite Jewova Dye ak Pitit li a, sa mande pou nou aplike prensip ki nan Bib la, pa egzanp, prensip nou te egzamine nan atik sa a. Lè nou fè sa, nou pap montre nou se moun ki ipokrit, sa vle di moun ki aji avèk politès pou yo jwenn favè nan men moun ki nan gwo pozisyon oswa pou yo jwenn avantaj materyèl nan men lòt moun. —Jid 16.

20 Pandan dènye jou Satan ap egzèse dominasyon mechan l lan, li detèmine pou l fè tout moun sispann suiv prensip Jewova yo ki mande pou yo aji avèk respè. Men, Dyab la pap reyisi fè vrè kretyen yo sispann aji avèk politès. Se pou nou chak nou pran detèminasyon pou nou suiv egzanp politès Bondye nou an ak Pitit li a ban nou. Lè sa a, n ap toujou diferan parapò ak moun ki chwazi pou yo gen konpòtman malelve yo nan fason nou pale ak nan aksyon nou. Konsa, n ap moun k ap louwe non Jewova, Bondye nou an, ki gen politès e n ap atire moun ki sensè yo vin nan vrè adorasyon an.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Nan kèk kilti, se yon bagay ki malelve pou yon moun itilize prenon moun ki pi gran pase l lè l ap pale avè l, sof si se moun ki pi gran an ki mande l sa. Li bon pou kretyen yo respekte jan de koutim sa yo.

Èske nou sonje?

• Ki sa nou aprann nan men Jewova ak Pitit li a nan domèn politès?

• Poukisa lè nou salye moun yon fason ki amikal, sa bay bon enpresyon sou nou antanke kretyen?

• Lè nou montre nou gen politès, ki jan sa ka ede nou jwenn bon rezilta nan ministè nou?

• Ki wòl paran yo jwe nan aprann pitit yo pou yo gen politès?

[Kesyon]

[Kare nan paj 27]

 Kòmanse ak yon bèl souri

Gen anpil moun ki yon jan renka pou yo kòmanse konvèsasyon ak moun yo pa konnen. Sepandan, lanmou Temwen Jewova yo gen pou Bondye e pou pwochen yo pouse yo fè efò sensè pou yo aprann kòman pou yo pale ak moun yon fason pou yo ka pataje verite ki nan Bib la avèk yo. Ki sa k ka ede w amelyore nan domèn sa a?

Nou jwenn yon bon prensip nan domèn sa a nan Filipyen 2:4. Men sa vèsè sa a di: “Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.” Men yon fason nou ta dwe aplike pawòl sa yo: lè w rankontre yon moun pou premye fwa, li konsidere w kòm yon moun li pa konnen. Ki jan w ka mete l alèz? Yon bagay ki ka ede w se lè w souri ba li e ou salye l yon fason amikal. Sepandan, gen lòt bagay ou bezwen konsidere.

Lè w ap eseye fè yon konvèsasyon avèk yon moun, petèt ou entèwonp li nan refleksyon l. Si w chèche fè l pale sou sa k nan lespri pa w san w pa pran an konsiderasyon sa k nan lespri l, li gendwa pa byen reyaji. Se sa k fè, si w rive disène sa moun nan t ap panse, poukisa w pa sèvi ak sa pou w kòmanse yon konvèsasyon avè l? Se sa Jezi te fè lè l te rankontre yon fi ki te bò yon pi nan Samari (Jan 4:7-26). Sa k te nan lespri fi sa a se pran dlo. Se sa k fè Jezi te kòmanse yon konvèsasyon avè l sou sa. Men, apre yon ti tan, konvèsasyon an te vin tounen yon bonjan konvèsasyon sou bagay espirityèl.

[Foto nan paj 26]

Lè nou amikal ak moun yo, sa ka fè nou ba yo yon bon temwayaj.

[Foto nan paj 28]

Li toujou bon pou nou montre nou gen politès.