Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske li apwopriye pou yon sè kouvri tèt li lè l ap entèprete yon diskou nan lang siy nan reyinyon yo, nan asanble yo oswa nan kongrè yo?

An jeneral, yon kretyèn dwe kouvri tèt li lè l ap fè aktivite nòmalman se mari l ki ta dwe fè yo oswa yon frè nan kongregasyon an. Sa ann amoni ak prensip apot Pòl te bay kote l te di “si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l’ap lapriyè osinon lè l’ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li” paske “gason se chèf fanm”. (1 Kor. 11:3-10.) Lè yon sè kouvri tèt li yon fason ki byen senp e ki apwopriye nan sitiyasyon konsa, se yon siy ki montre li soumèt li anba dispozisyon teyokratik ki gen nan kongregasyon kretyen an. —1 Tim. 2:11, 12 *.

Men, ki sa pou yon sè fè lè l ap entèprete yon diskou nan lang siy? Se vre, sè a se transmèt li sèlman ap transmèt enfòmasyon oratè a ap prezante yo bay oditwa a. Sa vle di se pa li k ap anseye moun yo, se frè l ap entèprete diskou l la k ap fè sa. Sepandan, entèprete yon diskou nan lang siy pa menm bagay ditou ak entèprete yon diskou nan yon lang yo pale. Lè se nan lang yo pale yon moun ap entèprete yon diskou, oditwa a gen posiblite pou l suiv oratè a pandan l ap koute moun k ap entèprete a. Anplis, kontrèman ak lè yon sè ap entèprete yon diskou nan lang siy, lè l ap entèprete yon diskou nan yon lang yo pale se pa sou li atansyon oditwa a plis fikse. Pafwa, sè yo konn menm gen posiblite chita lè y ap entèprete diskou a. Si yo kanpe, yo bay oratè a fas yo olye yo bay oditwa a fas yo. Se sa k fè li pa nesesè pou yon sè k ap entèprete yon diskou nan lang yo pale kouvri tèt li.

Anplis, akoz pwogrè yo fè nan domèn teknoloji, nou itilize yon seri aparèy lè n ap entèprete diskou nan lang siy ki fè souvan se moun k ap entèprete diskou a ki parèt plis. Jeneralman, oditwa a wè moun k ap entèprete diskou a sou yon gwo ekran, alòske li ka pa menm wè oratè a. Pakonsekan, li sanble apwopriye pou yon sè kouvri tèt li lè l ap entèprete yon diskou nan lang siy, sa montre li rekonèt li jwe yon wòl segondè.

Ki efè nouvo enstriksyon sa a pral genyen lè y ap entèprete diskou nan lang siy nan Lekòl ministè teyokratik la, nan demonstrasyon yo, nan kòmantè n ap fè nan Etid biblik kongregasyon an, nan Reyinyon sèvis la e nan Etid Toudegad la? Èske yon sè k ap entèprete yon patisipasyon nan okazyon sa yo ta dwe kouvri tèt li tou? Petèt li ka pa nesesè pou yon sè kouvri tèt li nan kèk okazyon, piske nan okazyon sa yo, tout moun nan oditwa a kapab wè an reyalite se pa li k ap kondui reyinyon an. Pa egzanp, li kapab pa bezwen fè sa lè l ap entèprete kòmantè moun nan oditwa a ap fè, patisipasyon sè yo ap fè yo oswa demonstrasyon yo. Men, lè l ap entèprete diskou frè yo ap fè pandan reyinyon sa yo, lè l ap entèprete Etid Toudegad la oswa Etid biblik kongregasyon an, oubyen lè l ap entèprete kantik yo an lang siy, li ta dwe kouvri tèt li. Nan yon reyinyon, yon sè kapab gen posiblite pou l entèprete pou frè, pou sè, pou timoun ak pou ansyen. Pakonsekan, li kapab pi pratik pou l kouvri tèt li pandan tout reyinyon an nèt.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Pou w ka jwenn enfòmasyon detaye anrapò ak sikonstans pou yon sè kouvri tèt li, gade nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a, soti nan paj 209 rive nan paj 212.