Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa priyè w yo montre konsènan ki kalite moun ou ye?

Ki sa priyè w yo montre konsènan ki kalite moun ou ye?

Ki sa priyè w yo montre konsènan ki kalite moun ou ye?

“Paske ou tande lè y’ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou.” —SÒM 65:2.

1, 2. Poukisa sèvitè Jewova yo kapab priye l avèk konfyans?

JEWOVA toujou koute priyè moun k ap sèvi l fidèlman yo. Nou kapab gen konfyans li tande nou lè n ap priye l. Menmsi plizyè milyon Temwen Jewova ta ap priye Bondye anmenmtan, li t ap kapab tande yo tout.

2 Salmis David te gen konviksyon Bondye t ap koute priyè li yo, se sa k fè li te di nan yon chante: “Paske ou tande lè y’ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou.” ​(Sòm 65:2). Jewova te koute priyè David yo paske David te yon sèvitè l ki fidèl. Nou kapab poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske priyè m yo montre mwen kwè nan Jewova e mwen bay adorasyon ki pwòp la priyorite nan lavi m? Ki sa priyè m yo montre konsènan relasyon mwen genyen avèk Jewova?’

Annou pwoche bò kote Jewova avèk imilite

3, 4. a) Ki atitid nou ta dwe genyen lè n ap priye Bondye? b) Ki sa nou ta dwe fè si nou gen ‘panse k ap enkyete nou’ paske nou te fè yon peche grav?

3 Si nou vle Bondye egzose priyè nou yo, nou bezwen pwoche bò kote l avèk imilite (Sòm 138:6). Nou dwe mande Jewova pou l egzamine nou, menm jan ak David. Men sa l te di: “Sonde m, o Bondye, e konnen kè m. Egzamine m, e konnen panse k ap enkyete m yo, gade si pa gen chemen doulè nan mwen, e kondui m nan chemen tan endefini an.” ​(Sòm 139:23, 24, NW). Nonsèlman nou bezwen priye Bondye pou l egzamine nou, men tou nou bezwen kite l egzamine nou e nou bezwen suiv konsèy li ban nou nan Pawòl li a. Jewova kapab mennen nou nan “chemen ki la pou tout tan an”, sa vle di li kapab ede nou kontinye kous k ap mennen nou nan lavi etènèl la.

4 Ki sa nou ta dwe fè si nou gen ‘panse k ap enkyete nou’ paske nou te fè yon peche grav? (Li Sòm 32:1-5.) Lè n ap eseye lite ak konsyans nou k ap bat nou pou nou toufe l, sa kapab afebli nou. Nou kapab vin tankou yon pyebwa ki vin fennen nan epòk chalè. Akoz peche David te fè, li te pèdi lajwa l e sanble li te vin malad. Men, se pa ti soulajman li te jwenn lè l te konfese peche l bay Bondye! Imajine lajwa David te genyen lè li te konnen Jewova pase sou ‘rebelyon l te fè a’ ​(NW) e li padone l. Lè yon moun ki te fè yon peche konfese peche a bay Bondye, sa kapab fè l jwenn yon soulajman, men tou, ansyen yo kapab ede l rejwenn lasante nan domèn espirityèl. —Pwo. 28:13; Jak 5:13-16.

Annou sipliye Bondye e annou remèsye l

5. Ki sa sa vle di sipliye Jewova?

5 Si nou gen anpil enkyetid akoz yon pwoblèm kèlkonk, nou ta dwe aplike konsèy Pòl ban nou lè l di nou: “Pa chaje tèt nou ak anyen, okontrè, nan tout bagay, se pou nou fè Bondye konnen rekèt nou yo nan lapriyè ak siplikasyon, ansanm ak remèsiman.” ​(Fil. 4:6, Bib Kreyòl La). “Sipliye” vle di “fè yon demann avèk imilite”. Lè nou gen pwoblèm oswa lè nou jwenn pèsekisyon, se sitou nan moman sa yo, nou bezwen sipliye Jewova pou l ede nou e pou l gide nou.

6, 7. Pou ki rezon nou ta dwe di Bondye mèsi nan priyè nou yo?

6 Sepandan, si nou priye Bondye sèlman lè nou bezwen yon bagay, ki sa sa ap montre sou mobil nou? Pòl te di nou ta dwe fè Bondye konnen rekèt nou yo, sètadi demann nou yo, “ansanm ak remèsiman”. Se sèten, nou gen rezon pou nou di Bondye mèsi menm jan David te fè sa. Li te di: ‘Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W’ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sèl wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. [...] Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi.’ —1 Kwo. 29:11-13.

7 Jezi te konn di Bondye mèsi pou manje li te ba li, e li te di l mèsi pou pen ak diven li te itilize nan Soupe Seyè a (Mat. 15:36; Mak 14:22, 23). Nonsèlman nou ka di Jewova mèsi pou bagay konsa, men tou, nou ta dwe “di [l] mèsi” ‘pou bèl bagay li fè pou moun’, pou “jijman” l yo e pou pawòl li, oswa mesaj li, li mete nan Bib la pou nou. —Sòm 107:15; 119:62, 105.

Annou priye pou lòt moun

8, 9. Poukisa nou ta dwe priye pou lòt kretyen menm jan avè n yo?

8 Pa gen dout nan sa, nou priye pou tèt nou. Sepandan, nou ta dwe priye pou lòt moun tou, menm pou lòt kretyen nou pa konnen non yo. Li posib pou apot Pòl pa t konnen tout kwayan ki te nan kongregasyon Kolòs la, sepandan, men sa li te ekri yo: “Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an, mèsi lè m’ap lapriyè pou nou. Mwen pran nouvèl jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.” ​(Kol. 1:3, 4). Pòl te priye Bondye tou pou kretyen Tesalonik yo (2 Tes. 1:11, 12). Lè nou priye pou frè ak sè nou yo, sa montre anpil bagay sou ki kalite moun nou ye e ki jan nou konsidere kwayan parèy nou.

9 Lè nou priye pou kretyen wen yo e pou “lòt mouton” yo, ki se konpayon yo, nou montre nou gen sousi pou òganizasyon Bondye a (Jan 10:16). Pòl te mande lòt adoratè Bondye menm jan avè l yo pou yo priye pou li yon fason ‘pou l te ka gen kapasite pou l fè konnen sekrè sakre bon nouvèl la’. (Efe. 6:17-20, NW.) Èske pèsonèlman nou priye pou lòt kretyen yo nan menm sans lan tou?

10. Lè nou priye pou lòt moun, ki efè sa gen sou nou?

10 Lè nou priye pou lòt moun, sa kapab chanje fason nou wè yo. Si nou priye pou yon moun nou pa fin twò apresye, sa kapab fè nou vin gen plis apresyasyon pou li (1 Jan 4:20, 21). Priyè sa yo kapab ankourajan pou nou e yo kapab fè nou ini avèk frè nou yo. Anplis, yo montre nou gen menm lanmou Jezi genyen an (Jan 13:34, 35). Kalite sa a se yon fasèt nan fwi lespri Bondye a. Èske nou priye Jewova pou l ban nou lespri sen l pou ede nou demontre fwi lespri a ki se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè ak metriz (Lik 11:13; Gal. 5:22, 23)? Si nou fè sa, pawòl nou ak aksyon nou ap montre nou se moun k ap mache selon lespri a e k ap viv selon lespri a. —Li Galat 5:16, 25.

11. Poukisa li apwopriye pou nou mande lòt moun priye pou nou?

11 Si nou aprann yon pitit nou te anvi triche nan egzamen li t ap fè nan lekòl li, nou ta dwe priye pou li e nou ta dwe sèvi ak Ekriti yo pou nou ede l yon fason pou l ka aji avèk onètete e pou l pa fè anyen ki mal. Men sa Pòl te di kretyen Korent yo: ‘N ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal.’ ​(2 Kor. 13:7). Lè nou priye Jewova avèk imilite konsa, sa fè l plezi e sa bay yon bon enpresyon sou nou. (Li Pwovèb 15:8.) Nou kapab mande lòt moun pou yo priye pou nou, menm jan apot Pòl li menm te konn fè sa. Men sa li te ekri: “Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.” —Ebre 13:18.

Lòt bagay priyè nou yo montre sou nou

12. Ki sa k ta dwe prensipal bagay nou mande nan priyè nou?

12 Èske priyè nou yo montre nou se Temwen Jewova ki gen kè kontan e ki zele? Nan siplikasyon n ap fè yo, èske nou pale toudabò sou dezi nou genyen pou nou viv ann amoni ak volonte Bondye, sou predikasyon mesaj Wayòm nan e sou jistifikasyon souvrènte Jewova ak sangtifikasyon non l? Pwen sa yo se prensipal bagay nou ta dwe mande nan priyè nou, jan Jezi te montre sa nan priyè li te bay kòm modèl la. Priyè sa a kòmanse ak pawòl sa yo: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” —Mat. 6:9, 10, NW.

13, 14. Ki sa priyè nou yo montre sou nou?

13 Priyè n ap fè Bondye yo montre mobil nou, sa ki enterese nou ak dezi nou. Jewova konnen ki jan de moun nou ye toutbon. Pwovèb 17:3 di nou: “Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Senyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.” Bondye wè sa ki nan kè nou (1 Sam. 16:7). Li konnen ki jan nou konsidere reyinyon yo, ministè nou ak frè ak sè nou yo. Jewova konnen ki sa nou panse konsènan “frè” Kris yo (Mat. 25:40). Li konnen si sa n ap priye pou li a se yon bagay nou vle toutbonvre oswa si se pawòl nou annik ap repete. Jezi te di: “Lè w’ap priye, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.” —Mat. 6:7.

14 Anplis, pawòl n ap di nan priyè nou yo montre jis nan ki pwen nou mete konfyans nou nan Bondye. Men sa David te di: “Ou [Jewova] montre w se yon refij pou mwen, yon fotrès ki solid devan ènmi an. M ap youn pami moun ou envite nan tant ou a pou tout tan; m ap pran refij anba zèl ou ki se yon kachèt.” ​(Sòm 61:3, 4, NW). Nan yon sans figire, kouvri Bondye ‘kouvri nou anba tabènak la [oswa tant li a]’ vle di li ban nou sekirite ak pwoteksyon l (Rev. 7:15, Bib Kreyòl La). Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou nou priye Jewova e pou nou gen konviksyon li ‘bò kote nou’ ​(NW) kèlkeswa eprèv lafwa nou jwenn! —Li Sòm 118:5-9.

15, 16. Ki sa lapriyè kapab ede nou konprann konsènan dezi nou genyen pou nou gen privilèj nan sèvis Jewova a?

15 Lè nou priye Jewova konsènan mobil nou yo avèk franchiz, sa kapab ede nou byen konprann yo toutbonvre. Pa egzanp, nou gendwa chofe pou nou vin yon siveyan pami pèp Bondye a, men, èske se paske nou vrèman vle sèvi lòt moun avèk imilite e nou vle fè tout sa nou kapab pou nou fè travay Wayòm nan avanse ki fè nou gen dezi sa a? Oubyen èske se paske nou bezwen gen “premye plas” ​(NW) pami lòt moun yo oswa paske nou bezwen “kòmande an mèt” ​(NW) sou yo ki fè nou vle sa? Se pa konsa bagay yo ta dwe ye nan mitan pèp Jewova a. (Li 3 Jan 9, 10; Lik 22:24-27.) Si nou gen dezi ki pa bon nan nou, lè nou priye Jewova Dye avèk franchiz, sa kapab fè nou idantifye dezi sa yo e sa kapab ede nou chanje yo anvan yo vin anrasinen byen fon nan nou.

16 Medam ki kretyèn yo gendwa ta renmen ak tout kè yo pou yo wè mari yo vin asistan ministeryèl, e apre sa, pou yo vin siveyan oswa ansyen. Sandout, sè sa yo pale de sa nan priyè y ap fè, men anplis de sa, yo ta dwe aji ann amoni ak priyè yo fè yo e yo ta dwe fè efò pou yo gen yon konduit moun ka pran kòm modèl. Sa enpòtan, paske pawòl moun ki fè pati fanmi yon frè ap di ak konduit yo gen yon efè sou fason lòt moun konsidere frè sa a nan kongregasyon an.

Lè nou reprezante lòt moun nan priyè an piblik

17. Poukisa li bon pou nou chèche yon kote pou nou priye an prive?

17 Souvan, Jezi te konn kite foul moun yo pou l al yon kote pou l priye Papa l an prive (Mat. 14:13; Lik 5:16; 6:12). Nou menm tou, souvan, nou bezwen moman pou nou poukont nou pou nou ka priye. Lè n ap priye byen kalm yon kote ki anpè, nou gen posiblite pou nou pran desizyon k ap fè Jewova plezi e k ap ede nou kenbe djanm nan adorasyon l lan. Sepandan, Jezi te konn priye an piblik tou. Li bon pou nou konsidere ki fason nou kapab byen fè sa.

18. Ki pwen frè yo ta dwe gen nan lespri yo lè y ap reprezante yon kongregasyon nan lapriyè?

18 Nan reyinyon nou yo, frè ki fidèl yo konn reprezante kongregasyon an nan priyè an piblik (1 Tim. 2:8). Lòt kwayan yo ta dwe santi yo anmezi pou yo di “amèn”, ki siyifi “se pou sa fèt konsa”, nan fen yon priyè yo fè an piblik. Men, pou yo fè sa, fòk yo dakò ak sa ki di nan priyè a. Nan priyè Jezi te bay kòm modèl la, pa gen anyen ki ka choke lòt moun, ni ki ka montre li manke konsiderasyon pou lòt moun (Lik 11:2-4). Anplis de sa, li pa t pale an detay konsènan sa chak moun ki t ap koute l yo te bezwen ak tout pwoblèm yo te genyen. Li apwopriye pou nou priye konsènan pwoblèm pèsonèl yo an prive, e non pa an piblik. Lè nou reprezante yon gwoup moun nan yon priyè, nou pa ta dwe pale de bagay konfidansyèl nan priyè a.

19. Ki jan nou ta dwe konpòte nou lè n ap priye an piblik?

19 Lè yon frè reprezante nou nan yon priyè l ap fè an piblik, nou dwe demontre nou gen anpil respè ak “krentif pou Bondye”. (1 Pyè 2:17.) Gen kèk bagay nou pa ta dwe fè nan reyinyon kretyen yo, paske yo pa apwopriye nan moman sa a (Ekl. 3:1). Pa egzanp, annou sipoze yon moun ap chèche fè yon chèn ak yon gwoup moun kote youn kenbe men lòt pandan yon priyè. Sa kapab deranje kèk moun oswa sa kapab detounen atansyon yo, e pami moun sa yo, gen moun ki vin vizite nou ki pa gen menm kwayans ak nou. Gen moun ki marye ki kapab kenbe men youn lòt yon fason diskrè, men si youn ta pase men nan kou lòt oswa youn ta pase men nan tay lòt pandan y ap fè priyè a, moun ki wè sa ka trebiche. Yo ka panse oswa yo ka gen enpresyon moun ki fè sa yo plis konsantre sou relasyon santimantal yo genyen pase yo konsantre sou nesesite pou yo demontre respè pou Jewova. Piske nou gen anpil respè pou li, annou “fè tout bagay pou glwa [li]” e annou evite konpòte nou yon fason ki ka detounen atansyon moun, ki ka choke yo oswa ki ka fè yo trebiche. —1 Kor. 10:31, 32, Bib Kreyòl La; 2 Kor. 6:3.

Lè nou pa konn sa pou nou di nan priyè nou

20. Ki jan w ka esplike Women 8:26, 27?

20 Pafwa, nou ka pa konnen ki sa pou nou di nan priyè n ap fè an prive. Men sa Pòl te ekri: “Lespri [sen] Bondye a vin ede nou [...] paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n’ap lapriyè [...]. L’ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande.” ​(Wom. 8:26, 27). Jewova te fè yo ekri anpil priyè nan Ekriti yo. Li konsidere priyè enspire sa yo kòm demann nou ta renmen fè l e li reponn yo pou nou. Bondye konnen nou e li konnen sans bagay li te fè lespri l di pa mwayen moun ki te patisipe nan ekri Bib la. Jewova reponn siplikasyon nou yo lè lespri a “mande” pou nou, sètadi li entèsede pou nou. Men, tank n ap pi byen konnen Pawòl Bondye a, bagay nou bezwen mande nan priyè nou yo kapab vin nan lespri nou pi fasil.

21. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

21 Jan nou te remake sa, priyè nou yo kapab montre anpil bagay konsènan ki kalite moun nou ye. Pa egzanp, yo ka montre nan ki pwen nou pwòch ak Jewova e nan ki mezi nou byen konnen Pawòl li a (Jak 4:8). Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk priyè ak kèk pawòl moun te di ki nan Bib la ki sanble priyè. Ki efè sa kapab gen sou fason nou priye Bondye?

Ki repons nou ta bay?

• Ki atitid nou ta dwe genyen lè n ap priye Jewova?

• Poukisa nou dwe priye pou frè ak sè nou yo?

• Ki sa priyè nou yo ka montre sou nou e sou mobil nou?

• Ki jan nou ta dwe konpòte nou lè n ap priye an piblik?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Èske w louwe Jewova regilyèman e èske w remèsye l regilyèman?

[Foto nan paj 6]

Nou ta dwe toujou onore Jewova nan fason nou konpòte nou lè n ap priye an piblik.