Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou w cheri plas ou nan kongregasyon an

Se pou w cheri plas ou nan kongregasyon an

Se pou w cheri plas ou nan kongregasyon an

“Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l vle.” —1 KOR. 12:18.

1, 2. a) Ki sa ki montre chak moun gen yon plas li kapab montre li cheri nan kongregasyon an? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

DEPI nan epòk Izrayèl tan lontan an, kongregasyon an se yon dispozisyon Jewova pran pou l nouri sèvitè l yo espirityèlman e pou l ba yo direksyon. Apre Izrayelit yo te fin pran vil Ayi, “Jozye [te] li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a [...] devan tout pèp [“kongregasyon”, NW] Izrayèl la”. —Joz. 8:34, 35.

2 Nan premye syèk la, apot Pòl te di Timote, yon ansyen, kongregasyon kretyen an se “kay Bondye a”, “yon pilye e yon sipò pou laverite”. (1 Tim. 3:15, NW.) Jodi a, “kay” Bondye a se fanmi mondyal nou fòme antanke vrè kretyen an. Nan chapit 12 lèt enspire Pòl te ekri Korentyen yo, li te konpare kongregasyon an ak kò yon moun. Li te fè konnen menmsi chak manm nan kongregasyon an pa jwe menm wòl, yo tout enpòtan. Men sa li te ekri: “Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l vle.” Li te menm fè yo konnen “manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo”. (1 Kor. 12:18, 23.) Se sa k fè, wòl yon moun fidèl jwe nan kay Bondye a pa gen ni plis valè ni mwens valè pase wòl yon lòt kretyen fidèl jwe. Wòl yo jis diferan. Men, ki jan nou kapab jwenn plas nou nan kongregasyon Bondye a e ki jan nou kapab montre nou bay plas sa a valè? Ki sa ki kapab gen yon efè sou plas nou nan kongregasyon an? E ki jan nou kapab fè li ‘klè pou tout moun, n ap fè pwogrè’? —1 Tim. 4:15, Bib Kreyòl La.

Ki jan nou kapab montre nou cheri plas nou?

3. Bay yon fason nou kapab jwenn plas nou nan kongregasyon an e nou kapab montre nou cheri plas sa a.

3 Yon fason nou kapab jwenn plas nou nan kongregasyon an e nou kapab montre nou cheri plas sa a, se lè nou kolabore ak “esklav fidèl ki prevwayan an” ​(NW) nan tout bagay e nou kolabore menm jan an ak Kolèj santral la ki reprezante l. (Li Matye 24:45-47.) Nou bezwen reflechi pou nou wè nan ki pwen nou suiv enstriksyon nou resevwa nan men klas esklav la. Pandan ane ki pase yo, nou resevwa enstriksyon sou abiman nou, sou aparans nou, sou kalite detant n ap pran e sou fason nou pa dwe sèvi ak Entènèt. Èske nou byen suiv konsèy sa yo yon fason pou nou ka pwoteje tèt nou espirityèlman? Èske nou suiv tou konsèy nou jwenn pou nou fè Adorasyon an fanmi regilyèman? Èske nou pran konsèy sa a oserye e èske nou deja chwazi yon sware pou nou fè sa? Si nou selibatè, èske nou pran tan pou nou fè etid pèsonèl nou nan Ekriti yo? Jewova ap beni nou chak pèsonèlman e l ap beni nou antanke fanmi si nou suiv enstriksyon klas esklav la ban nou.

4. Ki sa nou ta dwe pran an konsiderasyon lè n ap pran desizyon pèsonèl?

4 Gen moun ki kapab panse kalite detant yo pran, abiman yo ak aparans yo se bagay ki gen rapò ak preferans pèsonèl yo. Sepandan, yon kretyen ki cheri plas li nan kongregasyon an pap pran desizyon sou baz preferans pèsonèl li sèlman. Li dwe konsidere pwennvi Jewova li jwenn nan Pawòl li a, Labib, anvan. Mesaj ki ladan l lan ta dwe tankou ‘yon chandèl ki fè l wè kote l’ap mete pye l’ ak ‘yon limyè k’ap klere chemen li’. (Sòm 119:105.) N ap montre nou saj tou si nou reflechi sou konsekans chwa nou fè yo kapab genyen sou ministè nou e sou lòt moun, kit yo anndan kongregasyon an, kit yo deyò kongregasyon an. —Li 2 Korentyen 6:3, 4.

5. Poukisa nou ta dwe veye pou nou pa vin gen yon etadespri endepandan?

5 “Move lespri k’ap travay kounyeya nan moun k’ap dezobeyi Bondye yo” tèlman gaye toupatou, li tankou lè n ap respire a (Efe. 2:2). Espri sa a ka fè nou panse nou pa bezwen direksyon nan men òganizasyon Jewova a. Se sèten nou pa ta dwe tankou Dyotrefès, yon kretyen ki pa t vle ‘resevwa anyen apot Jan te voye avèk respè’. (3 Jan 9, 10, NW.) Nou bezwen veye pou nou pa vin gen yon etadespri endepandan. Kit se an pawòl, kit se ann aksyon, pinga nou janm mete nou ann opozisyon ak kanal Jewova itilize jodi a pou l kominike ak nou an (Nonb 16:1-3). Okontrè, nou ta dwe cheri privilèj nou genyen pou nou kolabore ak esklav la. Anplis, èske nou pa ta dwe fè sa nou kapab pou nou obeyisan e pou nou soumèt devan moun k ap dirije nou nan kongregasyon nou an? —Li Ebre 13:7, 17.

6. Poukisa nou ta dwe egzamine sitiyasyon nou?

6 Yon lòt fason nou kapab montre nou cheri plas nou nan kongregasyon an, se lè nou analize sitiyasyon nou epi nou fè tout sa nou kapab pou nou ‘bay sèvis n ap bay Jewova a onè’. (Wom. 11:13, NW.) Gen moun ki kapab vin pyonye pèmanan. Gen lòt ki antre nan yon fòm sèvis espesyal aplentan tankou misyonè, siveyan itineran, oubyen ki vin manm youn nan fanmi Betèl ki genyen toupatou nan monn nan. Gen anpil frè ak sè ki patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm. Pifò nan moun ki fè pati pèp Jewova a fè sa yo kapab pou yo ede fanmi yo sou plan espirityèl, e yo fè sa yo kapab pou yo patisipe afon nan ministè a chak semèn. (Li Kolosyen 3:23, 24.) Nou kapab gen asirans lè nou ofri tèt nou volontèman pou nou sèvi Bondye e nou fè tout sa nou kapab pou nou sèvi l ak tout kè nou, ap toujou gen yon plas pou nou nan kongregasyon an.

Ki sa ki gen efè sou wòl nou jwe nan kongregasyon an?

7. Esplike ki sa ki gen efè sou wòl nou jwe anndan kongregasyon an.

7 Sa nou kapab fè oswa sa li posib pou nou fè gen yon efè sou wòl nou jwe anndan kongregasyon an. Pa egzanp, plas yon frè okipe nan kongregasyon an plizoumwen diferan parapò ak plas yon sè okipe. Anplis, laj nou, sante nou ak lòt bagay ankò gen enfliyans sou sa nou kapab fè nan sèvis Jewova a. Pwovèb 20:29 di: “Se kouray ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l yo ki fè valè l.” Manm kongregasyon an ki pi jèn yo gendwa kapab fè plis fizikman paske yo jèn e yo gen fòs, sepandan, manm ki pi aje yo itil kongregasyon an anpil grasa sajès yo ak eksperyans yo. Nou bezwen sonje tou kèlkeswa sa nou rive akonpli nan òganizasyon Jewova a, se favè san parèy li fè nou an ki rann sa posib. —Tra. 14:26; Wom. 12:6-8.

8. Ki wòl dezi nou jwe nan detèmine sa nou fè nan kongregasyon an?

8 Egzanp de sè chanèl montre yon lòt bagay ankò ki detèmine ki plas nou kapab okipe nan kongregasyon an. Yo toule de fini klas yo. Yo nan menm sitiyasyon. Paran yo te fè tout sa yo kapab pou yo ankouraje yo vin pyonye pèmanan apre yo fin gradye. Sepandan, apre yo fin gradye, youn nan yo vin pyonye pèmanan, alòske lòt la kòmanse travay aplentan. Poukisa yo pa t fè menm chwa? Paske yo pa t gen menm dezi. Finalman, yo chak te fè sa yo te vle fè. Èske se pa konsa sa ye pou pifò nan nou? Se sa k fè nou bezwen reflechi seryezman konsènan sa nou vle fè nan sèvis Bondye a. Èske nou kapab fè plis nan sèvis li a, menmsi sa ta mande pou nou fè ajisteman nan sitiyasyon nou? —2 Kor. 9:7.

9, 10. Ki sa nou ta dwe fè si nou pa santi nou anvi fè plis nan sèvis Jewova a?

9 Ki sa pou nou fè si nou pa santi nou anvi fè plis nan sèvis Jewova a e si nou gen tandans pou nou fè sèlman minimòm nan sèvis li a? Men sa Pòl te di nan lèt li te ekri Filipyen yo: “Se Bondye menm k’ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l vre.” Wi, Jewova kapab aji nan nou pou li pouse nou gen volonte, oswa dezi, pou nou fè yon bagay. —Fil. 2:13; 4:13.

10 Kidonk, èske nou pa ta dwe mande Jewova pou li fè nou anvi fè volonte l? Wa David te fè sa. Men sa li te di: “Senyè, [...] moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a! Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.” ​(Sòm 25:4, 5). Nou kapab fè menm jan an tou lè nou priye Jewova pou l fè nou fè sa ki fè l plezi. Lè nou reflechi sou fason Jewova Dye ak Pitit li a konsidere sa nou fè nan sèvis yo, kè nou ranpli ak rekonesans pou yo (Mat. 26:6-10; Lik 21:1-4). Rekonesans sa a kapab pouse nou sipliye Jewova pou l fè nou anvi fè plis nan sèvis li. Pwofèt Izayi kite yon egzanp pou nou anrapò ak atitid nou ta dwe devlope nan sans sa a. Yon lè, Jewova te pale avè l e li te mande l: “Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou?” Lè sa a, pwofèt Izayi reponn li: “Men mwen. Voye m!” —Iza. 6:8.

Ki jan nou kapab fè pwogrè?

11. a) Sa k fè li nesesè pou frè yo chèche jwenn responsablite nan kongregasyon an? b) Ki jan yon frè ka chèche jwenn privilèj?

11 Pandan ane sèvis 2008 la, te gen 289 678 moun ki te batize sou tout tè a. Donk, li vrèman nesesè pou gen plis frè k ap dirije nan kongregasyon yo. Ki sa yon frè ta dwe fè fas ak bezwen sa a? Yon fason senp, li ka chèche ranpli kondisyon Ekriti yo bay pou yon frè vin asistan ministeryèl oswa ansyen (1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9). Ki jan yon frè ka chèche ranpli kondisyon sa yo? Se lè l patisipe avèk zèl nan ministè a, li akonpli asiyasyon yo ba li nan kongregasyon an, li fè efò pou li amelyore kalite kòmantè l ap fè nan reyinyon yo e li pran ka frè l ak sè l yo. Lè l fè tout bagay sa yo, li montre li apresye plas li nan kongregasyon an.

12. Ki jan jèn yo ka montre yo gen zèl pou laverite?

12 Ki sa jèn frè yo, sitou sa ki nan laj adolesan yo, kapab fè pou yo pwogrese nan kongregasyon an? Yo kapab fè efò pou yo vin gen “sajès ak bon konprann [nan domèn] espirityèl” lè yo etidye Ekriti yo (Kol. 1:9, Bib Kreyòl La). Lè yo fè sa regilyèman e avèk swen epi yo patisipe nan reyinyon yo, se sèten sa ap ede yo atenn objektif sa a. Jèn frè yo kapab pwogrese tou lè yo fè sa yo kapab pou yo kalifye pou yo antre nan “yon gwo pòt [ki] louvri devan [yo] pou ministè a”. Pòt sa a pèmèt yo antre nan divès fòm sèvis aplentan (1 Kor. 16:9, Bib Kreyòl La). Lè yon moun fè karyè nan sèvis Jewova, sa pèmèt li viv yon fason ki ba l anpil satisfaksyon e k ap fè l jwenn anpil benediksyon. —Li Eklezyas 12:1.

13, 14. Ki jan sè yo ka montre yo cheri wòl yo jwe nan kongregasyon an?

13 Sè yo tou ka montre yo cheri privilèj yo genyen pou yo patisipe nan akonplisman Sòm 68:11 lan. Men sa nou li nan vèsè sa a: “Senyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la.” Youn nan fason ki pi remakab sè yo ka montre rekonesans yo pou plas yo nan kongregasyon an, se lè yo patisipe nan travay predikasyon an (Mat. 28:19, 20). Donk, lè sè yo patisipe afon nan ministè a e yo aksepte fè sakrifis travay sa a mande, yo montre yo cheri wòl yo jwe nan kongregasyon an.

14 Men sa Pòl te di lè l te ekri Tit: “Granmoun fi yo dwe gen konpòtman moun bon karaktè. [...] Yo dwe bay bon konsèy. Konsa, y ap aprann jèn medam yo larezon, jan pou yo renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo, pou yo gen kontwòl tèt yo, pou lavi yo pwòp, pou yo okipe kay yo, pou yo bon moun, pou yo obeyi pwòp mari yo. Lè sa a, moun p ap denigre pawòl Bondye a.” ​(Tit 2:3-5, Bib Kreyòl La). Nan kongregasyon an, sè ki gen matirite yo kapab gen bon enfliyans sou lòt moun yo. Lè yo respekte frè nome yo e yo pran desizyon ki saj nan kèk domèn nan lavi yo tankou abiman yo, aparans yo ak detant y ap pran, yo bay lòt moun bèl egzanp e yo montre yo cheri plas yo nan kongregasyon an.

15. Ki sa sè selibatè yo kapab fè lè yo santi yo poukont yo?

15 Pafwa, li kapab difisil pou yon sè selibatè jwenn plas li nan kongregasyon an. Men sa yon sè ki santi sa te di: “Lè yon moun selibatè, pafwa li kapab santi li poukont li.” Lè yo te mande l ki sa li fè pou l jere sa, men sa li te di: “Lapriyè ak etid ede m jwenn plas mwen ankò. Mwen fè etid konsènan fason Jewova wè m. Epi mwen fè sa mwen kapab pou m ede lòt moun nan kongregasyon an. Sa ede m pou m pa konsantre sou tèt mwen.” Men sa Jewova te di David nan Sòm 32:8: “M’a ba ou bon konsèy. M’a voye je sou ou.” Wi, Jewova enterese pèsonèlman nan tout sèvitè l yo, san wete sè selibatè yo, e l ap ede tout moun pou yo jwenn plas yo nan kongregasyon an.

Kenbe plas ou!

16, 17. a) Poukisa lè nou aksepte envitasyon Jewova ban nou pou nou fè pati òganizasyon l lan, se pi bon desizyon nou ka pran? b) Ki jan nou kapab kenbe plas nou nan òganizasyon Jewova a?

16 Avèk amou, Jewova atire chak sèvitè l yo pou yo vin gen bon relasyon avèk li. Jezi te di: “Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m lan pa rele l vini.” ​(Jan 6:44). Pami plizyè milya moun ki gen sou tè a, Jewova envite nou pèsonèlman pou nou vin fè pati kongregasyon l lan jodi a. Lè nou te aksepte envitasyon sa a, se meyè desizyon nou te ka pran. Desizyon sa a bay lavi nou yon objektif ak yon sans. Nou santi nou gen lajwa e nou satisfè lefètke nou gen plas nou nan kongregasyon an!

17 Men sa yon salmis te di: “Jewova, mwen renmen kote kay ou ye a.” Li te di tou: “Pye pa m pral kanpe yon kote ki plat. Pami foul moun ki rasanble yo mwen pral beni Jewova.” ​(Sòm 26:8, 12, NW). Vrè Dye a sere yon plas pou nou chak nan kongregasyon l lan. Lè nou kontinye suiv enstriksyon teyokratik yo e lè nou kontinye sèvi Bondye, n ap kapab kenbe plas nou nan kongregasyon l lan, yon plas ki gen anpil valè.

Èske nou sonje?

• Poukisa li rezonab pou nou di, antanke kretyen, nou tout gen plas nou nan kongregasyon an?

• Ki jan nou montre nou cheri plas nou genyen nan òganizasyon Bondye a?

• Ki sa ki kapab gen yon efè sou plas nou nan kongregasyon an?

• Ki jan ni jèn ni granmoun ka demontre yo cheri plas yo nan kongregasyon Bondye a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Ki jan frè yo kapab chèche gen privilèj nan kongregasyon an?

[Foto nan paj 17]

Ki jan sè yo ka montre yo cheri plas yo nan kongregasyon an?