Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon tifi ki donan

Yon tifi ki donan

Yon tifi ki donan

TOU DÈNYÈMAN, yon tifi nan peyi Brezil ki gen nevan te deside poukont li pou l pran yon ti kòb li te sere e pou l separe l an de, 18 dola ak 25 dola. Li pran pi piti kòb la li mete l nan bwat kontribisyon ki nan Sal Wayòm li an pou ede nan depans k ap fèt pou kongregasyon an. Epi pi gwo a, li voye l bay filyal Temwen Jewova ki nan peyi l la ansanm ak yon ti lèt. Men sa l te di nan lèt li a: “Mwen bay kontribisyon sa a pou travay mondyal la. Mwen vle ede anpil frè ak sè sou tout tè a pou yo preche bon nouvèl la. Mwen bay li paske mwen renmen Jewova anpil.”

Paran tipitit sa a aprann li enpòtans pou l patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Anplis, yo ede l konprann li enpòtan pou l ‘onore Jewova avèk bagay li genyen ki gen valè’. (Pwo. 3:9, NW.) Menm jan ak tifi sa a, annou tout patisipe nan fè enterè Wayòm nan avanse, ni nan zòn bò lakay nou, ni sou tout tè a.