Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a

Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a

Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a

‘Lanmou andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ —1 KOR. 13:7, 8, NW.

1. a) Byen souvan, ki jan yo prezante lanmou? b) Ki moun e ki bagay anpil moun plis renmen?

YO PIBLIYE anpil bagay sou lanmou. Yo fè anpil elòj pou kalite sa a nan chante yo fè e yo pale de li yon fason ki pa reyalis. Lanmou se youn nan bezwen chak moun genyen. Men, souvan, gen liv ak fim ki prezante l nan istwa damou yon fason ki pa reyèl, e yo vann anpil liv ak fim sa yo. Sepandan, moun yo vrèman pa gen bonjan lanmou yo dwe genyen pou Bondye e pou pwochen yo a. Sa k ap pase jodi a se sa Labib te anonse konsènan dènye jou yo. Moun yo ‘renmen tèt yo, yo renmen lajan, yo renmen plezi pito pase yo renmen Bondye’. —2 Tim. 3:1-5, Bib Kreyòl La.

2. Ki avètisman Labib ban nou konsènan renmen bagay nou pa ta dwe renmen?

2 Lèzòm gen kapasite pou yo demontre lanmou. Pawòl Bondye a avèti nou pou nou fè atansyon pou nou pa renmen bagay nou pa ta dwe renmen. Anplis, Labib dekri sa k ka rive nou lè nou kite yon lanmou konsa pran rasin nan kè nou (1 Tim. 6:9, 10). Èske w sonje sa apot Pòl te ekri konsènan Demas? Byenke li te konn akonpaye Pòl, li te vin renmen bagay monn nan te ofri l (2 Tim. 4:10). Apot Jan te avèti kretyen yo kont gwo danje sa a. (Li 1 Jan 2:15, 16.) Lè yon moun renmen monn nan, bagay ki ladan l yo ak pratik li yo k ap pase, li pa kapab renmen Bondye ak bagay ki soti nan Bondye yo.

3. Ki defi ki devan nou, e ki kesyon sa fè nou poze?

3 Se vre nou pa fè pati moun nan, men n ap viv ladan l toujou. Se sa k fè se yon defi sa ye pou nou evite gen pwennvi monn nan genyen sou lanmou ki pa kòrèk. Li trèzenpòtan pou nou pa tonbe nan renmen bagay nou pa ta dwe renmen oswa bagay ki mal. Kidonk, pou ki moun nou ta dwe kiltive lanmou ki baze sou prensip la e pou ki moun nou ta demontre l? Ki dispozisyon k ap ede nou kiltive lanmou ki andire tout bagay la e ki pa janm fayi a? Lè nou kiltive lanmou sa a, ki byenfè n ap jwenn depi kounye a e ki efè sa ap gen sou avni nou? Nou bezwen konnen pwennvi Bondye sou kesyon sa yo yon fason pou nou ka konnen ki jan pou nou aji ann amoni ak sa l vle.

Annou kiltive lanmou pou Jewova

4. Ki jan lanmou nou gen pou Bondye a ap grandi?

4 Pou nou kiltive yon plant, sa kapab mande pou nou fè yon seri preparasyon e pou nou pran swen l pou nou ede l grandi. Ann imajine yon kiltivatè ki travay di pou l prepare yon tè e pou l plante semans ladan l. Li atann pou semans yo grandi (Ebre 6:7). Se konsa tou lanmou nou gen pou Bondye a ta dwe grandi. Pou sa fèt, ki sa nou bezwen fè? Nou dwe fòme kè nou, ki se bon tè kote semans verite sou Wayòm nan plante a. Nou kapab fè sa lè nou etidye Pawòl Bondye a avèk swen yon fason pou nou ogmante konesans nou sou Bondye (Kol. 1:10). Lè nou asiste reyinyon kongregasyon an òganize regilyèman e nou toujou patisipe ladan yo, sa ede nou ogmante konesans nou tou. Èske nou toujou fè efò pèsonèlman pou nou gen plis konesans? —Pwo. 2:1-7.

5. a) Ki jan nou ka aprann konnen prensipal kalite Jewova yo? b) Ki sa w kapab di sou jistis Bondye, sajès li ak pisans li?

5 Jewova revele nou pèsonalite l nan Pawòl li a. Lè nou etidye Ekriti yo e nou kontinye chèche aprann konnen Jewova ofiramezi, nou kapab vin gen plis apresyasyon pou kalite l yo, tankou jistis li, pisans li, sajès li, e sitou, lanmou li, yon kalite ki eksepsyonèl. Jewova demontre li gen jistis nan tout chemen l yo e nan lwa l yo ki pafè (Det. 32:4; Sòm 19:7). Lè nou reflechi sou tout bagay Jewova kreye yo, nou vin gen anpil respè pou sajès li ki estrawòdinè (Sòm 104:24). Linivè pwouve tou se nan Jewova tout enèji ki aktif soti e li gen yon pisans ki san limit. —Iza. 40:26.

6. Ki jan Bondye te demontre li renmen nou, e ki efè sa gen sou nou?

6 Ki sa nou kapab di konsènan lanmou, prensipal kalite Bondye a? Kalite sa a estrawòdinè anpil e li gen efè sou nou tout. Bondye te demontre li renmen nou lè l te bay ranson an pou l rachte limanite. (Li Women 5:8.) Li te pran dispozisyon sa a pou tout limanite, men se sèlman moun ki byen reyaji devan lanmou l e ki gen lafwa nan Pitit li a k ap jwenn byenfè grasa ranson an (Jan 3:16, 36). Lefètke Bondye te bay Jezi kòm sakrifis pou padone peche nou, sa dwe pouse nou renmen l tou.

7, 8. a) Ki sa nou dwe fè pou nou montre nou renmen Bondye? b) Malgre ki siyasyon pèp Bondye a obsève kòmandman l yo?

7 Ki jan nou kapab demontre nou renmen Bondye pou tout sa l fè pou nou? Men yon repons enspire nou jwenn nan 1 Jan 5:3 ki gen anpil enpòtans. Men sa vèsè a di: “Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.” Wi, lanmou nou gen pou Jewova Dye pouse nou obsève kòmandman l yo. Se youn nan rezon ki fè nou pwoklame non li ak Wayòm li an, sa ki fè lòt moun jwenn byenfè. Lè nou fè sa paske nou gen anpil lanmou pou Bondye nan kè nou, sa demontre nou obsève kòmandman Bondye yo paske nou gen bon mobil. —Mat. 12:34.

8 Toupatou sou tè a, frè nou yo kontinye obsève kòmandman Bondye yo, malgre gen moun ki montre yo pa enterese nan mesaj Wayòm nan oswa ki rejte mesaj sa a kareman. Yo pa janm sispann fè efò pou yo akonpli ministè yo totalman (2 Tim. 4:5). Menm jan ak yo, nou dispoze pataje konesans Bondye a ak lòt moun e nou dispoze obsève tout lòt kòmandman li yo.

Rezon ki fè nou renmen Jezi Kris, Seyè nou an

9. Ki eprèv Kris te andire, e ki sa k te pouse l andire yo?

9 Nou renmen Bondye, e gen anpil rezon ki fè nou kiltive lanmou pou Pitit li a. Byenke nou pa janm wè Jezi, tank n ap aprann yon seri bagay sou li, se tank n ap renmen l pi plis (1 Pyè 1:8). Ki bagay Jezi te andire konsa? Piske Jezi t ap fè volonte Papa l, yo te rayi l, yo te pèsekite l, yo te akize l san rezon e yo te meprize l. Yo te imilye l plizyè lòt fason ankò. (Li Jan 15:25.) Jezi te andire eprèv sa yo paske li te renmen Papa l ki nan syèl la. E se lanmou li genyen ki te pouse l bay lavi l an sakrifis kòm ranson pou anpil moun. —Mat. 20:28.

10, 11. Pou sa Jezi fè pou nou, ki sa nou santi nou oblije fè?

10 Sa Jezi fè pou nou an pouse nou renmen l anretou. Tank n ap reflechi sou sa Kris fè pou nou, se tank n ap renmen l plis. Antanke disip li, nou ta dwe gen objektif pou nou gen lanmou menm jan ak li e pou nou kontinye demontre lanmou sa a lè nou kontinye obsève kòmandman li ban nou pou nou preche Wayòm nan e pou nou fè disip la. —Mat. 28:19, 20.

11 Lè nou konsidere lanmou Kris montre pou limanite, nou santi nou oblije ranpli responsablite nou an anvan lafen an rive. (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Lanmou Kris demontre a jwe yon wòl enpòtan nan akonplisman objektif Bondye pou lèzòm. Kris kite yon egzanp pou nou chak suiv pye pou pye, e lè nou suiv egzanp sa a, sa pèmèt nou patisipe nan ede Bondye akonpli objektif li genyen. Sa mande pou nou vrèman renmen Bondye ak tout kè nou (Mat. 22:37). Lè nou obsève sa Jezi te anseye yo e nou suiv kòmandman l yo, nou montre nou renmen l e nou deside soutni souvrènte Bondye, kèlkeswa sa sa koute nou, menm jan Jezi te fè sa. —Jan 14:23, 24; 15:10.

Annou pousuiv chemen lanmou an, yon chemen ki estrawòdinè

12. Ki sa Pòl te vle fè konprann lè l te pale de “yon chemen estrawòdinè”?

12 Apot Pòl te imite Kris. Lefètke Pòl te suiv Kris pye pou pye, li te ka egzòte frè yo san pwoblèm pou yo imite l (1 Kor. 11:1). Byenke Pòl te ankouraje kretyen Korent yo pou yo te kontinye chèche kèk don lespri a avèk zèl, don kretyen yo te konn resevwa nan premye syèk la, tankou don gerizon ak don pale an lang, li te montre yo gen yon bagay ki te pi enpòtan toujou yo ta dwe pousuiv. Nan 1 Korentyen 12:31 (NW), men sa li te esplike: “Mwen pral montre nou yon chemen estrawòdinè.” Nan kontèks la, vèsè ki vin apre yo montre chemen estrawòdinè sa a se chemen lanmou an. Nan ki sans li estrawòdinè? Pòl te bay esplikasyon sou sa. (Li 1 Korentyen 13:1-3.) Li te di si l ta gen yon seri bèl kapasite e li ta akonpli bagay ki estrawòdinè, men li pa ta gen lanmou, ki sa sa t ap itil li? Li te reponn sa pa t ap itil l anyen. Se lespri Bondye ki te pouse l esplike verite enpòtan sa a. Verite sa a li ede nou konprann nan gen yon gwo efè sou nou!

13. a) Ki tèks nou genyen pou ane 2010 la? b) Nan ki sans lanmou pap janm fayi?

13 Apre sa, Pòl te esplike ki sa lanmou ye e ki sa l pa ye. (Li 1 Korentyen 13:4-8.) Kounye a, pran yon ti tan pou w egzamine nan ki pwen ou aji ann amoni ak fason lanmou mande w aji. Byen gade dènye pati fraz ki nan vèsè 7 la ak premye fraz ki nan vèsè 8 la. Men sa yo di: ‘Lanmou andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ Se vèsè sa yo n ap genyen kòm tèks pou ane 2010 la. N ap remake nan vèsè 8 la, Pòl pale de don lespri yo ki te egziste nan kòmansman kongregasyon kretyen an. Pami don sa yo, te gen don pou bay pwofesi ak don pou pale an lang. Li te di don sa yo te gen pou yo disparèt. Donk, rive yon lè, pa t ap gen don sa yo ankò. Men, t ap toujou gen lanmou. Jewova se lanmou menm, e Jewova etènèl. Se sa k fè lanmou pap janm fayi, li pap janm pase. L ap toujou la paske Bondye nou an ki etènèl gen kalite sa a. —1 Jan 4:8.

Lanmou andire tout bagay

14, 15. a) Ki jan lanmou kapab ede nou andire eprèv nou jwenn yo? b) Sa k fè yon jèn frè pa t vle fè konpwomi?

14 Ki sa k ede kretyen yo andire kèlkeswa eprèv, sitiyasyon difisil ak pwoblèm yo jwenn? Prensipalman, se lanmou ki baze sou prensip la. Lanmou sa a fè nou dispoze fè plis pase abandone bagay materyèl nou posede. Li fè nou dispoze kenbe entegrite nou e li fè nou dispoze pèdi lavi nou pou Kris (Lik 9:24, 25). Reflechi sou fidelite Temwen ki te soufri nan kan konsantrasyon yo, nan kan travay fòse ak nan prizon pandan e apre Dezyèm Gè mondyal la.

15 Gen yon Temwen alman ki rele Wilhelm ki se yon egzanp nan sans sa a. Olye pou l te fè konpwomi ak Nazi yo, li te rete fidèl menm lè li te devan yon gwoup militè nazi ki te resevwa lòd pou yo tire l. Men sa l te di nan yon lèt li te ekri fanmi l pou l di yo orevwa: “Sa ki pi enpòtan, sèke nou dwe renmen Bondye, jan Jezi Kris, Chèf nou an, te ban nou kòmandman sa a. Si nou pran pozisyon fèm pou Li, l ap rekonpanse nou.” Annapre, men sa yon moun nan fanmi l te di ki te parèt nan yon atik Toudegad: “Nan tout pwoblèm nou rankontre nan epòk n ap viv la, antanke fanmi, nou veye aske nou toujou kite lanmou pou Bondye gide nou.” Se menm etadespri sa a anpil frè ki nan prizon nan Ameni, nan Eritre, nan Kore disid ak nan lòt peyi ankò genyen. Frè sa yo kenbe lanmou yo gen pou Jewova a fèm.

16. Ki sa frè nou yo te andire nan Malawi?

16 Nan anpil kote, lafwa frè yo ak andirans yo pase anba divès lòt kalite eprèv. Pandan 26 an, Temwen Jewova nan peyi Malawi yo te anba entèdiksyon gouvènman an, yo te jwenn gwo opozisyon e yo te fè anpil zak mechanste kont yo. Lefètke yo te kontinye andire, yo te jwenn bon rezilta. Paske lè yo te sispann pèsekite yo, yo te anviwon 18 000 Temwen nan peyi a. Trantan apre, kantite a te vin 38 393, plis pase de fwa kantite ki te genyen anvan an. Temwen Jewova yo jwenn menm rezilta sa yo nan lòt peyi ankò.

17. Ki pwoblèm kèk moun jwenn nan fanmi yo lefètke moun nan fanmi yo pa gen menm kwayans avèk yo, e sa k fè yo kapab andire move tretman sa yo?

17 Lè pèp Bondye a ap fè fas ak atak dirèk, sa kapab difisil anpil pou yo. Men, sa pi difisil toujou lè kretyen yo ap fè fas ak opozisyon nan fanmi yo. Pafwa, se moun lakay nou oswa fanmi nou k ap fè presyon sou nou. Èske Jezi pa t deja di sa t ap rive? Wi, e anpil nan nou viv sa l te di a (Mat. 10:35, 36). Gen jèn se paran yo ki pa kwayan ki opoze ak yo. Genyen paran yo menm mete yo deyò, e se lòt Temwen ki akeyi yo lakay yo avèk bonte. Gen lòt jèn moun lakay yo nye yo. Ki sa k ede yo andire move tretman sa yo? Se pa sèlman lanmou yo gen pou lòt frè yo ki pouse yo fè sa, men se sitou bonjan lanmou yo gen pou Jewova e pou Pitit li a. —1 Pyè 1:22; 1 Jan 4:21.

18. Ki jan lanmou ki andire tout bagay la ap ede kretyen ki marye yo?

18 Gen anpil lòt sitiyasyon nan lavi a ki mande pou nou gen lanmou ki andire tout bagay la. Lanmou ede moun ki marye yo respekte pawòl Jezi te di yo: “Pèsonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.” ​(Mat. 19:6). Lè moun ki marye yo jwenn ‘traka nan lavi a’, se pou yo sonje Jewova jwe yon wòl enpòtan nan maryaj yo (1 Kor. 7:28). Pawòl li a di ‘lanmou andire tout bagay’, donk yon mari ak yon madanm ki gen lanmou youn pou lòt ap jwenn fòs pou yo rete atache youn ak lòt e pou yo kenbe maryaj yo solid. —Kol. 3:14.

19. Apre katastwòf natirèl te fin frape kèk peyi, ki sa moun ki nan pèp Bondye a te fè?

19 Lanmou kapab ede nou andire tout bagay lè gen katastwòf natirèl. Se sa k te rive lè yon tranblemanntè te frape nan sid peyi Pewou e lè siklòn Katrina te devaste kèk zòn nan sid peyi Etazini ki nan Gòlf Meksik la. Gen anpil frè ki te pèdi kay yo ak sa yo te posede nan katastwòf sa yo. Lanmou te pouse tout kongregasyon ki nan lemonnantye pou yo voye sekou pou yo. Te gen volontè ki te ede yo rekonstwi kay yo e ki te ede yo repare Sal Wayòm yo. Aksyon sa yo pwouve frè nou yo gen lanmou youn pou lòt e youn toujou pran swen lòt kèlkeswa sikonstans lan. —Jan 13:34, 35; 1 Pyè 2:17.

Lanmou pa janm fayi

20, 21. a) Poukisa lanmou gen yon kokenn enpòtans? b) Poukisa ou deside pousuiv chemen lanmou an?

20 Nan mitan pèp Jewova a jodi a, nou rann nou kont li saj pou nou pousuiv chemen lanmou an, yon chemen estrawòdinè. Vrèmanvre, chemen sa a enpòtan nan tout sitiyasyon. N ap remake ki jan apot Pòl te mete aksan sou verite sa a. Toudabò, li te esplike don lespri yo t ap disparèt, kongregasyon an t ap grandi e l t ap vin gen matirite. Ansuit, li te fini ak pawòl sa yo: “Kounyeya se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.” —1 Kor. 13:13.

21 Finalman, n ap jwenn bagay nou gen konfyans oswa nou gen lafwa n ap jwenn yo, donk, gen yon lè k ap rive, li pap nesesè pou nou gen lafwa nan yo ankò. Kounye a, nou swaf wè yon seri pwomès reyalize, men nou pap kontinye tann yo reyalize ankò lè tout bagay vin tounèf. Men, e lanmou li menm? Lanmou pap janm fayi, sètadi li pap janm pase. L ap toujou la. Toutpandan n ap tann lavi etènèl la, nou sèten n ap wè plis aspè nan lanmou Bondye e n ap vin konprann plis aspè ladan l tou. Si nou fè volonte Bondye; si nou pousuiv chemen lanmou an, yon chemen estrawòdinè ki pap janm fayi, n ap kapab gen lavi pou toutan. —1 Jan 2:17.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa nou dwe fè atansyon pou nou pa renmen bagay nou pa ta dwe renmen?

• Ki bagay konsa lanmou kapab ede nou andire?

• Nan ki sans lanmou pa janm fayi?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 27]

Men tèks pou ane 2010 la: ‘Lanmou andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ —1 Kor. 13:7, 8.

[Foto nan paj 25]

Lanmou nou gen pou Bondye pouse nou preche.

[Foto nan paj 26]

Lanmou ki pa janm fayi a te ede frè ak sè nou yo ki nan Malawi andire eprèv yo te jwenn.