Bib la rive sou gwo zile wouj la
Bib la rive sou gwo zile wouj la
MADAGASKA se katriyèm pi gwo zile sou tè a. Li sitiye a anviwon 400 kilomèt parapò ak kot sidès kontinan Afrik la. Moun Madagaska yo abitye ak non Jewova depi byen lontan, paske, depi plis pase 170 an, gen tradiksyon Bib nan lang Madagaska a ki gen non Bondye ladan yo. Sa k te fèt pou yo te ka pwodui tradiksyon Bib nan lang Madagaka a montre travay sa a te mande pèsistans ak devouman.
Se nan zile Moris, yon zile ki toupre Madagaska, yo te kòmanse chèche mwayen pou yo tradui Labib nan lang Madagaska a. Depi nan ane 1813, Robert Farquhar, yon anglè ki te gouvènè zile Moris, te pran dispozisyon pou yo tradui Evanjil yo nan lang moun Madagaska yo. Annapre, li te ankouraje Radama I, wa Madagaska, pou l envite kèk anseyan ki te fè pati Sosyete misyonè Lonn nan (SML) pou yo vin nan gwo zile wouj la. Souvan, se konsa moun yo rele Madagaska.
Jou ki te 18 out 1818 la, gen de misyonè ki fèt peyi Gal, David Jones ak Thomas Bevan, ki te rive nan vil Toamasina, yon vil ki gen yon waf. Yo te soti nan zile Moris. Lè yo rive Madagaska, yo te rann yo kont moun Madakaska yo se moun ki relijye anpil e ki bay adorasyon zansèt ak tradisyon oral gwo plas nan lavi yo. Moun Madagaska yo te pale yon bèl lang ki gen imaj. Lang sa a fè pati yon gwoup lang ki soti nan lang endonezyen ak lang polinezyen.
Yon ti tan apre Jones ak Bevan te ouvri yon ti lekòl, yo t al chèche madanm yo ak pitit yo nan zile Moris e yo te mennen yo nan vil Toamasina. Men, malerezman, yo tout te trape malarya. Jones te pèdi madanm li ak pitit li a an desanm 1818. De mwa apre, maladi a te touye Bevan ak tout fanmi l. Se sèl David Jones ki pa t mouri.
Men, Jones pa t kite trajedi sa a dekouraje l. Li te detèmine pou l fè moun Madagaska yo jwenn Pawòl Bondye a. Apre li te fin retounen nan zile Moris pou l te ka rejwenn lasante, li te kòmanse aprann lang Madagaska a, sepandan, se pa t yon bagay ki te fasil. Tousuit apre, li te kòmanse travay sou tradiksyon Evanjil Jan an.
An oktòb 1820, Jones te retounen Madagaska. Li t al rete Antananarivo, kapital zile a. Yon ti tan apre, li te ouvri yon lòt lekòl misyonè yo t ap dirije. Kondisyon yo pa t twò bon. Yo pa t gen ni liv, ni tablo, ni biwo. Men, yo te gen yon trè bon pwogram, e timoun yo te chofe pou yo aprann.
Apre Jones te fin fè sèt mwa ap travay poukont li, li te vin gen yon lòt patnè ki te ranplase Bevan, yon misyonè ki te rele David Griffiths. De mesye sa yo te travay san pran souf pou yo tradui Labib nan lang moun Madagaska yo pale a.
Yo kòmanse tradui Labib
Nan kòmansman ane 1820 yo, fason yo te ekri lang yo pale nan Madagaska a te rele sorabe. Yo te ekri mo ki nan lang Madagaska a ak lèt arab. Se sèlman yon ti ponyen moun ki te kapab li l. Se sa k fè apre misyonè yo te fin rankontre ak wa Radama I, li te ba yo dwa adopte alfabè women an pou yo te sèvi avè l pito nan plas sorabe a.
Jones ak Griffiths te kòmanse travay tradiksyon an 10 septanm 1823. Jones te travay sou liv Jenèz la ak liv Matye a, alòske Griffiths te travay sou liv Egzòd la ak liv Lik la. Toule de mesye yo te travay san pran souf. Nonsèlman se yo menm ki te fè pifò nan travay tradiksyon yo t ap fè a, men tou, yo te kontinye anseye nan lekòl la ni maten ni aprèmidi. Anplis, yo te prepare sèvis pou legliz la nan twa lang diferan e se yo ki te kondui sèvis sa yo. Men, yo te bay travay tradiksyon an plis enpòtans pase tout lòt bagay.
Avèk èd yo te jwenn nan men 12 etidyan, yo te tradui tout Ekriti grèk kretyen yo ak anpil liv nan Ekriti ebrayik yo nan 18 mwa sèlman. Nan ane apre a, yo te fin tradui tout Bib la. Natirèlman, yo te bezwen korije l e yo te bezwen rafine l. Se sa k fè, yo te voye de lengwis, David Johns ak Joseph Freeman, vin ede yo. Yo te soti ann Angletè.
Yo kontinye malgre obstak yo
Lè tradiksyon Bib nan lang Madagaska a te fin fèt, Sosyete misyonè Lonn nan te voye Charles Hovenden enstale yon près pou li. Se t apral premye près ki t apral genyen Madagaska. Hovenden te rive 21 novanm 1826. Sepandan, li menm tou li te trape malarya e li te mouri nan espas yon mwa apre l te fin rive. Li pa t kite okenn moun ki te ka fè près la fonksyone. Ane apre a, James Cameron, yon gwo teknisyen ki te soti ann Ekòs, te monte près la grasa yon liv li te jwenn pami ekipman yo. Apre Cameron te fè kont erè l nan eseye fè près la fonksyone, nan jou ki te 4 desanm 1827 la, li te rive enprime yon pati nan premye chapit liv Jenèz la *.
Yon lòt bagay ki t apral prezante yon obstak pou travay la se lanmò wa Radama I nan jou ki te 27 jiyè 1828 la. Wa Radama te soutni pwojè tradiksyon an anpil. Men sa David Jones te di nan epòk sa a: “Wa Radama se yon wa ki bon e ki amikal. Li kwè nan edikasyon anpil, e fòme pèp li a pou l vin yon pèp ki sivilize gen plis valè pou li pase lò ak ajan.” Sepandan, se madanm li, Ranavalona I, ki te vin pran plas li. Sa pa t pran tan pou yo wè aklè madanm nan pa t ap soutni travay la, jan mari l te fè sa.
Yon ti tan apre rèn nan te fin monte sou twòn nan, gen yon vizitè ki te soti ann Angletè ki te mande l yon rankont pou l pale avèk li sou travay tradiksyon an. Men, rèn nan pa t vle rankontre ak li. Nan yon lòt okazyon, lè misyonè yo te di rèn nan yo gen anpil bagay toujou pou yo anseye pèp la, tankou grèk ak ebre, li te reponn: “Grèk ak ebre pa vrèman enpòtan pou mwen. Sa m ta renmen konnen se èske nou kapab anseye pèp mwen an bagay k ap pi itil yo, tankou fason pou yo fè savon.” Kòm Cameron te santi yo te ka fòse yo kite peyi a anvan yo fin fè Bib la nan lang Madagaska a, li te mande pou yo ba l yon semèn pou l te ka reflechi sou sa rèn nan te di a.
Semèn apre a, Cameron te prezante mesaje rèn nan de ti ba savon ki te fèt ak materyo yo te jwenn nan peyi a. Kesyon savon sa a ak kèk lòt travay ankò teknisyen misyonè yo te fè nan enterè pèp la te kalme rèn nan pandan yon tan ki te long ase e ki te pèmèt yo fin enprime prèske tout liv ki nan Ekriti ebrayik yo.
Yo sezi, men apre sa, yo vin desi
Menmsi rèn nan pa t byen boule ak misyonè yo okòmansman, an me 1831, li te pase yon dekrè ki te fè moun sezi. Li te aksepte pou moun l ap dirije yo batize kòm kretyen. Men, desizyon sa a pa t dire lontan. Men sa yon liv (A History of Madagascar) di: “Kantite moun ki te batize yo te enkyete konseye rèn nan ki pa t vle chanjman yo. Konseye sa yo te konvenk rèn nan, nan sèvis yo t ap fè pandan kominyon yo, se sèmante yo t ap fè moun yo sèmante y ap rete fidèl ak Grann Bretay.” Donk, nan fen ane 1831, yo pa t otorize moun batize kòm kretyen ankò. Sa te gen sèlman simwa depi yo te bay moun yo pèmisyon pou yo fè sa.
Lefètke rèn nan pa t rete sou desizyon li te pran an e lefètke moun nan gouvènman l lan
ki pa t vle chanjman yo te kontinye ap vin gen plis enfliyans, sa te pouse misyonè yo chèche wè si y a fin enprime Bib la. Yo te gentan fini ak Ekriti grèk yo, e yo te distribye plizyè milye kopi. Sepandan, nan jou ki te 1ye mas 1835 lan, yo te vin gen yon lòt obstak; rèn Ranavalona I te deklare krisyanis lan ilegal e li te bay lòd pou yo remèt otorite yo tout liv ki gen rapò ak krisyanis la.Dekrè rèn nan te vle di tou moun Madagaska ki t ap travay nan pwojè enprime Bib la te oblije kanpe sou pwojè a. Donk, se ti ponyen misyonè ki te la yo sèlman ki t apral fin fè travay la. Travay la te fèt lajounen kou lannuit, e finalman, an jen 1835, piblik la te kapab jwenn tout Bib la nèt. Wi, Labib te vin disponib nan lang Madagaska a!
Piske entèdiksyon an te toujou an vigè, yo te distribye Bib yo rapidman. Yo te sere 70 kopi anba tè yon fason pou yo pa t detwi tradiksyon Bib sa a. Se te yon bon desizyon, paske, nan menm ane a, se sèlman de nan misyonè yo ki te rete nan zile a. Men, Pawòl Bondye te kontinye ap vale teren nan gwo zile wouj la.
Moun Madagaska yo renmen Labib
Se pa ti kontan pèp Madagaska a te kontan lefètke yo te vin gen posiblite pou yo li Pawòl Bondye a nan lang pa yo! Tradiksyon an gen kèk bagay ki pa egzak ladan l, e langaj yo te itilize pou yo ekri l la se yon langaj ki ansyen anpil. Malgre sa, li ra pou w jwenn yon kay ki pa gen yon Bib, e anpil moun Madagaska li Labib regilyèman. Yon bagay ki remakab nan tradiksyon sa a, sèke li itilize non Bondye, Jewova, anpil nan Ekriti ebrayik la. Nan premye kopi ki te enprime yo, non Bondye parèt nan Ekriti grèk yo tou. Se sa k fè pifò moun nan Madagaska abitye ak non Bondye.
Anfèt, lè premye kopi Ekriti grèk ki te enprime yo te fèk parèt, mesye Baker, mesye ki t ap travay sou près la, te imajine lajwa moun Madagaska yo t apral genyen e li te di: “Se pa yon pwofesi m ap bay, men mwen pa kwè gen yon moun k ap ka janm detwi Pawòl Bondye a nan peyi sa a!” Pawòl li te di yo se vre. Ni malarya, ni difikilte ki genyen lè yon moun ap aprann yon lang ki difisil, ni dekrè yon dirijan te bay pa t kapab anpeche Pawòl Bondye a vin disponib nan Madagaska.
Jodi a, sitiyasyon an vin pi bon toujou. Sa k fè sa? Se paske an 2008, yo te pibliye Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a okonplè nan lang moun Madagaska yo pale a. Tradiksyon sa a se yon gwo gwo pa ki fèt annavan paske li fèt nan yon langaj ki modèn, yon langaj ki fasil pou moun konprann. Se sa k fè kounye a Pawòl Bondye a vin pi byen anrasinen nan gwo zile wouj la. —Iza. 40:8.
[Nòt anba paj]
^ § 14 De premye pòsyon nan Bib la yo te enprime nan lang Madagaska a se Dis Kòmandman yo ak priyè Nòtrepè a. Yo te fè yo nan zile Moris nan zòn avril-me 1826. Men, se sèlman fanmi wa Radama ak kèk ofisyèl nan gouvènman l lan ki te resevwa kopi pa yo.
[Foto nan paj 31]
“Traduction du monde nouveau” ki fèt nan lang moun yo pale nan Madagaska a onore non Bondye, Jewova.