Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede pitit ou yo fè fas ak difikilte yo rankontre

Ede pitit ou yo fè fas ak difikilte yo rankontre

Ede pitit ou yo fè fas ak difikilte yo rankontre

JÈN YO jwenn anpil presyon. Nonsèlman Lespri monn mechan Satan an antoure yo, men tou yo dwe goumen ak “lanvi ki nan kè jenn moun yo”. (2 Tim. 2:22; 1 Jan 5:19.) Mete sou sa, gen moun ki pa dakò ak kwayans yo genyen ki pase yo nan rizib e ki menm kontinye ap nui yo toutan lefètke y ap fè efò pou yo “pa janm bliye Bondye ki te kreye [yo a]”. (Ekl. 12:1.) Men sa yon frè ki rele Vincent di konsènan lè l t ap grandi: “Lefètke m se yon Temwen Jewova, te toujou gen yon moun k ap annuiye m, k ap fè presyon sou mwen oubyen k ap pwovoke m pou m batay avè l. Souvan, yo te tèlman konn annuiye m, mwen pa t anvi al lekòl *.”

Nonsèlman pitit gason ak pitit fi nou yo gen pou yo lite kont presyon monn nan ap fè sou yo, men yo gen pou yo lite tou kont dezi yo genyen pou yo menm jan ak kamarad yo. Men sa yon sè ki rele Cathleen, ki gen 16 an anviwon, te di: “Sa pa fasil lè lòt moun wè w kòm yon moun ki diferan.” Yon jèn frè ki rele Alan admèt: “Souvan kamarad lekòl mwen yo te konn envite m soti avèk yo lè wikenn, e mwen te konn vrèman vle ale.” Mete sou sa, jèn yo ka vrèman anvi patisipe nan rankont spòtif k ap fèt nan lekòl yo, sa ki ka fè yo gen move frekantasyon fasilman. Men sa yon jèn sè ki rele Tanya te di: “Mwen renmen fè spò. Antrenè nan lekòl mwen yo te toujou ap eseye fè m antre nan ekip lekòl la. Li te difisil pou m di non.”

Ki jan w ka ede pitit ou fè fas ak difikilte yo rankontre yo? Jewova bay paran yo responsablite pou yo bay pitit yo fòmasyon (Pwo. 22:6; Efe. 6:4). Objektif paran ki gen krentif pou Bondye yo se ede pitit yo vin gen dezi pou yo obeyi Jewova nan kè yo (Pwo. 6:20-23). Konsa, menm lè paran yo pa la, timoun yo ap detèmine pou yo reziste devan presyon monn nan ap fè sou yo.

Se yon defi pou paran yo pou yo rive bay fanmi yo sa yo bezwen, pou yo elve pitit yo, e anmenmtan, pou yo patisipe nan aktivite kongregasyon an. Gen nan yo ki oblije fè tout bagay sa yo pandan y ap leve pitit yo poukont yo oubyen ki oblije fè tout bagay sa yo byenke konjwen yo ki pa kwayan opoze ak yo. Malgre sa, Jewova vle pou paran yo rezève tan pou yo anseye pitit yo e pou yo ede yo. Kidonk, ki sa w ka fè pou w ede pitit ou pwoteje tèt yo kont enfliyans kamarad yo ka gen sou yo, kont tantasyon ak brimad yo jwenn chak jou?

Yon relasyon pèsonèl ak Jewova

Yon bagay ki enpòtan pitit ou bezwen, se konsidere Jewova kòm yon Moun toutbon. Nou bezwen ede yo “wè Bondye moun pa ka wè a”. (Ebre 11:27.) Vincent, nou te mansyone pi wo a, sonje ki jan paran l te ede l vin gen yon relasyon pèsonèl avèk Jewova. Men sa l di: “Yo te aprann mwen jan lapriyè enpòtan. Mwen sonje mwen te konn priye Jewova chak swa anvan m al dòmi, depi lè m te toupiti. Mwen te konsidere Jewova kòm yon Moun toutbon.” Èske w priye ansanm ak pitit ou yo? Poukisa w pa pran tan pou w koute sa y ap di Jewova lè y ap fè priyè pèsonèl yo? Èske w wè yo annik repete menm bagay yo? Oubyen èske w wè priyè yo demontre ki jan yo vrèman konsidere Jewova? Lè w koute priyè yo, w ap ka wè ki pwogrè yo fè nan domèn espirityèl.

Yon lòt bagay ki enpòtan pou jèn yo fè pou yo vin pi pwòch Jewova, se pou yo li Labib pèsonèlman. Cathleen, nou te site pi wo a, di: “Lefètke mwen te li tout Bib la nèt pandan m te jèn, sa te ede m. Sa te pèmèt mwen gen asirans Jewova ap ede m, menmsi gen moun ki kont mwen.” Èske pitit ou yo gen pwogram pa yo pou yo li Labib? —Sòm 1:1-3; 77:12.

Se vre, tout timoun pa reyaji menm jan devan fòmasyon paran yo ba yo. Anplis, pwogrè espirityèl yo fè yo ka depann de laj yo genyen. Sepandan, si jèn yo pa jwenn fòmasyon, l ap difisil pou yo konsidere Jewova kòm yon Moun toutbon. Paran yo dwe anseye pitit yo pawòl Bondye yo yon fason pou timoun yo ka nan yon sans tande Jewova pale avèk yo kèlkeswa kote yo ye (Det. 6:6-9). Pitit ou yo dwe gen konviksyon Jewova gen sousi pou yo pèsonèlman.

Fason pou nou byen kominike ak pitit nou yo

Yon lòt bagay ki enpòtan k ap pèmèt nou ede pitit nou se byen kominike avèk yo. Natirèlman, pou nou byen kominike ak pitit nou, sa mande pou n fè plis pase annik pale avèk yo. Sa mande pou nou poze yo kesyon tou e pou nou koute repons yo bay yo avèk pasyans, menm lè se pa sa nou ta renmen tande a yo di. Men sa Anne, ki gen de pitit gason, di: “Mwen poze kesyon jis mwen santi m konprann sa k nan panse yo e mwen konprann ak ki sa y ap fè fas nan lavi yo.” Èske pitit ou yo santi ou koute yo? Men sa Tanya, nou te site pi wo a, di: “Paran m yo te vrèman konn koute m e yo te sonje konvèsasyon nou te genyen ansanm. Yo te konn non elèv ki te nan klas mwen yo. Yo te konn mande pou yo e yo te konn poze m kesyon tou sou lòt pwoblèm nou te pale de yo anvan.” Pou nou ka gen bonjan kominikasyon ak pitit nou yo, li enpòtan anpil pou nou koute yo e pou nou sonje sa nou te pale ak yo.

Gen anpil fanmi ki twouve moman repa yo se bon okazyon pou yo pale ansanm. Men sa Vincent esplike: “Nan fanmi nou, li te enpòtan anpil pou nou manje ansanm. Depi sa te posib, nou chak te dwe chita sou tab la ansanm an fanmi. Nou pa t gen dwa gade televizyon, koute radyo, oubyen li nan moman sa a. Piske an jeneral nou pa t konn pale sou bagay ki twò serye, moman sa a se te yon moman kalm mwen te pase chak jou, e li te ede m fè fas ak pwoblèm e ak presyon m te konn jwenn lekòl mwen.” Men sa l di ankò: “Anplis, lefètke m te gen abitid pale ak paran m nan lè repa yo, sa te ede m pou m santi m alèz pou m pale avèk yo lè m te bezwen yo ede m nan sitiyasyon ki te pi konplike.

Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Konbyen fwa pa semèn nou manje ansanm an fanmi?’ Èske w santi li t ap bon pou w fè kèk ajisteman nan domèn sa a, yon fason pou w kominike plis ak pitit ou e pou w kominike pi byen avèk yo?

Rezon ki fè seyans repetisyon yo enpòtan anpil

Yon lòt bagay ki ka ede nou gen bonjan konvèsasyon, se lè nou fè Adorasyon an fanmi an chak semèn. Anplis, sa ede jèn yo pou yo fè fas ak yon seri pwoblèm. Men sa Alan, nou te mansyone pi wo a, di: “Paran m te konn sèvi ak moman etid familyal la pou yo fè nou di sa k nan kè nou. Yo te konn egzamine sijè ki te gen rapò ak pwoblèm nou te genyen.” Men sa manman Alan di: “Nou te konn pran yon ti tan pandan etid la pou nou fè seyans repetisyon. Seyans sa yo te ede pitit nou yo pou yo aprann defann lafwa yo e pou yo pwouve sa yo kwè yo se laverite. Sa te ba yo asirans yo te bezwen pou yo fè fas ak difikilte yo t ap rankontre yo.”

Efektivman, lè kamarad timoun yo ap eseye enfliyanse yo, li konn pa sifi pou timoun yo annik di non epi pou yo vire ale. Yo dwe kapab reponn lè yo mande yo pou ki rezon yo fè yon bagay oswa pou ki rezon yo pa fè yon bagay. Anplis, yo bezwen byen konnen ki sa yo dwe fè lè y ap pase yo nan rizib akoz lafwa yo. Si yo pa kapab defann kwayans yo, l ap difisil pou yo pran yon pozisyon fèm pou vrè adorasyon an. Lè nou fè seyans repetisyon avèk yo, sa ap ba yo asirans yo bezwen an.

 Kare ki nan paj 18 la montre kèk sitiyasyon nou ta ka fè yon ti demonstrasyon sou yo pandan sware Adorasyon an fanmi an. Fè efò pou seyans repetisyon sa yo reyalis. Nou ka fè sa lè nou mande yo pwouve sa yo di yo. Toutpandan n ap fè seyans repetisyon sa yo, nou kapab konsidere kèk leson pratik nou ka aprann nan men pèsonaj ki nan Bib la. Lè timoun yo jwenn yon fòmasyon konsa lakay yo, pa gen dout nan sa, sa ap ede yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn swa nan lekòl yo, swa lòt kote.

Èske lakay ou se yon kote timoun ou yo santi yo an sekirite?

Èske lakay ou se yon kote pitit ou pa ka tann pou yo tounen apre chak jounen lekòl? Si se yon kote timoun yo santi yo an sekirite, sa ap ede yo fè fas ak difikilte yo jwenn chak jou. Gen yon sè ki fè pati yon fanmi Betèl kounye a ki di: “Lè m t ap grandi, lakay mwen se te yon kote mwen te santi m an sekirite, e se te youn nan bagay ki te enpòtan pou mwen anpil. Kèlkeswa jan sitiyasyon an te difisil pou mwen nan lekòl mwen, mwen te konnen lè m tounen lakay, tout bagay t ap anfòm.” Ki jan sa ye lakay ou? Èske se yon kote moun ap “fè kòlè”, yon kote “yonn pa vle wè lòt” e ki gen “divizyon”, oubyen èske se yon kote ki gen “renmen, kè kontan [ak] kè poze”? (Gal. 5:19-23; Bib Kreyòl La.) Si byen souvan pa gen lapè lakay ou, èske w fè gwo efò pou w wè ki chanjman ou bezwen fè yon fason pou kay la ka yon kote pitit ou santi yo an sekirite?

Yon lòt fason ou kapab ede pitit ou fè fas ak difikilte yo, se lè w pran inisyativ pou w fè yo frekante moun ki espirityèl. Pa egzanp, èske w ta ka envite kèk frè ak sè espirityèl nan kongregasyon an pou yo patisipe nan moman detant ou pran ak fanmi w? Oubyen èske w ta ka prepare yon repa byen senp lakay ou epi w envite siveyan itineran an oswa kèk lòt moun ki nan sèvis aplentan nan repa sa a? Èske w konn kèk misyonè oswa Betelit pitit ou ka vin byen avè yo, menmsi se pa mwayen lèt, e-mail, oubyen nan telefòn yo kominike avèk yo? Amitye konsa kapab ede pitit ou pou yo aji byen e yo kapab ede yo gen objektif espirityèl. Reflechi sou bon enfliyans apot Pòl te gen sou Timote (2 Tim. 1:13; 3:10). Lefètke Timote te bon zanmi Pòl, sa te ede l fikse lespri l sou bagay espirityèl. —1 Kor. 4:17.

Felisite pitit ou yo

Jewova kontan lè l wè jèn yo pran pozisyon pou sa ki bon malgre presyon yo jwenn nan monn Satan an (Sòm 147:11; Pwo. 27:11). Sandout, ou menm tou ou kontan lè w wè jèn yo chwazi aji avèk sajès (Pwo. 10:1). Se pou w fè pitit ou konnen santiman ou gen pou yo, e pa pè ba yo anpil felisitasyon avèk amou. Jewova bay paran yo bon egzanp nan domèn sa a. Men sa l te di Jezi lè Jezi t ap batize: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.” ​(Mak 1:11). Sandout, Jezi te santi pawòl Papa l te di l yo te ba l fòs pou l fè fas ak tout pwoblèm li t apral jwenn yo! Ou menm tou, se pou imite Jewova. Fè pitit ou yo konnen ou renmen yo e ou remake sa yo fè.

Se vre, ou pa kapab pwoteje timoun yo nèt kont presyon, brimad ak fawouch, men, gen anpil bagay ou ka fè pou w ede yo. Ki sa w ka fè? Ou kapab ede yo vin gen yon relasyon pèsonèl ansanm ak Jewova. Ou kapab kreye yon anbyans ki ankouraje yo gen bonjan konvèsasyon avè w. Ou kapab fè yon fason pou Adorasyon an fanmi an ede yo e ou kapab fè efò pou timoun yo santi yo an sekirite nan kay la. Pa gen dout nan sa, lè w fè sa, sa ap ede timoun yo fè fas ak difikilte yo jwenn.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gen non moun yo chanje nan atik sa a.

[Kare/Foto nan paj 18]

 SEYANS POU PREPARE TIMOUN YO

Men kèk sitiyasyon timoun yo ka rankontre. Sa w panse si w ta fè kèk seyans repetisyon ansanm avèk yo pandan sware Adorasyon an fanmi an?

▸ Yon antrenè mande pitit fi w pou l antre nan ekip lekòl la.

▸ Yo ofri pitit gason w yon sigarèt pandan l ap sot lekòl.

▸ Gen kèk ti mesye ki di pitit gason w lan y ap bat li pwochèn fwa yo wè l ap preche.

▸ Pitit fi w al preche kay an kay e li rankontre yon kamarad lekòl li.

▸ Devan tout klas la, yo mande pitit fi w poukisa l pa salye drapo.

▸ Yon tigason toujou ap pase pitit ou nan rizib paske li Temwen Jewova.

[Foto nan paj 17]

Èske pitit ou yo gen pwogram pa yo pou yo li Labib?

[Foto nan paj 19]

Èske w envite moun ki espirityèl pou yo pran detant ansanm avèk fanmi w?