Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre w se yon vrè disip Kris

Montre w se yon vrè disip Kris

Montre w se yon vrè disip Kris

“Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.” —MAT. 7:17.

1, 2. Ki sa ki fè vrè disip Kris yo diferan ak fo disip yo, espesyalman nan tan lafen an?

JEZI te di yo t ap wè diferans ki genyen ant moun ki pretann y ap sèvi l yo ak vrè disip li yo nan donn, oubyen fwi, yo pwodui, sètadi nan ansèyman yo ak konduit yo (Mat. 7:15-17, 20). Anfèt, se sa yon moun mete nan lespri l ak nan kè l ki enfliyanse fason l aji (Mat. 15:18, 19). Donk, moun yo anseye manti yo pwodui “move donn”, oubyen move fwi, tandiske moun yo anseye verite nan domèn espirityèl yo pwodui “bon donn”, oubyen bon fwi.

2 De kalite fwi sa yo moun yo pwodui yo parèt klè nan tan lafen an. (Li Dànyèl 12:3, 10.) Fo kretyen yo gen yon pwennvi defòme sou Bondye e byen souvan se pou lafòm yo gen atachman pou Bondye, tandiske moun ki byen konprann bagay espirityèl yo adore Bondye “avèk lespri ak laverite”. (Jan 4:24, NW; 2 Tim. 3:1-5.) Yo fè efò pou yo demontre kalite ki sanble ak pa Kris yo. Men, e nou menm? Nou pral egzamine senk bagay ki montre si yon moun se yon vrè kretyen. Pandan w ap egzamine yo, mande tèt ou: ‘Èske konduit mwen ak sa m anseye yo ann amoni ak Pawòl Bondye a? Èske mwen fè laverite atiran pou moun k ap chèche l yo?

Viv ann amoni ak Pawòl Bondye a

3. Ki sa k fè Jewova plezi, e ki aspè nan lavi nou sa touche?

3 Jezi te di: “Se pa tout moun k’ap plede di m: Mèt, Mèt, ki pral antre nan [“wayòm syèl la”, NW], men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.” ​(Mat. 7:21). Vrèman, sa k fè Jewova plezi se pa lè nou di nou se kretyen, men se lè nou sa yon kretyen dwe fè. Pou vrè disip Jezi yo, sa touche tout aspè nan lavi yo, pa egzanp fason yo konsidere lajan, travay, divètisman, koutim ak fèt ki gen nan monn nan, maryaj ak lòt kalite relasyon ki egziste ant moun. Tandiske fo kretyen yo imite fason moun nan monn nan panse ak konduit yo k ap vin pi kòwonpi de jou an jou. —Sòm 92:7.

4, 5. Ki jan nou ka aplike pawòl Jewova di nan Malaki 3:18 yo nan lavi nou?

4 Men sa pwofèt Malaki te ekri: “Lè sa a ankò, n’a wè diferans ant moun k’ap mache dwat ak moun k’ap fè sa ki mal, ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l.” ​(Mal. 3:18). Reflechi sou pawòl sa yo, epi mande tèt ou: “Èske m menm jan ak moun nan monn nan oubyen èske tout moun ka wè m diferan? Èske m toujou ap chèche pou kòlèg mwen oubyen kamarad lekòl mwen ki nan monn nan aksepte m, oubyen èske m toujou suiv prensip ki nan Bib la epi mwen menm defann prensip sa yo lè sa apwopriye?’ ​(Li 1 Pyè 3:16.) Natirèlman, nou pa vle bay enpresyon nou santi se nou menm ki pi bon oubyen ki pi jis pase tout moun, men nou dwe parèt diferan ak moun ki pa renmen Jewova e ki pap sèvi l yo.

5 Si w rann ou kont ou bezwen pote amelyorasyon nan konduit ou, priye Jewova sou sa epi chèche vin pi djanm nan domèn espirityèl lè w etidye Labib regilyèman, lè w priye regilyèman e lè w asiste reyinyon yo regilyèman. Plis w ap aplike Pawòl Bondye a, se plis w ap bay bon fwi. Bon fwi sa yo gen ladan yo “pawòl k ap sot nan bouch nou k ap fè lòt moun konnen non l”. —Ebre 13:15, NW.

Preche Wayòm Bondye a

6, 7. Ki diferans ki genyen ant vrè kretyen yo ak fo kretyen yo anrapò ak mesaj Wayòm nan?

6 Men sa Jezi te di: “Fòk m anonse bòn nouvèl gouvènman Bondye [...] a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.” ​(Lik 4:43). Poukisa se sou Wayòm Bondye a Jezi te plis pale lè l te konn preche? Se paske li te konnen antanke Wa nan Wayòm sa a, li menm ak frè wen l yo ki resisite t ap gen pou yo efase peche e pou yo detwi Dyab la, de koz prensipal ki fè lèzòm ap soufri yo (Wom. 5:12; Rev. 20:10). Se sa k fè li te bay disip li yo lòd pou yo pwoklame Wayòm sa a jiskaske sistèm ki la kounye a rive nan bout li (Mat. 24:14). Moun ki pretann yo se disip Kris yo pa fè travay sa a. Anfèt, yo pa kapab fè l. Poukisa? Gen omwen twa rezon ki fè sa. Premyèman, yo pa kapab preche yon bagay yo pa konprann. Dezyèmman, moun k ap pataje mesaj Wayòm nan ak pwochen yo bezwen gen imilite ak kouraj paske travay sa a ka fè lòt moun pase yo nan rizib e li ka fè yo pèsekite yo. Pifò moun ki di yo se kretyen yo pa gen kalite sa yo (Mat. 24:9; 1 Pyè 2:23). E twazyèmman, fo kretyen yo pa gen lespri Bondye. —Jan 14:16, 17.

7 Sepandan, vrè disip Kris yo konprann sa Wayòm Bondye a ye e yo konprann sa l pral fè. Mete sou sa, yo bay Wayòm sa a premye plas nan lavi yo e yo pale de li sou tout tè a grasa èd lespri sen Jewova (Zek. 4:6). Èske w patisipe nan travay sa a regilyèman? Èske w chèche amelyore w antanke pwoklamatè Wayòm nan? Petèt ou ka fè sa lè w pase plis tan nan ministè a oubyen lè w vin pi maton nan fason w preche. Gen kèk moun ki chèche amelyore ministè yo lè yo pi byen sèvi ak Bib la. Apot Pòl, ki te gen abitid rezone sou Ekriti yo ak lòt moun, te ekri: “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa.” —Ebre 4:12; Tra. 17:2, 3.

8, 9. a) Bay kèk eksperyans ki montre ki jan li enpòtan pou nou sèvi ak Bib la nan ministè nou. b) Ki sa nou ka fè pou nou pi byen sèvi ak Pawòl Bondye a?

8 Gen yon frè ki te rankontre yon mesye ki katolik pandan l te nan predikasyon kay an kay. Li te li Dànyèl 2:44 pou li e li te esplike l ki jan Wayòm Bondye a pral pote vrè lapè a ak bonjan sekirite pou nou. Men sa mesye a te di l: “Mwen vrèman kontan dèske w te ouvri Bib la pou w montre m sa vèsè a di olye w te annik di m sa l di.” Gen yon lòt frè ki te li yon vèsè pou yon dam ki te nan relijyon òtodòks grèk, e dam nan te poze l yon seri bèl kesyon. Nan okazyon sa a tou, frè a ansanm ak madanm li te reponn avèk Labib. Men sa dam nan te di yo annapre: “Èske nou konn poukisa mwen dakò pale avèk nou? Se paske nou vin lakay mwen ansanm ak Labib e se ladan l nou li.”

9 Natirèlman, piblikasyon nou yo enpòtan e nou dwe ofri yo nan tèritwa a. Sepandan, se ak Labib nou dwe plis sèvi. Donk, si w pa t abitye sèvi avè l regilyèman nan ministè w, èske w pa ta ka fikse objektif pou w fè sa? Petèt ou ka chwazi kèk vèsè kle ki esplike ki sa Wayòm Bondye a ye e ki esplike ki jan li pral rezoud yon seri pwoblèm ou konnen ki enkyete moun ki nan zòn bò lakay ou. Apre sa, prepare w pou w li yo lè w ap preche pòt an pòt.

Se pou nou fyè dèske nou pote non Bondye

10, 11. Nan kesyon sèvi ak non Bondye a, ki diferans ki genyen ant Jezi ak anpil moun ki pretann y ap suiv li?

10 “‘Nou se temwen m’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘e mwen se Bondye’.” ​(Izayi 43:12, NW.) Jezi Kris, pi gwo Temwen Jewova a, te konsidere se yon onè pou l pote non Bondye e pou l fè lòt moun konn non sa a. (Li Egzòd 3:15; Jan 17:6; Ebre 2:12.) Dayè, yo te rele Jezi “temwen fidèl” paske li te fè moun konnen non Papa l. —Rev. 1:5, Bib Kreyòl La; Mat. 6:9.

11 Yon lòt bò, gen anpil moun ki pretann yo reprezante Bondye ak Pitit li a, poutan yo pa gen respè pou non Bondye e yo menm retire l nan tradiksyon Labib yo fè. Nan menm sans lan, gen yon enstriksyon yo voye bay evèk katolik yo tou dènyèman ki di yo pou “yo pa pwononse non Bondye ki parèt sou fòm Tetragram nan [sètadi kat lèt ebre ki reprezante non Bondye a] YHWH, ni pou yo pa sèvi avèk li” pandan adorasyon yo *. Ala malonèt!

12. Nan ane 1931, ki jan moun te vin plis fè yon koneksyon ant sèvitè Jewova yo ak Jewova?

12 Menm jan ak Kris e menm jan ak “foul temwen” ki te vin anvan l yo, vrè kretyen yo fyè pou yo sèvi ak non Bondye (Ebre 12:1, Bib Kreyòl La). Anfèt, nan ane 1931, lè sèvitè Bondye yo te aksepte pote non Temwen Jewova a, moun te vin plis fè yon koneksyon ant yo menm ak Jewova. (Li Izayi 43:10-12.) Konsa, nan yon sans espesyal, vrè disip yo te vin yon ‘pèp ki pote non [Bondye]’. —Tra. 15:14, 17.

13. Ki jan nou ka sèten nou fè sa moun ki pote non Bondye yo dwe fè?

13 Pèsonèlman, ki jan nou ka sèten nou fè sa moun ki pote non Bondye yo dwe fè? Yon bagay nou dwe fè se bay temwayaj pou non l fidèlman. Men sa Pòl te ekri: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” Apre sa, li di: “Men, ki jan y ap fè envoke l si yo pa mete lafwa yo nan li? Ki jan y ap fè mete lafwa yo nan li si yo pa tande pale de li? Ki jan y ap fè tande pale de li si pa gen yon moun k ap preche? Epi ki jan y ap fè preche si se pa voye yo voye yo?” ​(Wom. 10:13-15, NW). Anplis, avèk dousè, nou bezwen denonse manti moun bay nan domèn relijye yo ki denigre Kreyatè nou an, tankou doktrin dife lanfè a, yon doktrin ki lese moun konprann Bondye lanmou an mechan menm jan ak Dyab la. —Jer. 7:31; 1 Jan 4:8; konpare ak Mak 9:17-27.

14. Ki jan kèk moun te reyaji lè yo te vin konnen non Bondye?

14 Èske w fyè dèske w pote non Papa w ki nan syèl la? Èske w ede lòt moun rive konnen non sa a ki sen? Gen yon dam k ap viv a Pari, an Frans, ki te tande Temwen Jewova yo konn non Bondye. Donk, li te mande yon Temwen li te rankontre pou l montre l non sa a nan Bib pa l. Lè Temwen an te li Sòm 83:18 avèk dam nan, sa te gen yon gwo efè sou li. Li te kòmanse etidye Labib e kounye a li se yon sè fidèl k ap sèvi nan yon lòt peyi. Gen yon dam katolik k ap viv ann Ostrali ki te kriye tèlman l te kontan lè l te wè non Bondye nan Bib la pou premye fwa. Kounye a, li gen plizyè ane depi l pyonye pèmanan. Sa pa gen twò lontan, lè Temwen yo te montre yon dam k ap viv Jamayik non Bondye nan Bib pa l, li menm tou li te kriye tèlman l te kontan. Donk, se pou w fyè dèske w pote non Bondye e se pou w fè tout moun konnen non sa a menm jan ak Jezi.

“Pa renmen lemonn”

15, 16. Ki jan vrè kretyen yo konsidere monn nan, e ki kesyon nou bezwen poze tèt nou?

15 “Pa renmen lemonn, ni anyen ki sòti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.” ​(1 Jan 2:15). Monn nan ak lespri monn nan ann opozisyon ni ak Jewova ni ak lespri sen l. Se sa k fè vrè disip Kris yo pa annik chèche pa fè pati monn nan, men tou, nan kè yo yo rejte l, paske, menm jan ak disip Jak, yo konnen: “Lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye!” —Jak 4:4.

16 Li ka pa fasil pou nou suiv konsèy Jak bay la paske monn nan mete yon pakèt tantasyon devan nou (2 Tim. 4:10). Se poutèt sa Jezi te priye pou disip li yo. Men sa l te di: “Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.” ​(Jan 17:15, 16). Men sa w ka mande tèt ou: ‘Èske m fè efò pou m pa fè pati monn nan? Èske lòt moun konn pwennvi m genyen sou fèt ak koutim ki pa ann amoni ak Labib yo? Èske yo konn pwennvi m tou sou fèt ki pa soti nan relijyon payen yo, men ki reflete lespri monn nan? —2 Kor. 6:17; 1 Pyè 4:3, 4.

17. Ki sa k ka pouse moun ki gen kè sensè yo pran pozisyon pou Jewova?

17 Yon bagay ki sèten sèke, piske nou pran yon pozisyon konsa ki baze sou prensip biblik yo, monn nan pap renmen nou, men sa ka atire atansyon moun ki sensè yo. Vrèman, lè moun sa yo wè nou gen yon lafwa solid ki chita sou Ekriti yo e yo wè lafwa sa a enfliyanse tout aspè nan lavi nou, sa ka fè yo di kretyen wen yo nan yon sans: “Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou.” —Zek. 8:23, NW.

Demontre vrè lanmou an

18. Ki sa pou nou fè pou nou demontre nou renmen Jewova e nou renmen pwochen nou?

18 Jezi te di: “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou”. Apre sa li te di “se pou ou renmen frè parèy ou [“pwochen w”, NW] tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”. (Mat. 22:37, 39.) Lanmou sa a (agapê, an grèk) se yon lanmou ki baze sou sa ki dwat. Li fè yon moun rekonèt responsablite l, li fè l aji selon prensip ki akseptab e li fè l gen bon konduit. Sepandan, souvan lanmou sa a gen anpil santiman ladan l e li kapab fò anpil (1 Pyè 1:22). Li pa mache ak egoyis, paske yon moun ki gen lanmou sa a montre li pa egoyis ni nan pawòl li, ni nan aksyon l. —Li 1 Korentyen 13:4-7.

19, 20. Bay kèk egzanp ki montre jan lanmou kretyen an pisan.

19 Piske lanmou se yon fasèt nan fwi lespri sen Bondye a, li pèmèt vrè kretyen yo fè sa lòt moun pa rive fè. Pa egzanp, li ede yo pou yo pa gen pwoblèm ak lòt moun akoz ras yo, kilti yo ak tandans politik yo. (Li Jan 13:34, 35; Gal. 5:22.) Lè moun ki sanble ak mouton yo wè yon lanmou konsa, sa pa ka pa touche yo. Pa egzanp, premye fwa yon jenòm juif ann Izrayèl te asiste youn nan reyinyon yo, li te sezi wè ki jan frè Juif yo ak frè Arab yo t ap adore Jewova ansanm. Sa te fè l kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman e li te aksepte etidye Labib. Èske w demontre yon lanmou ki sot nan fon kè w pou frè w yo? Èske w fè efò pou w byen akeyi nouvo yo nan Sal Wayòm nan kèlkeswa nasyonalite yo, kèlkeswa koulè yo oubyen nivo sosyal yo?

20 Antanke vrè kretyen, nou fè efò pou nou demontre lanmou pou tout moun. Nan peyi Salvadò, gen yon jèn pwoklamatè ki t ap etidye Labib avèk yon dam katolik ki gen 87 an, ki te toujou rete atache ak legliz li. Dam sa a te vin malad anpil e li te entène lopital. Lè l te retounen lakay li, Temwen yo te pase wè l e yo te pote manje pou li. Yo te kontinye fè sa pandan yon mwa anviwon. Pèsonn nan legliz li a pa t vin wè l. Ki sa k te vin pase annapre? Li jete tout imaj li yo, li kite legliz li te ye a e li rekòmanse etid biblik li t ap fè a. Lanmou kretyen an vrèman pisan! Li kapab touche kè moun yo plis pase pawòl n ap di yo.

21. Ki sa nou dwe fè pou avni nou asire?

21 Talè konsa, Jezi pral di tout fo kretyen yo: “Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal.” ​(Mat. 7:23). Donk, annou pwodui fwi ki onore ni Papa a ni Pitit la. Men sa Jezi te di: “Moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.” ​(Mat. 7:24). Wi, si nou se vrè disip Kris, n ap gen favè Bondye, e avni nou ap asire!

[Nòt anba paj]

^ § 11 Gen kèk liv katolik ki parèt sa pa gen twò lontan ki gen non Bondye ladan yo. Pa egzanp, Bible de Jérusalem nan, yon bib katolik, mete “Yave” pou l tradui Tetragram nan.

Èske nou sonje?

• Nan ki sans vrè disip Kris yo diferan ak fo disip yo?

• Site kèk nan fwi yon moun pwodui ki montre li se yon vrè kretyen.

• Ki sa w kapab fè pou w pwodui fwi kretyen yo dwe pwodui a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Èske w gen abitid sèvi ak Bib la regilyèman nan ministè w?

[Foto nan paj 15]

Èske lòt moun konn pwennvi w sou fèt ki pa ann amoni ak prensip biblik yo?