Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa vin klè se dominasyon Jewova a ki bon!

Sa vin klè se dominasyon Jewova a ki bon!

Sa vin klè se dominasyon Jewova a ki bon!

“Trèwo a se Chèf nan wayòm lèzòm.” —DÀN. 4:17, NW.

1, 2. Bay kèk rezon ki fè dominasyon lèzòm nan echwe.

DOMINASYON lèzòm nan echwe! Pa gen dout nan sa! Youn nan gwo rezon ki fè sa, se paske lèzòm pa gen sajès ase pou yo dirije tèt yo avèk siksè. Jodi a, echèk dominasyon lèzòm nan parèt klè, paske gen anpil dirijan ki montre yo ‘renmen pwòp tèt yo, yo renmen lajan, yo grandizè, yo ògeye, yo pa fidèl, yo pa dispoze antann yo, yo pale moun mal, yo san metriz, yo sovaj, yo pa renmen sa ki byen, yo gonfle ak ògèy’. —2 Tim. 3:2-4, NW.

2 Sa gen lontan, premye paran nou yo te rejte dominasyon Bondye a. Lè yo te fè sa, petèt yo te panse yo t ap vin endepandan. Men, an reyalite, se soumèt yo te soumèt yo anba dominasyon Satan. Apre simil an lèzòm fè ap mal jere bagay yo anba enfliyans Satan, “chèf k’ap dominen lemonn lan”, nou rive nan move sitiyasyon nou ye kounye a (Jan 12:31). Nan yon liv ki pale sou eta lèzòm ye kounye a, yo di se tan nou n ap pèdi “ap chèche yon monn ki pafè”. Men sa yo esplike nan liv sa a: “Nonsèlman nou pa ka jwenn li [monn ki pafè a], men lè nou eseye kreye l, sa mennen nan dezas, nan diktati ak nan gè ki pi kriyèl ki ta ka genyen.” ​(The Oxford History of the Twentieth Century). Èske se pa admèt yo admèt byen klè dominasyon lèzòm nan echwe?

3. Ki sa nou kapab di konsènan fason Bondye t ap dirije tè a si Adan ak Èv pa t peche?

3 Èske sa pa tris lefètke premye paran nou yo te rejte sèl dominasyon ki bon an, sètadi dominasyon Bondye a? Byennantandi, nou pa konnen egzakteman ki jan Jewova t ap òganize bagay yo pou l dirije tè a si Adan ak Èv te kontinye sèvi l avèk fidelite. Sepandan, nou kapab sèten tout moun t ap aksepte dominasyon l lan, lanmou t ap gaye tout kote e pa t ap gen patipri (Tra. 10:34; 1 Jan 4:8). Anplis, lè nou konsidere sajès Bondye ki pa gen parèy, nou kapab sèten tout erè ki fèt lefètke moun yo kwè nan dominasyon lèzòm nan pa t ap fèt. Dominasyon Bondye a, sa vle di teyokrasi a, t ap rive “bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen”. (Sòm 145:16.) An brèf, nou kapab di se t ap yon dominasyon pafè (Det. 32:4). Malerezman, de premye paran nou yo te rejte l.

4. Jis nan ki pwen Satan jwenn pèmisyon pou l dirije?

4 Sepandan, li bon pou nou sonje menmsi Jewova pèmèt lèzòm dirije tèt yo, li pa janm abandone dwa li genyen pou li dirije kreyati l yo. Gen yon wa babilonyen ki te pisan anpil ki te oblije rekonèt finalman “Trèwo a se Chèf nan wayòm lèzòm”. (Dàn. 4:17.) Finalman, Wayòm Bondye a ap fè volonte Bondye fèt sou tè a (Mat. 6:10). Se vre, pou kounye a, Jewova pèmèt Satan aji antanke “dye sistèm sa a” yon fason pou l ka ba l yon repons pou kesyon li te soulve yo (2 Kor. 4:4, NW; 1 Jan 5:19). Sepandan, Satan pap janm kapab depase limit Jewova ba li (2 Kwo. 20:6; konpare ak Jòb 1:11, 12; 2:3-6). Anplis, te toujou gen moun ki te aksepte soumèt yo devan Bondye, byenke yo t ap viv nan yon monn se gwo Advèsè Bondye a ki t ap dirije l.

Fason Bondye te domine sou Izrayèl

5. Ki angajman Izrayelit yo te pran ak Bondye?

5 Depi nan epòk Abèl rive nan epòk nasyon Izrayèl la te fòme, gen yon kantite moun ki te adore Jewova fidèlman e ki te obeyi kòmandman l yo (Ebre 11:4-22). Nan epòk Moyiz la, Jewova te fè yon alyans ak desandan Jakòb yo e yo te vin tounen nasyon Izrayèl la. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, Izrayelit yo ansanm ak pitit yo te pran angajman pou yo aksepte Jewova kòm Chèf yo. Men sa yo te di: “N’a[p] fè tou sa Senyè a di nou fè.” —Egz. 19:8.

6, 7. Ki jan Bondye te dirije nasyon Izrayèl la?

6 Jewova te gen yon rezon ki fè li te chwazi Izrayelit yo pou yo vin pèp li. (Li Detewonòm 7:7, 8.) Li pa t fè chwa sa a tou senpleman pou byennèt Izrayelit yo, men li te fè l tou poutèt non l ak souvrènte l. Se bagay sa yo ki gen plis enpòtans. Izrayèl te dwe sèvi Jewova temwen, yo te dwe fè konnen se li ki sèl vrè Dye a (Iza. 43:10; 44:6-8). Se sa k fè Jewova te di nasyon an: “[Nou] se yon pèp k’ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an [...]. Se nou menm Senyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l pa l.” —Det. 14:2.

7 Lè Bondye t ap dirije pèp Izrayèl la, li te aji yon fason ki te montre li pa t bliye yo enpafè. Sepandan, li te ba yo lwa l yo ki te pafè e ki te reflete kalite li genyen yo. Lwa Jewova te bay pèp la pa mwayen Moyiz yo te montre byen klè li sen, li renmen jistis, li dispoze padone e li pasyan. Annapre, nan epòk Jozye a ansanm ak moun ki te nan menm jenerasyon ak li yo, kòm nasyon an te obeyi kòmandman Jewova yo, li te jwenn lapè ak anpil benediksyon espirityèl (Joz. 24:21, 22, 31). Peryòd sa a nan istwa Izrayèl montre jan dominasyon Jewova a bon.

Konsekans dominasyon lèzòm nan pote

8, 9. Ki sa Izrayelit yo te mande ki te montre yo pa t gen sajès, e ki konsekans sa te pote pou yo?

8 Sepandan, ofiramezi tan t ap pase, Izrayelit yo te vin pa soumèt yo anba dominasyon Bondye a ankò e yo te vin pèdi pwoteksyon l. Finalman, yo te mande pwofèt Samyèl pou l met yon moun wa sou tèt yo pou dirije yo, yon wa yo t ap kapab wè ak je yo. Jewova te di Samyèl pou l fè sa yo te mande l la. Sepandan, Jewova te di l tou: “Se pa ou menm [yo] voye jete, se mwen menm menm [yo] voye jete. Yo pa vle m pou wa yo ankò.” ​(1 Sam. 8:7). Byenke Jewova te dakò pou Izrayelit yo gen yon wa imen pou dirije yo, li te avèti yo sa t ap gen konsekans pou yo. —Li 1 Samyèl 8:9-18.

9 Listwa montre Jewova te gen rezon lè l te ba yo avètisman sa a. Lè se wa imen ki t ap dirije Izrayelit yo, yo te jwenn anpil gwo pwoblèm, sitou lè wa sa yo pa t fidèl. Lè nou konsidere egzanp Izrayelit yo, nou pa etone wè gouvènman moun ki pa konnen Jewova yo ap dirije yo pa reyisi bay bon rezilta ki pèmanan. Se vre, gen kèk politisyen ki mande Bondye pou l beni efò y ap fè pou yo bay lapè ak sekirite, men, ki jan Bondye ap fè beni moun ki pa kite l dirije yo? —Sòm 2:10-12.

Yon nouvo nasyon ki anba dominasyon Bondye

10. Poukisa Bondye te chwazi yon lòt nasyon nan plas nasyon Izrayèl la?

10 Nasyon Izrayèl la te montre yo pa t vle sèvi Jewova avèk fidelite. Finalman, yo te rejte Mesi Bondye te chwazi a. Se sa k fè Jewova te rejte yo e li te deside l ap chwazi yon gwoup moun ki t apral fòme yon nouvo nasyon nan plas yo. Konsa, nan ane 33 epòk nou an, kongregasyon kretyen wen yo fòme a te vin pran nesans. Kongregasyon sa a se yon nouvo nasyon ki anba dominasyon Jewova. Pòl te pale de li kòm “Izrayèl Bondye a”. —Gal. 6:16, Bib Kreyòl La.

11, 12. Ki resanblans ki genyen ant moun ki te resevwa otorite nan pèp Izrayèl la ak moun ki resevwa otorite nan “Izrayèl Bondye a”?

11 Gen diferans e gen resanblans ant ansyen nasyon Izrayèl la ak nouvo nasyon an, “Izrayèl Bondye a”. Kontrèman ak ansyen nasyon Izrayèl la, kongregasyon kretyen yo fòme a pa gen yon wa imen k ap dirije l, e moun ki ladan l yo pa bezwen fè sakrifis bèt pou peche yo. Yon resanblans ki genyen ant nasyon Izrayèl la ak kongregasyon kretyen yo fòme a, se ansyen yo (Egz. 19:3-8). Kretyen ki sèvi kòm ansyen yo pa domine sou twoupo a. Olye de sa, yo pran swen kongregasyon an antanke bèje, yo pran devan nan aktivite kretyen yo e yo bay tout yo menm nan aktivite sa yo. Yo trete tout moun nan kongregasyon an avèk amou, yo onore yo e yo respekte yo. —2 Kor. 1:24; 1 Pyè 5:2, 3.

12 Lè moun ki fè pati “Izrayèl Bondye a” ak moun ki fè pati “lòt mouton” yo reflechi sou fason Jewova te boule ak Izrayèl, yo vin pi apresye Jewova e yo vin pi apresye fason li dirije a (Jan 10:16). Pa egzanp, listwa montre moun ki t ap dirije Izrayèl yo te gen gwo enfliyans sou pèp la, swa an byen, swa an mal. Verite sa a fè moun ki pran latèt pami kretyen yo wè enpòtans pou lafwa yo solid, yon fason pou yo kapab bay bon egzanp, byenke yo pap dirije antanke wa menm jan ak wa ki te gen ann Izrayèl yo. —Ebre 13:7.

Fason Jewova dirije jodi a

13. Ki gwo evènman ki te pase nan ane 1914?

13 Jodi a, kretyen yo ap fè tout moun sou tè a konnen dominasyon lèzòm nan prèt pou l rive nan bout li. An 1914, Jewova te etabli Wayòm li an nan syèl la e li te mete Jezi Kris, Wa li chwazi a, dirije ladan l. Lè sa a, li te bay Jezi otorite pou l “derape pou l pote laviktwa e pou l fin ranpòte laviktwa nèt”. (Rev. 6:2, NW.) Men sa yo te di Wa sa a yo te fèk mete sou twòn nan: “[Al] gouvènen sou tout lènmi ou yo.” ​(Sòm 110:2). Malerezman, nasyon yo kontinye refize soumèt yo anba dominasyon Jewova a. Yo kontinye aji kòmsi “pa gen Bondye”. —Sòm 14:1.

14, 15. a) Ki jan Wayòm Bondye a dirije nou jodi a, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou? b) Jodi a, ki sa ki montre se dominasyon Bondye a ki pi bon?

14 Gen kèk kretyen wen ki fè pati “Izrayèl Bondye a” ki la toujou. Antanke frè Jezi, yo kontinye aji kòm “anbasadè pou Kris”. (2 Kor. 5:20, Bib Kreyòl La.) Yo mete yo la antanke yon esklav ki fidèl e ki prevwayan k ap pran swen kretyen wen yo e k ap ba yo manje espirityèl. Esklav sa a fè sa tou pou yon kantite kretyen k ap ogmante ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Kantite sa a rive nan plizyè milyon kounye a (Mat. 24:45-47; Rev. 7:9-15). Nou kapab wè Jewova beni aranjman sa a paske vrè adoratè l yo ap pwospere nan domèn espirityèl jodi a.

15 Nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m byen konprann responsablite m genyen nan kongregasyon an? Èske m byen soutni dominasyon Jewova a? Èske m fyè dèske m fè pati moun ki soumèt yo anba Wayòm Bondye a? Èske m pran detèminasyon pou m kontinye pale lòt moun de Wayòm Bondye a nan mezi m kapab?’ Antanke gwoup, nou aksepte soumèt nou ak tout kè nou anba direksyon Kolèj santral la e nou aksepte kolabore ak ansyen yo nome nan kongregasyon yo. Konsa, nou montre nou aksepte fason Bondye dirije a. (Li Ebre 13:17.) Lefètke nou soumèt nou ak tout kè nou anba dominasyon Jewova a, sa pèmèt nou fòme yon pèp ki ini nan mitan yon monn ki divize. Anplis, sa fè nou gen lapè, nou gen jistis e sa fè nou bay Jewova glwa. Tout bagay sa yo demontre se dominasyon Jewova a ki pi bon lontan.

Dominasyon Jewova a pral triyonfe

16. Ki desizyon chak moun bezwen pran jodi a?

16 Moman kote kesyon ki te soulve nan jaden Edenn yo pral jwenn repons lan toupre rive. Se sa k fè se kounye a moun yo bezwen pran yon desizyon. Chak moun bezwen deside si y ap soumèt yo anba dominasyon Jewova oubyen si se dominasyon lèzòm nan yo pi pito. Nou gen privilèj pou nou ede moun ki enb yo pran bon desizyon an. Talè konsa, lè Amagedòn rive, dominasyon Jewova a pral ranplase gouvènman lèzòm yo, ki anba enfliyans Satan, pou toutan (Dàn. 2:44; Rev. 16:16). Dominasyon lèzòm nan pral pran fen, e Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a. Lè sa a, yon fwa pou tout, tout moun pral wè se dominasyon Jewova a ki bon! —Li Revelasyon 21:3-5.

17. Ki sa ki ede moun ki enb yo pou yo pran yon bon desizyon konsènan kiyès ki pou dirije yo?

17 Moun ki poko deside si yo vle pou Jewova dirije yo ta dwe reflechi seryezman sou byenfè dominasyon l lan pral pote pou limanite. Dominasyon lèzòm nan pa kapab rive efase pwoblèm krim nan, sa gen ladan l zak teworis moun ap fè yo. Dominasyon Bondye a pral retire tout mechanste sou tè a (Sòm 37:1, 2, 9). Dominasyon lèzòm nan lakòz toujou gen lagè, men, dominasyon Bondye a pral fè “yo sispann fè lagè toupatou sou latè”. (Sòm 46:9.) Dominasyon Bondye a pral menm fè gen lapè ant moun ak bèt (Iza. 11:6-9)! Pandan dominasyon lèzòm nan, grangou ak povrete se bagay moun wè toupatou, men dominasyon Bondye a pral retire bagay sa yo (Iza. 65:21). Menm dirijan ki gen pi bon entansyon yo pa kapab fè maladi ak lanmò disparèt, men, anba dominasyon Bondye a, tout moun ki aje pral kontan lè yo wè yo retounen jwenn fòs yo te genyen lè yo te jèn nan e moun ki malad yo pral kontan tou lè yo wè yo geri e yo retounen jwenn fòs yo (Jòb 33:25; Iza. 35:5, 6). Vrèman, tè a pral tounen yon paradi kote menm moun ki mouri pral resisite. —Lik 23:43; Tra. 24:15.

18. Ki jan nou ka montre nou kwè se dominasyon Bondye a ki pi bon?

18 Wi, dominasyon Bondye a pral defèt tout move bagay Satan lakòz ki rive limanite lè l te enfliyanse de premye paran nou yo pou yo rebele kont Kreyatè yo a. Fè yon ti reflechi, Satan gen 6 000 an depi l ap fè limanite soufri, men, pandan 1 000 an sèlman, Bondye pral sèvi ak Jezi Kris pou l repare tout dega Satan fè yo. Èske sa pa montre yon fason eksepsyonèl se dominasyon Bondye a ki pi bon? Antanke Temwen Bondye, nou aksepte l kòm Chèf nou. Kidonk, annou demontre nou se sèvitè Jewova chak jou, wi, annou fè sa chak èdtan ki pase nan lavi nou. Annou demontre nou se moun ki soumèt nou anba Wayòm li an e nou fyè dèske nou se Temwen l. Anplis, annou pwofite tout okazyon nou genyen pou nou fè tout moun ki vle tande nou konnen se dominasyon Jewova a ki pi bon.

Ki sa nou te aprann konsènan dominasyon Bondye a lè nou te li:

Detewonòm 7:7, 8?

1 Samyèl 8:9-18?

Ebre 13:17?

Revelasyon 21:3-5?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Jewova toujou kenbe dwa li genyen pou l dirije a.

[Foto nan paj 31]

Lefètke nou soumèt nou ak tout kè nou anba dominasyon Jewova a, sa pèmèt nou fòme yon pèp ki ini.