Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w konsidere Jewova kòm Papa w?

Èske w konsidere Jewova kòm Papa w?

Èske w konsidere Jewova kòm Papa w?

YON lè, youn nan disip Jezi yo te di l: “Senyè, montre nou priye.” Jezi te reponn li: “Lè n ap lapriyè, se pou nou di: ‘Papa [...], se pou yo kenbe non ou sen’” ​(Lik 11:1, 2, Bib Kreyòl La.) Jezi te kapab itilize kèk tit enpresyonan tankou “Bondye ki gen tout pouvwa a”, “Gran Pwofesè a”, “Kreyatè” a, “Ansyen an jou a” oubyen “Wa ki la pou tout tan an” pou l pale de Jewova (Jen. 49:25; Iza. 30:20, NW; 40:28, NW; Dàn. 7:9; 1 Tim. 1:17). Olye Jezi te itilize jan de tit sa yo, li te di “Papa” pito. Poukisa? Petèt se paske li vle nou pwoche bò kote Pèsonaj ki pi enpòtan nan linivè a menm jan yon timoun piti pwoche bò kot papa l.

Sepandan, gen kèk moun ki twouve li difisil pou yo konsidere Bondye kòm Papa yo. Men sa yon kretyèn ki rele Atsuko * admèt: “Pandan anpil tan apre batèm mwen, li te difisil pou m pwoche bò kot Jewova e pou m priye l antanke Papa m.” Men rezon li te bay: “Mwen pa sonje yon fwa papa m te montre li gen afeksyon pou mwen.”

Nan dènye jou sa yo kote tan an difisil, gen papa ki pa bay pitit yo “afeksyon” yo ta dwe ba yo (2 Tim. 3:1, 3, NW). Se sa k fè li pa etonan si gen moun ki gen menm santiman ak Atsuko. Men, nou kapab pran kouraj, paske nou gen bonjan rezon pou nou konsidere Jewova kòm Papa nou ki renmen nou.

Jewova ban nou anpil bagay avèk amou

Pou nou kapab konsidere Jewova kòm Papa nou, nou bezwen konnen l byen. Jezi te di: “Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.” ​(Mat. 11:27). Yon bon fason nou kapab vin konnen ki kalite Papa Jewova ye, se lè nou reflechi sou sa Jezi te revele konsènan vrè Dye a. Ki sa Jezi te fè konnen konsènan Papa a?

Jezi te rekonèt se Jewova ki Sous lavi l. Men sa li te di: ‘Se [Papa a] ki ban m lavi.’ ​(Jan 6:57). Nou menm tou, si nou gen lavi, se grasa Papa a (Sòm 36:9; Tra. 17:28). Ki sa ki te pouse Jewova bay lòt moun lavi? Èske se pa lanmou? Poutèt kado sa a Papa nou ki nan syèl la ban nou an, se sèten nou ta dwe renmen l.

Pi gwo fason Jewova montre li gen lanmou pou limanite, se bay li te bay Jezi Kris an sakrifis kòm ranson. Aksyon sa a, ki montre lanmou li, fè li posib pou lèzòm enpafè gen yon relasyon sere ak li grasa Pitit li a li renmen anpil (Wom. 5:12; 1 Jan 4:9, 10). Anplis, lefètke Papa nou ki nan syèl la se yon Moun ki kenbe pwomès li, nou kapab gen asirans tout moun ki renmen l e ki obeyi l pral “jwi bèl libète pitit Bondye yo” finalman. —Wom. 8:21.

Papa nou ki nan syèl la “fè solèy la leve” pou nou chak jou tou (Mat. 5:45). Pa gen yon moun ki santi li oblije priye pou solèy la leve. Sepandan, se pa ti bezwen nou bezwen reyon l yo e se pa ti kontan nou kontan lè li rechofe nou! Anplis, Papa nou an san parèy nan kapasite li genyen pou li ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl, mete sou sa, li konnen bezwen nou menm anvan nou fè l konnen yo. Kidonk, èske nou pa ta dwe pran tan pou nou obsève bagay li kreye yo e pou nou reflechi avèk rekonesans sou fason li pran swen kreyati l yo? —Mat. 6:8, 26.

Papa nou an pwoteje nou avèk tandrès

Nan pwofesi Izayi a, men sa Izayi te di pèp Bondye te gen nan tan lontan an konsènan Bondye: “Tankou yon gadò, l’ap okipe mouton l yo. Se li menm k’ap sanble yo. L’ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l’ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.” ​(Iza. 40:11). Pawòl sa yo montre Jewova toujou pran swen pèp li avèk tandrès. Nan priyè Jezi te fè nan dènye nuit li te pase sou tè a, li te ranfòse pwen sa a. Men fason li te priye pou disip li yo: “Yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m’ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou.” ​(Jan 17:11, 14). Jewova veye sou disip Jezi yo e li pwoteje yo.

Yon fason Jewova pwoteje nou kont manèv Satan yo jodi a, se lè li ban nou manje espirityèl nan moman apwopriye pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45, NW.) Li enpòtan anpil pou nou manje manje sa a ki fòtifye nou si nou vle mete “tout ekipman konba Bondye bay la” sou nou. Youn nan ekipman sa yo se “gwo boukliye lafwa a”. Li kapab ede nou etenn “tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou”. (Efe. 6:11, 16, NW.) Lefètke nou gen lafwa, nou pwoteje kont danje espirityèl yo. Anplis, se yon prèv ki montre nou konnen Bondye kapab pwoteje nou.

Nou kapab pi byen konprann jan Papa nou ki nan syèl la gen tandrès, lè nou byen egzamine konduit Pitit li a te genyen lè l te sou tè a. Remake sa Bib la di nan Mak 10:13-16. Nan vèsè sa yo, yo site pawòl Jezi te di disip li yo. Men sa li te di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen non.” Lè timoun yo te rasanble bò kote Jezi, li pran yo nan bra l e li beni yo. Sandout, moun te kapab wè nan vizaj yo jan yo te kontan! Lè nou konsidere Jezi te di: “Moun ki wè m, li wè Papa a”, nou konnen Bondye vle nou pwoche bò kote l. —Jan 14:9.

Jewova Dye ap toujou gen lanmou nan li. Li san parèy nan kapasite li genyen pou li ban nou sa nou bezwen, e li se Pwotektè nou ki vle nou pwoche bò kote l (Jak 4:8). Donk, pa gen dout Jewova se pi bon Papa nou kapab genyen!

Se pa de byenfè nou pa jwenn!

Nou jwenn anpil byenfè lè nou mete konfyans nou nan Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou e ki gen tandrès (Pwo. 3:5, 6). Jezi te jwenn byenfè lefètke li te fè Papa l yon konfyans total. Jezi te di disip li yo: ‘Mwen pa poukont mwen. Okontrè, Papa ki voye m nan avè m.’ ​(Jan 8:16, Bib Kreyòl La). Jezi te toujou gen konfyans Jewova ap ede l. Pa egzanp, nan moman li te batize a, Papa a te reba l asirans sa a avèk amou. Li te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.” ​(Mat. 3:15-17). Kèk moman anvan Jezi te mouri, men sa li te di byen fò: “Papa, m’ap renmèt lespri mwen nan men ou.” ​(Lik 23:46). Jezi te kontinye gen konfyans nan Papa l.

Nou kapab vin menm jan ak Jezi. Si Jewova avèk nou, poukisa pou nou pè (Sòm 118:6)? Atsuko, kretyèn nou te mansyone nan kòmansman atik la, te gen abitid konte sou pwòp fòs li lè li te gen pwoblèm. Men, li te fè yon etid sou lavi Jezi ak ministè l kote li te konsantre sitou sou bon relasyon Jezi te genyen ak Papa l ki nan syèl la. Ki byenfè li te jwenn? Men sa li di: “Mwen te aprann sa sa vle di gen yon Papa epi konte sou li.” Men sa li di ankò: “Mwen konnen sa sa vle di pou yon moun vrèman anpè e pou l vrèman gen kè kontan. An reyalite, pa gen okenn rezon pou nou enkyete nou pou anyen.”

Ki lòt byenfè nou jwenn ankò lè nou konsidere Jewova kòm Papa nou? Nòmalman, timoun renmen paran yo e yo vle fè yo plezi. Akoz lanmou Pitit Bondye a genyen pou Papa l, li “toujou fè sa k fè l plezi”. (Jan 8:29.) Menm jan an tou, lanmou nou gen pou Papa nou ki nan syèl la kapab pouse nou aji avèk sajès e li kapab pouse nou ‘ba li glwa’ devan tout moun. —Mat. 11:25, Bib Kreyòl La; Jan 5:19.

Papa nou an “pran men nou”

Papa nou ki nan syèl la ban nou yon èd tou. Èd sa a se lespri sen l. Jezi te di lespri sen “ap gide nou, l ap ede nou konprann laverite konplètman”. (Jan 14:15-17; 16:12, 13, NW.) Wi, lespri sen Bondye kapab ede nou pi byen konprann Bondye antanke Papa nou. Li kapab ede nou kraze “gwo fò”, sa vle di move lide moun genyen ki anrasinen nan lespri yo, oswa pwennvi defòme yo genyen. Konsa, ‘n’ap mare tout vye lide e n’ap fè yo vin obeyi Kris la’. (2 Kor. 10:4, 5.) Se sa k fè nou bezwen priye Jewova pou l ban nou “èd” li te pwomèt nou an, paske nou gen konfyans ‘Papa nou ki nan syèl la pap refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li’. (Lik 11:13.) Li apwopriye tou pou nou priye pou lespri sen ede nou gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova.

Lè yon timoun ap mache men nan men ak papa l, li santi li an sekirite e li pa pè. Si w vrèman konsidere Jewova kòm Papa w, ou kapab met konfyans ou nan pawòl rekonfòtan sa yo: “Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M’ap pran men nou, m’ap di nou: Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou.” ​(Iza. 41:13). Ou kapab gen privilèj pou w “mache” ak Bondye pou toutan (Mika 6:8, NW). Si w konsidere Jewova kòm Papa w e ou kontinye fè volonte l, w ap santi li renmen w, w ap gen lajwa e w ap santi w an sekirite.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Yo chanje non moun nan.