Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye viv pi bon fason ki genyen an!

Annou kontinye viv pi bon fason ki genyen an!

Annou kontinye viv pi bon fason ki genyen an!

“Kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.” —WOM. 14:8.

1. Ki sa Jezi te anseye anrapò ak pi bon fason nou kapab viv la?

JEWOVA vle nou viv pi bon fason ki genyen an. Moun yo kapab viv divès fason, men gen yon sèl fason ki pi bon pou moun viv. Sèl fason nou kapab pi byen viv se lè nou viv ann amoni ak Pawòl Bondye a e nou aprann nan men Pitit li a, Jezi Kris. Jezi te aprann disip li yo pou yo adore Bondye ak lespri ak laverite e li te ba yo misyon pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20; Jan 4:24). Lè nou viv ann amoni ak ansèyman Jezi yo, nou fè Jewova plezi e nou jwenn benediksyon nan men L.

2. Ki jan anpil moun te reyaji parapò ak mesaj Wayòm nan nan premye syèk la, e ki sa sa te vle di pou yo te fè pati “chemen an”?

2 Lè moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi etènèl la” vin kwayan e yo batize, nou gen bonjan rezon pou nou ankouraje yo pou yo “kontinye viv pi bon fason ki genyen an!” ​(Tra. 13:48, NW). Nan premye syèk epòk nou an, te gen plizyè milye moun ki te soti nan plizyè nasyon diferan ki te anbrase laverite e ki te montre devan tout moun yo te vwe lavi yo bay Bondye lè yo te batize (Tra. 2:41). Premye disip sa yo te fè pati “chemen an”. (Tra. 9:2; 19:23.) Ekspresyon sa a te byen tonbe paske moun ki te vin disip Kris yo se lafwa ki t ap dirije lavi yo e se moun ki te imite egzanp Kris. —1 Pyè 2:21.

3. Poukisa moun ki fè pati pèp Jewova a batize, e konbyen moun ki te batize pandan dis ane ki pase yo?

3 Travay fè disip la pran yon lòt vitès nan dènye jou sa yo. Jodi a, n ap fè travay sa a nan plis pase 230 peyi. Pandan dis ane ki pase yo, gen plis pase 2 700 000 moun ki te pran desizyon pou yo sèvi Jewova e ki te batize pou yo montre yo vwe lavi yo ba li. Sa vle di te gen plis pase 5 000 moun an mwayèn ki te batize chak semèn. Yon moun pran desizyon pou l batize paske l renmen Bondye, li gen konesans sou Ekriti yo epi li gen lafwa nan sa yo anseye. Batèm nan se yon evènman espesyal nan lavi nou, paske li se kòmansman yon relasyon sere sere ak Jewova. Li demontre tou nou gen konfyans Jewova ap ede nou sèvi l fidèlman, menm jan l te ede sèvitè l nan tan lontan yo mache nan chemen l yo. —Iza. 30:21.

Poukisa w dwe batize?

4, 5. Site kèk benediksyon ak kèk byenfè nou jwenn lè nou batize.

4 Petèt ou deja aprann anpil bagay sou Bondye, ou fè yon seri chanjman nan lavi w e ou se yon pwoklamatè ki poko batize. Ou merite felisitasyon pou pwogrè sa yo. Men, èske w vwe lavi w bay Bondye nan lapriyè? Èske w ap tann pou w batize? Nan etid Labib w ap fè a, sandout ou aprann se pa chèche fè tèt ou plezi oswa chèche byen materyèl ki ta dwe okipe premye plas nan lavi w, men sa k ta dwe okipe premye plas nan lavi w se louwe Jewova. (Li Sòm 148:11-13; Lik 12:15.) Men, ki benediksyon e ki byenfè konsa yon moun ap jwenn lè l batize?

5 Lè w vin yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye, w ap gen posiblite pou w pousuiv objektif ki pi enpòtan ou ta ka genyen nan lavi w. W ap kontan paske w ap fè volonte Bondye (Wom. 12:1, 2). Lespri sen Jewova ap pwodui yon seri bèl kalite nan ou, tankou lapè ak lafwa (Gal. 5:22, 23). Bondye ap reponn priyè w e l ap beni efò w ap fè pou w konfòme vi w ak Pawòl li a. W ap gen yon ministè ki ba w lajwa. E lefètke w ap viv jan Bondye vle a, sa ap fè esperans ou genyen pou w jwenn lavi etènèl la vin pi solid. Mete sou sa, lè w vwe lavi w bay Bondye epi w batize, ou montre w vrèman vle vin Temwen Jewova. —Iza. 43:10-12.

6. Lè nou batize, ki sa nou fè konnen?

6 Lè nou vwe lavi nou bay Bondye e nou batize, nou fè tout moun konnen se byen Jewova nou ye. Men sa apot Pòl te ekri: “Pa gen yon sèl moun nan nou k’ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k’ap mouri pou tèt pa li. Paske si n’ap viv, n’ap viv pou Senyè a, si n’ap mouri, n’ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.” ​(Wom. 14:7, 8). Bondye bay nou chak valè lefètke l ban nou libète pou nou deside. Lè nou pran bonjan detèminasyon pou nou kontinye viv pou Bondye paske nou renmen l, sa fè kè l kontan (Pwo. 27:11). Lè nou batize, nonsèlman nou montre nou vwe lavi nou bay Bondye, men tou, nou fè yon deklarasyon piblik kote nou fè konnen Jewova se Chèf nou. Lè nou batize, nou montre nou pran pozisyon pou Jewova antanke Souvren linivè a (Tra. 5:29, 32). Konsa, Jewova kanpe bò kote nou. (Li Sòm 118:6.) Mete sou sa, lè nou batize, sa pèmèt nou jwenn yon pakèt benediksyon kounye a e sa ap pèmèt nou jwenn yon pakèt lòt benediksyon alavni.

Moun ki batize yo vin fè pati yon fanmi entènasyonal ki gen lanmou

7-9. a) Ki asirans Jezi te bay moun ki te kite tout bagay yo genyen pou yo suiv li? b) Ki jan pwomès Jezi te fè nan Mak 10:29, 30 lan reyalize?

7 Men sa apot Pyè te di Jezi: “Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisa k pral rive nou?” ​(Mat. 19:27). Pyè te vle konnen ki sa li menm ak lòt disip Jezi yo pral jwenn alavni. Yo te fè gwo sakrifis pou yo te ka bay tèt yo nèt nan travay predikasyon Wayòm nan (Mat. 4:18-22). Ki asirans Jezi te ba yo?

8 Selon sa Mak rakonte nan Evanjil li a, Jezi te montre disip li yo yo t ap fè pati yon fanmi frè ak sè espirityèl. Men sa l te di yo: “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l, osinon manman l, osinon papa l, osinon pitit li, osinon jaden l, pou sèvis mwen ak pou sèvis Bòn Nouvèl la, moun sa a gen pou l resevwa, depi kounyeya, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k’ap vini apre sa a, li gen pou l resevwa lavi ki p’ap janm fini an.” ​(Mak 10:29, 30). Gen kretyen nan premye syèk la, tankou Lidi, Akila, Prisil ak Gayis, ki te fè pati moun ki te bay lòt kwayan parèy yo “kay” yo e ki te vin tounen “frè, sè, manman” pou yo, jan Jezi te pwomèt sa. —Tra. 16:14, 15; 18:2-4; 3 Jan 1, 5-8.

9 Sa Jezi te di a gen yon pi gwo akonplisman toujou jodi a. Anpil nan disip li yo kite “jaden” dèyè, sa vle di mwayen yo te gen pou yo viv, pou yo depanse yo volontèman pou fè travay Wayòm nan avanse nan anpil peyi. Pami yo, gen misyonè, Betelit, sèvitè entènasyonal ak lòt moun ankò. Anpil frè ak sè kite kay yo e yo senplifye lavi yo. E nou kontan lè nou tande y ap rakonte fason Jewova pran swen yo e fason sèvis y ap bay Jewova a fè yo kontan (Tra. 20:35). Anplis de sa, tout sèvitè Jewova ki batize yo, antanke moun ki fè pati fanmi kretyen entènasyonal nou fòme a, kapab jwenn benediksyon lè yo ‘chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye’. —Mat. 6:33, Bib Kreyòl La.

Nou an sekirite nan “kachèt” la

10, 11. Ki sa “kachèt Trèwo a” ye, e ki jan nou kapab jwenn li?

10 Lè yon moun vwe lavi l bay Bondye e li batize, sa fè l jwenn yon lòt benediksyon ankò: privilèj pou l rete nan “kachèt Trèwo a” ​(NW). (Li Sòm 91:1.) Se yon andwa senbolik kote moun jwenn sekirite, se yon sitiyasyon kote moun jwenn pwoteksyon kont bagay ki ka fè yo ditò nan domèn espirityèl. Li se yon “kachèt” paske se sèl moun ki wè bagay yo selon pwennvi Bondye e ki gen konfyans nan li ki ka jwenn sekirite sa a. Lè nou viv ann amoni ak ve nou te fè a e nou gen yon konfyans total nan Jewova, nou kapab di l: “Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.” ​(Sòm 91:2). Jewova Dye vin tounen yon kote yo kapab jwenn sekirite (Sòm 91:9). Èske nou ta ka mande plis pase sa?

11 Anplis, pou nou kapab nan “kachèt” Jewova a, sa mande pou nou te deja gen privilèj ak benediksyon pou nou gen bon relasyon avè l. Ve nou te fè a ansanm ak batèm nou an se premye bagay ki ka pèmèt nou antre nan “kachèt” sa a. Ansuit, nou fòtifye relasyon nou gen ak Bondye lè nou pwoche bò kote l grasa etid nou fè nan Bib la, lapriyè nou fè ak tout kè nou e grasa obeyisans total nou demontre (Jak 4:8). Pa gen yon moun ki te janm gen pi bon relasyon ak Jewova pase Jezi. Li te gen yon konfyans ki pa ka brannen ditou nan Kreyatè a (Jan 8:29). Se sa k fè nou pa dwe janm manke konfyans nan Jewova e nou pa dwe janm gen dout sou dezi ak kapasite li genyen pou l ede nou respekte ve nou te fè a (Ekl. 5:4). Dispozisyon Bondye pran nan domèn espirityèl pou sèvitè l yo se prèv klè ki montre li renmen yo toutbonvre e li vle yo reyisi nan sèvis li.

Annou cheri paradi espirityèl nou ladan l lan

12, 13. a) Ki sa paradi espirityèl la ye? b) Ki jan nou kapab ede moun ki nouvo yo?

12 Lè nou vwe lavi nou bay Bondye e nou batize, sa pèmèt nou rete nan paradi espirityèl la. Se yon anviwònman espirityèl ki san parèy kote kwayan yo anpè ak Jewova Dye e yo anpè youn avèk lòt (Sòm 29:11; Iza. 54:13). Monn nan pa gen anyen ki konparab toutbon ak paradi espirityèl nou an. Sa parèt byen klè nan kongrè entènasyonal yo, kote frè n ak sè n yo ki soti nan yon pakèt nasyon, ki pale divès lang e ki soti nan anpil gwoup etnik ap travay ansanm nan yon anbyans kote yo anpè, yo ini e youn renmen lòt.

13 Paradi espirityèl nou ladan l lan diferan nèt ak monn nan jodi a ki nan yon kondisyon ki deplorab. (Li Izayi 65:13, 14.) Lefètke n ap preche mesaj Wayòm nan, nou gen privilèj pou nou envite lòt moun pou yo antre nan paradi espirityèl la. Se yon benediksyon nou jwenn tou lè nou ede moun ki fèk vin fè pati kongregasyon an e lè nou ba yo fòmasyon nan ministè a. Yon lòt benediksyon nou ka jwenn, sèke ansyen yo kapab mande nou pou nou ede kèk moun ki nouvo, menm jan Akila ak Prisil te “fin moutre [Apolòs] chemen Bondye a yon jan ki pi kòrèk”. —Tra. 18:24-26.

Annou kontinye aprann nan men Jezi

14, 15. Ki bonjan rezon nou genyen pou nou kontinye aprann nan men Jezi?

14 Nou gen bonjan rezon pou nou kontinye aprann nan men Jezi. Anvan l te vin yon òm sou tè a, li te pase plizyè milye ane ap travay ak Papa l (Pwo. 8:22, 30). Li te konnen pi bon fason pou yon moun viv se santre lavi l sou sèvi Bondye e sou bay lòt moun temwayaj konsènan laverite (Jan 18:37). Jezi te byen konprann yon moun ki chwazi yon lòt fason pou l viv se yon moun ki egoyis e ki pa wè lwen. Li te konnen li t apral jwenn eprèv ki t ap rèd pou li e li te konnen yo t ap touye l (Mat. 20:18, 19; Ebre 4:15). Antanke Egzanp nou, li aprann nou ki jan pou nou kenbe entegrite nou.

15 Yon ti tan apre Jezi te fin batize, Satan te tante l pou fè l abandone pi bon fason pou moun viv la, men li pa t reyisi (Mat. 4:1-11). Sa montre nou kèlkeswa sa Satan fè, nou kapab kenbe entegrite nou. Sandout, li fikse atansyon l sou moun ki pral batize yo ak moun ki fèk batize yo (1 Pyè 5:8). Moun ki gen bon entansyon, men ki pa byen enfòme, ka opoze ak nou. Sepandan, eprèv sa yo ban nou okazyon pou nou montre bèl kalite nou genyen antanke kretyen yo, tankou respè ak konsiderasyon, lè n ap reponn kesyon e lè n ap bay temwayaj (1 Pyè 3:15). E sa kapab gen yon bon efè sou moun k ap koute nou yo. —1 Tim. 4:16.

Kontinye viv pi bon fason ki genyen an!

16, 17. a) Ki twa bagay fondamantal yo mansyone nan Detewonòm 30:19, 20 nou bezwen fè pou nou gen lavi? b) Ki jan Jezi, Jan ak Pòl te kore sa Moyiz te ekri a?

16 Anviwon 1 500 ane anvan Jezi te vin sou tè a, Moyiz te egzòte Izrayelit yo pou yo chwazi viv pi bon fason ki te genyen pou moun viv lè sa a. Li te di yo: “Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm.” ​(Det. 30:19, 20). Izrayèl te montre li pa fidèl ak Bondye, men, twa bagay fondamantal Moyiz te mande yo fè pou yo viv yo pa chanje. Jezi ak lòt moun ankò te pale de bagay sa yo.

17 Premyèman, ‘nou dwe renmen Senyè a, Bondye nou an’. Nou montre nou renmen Bondye lè nou mache nan chemen l yo ki dwat, sètadi lè nou fè sa l mande nou (Mat. 22:37). Dezyèmman, ‘nou dwe koute l’ lè nou etidye Pawòl li a e lè nou obeyi kòmandman l yo (1 Jan 5:3). Pou nou fè sa, nou bezwen toujou la nan reyinyon yo, kote y ap pale de Labib (Ebre 10:23-25). Twazyèmman, ‘nou pa dwe lage l menm’. Kèlkeswa pwoblèm nou rankontre, annou toujou egzèse lafwa nan Bondye e annou toujou suiv Pitit li a. —2 Kor. 4:16-18.

18. a) Ki fason Toudegad te pale de laverite nou jwenn nan Bib la depi nan ane 1914? b) Ki jan nou santi nou parapò ak limyè laverite ban nou jodi a?

18 Se pa ti benediksyon nou jwenn lè nou viv ann amoni ak verite ki nan Bib la! An 1914, yo te pibliye yon deklarasyon enpòtan nan Toudegad. Men sa yo te di: “Èske nou pa beni antanke pèp e èske nou pa gen kè kontan? Èske Bondye nou an pa fidèl? Si yon moun konnen yon bagay ki pi bon, li mèt al dèyè l. Si jamè youn nan nou ta jwenn yon bagay ki pi bon, nou espere l a fè nou konn sa. Nou pa konnen anyen ki pi bon pase sa nou jwenn nan Pawòl Bondye a. [...] Pa gen okenn mwayen pou nou dekri lapè ak lajwa nou gen nan kè nou ak benediksyon konesans egzak nou genyen sou vrè Dye a pote nan lavi nou. Konesans nou genyen sou Sajès Bondye, Jistis li, Pisans li ak Lanmou li vrèman satisfè bezwen nou ni nan domèn entèlektyèl ni nan domèn afektif. Nou pap chèche lòt konesans. Tout sa nou ta renmen se kenbe konesans estrawòdinè sa a pi vivan toujou nan lespri nou.” ​(Toudegad 15 desanm 1914, paj 377-378 [anglè].) Rekonesans nou gen pou limyè ak verite nou jwenn nan domèn espirityèl yo pa chanje. Vrèmanvre, kounye a nou gen plis rezon toujou pou nou kontan lefètke n ap “mache nan limyè Senyè a”. —Iza. 2:5; Sòm 43:3; Pwo. 4:18.

19. Poukisa moun ki ranpli kondisyon pou yo batize yo pa dwe pran tan pou yo fè sa?

19 Si w vle “mache nan limyè Senyè a”, men ou poko vwe lavi w bay Bondye, ou poko batize antanke kretyen, pa pran tan pou w fè sa. Fè tout sa w dwe fè pou w ranpli kondisyon Labib bay pou yon moun batize. Se sèl fason w ap demontre w gen rekonesans pou sa Bondye ansanm ak Kris fè pou ou. Bay Jewova byen w genyen ki gen plis valè a, sètadi lavi w. Montre w dispoze fè volonte Bondye lè w suiv Pitit li a (2 Kor. 5:14, 15). Pa gen dout nan sa, se pi bon fason pou yon moun viv!

Ki repons nou ta bay?

Lè nou batize, ki sa nou montre?

• Lè nou vwe lavi nou bay Bondye e nou batize, ki benediksyon nou jwenn?

• Poukisa li trèzenpòtan pou nou aprann nan men Jezi?

• Ki sa k ap ede nou kontinye viv pi bon fason ki genyen an?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Lè w batize, ou montre ou chwazi pi bon fason pou yon moun viv la.

[Foto nan paj 26]

Èske w an sekirite nan “kachèt” la?