Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen sèvi ak “epe lespri a”

Byen sèvi ak “epe lespri a”

Byen sèvi ak “epe lespri a”

“Aksepte [...] epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a.” —EFE. 6:17, NW.

1, 2. Piske gen gwo bezwen pou gen plis pwoklamatè Wayòm nan, ki sa nou menm nou ka fè?

LÈ Jezi te wè jan moun ki te nan foul ki t ap suiv li yo te bezwen èd nan domèn espirityèl, li te di disip li yo: “Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l lan.” Jezi pa t rete la. Lè l te fin pale ak foul yo, li “rele douz disip li yo” e li voye yo al preche, oubyen al ranmase “rekòt la”. (Mat. 9:35-38; 10:1, 5.) Annapre, Jezi “chwazi swasanndis lòt disip. Li voye yo [...] de pa de” pou yo fè menm travay la. —Lik 10:1, 2.

2 Jodi a tou, gen yon gwo bezwen pou gen plis pwoklamatè Wayòm nan. Pou ane sèvis 2009 la, te gen 18 164 539 moun ki te asiste Memoryal la sou tout tè a. Te gen plis pase 10 milyon moun ki pa t Temwen ki te asiste l. Vrèman, jaden yo pare pou rekòt la (Jan 4:34, 35). Se sa k fè nou ta dwe priye pou gen plis travayè. Men, ki jan nou ka aji ann amoni ak demann sa yo? Nou ka fè sa lè nou vin pi efikas nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la e lè nou fè travay sa a avèk zèl. —Mat. 28:19, 20; Mak 13:10.

3. Nan ki sans lespri Bondye jwe yon wòl enpòtan nan ede nou vin pwoklamatè ki pi efikas?

3 Atik ki vin anvan an te montre ki jan li enpòtan pou nou kite lespri sen gide nou pou nou kapab “pale pawòl Bondye a avèk kran”. (Tra. 4:31, NW.) Lespri sa a ka ede nou tou pou nou vin pwoklamatè Wayòm nan ki efikas. Yon fason nou ka vin pi efikas nan ministè a, se lè nou byen sèvi ak bonjan zouti Jewova Dye ban nou an, sètadi Pawòl li a, Labib. Se pa mwayen lespri sen Bondye yo te ekri l (2 Tim. 3:16). Mesaj ki ladan l lan se Bondye ki enspire l. Se sa k fè nou kapab di lè nou prezante moun verite ki nan Ekriti yo yon fason ki efikas lespri a ap dirije nou. Anvan nou egzamine fason nou kapab fè sa, annou fè yon ti pale sou fason Pawòl li a pisan.

‘Pawòl Bondye a gen pouvwa’

4. Ki jan mesaj Bondye fè ekri nan Bib la ka chanje lavi yon moun?

4 Se pa ti pouvwa pawòl Bondye a, oubyen mesaj Bondye a, genyen (Ebre 4:12)! Nan yon sans senbolik, mesaj ki nan Bib la pi file pase nenpòt epe moun fè, paske nan yon sans, li pèse jis li rive separe zo yon moun ak mwèl ki gen anndan zo l. Verite ki nan Ekriti yo touche pati ki pi fon nan yon moun, li antre nan panse l e li touche santiman l, konsa li montre sa moun nan ye toutbon nan fon kè l. Verite sa a gen pouvwa pou l transfòme moun, li ka fè moun nan fè bonjan chanjman nan pèsonalite l. (Li Kolosyen 3:10.) Donk, Pawòl Bondye a kapab vrèman chanje lavi moun!

5. Nan ki sans Labib kapab gide nou, e ki rezilta n ap jwenn?

5 Mete sou sa, Bib la se yon liv ki gen yon sajès san parèy ladan l. Li gen yon pakèt bonjan enfòmasyon ki ka ede moun wè kòman yo ka viv nan monn sa a ki konplike e ki difisil. Nonsèlman Pawòl Bondye a se yon limyè pou ede nou wè kote n ap mete pye nou, men tou, li se yon limyè ki klere wout ki devan nou an (Sòm 119:105). Li ede nou anpil lè n ap fè fas ak pwoblèm oubyen lè n ap pran yon seri desizyon, tankou kiyès n ap chwazi kòm zanmi nou, ki distraksyon n ap pran, ki travay n ap chwazi, ki rad n ap mete, eksetera (Sòm 37:25; Pwo. 13:20; Jan 15:14; 1 Tim. 2:9). Lè nou aplike prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a, sa fè li posib pou nou antann nou byen ak lòt moun (Mat. 7:12; Fil. 2:3, 4). Piske wout ki devan nou an byen klere, nou gentan wè ki efè desizyon nou yo ka gen sou nou alavni (1 Tim. 6:9). Ekriti yo deja anonse objektif Bondye genyen pou lavni e yo ede nou viv ann amoni ak objektif sa a (Mat. 6:33; 1 Jan 2:17, 18). Yon moun kapab mennen yon vi ki vrèman gen sans si l kite prensip ki nan Bib la gide l nan lavi l.

6. Nan ki pwen Labib se yon zam ki pisan pou ede nou nan gè espirityèl n ap mennen an?

6 Reflechi tou sou fason Bib la se yon zam ki pisan anpil pou ede nou nan gè espirityèl n ap mennen an. Pòl te rele Pawòl Bondye a “epe lespri a”. (Li Efezyen 6:12, 17.) Lè nou prezante moun yo mesaj ki nan Bib la yon fason ki efikas, li ka libere yo anba kontwòl Satan. Se pa yon epe ki la pou detwi lavi. Li la pou sove lavi pito. Èske nou pa ta dwe fè efò pou nou byen sèvi avè l?

Manyen pawòl Bondye a kòrèkteman

7. Poukisa l enpòtan pou nou aprann byen sèvi ak “epe lespri a”?

7 Yon sòlda ki nan lagè ap byen sèvi ak zam ki nan men l yo si li te deja aprann sèvi avèk yo e si l te antrene pou l byen sèvi avèk yo. Se menm bagay la lè n ap sèvi ak “epe lespri a” nan gè espirityèl n ap mennen an. Men sa Pòl te ekri: “Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun ki apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont e ki manyen pawòl verite a kòrèkteman.” —2 Tim. 2:15, NW.

8, 9. Ki sa k ap ede nou konprann sa Bib la di? Bay yon egzanp.

8 Ki sa k ap ede nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman” nan ministè nou? Anvan nou fè lòt moun byen konnen sa Bib la di, nou menm nou bezwen byen konprann li. Sa mande pou nou gade kontèks yon vèsè oubyen yon pasaj. Selon yon diksyonè, men sa kontèks la ye: “Kontèks yon mo, yon fraz oubyen yon tèks, se mo, fraz ak tèks ki vin anvan l e ki vin apre l yo ki fè sans mo sa a, fraz sa a oubyen tèks sa a parèt klè.”

9 Pou nou ka byen konprann yon pasaj nan Ekriti yo, sa mande pou nou egzamine sa k ekri anvan l ak sa k ekri apre l. Pawòl Pòl te di nan Galat 5:13 yo ede nou konprann sa. Men sa l te ekri: “Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.” De ki libète Pòl t ap pale la a? Èske l t ap pale de libète anba peche ak lanmò, de libète anba fo kwayans, oubyen de libète anba yon lòt bagay? Kontèks pawòl Pòl te di yo montre li t ap pale de libète moun jwenn lè yo “delivre [...] anba madichon lalwa”. (Gal. 3:13, 19-24; 4:1-5.) Li t ap pale de libète yon moun genyen lè li vin kretyen. Kretyen ki te apresye libète sa a te sèvi youn lòt antanke esklav avèk amou. Sepandan, kretyen ki pa t gen lanmou yo te mòde an trèt e yo te konn fè diskisyon. —Gal. 5:15.

10. Ki kalite enfòmasyon nou ta dwe pran an konsiderasyon pou nou ka byen konprann sans vèsè yo, e ki jan nou ka rive jwenn enfòmasyon sa yo?

10 Mo “kontèks” la gen yon lòt sans. Li vle di: “Sikonstans, kondisyon, [...] sitiyasyon.” Pou nou kapab byen konprann sans yon vèsè, nou ta dwe konsidere lòt enfòmasyon ki gen rapò avè l, tankou ki moun ki te ekri liv kote vèsè a soti a, ki lè yo te ekri l e ki sikonstans ki te fè yo ekri l. Li bon tou pou nou konnen rezon ki fè yo te ekri liv sa a, e si posib, koutim ki te gen nan epòk la ki gen rapò ak fason sosyete a te òganize, abitid moun yo te genyen nan domèn moralite ak koutim yo te genyen nan domèn relijye *.

11. Ki prekosyon nou ta dwe pran lè n ap esplike vèsè yo?

11 Pou nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman”, sa mande pou nou fè plis pase esplike verite ki nan Bib la yon fason ki egzak. Nou bezwen veye tou pou nou pa sèvi ak Bib la pou nou fè moun pè. Nou kapab sèvi ak Ekriti yo pou nou defann laverite, menm jan Jezi te fè sa lè Dyab la te vin tante l la. Men, Bib la se pa yon baton nou itilize pou n bat moun k ap koute nou yo (Det. 6:16; 8:3; 10:20; Mat. 4:4, 7, 10). Apot Pyè te bay yon avètisman nou ta dwe koute. Li te di: “Se pou nou rekonèt se Kris la ki Senyè a nan kè nou. Se pou n toujou pare pou n defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè.” —1 Pyè 3:15, 16 [3:15, NW].

12, 13. Ki bagay ki tankou “gwo fò” verite ki nan Pawòl Bondye a ka ranvèse? Bay yon egzanp.

12 Ki sa verite ki nan Pawòl Bondye a ka akonpli lè nou byen sèvi avèk li? (Li 2 Korentyen 10:4, 5.) Verite ki nan Labib yo kapab ranvèse “tout gwo fò”, sa vle di li kapab denonse fo doktrin, pratik ki malsen ak filozofi ki reflete sajès lèzòm ki enpafè. Nou kapab sèvi ak Bib la pou nou elimine kèlkeswa ide moun vin ak yo “pou anpeche moun konnen Bondye”. Nou kapab sèvi ak ansèyman ki nan Bib la pou nou ede lòt moun mete panse yo ann amoni ak laverite.

13 Annou konsidere egzanp yon dam ki gen 93 an k ap viv ann End. Depi lè l te timoun, yo te fè l kwè nan reyenkanasyon. Li te kòmanse etidye Labib avèk pitit gason l k ap viv nan yon lòt peyi pa mwayen lèt li te konn ekri l e li te aksepte sa l te aprann konsènan Jewova ak pwomès li yo san pwoblèm. Sepandan, li te tèlman kwè nan reyenkanasyon, li pa t vle kwè sa pitit li a te ekri l konsènan kondisyon mò yo. Men sa l te di l: “Mwen senpleman pa ka konprann verite ki gen nan vèsè w bay yo. Tout relijyon fè konnen gen yon bagay anndan nou ki imòtèl. Mwen te toujou kwè kò nou mouri, men gen yon pati ki envizib anndan nou k ap kontinye viv e ki pran diferan fòm kò, anviwon 8 400 000 fwa. Kòman pou sa ta fè pa laverite? Èske pifò relijyon yo nan erè?” Èske “epe lespri a” ka ranvèse yon kwayans ki byen anrasinen konsa e ki te tankou yon gwo fò? Men sa dam nan te ekri apre yo te diskite plis sou sa Ekriti yo di sou sijè a: “Finalman, mwen kòmanse konprann laverite konsènan lanmò. Mwen kontan anpil lefètke m konnen lè rezirèksyon an, n ap kapab rewè moun pa nou yo ki te mouri. Mwen espere Wayòm Bondye a ap vini talè konsa.”

Sèvi avè l yon fason pou nou konvenk moun

14. Sa sa vle di pou nou konvenk moun k ap koute nou?

14 Pou nou efikas nan fason nou sèvi ak Labib nan ministè a, se pa site sèlman nou bezwen site vèsè yo. Pòl te konn pale yon fason pou l “konvenk” moun (NW), e nou menm tou nou ta dwe fè sa. (Li Travay 19:8, 9; 28:23.) Lè yon moun konvenk yon lòt moun, lòt moun nan vin “kwè sa l di l la se vre”. Lè nou konvenk yon moun pou l aksepte yon ansèyman ki nan Bib la, nou fè l mete konfyans li nan ansèyman sa a. Pou nou fè sa, nou bezwen konvenk moun k ap koute nou an sa nou di l la se laverite. Gen plizyè fason nou kapab fè sa.

15. Ki jan nou ka atire atansyon moun yo sou Labib yon fason pou nou ede yo gen respè pou li?

15 Atire atansyon moun yo sou Pawòl Bondye a yon fason k ap fè yo gen respè pou li. Lè w ap site yon vèsè pou yon moun, mete aksan sou enpòtans pwennvi Bondye genyen anrapò ak sijè w ap pale a. Lè w fin poze moun nan yon kesyon epi moun nan fin reponn ou, ou gendwa di l: ‘Annou wè pwennvi Bondye sou kesyon an.’ Oubyen ou gendwa mande l: ‘Ki sa Bondye di sou sa?’ Lè nou entwodui vèsè yo konsa, nou fè moun yo konnen Labib soti nan Bondye, e sa ede yo gen plis respè pou li. Li enpòtan pou nou fè sa sitou lè moun n ap preche a se yon moun ki kwè nan Bondye, men ki pa fin konn ki sa Labib anseye. —Sòm 19:7-10.

16. Ki sa k ap ede w esplike vèsè yo yon fason ki kòrèk?

16 Pa annik li vèsè yo, esplike sa yo vle di tou. Pòl te gen abitid pou l ‘bay esplikasyon e pou l sèvi ak referans pou l pwouve’ sa l t ap anseye yo (Tra. 17:3, NW). Souvan, yon vèsè kapab gen plizyè pwen ladan l, e se sa k fè ou ka bezwen mete aksan sou pwen ki gen rapò ak sijè w ap pale de li a. Ou ka fè sa lè w repete mo ki fè pwen prensipal la parèt, oubyen lè w poze moun nan kesyon ki ka ede l wè pwen an. Apre sa, ou ka ede l konprann ki sans mo ou te repete yo genyen. Lè w fin fè sa, ede moun nan wè ki jan tèks sa a konsène l pèsonèlman.

17. Ki jan w ka rezone yon fason ki konvenkan sou Ekriti yo ak lòt moun?

17 Rezone sou Ekriti yo yon fason ki konvenkan. Lefètke Pòl te egzòte moun yo avèk senserite e li te fè sa yon fason ki lojik, li te kapab “rezone avèk yo dapre Ekriti yo” yon fason ki konvenkan (Tra. 17:2, 4). Menm jan ak Pòl, nou bezwen bat pou nou touche kè moun k ap koute nou yo. Nou kapab “rale” sa k nan kè yo “mete deyò” lè nou poze yo kesyon avèk jantiyès, kesyon ki demontre nou gen yon enterè sensè pou yo (Pwo. 20:5). Se pou nou veye pou nou pa twò kare. Lè n ap eseye konvenk moun yo, nou ta dwe pale yon fason ki klè e ki lojik. Mete sou sa, nou ta dwe bay bonjan prèv pou kore sa nou di yo. Pawòl nou yo ta dwe byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Li pi bon pou nou site yon sèl tèks, pou nou byen esplike l epi pou nou bay yon egzanp sou li olye nou annik li de oubyen twa vèsè youn dèyè lòt. Lè nou sèvi ak bonjan prèv, ‘pawòl nou vin gen plis pèz’. (Pwo. 16:23.) Pafwa, li ka nesesè pou nou fè rechèch pou nou bay plis enfòmasyon. Dam ki gen 93 an nou te site pi wo a te vle konnen pou ki rezon ansèyman nanm (oubyen espri) imòtèl la te gaye konsa. Sa k te vin konvenk li pou l aksepte sa Labib anseye sou pwen sa a, se konprann li te vin konprann kote doktrin sa a te soti ak fason li te antre nan pifò relijyon ki nan monn nan *.

Kontinye byen sèvi avè l

18, 19. Poukisa nou ta dwe kontinye byen sèvi ak “epe lespri a”?

18 Labib di “monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat”. Moun mechan yo ap vin pi mechan de jou an jou (1 Kor. 7:31, NW; 2 Tim. 3:13). Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou kontinye ranvèse “gwo fò” yo lè nou sèvi ak “epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a”.

19 Se pa ti kontan nou kontan dèske nou gen Labib, Pawòl Bondye a, e se pa ti kontan nou kontan sèvi ak mesaj pisan li gen ladan l lan pou nou derasinen fo ansèyman yo e pou nou touche moun ki gen kè sensè yo! Pa gen okenn gwo fò ki gen plis pisans pase mesaj sa a. Kidonk, annou fè efò ak tout kè nou pou nou byen sèvi ak “epe lespri a” nan travay pwoklame Wayòm nan.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gen yon seri piblikasyon ki ka ede nou jwenn yon seri enfòmasyon konsènan liv ki nan Bib la. Nou gen Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile, Étude perspicace des Écritures e gen yon seri ribrik nan Toudegad, tankou “Pawòl Jewova a vivan”, ki kapab ede nou tou.

^ § 17 Gade bwochi Que devient-on quand on meurt? la nan paj 5-16.

Ki sa nou sot aprann?

• Nan ki pwen Pawòl Bondye a pisan?

• Ki jan nou ka “manyen pawòl verite a kòrèkteman”?

• Ki sa mesaj ki nan Bib la ka fè “gwo fò” yo?

• Ki sa w ka fè pou w pi byen konvenk moun nan ministè a?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 12]

Fason nou ka sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou konvenk moun

▪ Pale yon fason pou nou fè moun gen respè pou Bib la.

▪ Esplike yo vèsè yo.

▪ Rezone yon fason pou w konvenk moun nan e pou w touche kè l.

[Foto nan paj 11]

Se pou w aprann byen sèvi ak “epe lespri a”.