Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan ki sikonstans li ta bon pou yon moun egzamine si l dwe rebatize?

Gen sikonstans kote moun ki batize kapab reflechi sou batèm li e li kapab egzamine si l dwe rebatize. Pa egzanp, nan moman yon moun te batize, li gendwa te nan yon sitiyasyon ki pa kòrèk an kachèt oswa li gendwa t ap pratike yon bagay ki te ka fè l eskominye si l te deja batize. Yon moun ki nan yon sitiyasyon konsa pa t ap kapab vwe tèt li bay Bondye vre. Yon sèl bagay ki te ka fè ve sa a moun nan fè bay Jewova a valab se sèlman si li te kite konduit li te genyen anvan an ki pa ann akò ak Labib. Donk, li t ap bon pou yon moun ki batize ki te gen yon pwoblèm grav konsa egzamine si l dwe rebatize.

E si yon moun pa t ap pratike peche nan moman li t apral batize a, men apre batèm li, li vin komèt yon peche ki mande pou yon komite disiplin relijye reyini avè l? Ann sipoze lè sa a li ta fè konnen li pa t byen konprann sa l t ap fè lè l te batize a e l ta di batèm li an pa t vrèman valab. Lè ansyen yo reyini ak yon moun ki komèt yon peche, yo pa ta dwe mande moun nan si ve li te fè a ak batèm li an valab. Dayè, moun nan te tande yon diskou ki baze sou Labib anrapò ak siyifikasyon batèm nan. Li te reponn wi lè yo te poze kesyon konsènan ve ak batèm yo e li te aksepte pou yo plonje l nan dlo a. Donk, li rezonab pou nou kwè li te byen konprann sa li te fè a se yon bagay serye. Nan ka sa a, ansyen yo ta dwe trete l kòm yon moun ki batize.

Si yon moun fè konnen batèm li pa t valab, ansyen yo ka voye l al gade Toudegad 1ye fevriye 1961 paj 47, 48 (fransè), ak Toudegad 15 septanm 1964 paj 567-570 (fransè). Nan atik sa yo, yo egzamine kesyon rebatize a an detay. Si yon moun panse li ta dwe rebatize pou yon rezon kèlkonk, tankou paske li te manke konesans sou Bib la lè l te batize a, se li menm ki konnen.

Sou ki sa yon kretyen ta dwe reflechi si l ta gen pou l pran desizyon pou l rete nan menm kay ak lòt moun?

Tout moun bezwen yon kote pou yo viv. Sepandan, jodi a, gen anpil moun ki pa gen pwòp kay pa yo. Sitiyasyon ekonomik, pwoblèm sante oswa lòt bagay ankò kapab fè moun ki fanmi pwòch oblije viv ansanm. Nan kèk peyi, plizyè moun nan yon fanmi gendwa oblije viv nan yon ti chanm kay kote yo prèske pa gen entimite e yo santi y ap viv youn sou lòt.

Se pa responsablite òganizasyon Jewova a pou l fè yon lis byen long ki gen règ konsènan ki aranjman tout moun nan kongregasyon mondyal la dwe fè anrapò ak kote y ap abite. Kretyen yo jwenn konsèy pou yo suiv prensip biblik yo lè y ap deside si kote y ap viv la apwopriye oswa si li pa apwopriye nan je Bondye. Annou egzamine kèk nan prensip sa yo.

Yon bagay ki enpòtan pou nou konsidere, se enfliyans sa ap genyen sou nou e sou espirityalite nou si n al viv nan menm kay ak lòt moun. Ki kalite moun yo ye? Èske se sèvitè Jewova? Èske yo suiv prensip biblik yo nan lavi yo? Apot Pòl te di: “Pa twonpe tèt nou. Move zanmi gate bon mannyè.” —1 Kor. 15:33, Bib Kreyòl La.

Ekriti yo fè konnen Jewova pa vle moun fè fònikasyon ak adiltè (Ebre 13:4). Donk, nenpòt aranjman ki ta fèt pou moun dòmi epi nan aranjman sa yo gen moun ki pa menm sèks ki dòmi menm kote kòmsi si yo te mari ak madanm, se sèten aranjman sa a pa t ap bon nan je Bondye. Yon kretyen pa ta dwe aksepte rete yon kote yo aksepte imoralite.

Anplis, Bib la ankouraje tout moun ki ta renmen gen favè Bondye pou yo “kouri pou imoralite”. (1 Kor. 6:18, Bib Kreyòl La.) Se sa k fè li t ap saj pou kretyen yo pa fè aranjman pou yo viv yon kote yo kapab jwenn tantasyon pou yo fè imoralite. Ann pran yon sitiyasyon kote plizyè kretyen dòmi nan menm kay. Èske yon aranjman konsa pa ka mete yo nan sitiyasyon kote yo ka jwenn tantasyon pou yo fè imoralite? Sa ka rive de moun ki pa marye ansanm twouve yo poukont yo anndan kay la paske lòt moun ki abite nan kay la soti pandan yon moman. Konsa tou, li t ap danjere pou de selibatè ki gen santiman youn pou lòt ta viv nan menm kay. Li t ap saj pou nou evite kalite aranjman sa yo.

Li pa t ap apwopriye tou pou de moun ki divòse kontinye viv nan menm kay. Lefètke yo te konn gen relasyon seksyèl anvan, sa kapab fè yo tonbe nan imoralite. —Pwo. 22:3.

Yon lòt bagay ki enpòtan pou nou konsidere tou, se ki efè aranjman w fè a ap gen sou lòt moun nan zòn nan. Si yon kretyen ta fè yon aranjman pou l rete yon kote ak lòt moun, epi moun nan zòn nan ap kritike l pou sa, li ta dwe fè yon lòt aranjman. Nou pa ta dwe janm kite konduit nou fè moun pale an mal de non Jewova. Men sa Pòl te di: “Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon [pou yo trebiche]. Se pou nou fè tankou m: nan tou sa m’ap fè, m’ap fè mwayen posib pou m fè tout moun plezi; mwen p’ap chache avantaj pa m, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.” —1 Kor. 10:32, 33.

Lè kretyen yo oblije viv nan menm kay ak lòt moun, li kapab difisil pou yo fè aranjman ki apwopriye piske yo vle viv selon prensip Jewova yo ki jis. Sepandan, kretyen yo dwe toujou ‘chache fè sa k ap fè Senyè a plezi’. Yo bezwen asire yo pa gen anyen imoral k ap fèt anndan lakay yo (Efe. 5:5, 10). Sa mande pou yo priye Bondye pou l gide yo e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo pwoteje youn lòt fizikman, moralman, e pou yo pwoteje bèl non Jewova a.