Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non”

“Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non”

“Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non”

“Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. [...] Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis.” —REV. 22:17.

1, 2. Nan ki plas nou ta dwe mete enterè Wayòm nan nan lavi nou, e poukisa?

NAN ki plas nou ta dwe mete enterè Wayòm nan nan lavi nou? Jezi te ankouraje disip li yo pou yo ‘chèche wayòm nan an premye’ e li te ba yo asirans si yo fè sa, Bondye t ap ba yo sa yo bezwen (Mat. 6:25-33, Bib Kreyòl La). Li te konpare Wayòm Bondye a ak yon pèl yon komèsan k ap vwayaje te jwenn. Pèl sa a te tèlman gen valè, lè komèsan an jwenn li, li ‘vann tou sa l genyen pou l achte l’. (Mat. 13:45, 46.) Èske nou pa ta dwe bay travay predikasyon an ak travay fè disip la plis enpòtans pase tout lòt bagay?

Jan nou te wè sa nan de atik ki vin anvan yo, lefètke nou pale avèk kran e lefètke nou byen sèvi ak Pawòl Bondye a nan ministè nou, sa demontre se lespri Bondye k ap dirije nou. Lespri sa a jwe yon wòl enpòtan tou nan ede nou patisipe regilyèman nan travay predikasyon an. Annou wè ki jan.

Yon envitasyon ki pou tout moun!

3. Ki dlo yo envite tout moun ‘vin’ bwè?

3 Pa mwayen lespri sen, gen yon envitasyon byen klè ki lanse bay tout moun. (Li Revelasyon 22:17.) Yo envite yo pou yo “vini” e pou yo bwè yon dlo espesyal pou pase swaf yo. Se pa dlo nou konnen an, dlo ki konpoze ak de molekil idwojèn ansanm ak yon molekil oksijèn nan. Byenke dlo nou konnen an se yon bagay ki endispansab pou lavi egziste sou latè, se yon lòt dlo Jezi te gen nan lespri l lè l t ap pale ak Samaritèn nan bò pi a. Li te di l: “Moun ki va bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m’ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k’ap ba li lavi ki p’ap janm fini an.” ​(Jan 4:14). Dlo sa a ki san parèy yo envite moun vin bwè a bay lavi ki pap janm fini an.

4. Ki jan li te fè vin nesesè pou gen yon dlo ki bay lavi, e ki sa dlo sa a ye?

4 Li te vin nesesè pou gen yon dlo ki bay lavi lè premye òm nan, Adan, te mete ansanm ak madanm li, Èv, pou yo dezobeyi Jewova Dye, Moun ki te kreye yo a (Jen. 2:16, 17; 3:1-6). Bondye te mete de premye moun yo deyò nan jaden kote yo te rete a yon fason pou ‘[Adan] pa t gentan keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l manje l, pou l te ka viv pou tout tan’. (Jen. 3:22.) Donk, antanke zansèt limanite, Adan te fè vin gen lanmò nan mitan lèzòm (Wom. 5:12). Dlo lavi a se tout dispozisyon Bondye pran pou l libere moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò e pou l ba yo pèfeksyon pou toutan nan Paradi k ap gen sou tè a. Se sakrifis Jezi Kris te bay pou lèzòm kòm ranson an ki baz dispozisyon sa yo. —Mat. 20:28; Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10.

5. Nan men kiyès envitasyon pou moun yo vin bwè ‘dlo ki bay lavi gratis’ la soti? Esplike.

5 Nan men kiyès envitasyon ki mande moun yo pou yo vin bwè ‘dlo ki bay lavi gratis’ la soti? Pandan Rèy mil an Kris la, limanite pral pwofite totalman de dispozisyon Bondye pran pou l bay lèzòm lavi pa mwayen Jezi. Yo pale de dispozisyon sa yo antanke ‘rivyè dlo lavi a, yon rivyè ki klè tankou kristal’. Yo te wè rivyè sa a k ap koule soti “nan twòn Bondye a ak Ti Mouton an”. (Rev. 22:1, Bib Kreyòl La.) Se Jewova ki bay lavi, se sa k fè se nan li Sous dlo ki bay lavi a soti (Sòm 36:9). Se li menm ki bay dlo sa a pa mwayen “Ti Mouton an”, Jezi Kris (Jan 1:29). Rivyè senbolik sa a reprezante mwayen Jewova itilize pou l efase tout mal dezobeyisans pote pou limanite. Pa gen dout nan sa, se nan men Jewova Dye envitasyon pou moun yo “vini” an soti.

6. Ki lè “rivyè dlo lavi a” te kòmanse koule?

6 Se vre, se pandan Rèy mil an Kris la “rivyè dlo lavi a” pral koule totalman, men, li te kòmanse koule nan “jou Mèt la” ki te kòmanse an 1914, lè “Ti Mouton an” te resevwa pouvwa antanke Wa nan syèl la (Rev. 1:10). Donk, se apre evènman sa a, Bondye te kòmanse mete yon seri dispozisyon sou pye pou l bay lavi. Pami dispozisyon sa yo, gen Pawòl li a, Labib, paske yo konpare mesaj li gen ladan l lan ak “dlo”. (Efe. 5:26.) Se tout moun yo envite pou yo vin ‘bwè dlo lavi a’, sètadi pou yo vin koute bon nouvèl Wayòm nan e pou yo aksepte l. Men, kiyès k ap lanse envitasyon sa a nan jou Mèt la, oswa jou Seyè a?

“Lamarye a” di: “Vini non”

7. Nan “jou Mèt la”, kiyès an premye k ap lanse envitasyon bay moun pou yo “vini”, e bay ki moun y ap lanse envitasyon sa a?

7 Moun ki fè pati klas lamarye a, sètadi kretyen wen yo, se yo menm an premye k ap lanse envitasyon bay moun yo pou yo “vini”. Men, bay ki moun y ap lanse envitasyon sa a? An reyalite, lamarye a pa di pwòp tèt li pou l “vini”. Men, moun l ap di vini yo se moun ki ta renmen gen lavi etènèl sou tè a apre “batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a”. —Li Revelasyon 16:14, 16.

8. Ki sa k montre kretyen wen yo te kòmanse lanse envitasyon Jewova a depi nan ane 1918?

8 Disip wen Kris yo ap lanse envitasyon sa a depi 1918. Nan ane sa a, yo te bay yon diskou piblik ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”. Nan diskou sa a, yo te ofri moun yo espwa anpil moun ap gen lavi nan paradi k ap gen sou tè a apre batay Amagedòn nan. Nan yon diskou yo te bay nan yon kongrè Etidyan Labib yo te òganize nan vil Cedar Point, nan Ohio, Ozetazini, nan ane 1922, yo te ankouraje moun ki t ap koute yo ‘pwoklame Wa a ak wayòm li an!’ Egzòtasyon sa a te ede rès moun ki fè pati klas lamarye a pou yo chèche bay plis moun envitasyon sa a. Gen yon atik yo te pibliye nan Toudegad 15 mas 1929 (anglè) ki te gen tit “Yon envitasyon ki fèt avèk bonte” e ki te gen Revelasyon 22:17 kòm vèsè ki soutni tèm nan. Men sa atik la te di: “Klas rès la ki fidèl mete ak [Trèwo a] pou yo lanse envitasyon an avèk bonte e pou yo di ‘vini’. Y ap pwoklame mesaj sa a bay moun ki vle lajistis ak laverite yo. Yo dwe fè sa kounye a.” Jis jodi a, klas lamarye a kontinye ap lanse envitasyon sa a.

“Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non”

9, 10. Ki jan moun ki tande envitasyon yo te fè yo a vin envite lòt moun pou yo “vini” tou?

9 E moun ki tande envitasyon ki mande yo pou yo “vini” an, ki sa yo dwe fè? Yo te envite yo pou yo di lòt moun “vini” tou. Pa egzanp, nan Toudegad 1ye out 1932 (anglè), men sa yo te di nan paj 232: “Se pou kretyen wen yo ankouraje tout moun pou yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Yo pa bezwen pou Seyè a wen yo pou yo ka preche mesaj Li a. Se yon bagay ki ankouraje temwen Jewova yo anpil lè yo konnen yo kapab pote dlo lavi a bay yon gwoup moun k ap pase Amagedòn vivan e k ap jwenn lavi etènèl sou tè a.”

10 Nan Toudegad 15 out 1934, paj 249 (anglè), yo te pale de responsablite moun ki tande envitasyon an genyen pou yo di lòt moun “vini”. Men sa yo te di: “Byenke moun ki fè pati klas Yonadab yo pa temwen Jewova ki wen, yo dwe akonpaye moun ki fè pati klas Yewou a, sa vle di moun ki wen yo, e yo dwe anonse mesaj Wayòm nan avèk yo.” An 1935, yo te idantifye “gwo foul” yo pale de li nan Revelasyon 7:9-17 la byen klè. Sa te bay travay lanse envitasyon Bondye a yon gwo elan. Depi lè sa a, kantite adoratè Jewova ki reponn envitasyon pou yo vin fè pati gwo foul la pa sispann ogmante. Jodi a, yo plis pase sèt milyon moun. Apre yo fin tande mesaj la avèk rekonesans, yo vwe tèt yo bay Bondye, yo batize e yo vin akonpaye lamarye a nan bay lòt moun envitasyon pou yo ‘vin bwè dlo ki bay lavi a gratis’.

“Lespri a” di: “Vini non”

11. Ki jan lespri sen te enplike nan travay predikasyon an nan premye syèk nan epòk nou an?

11 Lè Jezi t ap preche nan yon sinagòg nan Nazarèt, li te ouvri woulo pwofèt Izayi a e li te li pawòl sa yo: “Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y’ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a.” Ansuit, li aplike pawòl yo sou li, li di: “Jòdi a, pandan n’ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.” ​(Lik 4:17-21). Anvan Jezi te monte nan syèl la, men sa li te di disip li yo: “Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi m temwen [...] jouk nan dènye bout latè.” ​(Tra. 1:8). Nan premye syèk la, lespri sen te jwe yon wòl estrawòdinè nan travay predikasyon an.

12. Ki jan lespri Bondye enfliyanse travay simaye envitasyon n ap fè jodi a?

12 Ki jan lespri sen Bondye enplike nan travay bay moun envitasyon an jodi a? Se nan Jewova lespri sen soti. Jewova sèvi ak lespri a pou l ouvri kè moun ki fè pati klas lamarye a pou yo konprann Pawòl li a, Labib. Lespri sen pouse yo pou yo simaye envitasyon an e pou yo esplike moun ki gen esperans pou yo viv nan Paradi k ap gen sou tè a verite ki nan Bib la. Men, e moun ki aksepte envitasyon an, ki vin disip Jezi Kris yo e k ap bay lòt moun envitasyon an, èske lespri a aji sou yo tou? Wi. Piske yo batize ‘nan non Sentespri a’, yo aji ann amoni ak li e yo konte sou èd li (Mat. 28:19). Annou reflechi tou sou mesaj kretyen wen yo ak moun ki fè pati gwo foul la ki kontinye ap ogmante a ap preche a. Mesaj sa a soti nan Bib la, liv yo te ekri anba enfliyans lespri Bondye a menm. Konsa, se lespri sen ki pèmèt nou simaye envitasyon an. An reyalite, se lespri a k ap dirije nou. Ki enfliyans sa ta dwe genyen sou kantite tan n ap pase nan travay n ap fè pou nou envite lòt moun nan?

Yo “kontinye di: ‘Vini non!’”

13. Lè yo di “ni lespri a ni lamarye a kontinye di: ‘Vini non!’”, ki sa sa montre?

13 “Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a” pa annik di: “Vini non.” Sa k fè nou di sa? Nan lang grèk la, vèb yo itilize la a montre se yon aksyon k ap kontinye. Yo pran aspè sa a an konsiderasyon nan Traduction du monde nouveau a, se sa k fè li di: “Ni lespri a ni lamarye a kontinye di: ‘Vini non!’” Sa montre travay simaye envitasyon Bondye a ta dwe fèt san rete. Ki sa moun ki tande envitasyon an e ki aksepte l yo ta dwe fè? Yo menm tou, yo di: “Vini non.” Yo pale de gwo foul moun k ap adore Bondye toutbonvre yo kòm moun ‘k ap sèvi nan tanp Jewova a lajounen kou lannwit’. (Rev. 7:9, 15.) Nan ki sans y ap fè sa ‘lajounen kou lannwit’? (Li Lik 2:36, 37; Travay 20:31; 2 Tesalonisyen 3:8.) Egzanp pwofetès Àn ak egzanp apot Pòl montre nou ekspresyon ‘sèvi Jewova lajounen kou lannwit’ la vle di sèvi l ak pèseverans e fè bonjan efò nan ministè a.

14, 15. Ki jan Dànyèl te demontre li enpòtan pou moun adore Jewova avèk pèseverans?

14 Pwofèt Dànyèl tou te demontre li enpòtan pou nou sèvi Jewova avèk pèseverans. (Li Dànyèl 6:4-10, 16.) Li pa t chanje abitid espirityèl li, ‘li te lapriyè Bondye l la jan li te toujou fè sa, twa fwa pa jou’. Menm pou yon mwa li pa t vle chanje abitid sa a, menmsi sa t ap fè yo lage l nan yon twou lyon. Fason li te aji a te montre moun ki t ap obsève l yo pa gen anyen ki pi enpòtan pase adore Jewova san rete. —Mat. 5:16.

15 Apre Dànyèl te fin pase yon nuit nan twou lyon yo, wa a te vini e li te rele Dànyèl byen fò, li te di l: “Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w’ap sèvi san dezanpare a [“ak pèseverans lan”, NW] te rive delivre ou anba lyon yo?” Men sa Dànyèl te reponn li imedyatman: “Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre?” Jewova te beni Dànyèl paske li t ap sèvi l “ak pèseverans”. —Dàn. 6:19-22.

16. Ki kesyon egzanp Dànyèl la ta dwe pouse nou poze konsènan fason nou patisipe nan ministè a?

16 Dànyèl te pito mouri pase pou l te sispann sèvi Jewova ak pèseverans. E nou menm? Ki sakrifis nou fè oswa ki sakrifis nou dispoze fè pou nou kontinye preche bon nouvèl Wayòm Bondye a avèk pèseverans? Pa gen dout, nou pa ta dwe kite yon mwa pase san nou pa pale de Jewova ak lòt moun. Si sa posib, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou patisipe nan ministè a chak semèn. Menmsi nou ka gen pwoblèm fizik ki limite nou anpil e se 15 minit sèlman nou kapab pase ap preche nan yon mwa, nou ta dwe remèt yon rapò pou tan sa a nou fè a. Poukisa? Paske, ansanm ak lespri a ak lamarye a, nou vle kontinye di lòt moun yo “vini non”. Pa gen dout nan sa, nou vle fè tout sa nou kapab pou nou rete yon pwoklamatè ki regilye nan travay predikasyon Wayòm nan.

17. Ki okazyon konsa nou pa ta dwe rate pou nou simaye envitasyon Jewova a?

17 Nou ta dwe chèche ki fason nou kapab simaye envitasyon Jewova a nan chak okazyon nou jwenn, nou pa ta dwe fè sa sèlman nan moman nou rezève pou nou preche yo. Se yon gwo privilèj nou genyen pou nou envite moun ki swaf yo ‘vin bwè dlo lavi a gratis’ nan lòt moman, tankou lè n ap achte, lè n ap vwayaje, lè nou an vakans, lè nou nan travay oswa lè nou pral lekòl! Menmsi otorite yo ta mete entèdiksyon sou travay predikasyon an nan peyi kote nou ye a, nou kapab kontinye preche an kachèt. Petèt nou kapab preche kèk kay nan zòn nan epi apre sa n al nan yon lòt zòn, oswa nou kapab bay plis temwayaj enfòmèl.

Annou kontinye di: “Vini non”

18, 19. Ki jan w montre ou bay privilèj ou genyen pou w konpayon travay Bondye a anpil valè?

18 Sa fè plis pase katrevendizan depi lespri a ak lamarye a ap di tout moun ki swaf dlo lavi a: “Vini non.” Èske w deja jwenn bèl envitasyon estrawòdinè sa a? Alò, nou ankouraje w pou w simaye l bay lòt moun.

19 Nou pa konnen konbyen tan ankò Jewova ap pèmèt nou kontinye simaye l, men, lè nou byen reyaji e nou di lòt moun “vini non”, sa fè nou tounen konpayon travay Bondye (1 Kor. 3:6, 9). Sa se yon gwo privilèj! Èske nou kapab montre nou bay privilèj sa a anpil valè lè nou “toujou ofri Bondye lwanj kòm sakrifis”, sa vle di nou preche regilyèman (Ebre 13:15, Bib Kreyòl La)? Se pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a mete ansanm ak klas lamarye a pou yo kontinye di “vini non”. E se pou plis moun toujou vin bwè “dlo ki bay lavi a [...] gratis”!

Ki sa nou sot aprann?

• Ki moun yo te bay envitasyon pou yo ‘vin’ bwè dlo lavi a?

• Poukisa nou kapab di se nan men Jewova envitasyon ‘vin’ bwè dlo lavi a soti?

• Ki wòl lespri sen jwe nan simaye envitasyon bay moun pou yo ‘vin’ bwè dlo lavi a?

• Poukisa nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou patisipe regilyèman nan ministè a?

[Kesyon]

[Grafik/Foto nan paj 16]

(Gade peryodik la)

Annou kontinye di: “Vini non”

1914

5 100 pwoklamatè

1918

Anpil moun pral jwenn lavi nan Paradi k ap gen sou tè a.

1922

“Pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak wayòm li an.”

1929

Rès kretyen wen yo ki fidèl ap di: “Vini non.”

1932

Yo simaye envitasyon pou moun “vini” an bay moun ki pa kretyen wen yo tou.

1934

Yo envite klas Yonadab la pou l preche tou.

1935

Yo idantifye “gwo foul” la.

2009

7 313 173 pwoklamatè