Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa pran nan pwopagann Satan yo

Pa pran nan pwopagann Satan yo

Pa pran nan pwopagann Satan yo

RABCHAKE se yon moun Senakerib, wa asiryen an, te voye pou l bay abitan Jerizalèm yo yon mesaj. An rezime, men sa mesaj la te di: ‘Pa kite yo twonpe nou. Bondye nou an pap ede nou. Rann tèt nou, osinon n ap gen pwoblèm!’ Lame wa asiryen an te anvayi peyi Jida. Rabchake te di pawòl sa yo nan objektif pou l te kraze moral moun Jerizalèm yo, yon fason pou yo te ka pè e pou yo te ka rann tèt yo. —2 Wa 18:28-35.

Moun te konnen Asiryen yo kòm moun ki brital e ki kriyèl. Yo te konn fè ènmi yo pè lè yo ba yo detay sou fason yo trete moun yo pran kòm prizonye yo avèk mechanste. Dapre yon istoryen, Philip Taylor, “yon taktik yo te genyen se fè moun pè epi fè pwopagann nan objektif pou yo kenbe moun yo venk yo anba kontwòl yo. Mete sou sa, moun ki ta ka vin ènmi yo, yo fè yo pè lè yo rakonte yo jan yo te trete lòt moun avèk mechanste. Yo te fè sa nan objektif pou yo jwe nan tèt yo.” Pwopagann se yon zam pisan. Taylor kontinye pou l di: “Li atake kapasite mantal moun.”

“Se pa ak moun [vrè kretyen yo] gen pou [yo] goumen. Men, se ak move lespri” yo, sa vle di kreyati espirityèl ki te rebele kont Bondye yo (Efe. 6:12). Chèf yo se Satan Ledyab. Li menm tou li chèche fè moun pè e li itilize pwopagann.

Satan pretann li kapab kraze entegrite nou chak. Nan epòk patriyach Jòb, men sa li te di Jewova Dye: “Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri.” Sa li te vle di sèke si yo met ase presyon sou yon moun, rive yon lè, li pap kenbe entegrite l (Jòb 2:4). Èske Satan gen rezon? Èske nou tout nou gen yon limit nan sa nou dispoze andire pou nou kenbe entegrite nou, men, si presyon nou jwenn nan depase limit sa a, n ap abandone prensip nou genyen yo pou nou pa pèdi lavi nou? Satan ta renmen nou panse sa. Se sa k fè li itilize pwopagann pou l met lide sa a nan lespri nou. Annou egzamine kèk nan metòd li itilize pou l fè sa e annou wè ki jan nou kapab reziste kont li.

Yo “sòti nan pousyè tè”

Satan te itilize Elifaz, youn nan twa konpayon Jòb ki te vin vizite l yo, pou l di lèzòm twò fèb pou yo reziste kont atak li yo. Anpalan de moun Elifaz di ki “fèt ak labou”, men sa li te di Jòb: ‘[Yo] sòti nan pousyè tè, yo kapab kraze yo tankou poudbwa. Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pèsonn pa wè sa.’ —Jòb 4:19, 20.

Gen lòt kote nan Ekriti yo yo di lèzòm se “veso ki fèt an tè”, sa vle di yo frajil tankou po ki fèt ann ajil (2 Kor. 4:7). Nou fèb paske nou eritye peche ak enpèfeksyon (Wom. 5:12). Si nou te poukont nou, atak Satan yo t ap kapab atenn nou. Men, antanke kretyen, nou pa pitimi san gadò. Malgre enpèfeksyon nou, nou gen anpil valè nan je Bondye (Iza. 43:4). Mete sou sa, si nou mande Jewova lespri sen l, l ap ban nou l (Lik 11:13). Lespri sen kapab ban nou yon “kokenn chenn pouvwa” k ap pèmèt nou andire kèlkeswa eprèv Satan mete devan nou (2 Kor. 4:7; Fil. 4:13). Si nou kenbe tèt ak Satan Ledyab e nou “kanpe fèm nan konfyans nou”, Bondye ap fè nou rete djanm e l ap ban nou fòs (1 Pyè 5:8-10). Donk, nou pa bezwen pè Satan Ledyab.

Moun “fè mechanste tankou yo bwè dlo”

Men kesyon Elifaz te poze: “Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki sòti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?” Men repons li bay apre sa: “Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans [...], ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!” ​(Jòb 15:14-16). Elifaz te vle di Jòb pa gen moun ki jis nan je Bondye. Dyab la jwe tou sou panse negatif nou genyen. Li vle pou nou enkyete nou konsènan erè nou te fè, pou nou twò di ak tèt nou e pou nou panse pa gen padon pou nou. Li vle pou nou panse Jewova mande nou twòp e pou nou souzestime jan li gen konpasyon pou nou, jan li dispoze padone nou ak jan li dispoze ede nou.

An reyalite, “tout moun peche e yo manke glwa Bondye”. Pa gen yon imen ki kapab suiv prensip Jewova yo alapèfeksyon (Wom. 3:23, Bib Kreyòl La; 7:21-23). Sepandan, sa pa vle di nou pa gen valè nan je Jewova. Li konnen se “sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan” an, k ap jwe sou enpèfeksyon nou (Rev. 12:9, 10). Lefètke Bondye “chonje se pousyè tè nou ye”, li pran sa an konsiderasyon e li pa “kontinye ap chèche defo nou” gen nan nou. —Sòm 103:8, 9, 14, NW.

Si nou sispann pratike yon peche, nou pwoche bò kote Jewova avèk yon kè ki gen remò e nou gen yon atitid ki montre nou repanti, l ap ‘padonnen nou’ totalman (Iza. 55:7; Sòm 51:17). Labib di: “Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m’ap lave nou. M’ap fè nou vini blan kou koton.” ​(Iza. 1:18). Se sa k fè nou dwe detèmine pou nou pa janm sispann fè volonte Bondye.

Lefètke nou se pechè, nou pap janm merite pou Bondye konsidere nou kòm moun ki jis. Adan ak Èv te pèdi lapèfeksyon ak esperans lavi etènèl la e yo fè nou tout pèdi esperans sa a tou (Wom. 6:23). Sepandan, lefètke Jewova renmen nou anpil, li pran dispozisyon pou li padone peche nou si nou gen lafwa nan sakrifis Jezi Kris, Pitit li a, te bay kòm ranson an (Mat. 20:28; Jan 3:16). Ala yon bèl fason Bondye montre li fè nou “favè”! (Tit 2:11.) Pa gen dout nan sa, nou kapab jwenn padon pou peche nou! Donk, nou pa dwe janm kite Satan fè nou kwè sa pa posib!

“Manyen kò pa l menm”

Satan Ledyab te fè konprann Jòb pa t ap kontinye gen lafwa si sante l ta deteryore. Men sa li te di Jewova pou l ba l defi: “Si ou manyen kò pa l menm, ou mèt sèten fwa sa a, l’ap di sa li pat dwe di sou ou nan figi ou.” ​(Jòb 2:5). Se sèten Advèsè Bondye a t ap kontan si l ta rive fè nou santi nou pa vo anyen paske nou gen pwoblèm sante.

Sepandan, Jewova pa rejte nou lè nou pa kapab fè tout sa nou te konn fè anvan nan sèvis li. Si yo ta atake yon zanmi nou oswa yo ta blese l, ki jan nou t ap konsidere zanmi sa a? Èske nou t ap gen mwens estim pou li poutèt li pa kapab fè tout sa li te konn fè pou nou anvan? Se sèten repons lan se non! Nou t ap kontinye renmen l e nou t ap ede l, espesyalman si li ta blese pandan l ap fè yon bagay pou nou. Èske nou pa ta dwe atann pou Jewova aji menm jan an? Bib la di: “Bondye pa enjis pou li ta bliye kòman nou montre lamou nou pou li nan travay ak zèv nou fè yo.” —Ebre 6:10, Bib Kreyòl La.

Ekriti yo pale de yon “yon pòv vèv” ki petèt te soutni vrè adorasyon an pandan plizyè dizèn ane. Lè Jezi te wè l k ap “mete de ti kòb kwiv” nan bwat kote yo mete ofrann yo, èske li te konsidere l kòm yon moun ki fin vye granmoun e ki pa itil anyen? Èske li te panse sa li te bay la pa t ap itil anyen tou? Non, okontrè, li te pale an byen de li poutèt li te fè sa sitiyasyon l te pèmèt li fè pou l soutni vrè adorasyon an. —Lik 21:1-4.

Si nou kenbe entegrite nou, nou kapab sèten relasyon nou genyen ak Jewova a ap rete djanm, kèlkeswa pwoblèm nou rankontre akoz enpèfeksyon nou, pa egzanp pwoblèm laj ak pwoblèm sante. Bondye pap janm abandone yon sèvitè l ki fidèl tou senpleman paske sèvitè sa a pa kapab sèvi l jan l ta renmen, akoz pwoblèm li rankontre. —Sòm 71:9, 17, 18.

Aksepte “kas delivrans lan”

Ki jan nou kapab pwoteje tèt nou kont pwopagann Satan yo? Men sa apot Pòl te ekri: “Kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan fòs li ki pisan. Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la”. Yon pati nan ekipman espirityèl sa a se “kas delivrans lan”. (Efe. 6:10, 11, 17, NW.) Nou dwe asire nou nou mete kas sa a nan tèt nou epi nou pa retire l si nou pa vle pran nan pwopagann Satan yo. Lè yon sòlda mete yon kas, kas la pwoteje tèt li. “Espwa nou genyen” pou nou delivre a, sa vle di konfyans nou genyen Bondye ap akonpli pwomès li yo nan monn nouvo a, ap pwoteje lespri nou kont manti Satan yo (1 Tes. 5:8). Nou bezwen kenbe esperans sa a klè e fèm nan lespri nou. N ap rive fè sa lè nou etidye Ekriti yo regilyèman.

Jòb te andire atak mechan Satan te fè kont li yo ki te fè l soufri anpil. Jòb te tèlman gen yon lafwa solid nan rezirèksyon an, menm lè li te nan yon sitiyasyon kote li te kapab mouri, li pa t kite sa dekouraje l. Okontrè, li te di Jewova: “W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay men w fè!” ​(Jòb 14:15, NW). Malgre Jòb te ka mouri poutèt li te vle kenbe entegrite l, Jòb te gen konfyans lanmou Bondye gen pou sèvitè l ki fidèl yo t ap pouse l resisite yo menmsi yo ta mouri.

Se pou nou gen yon konfyans konsa nan vrè Dye a. Jewova kapab efase kèlkeswa pwoblèm Satan ansanm ak akolit li yo ta mete devan nou. Epi, pa bliye asirans sa a Pòl te ban nou an: “Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.” —1 Kor. 10:13.

[Foto nan paj 20]

Sèvis w ap bay Jewova avèk fidelite a gen valè nan je l.

[Foto nan paj 21]

Mete kas delivrans lan nan tèt ou epi pa retire l.