Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pale Pawòl Bondye a avèk kran”

“Pale Pawòl Bondye a avèk kran”

“Pale Pawòl Bondye a avèk kran”

“Yo [...] te ranpli ak lespri sen e yo t ap pale pawòl Bondye a avèk kran.” —TRA. 4:31, NW.

1, 2. Poukisa nou ta dwe fè efò pou nou efikas nan ministè nou?

TWA jou anvan Jezi mouri, men sa l te di disip li yo: “Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl [“wayòm nan”, NW] toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.” Anvan Jezi te monte nan syèl la apre l te fin resisite, li te konfye disip li yo misyon pou yo ‘fè disip nan tout nasyon, e pou yo moutre yo pou yo obsève tou sa li te ba yo lòd fè’. Li te pwomèt yo li t ap avèk yo “toulejou, jouk sa kaba”. —Mat. 24:14; 26:1, 2; 28:19, 20.

2 Antanke Temwen Jewova, n ap patisipe yon fason aktif nan yon travay ki te kòmanse nan premye syèk la. Pa gen okenn lòt travay ki pi enpòtan pase travay preche mesaj Wayòm nan ak travay fè disip la, yon travay k ap sove lavi moun. Donk, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou efikas nan ministè nou! Nan atik sa a, nou pral wè ki jan, lefètke lespri sen gide nou, sa ede nou pale avèk kran nan ministè a. De lòt atik ki vin apre yo pral montre ki jan lespri Jewova ka gide nou pou nou anseye yon fason ki efikas e pou nou preche regilyèman.

Nou bezwen gen kran

3. Poukisa nou bezwen gen kran pou nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan?

3 Travay pwoklame Wayòm nan, yon travay Bondye konfye nou, se yon kokenn privilèj. Sepandan, nou fè fas ak yon seri defi lè n ap fè travay sa a. Byenke gen kèk moun ki aksepte bon nouvèl Wayòm Bondye a san pwoblèm, gen anpil moun ki aji menm jan ak moun ki t ap viv nan jou Noye yo. Jezi te di moun sa yo “pat konprann anyen nan sa ki t’ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale”. (Mat. 24:38, 39.) Mete sou sa, gen moun k ap pase nou nan rizib oubyen ki opoze avèk nou (2 Pyè 3:3). Moun ki gen otorite yo, kamarad lekòl nou oubyen kòlèg travay nou, e menm manm fanmi pwòch nou yo, kapab opoze ak nou. Anplis, nou gen feblès pa nou, pa egzanp, nou gendwa timid oubyen nou gendwa pè pou moun pa meprize nou. Gen yon pakèt bagay ki ka fè li pa fasil pou nou pale Pawòl Bondye “avèk kran”. (Efe. 6:19, 20; NW.) Pou nou pèsevere nan pale pawòl Bondye a, nou bezwen gen kran. Ki sa k ka ede nou gen kran?

4. a) Ki sans mo kran an genyen? b) Kiyès ki te bay Pòl fòs ak kouraj pou l pale ak moun Tesalonik yo?

4 Mo grèk lè yo tradui l yo mete “kran” pou li a gen sans “eksprime opinyon w san w pa pè, pale avèk franchiz, pale yon fason ki klè”. Mo sa a bay ide “kouraj, asirans, rete san krent”. Lè yon moun gen kran, sa pa vle di li dwe pale twò kare ak lòt moun oubyen li dwe pale di ak yo (Kol. 4:6). Se vre nou dwe gen kran, men tou, nou vle viv anpè ak tout moun (Wom. 12:18). Nou bezwen aji avèk kran nan travay predikasyon Wayòm nan, men anmenmtan, nou bezwen gen konsiderasyon pou moun yo yon fason pou nou pa ofanse moun san rezon. Vrèman, pou nou gen kran, sa mande pou nou fè efò pou nou kiltive yon seri lòt kalite. Nou pap gen kalite kran sa a si nou konte sou pwòp fòs nou, sa vle di si nou konte sou tèt nou. Kiyès ki te bay apot Pòl ak moun ki te avè l yo “fòs ak kouraj” pou yo pale ak moun Tesalonik yo apre moun “lavil Filip [...] yo te maltrete [yo] anpil”? Selon sa Pòl te ekri, se “Bondye”. (Li 1 Tesalonisyen 2:2.) Jewova Dye kapab fè nou pa pè e li kapab ban nou kran menm jan an.

5. Ki jan Jewova te fè pou Pyè, Jan ak lòt disip yo te ka gen kran?

5 Lè “chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo” t ap fè presyon sou apot Pyè ak apot Jan, apot yo te di: “Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.” Mete sou sa, olye yo te priye Bondye pou l fè pèsekisyon an sispann, men sa yo menm ak lòt kwayan yo te mande l: “Kounyeya, Bondye, gade ki jan y’ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a [“avèk anpil kran”, NW].” ​(Tra. 4:5, 19, 20, 29). Ki jan Jewova te reponn priyè yo a? (Li Travay 4:31.) Jewova te ba yo lespri l ki te ba yo fòs ak kouraj pou yo mete kran sou yo. Lespri Bondye kapab fè menm bagay la pou nou tou. Men, ki jan nou kapab resevwa lespri Bondye e ki jan l ka gide nou nan ministè nou?

Ki jan w ka vin gen kran?

6, 7. Ki fason ki pi dirèk nou kapab resevwa lespri sen Bondye? Bay kèk egzanp.

6 Fason ki pi dirèk nou kapab resevwa lespri sen Bondye, se lè nou mande l li. Men sa Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.” ​(Lik 11:13). Pa gen dout nan sa, nou ta dwe priye toutan pou nou gen lespri sen. Si nou pa alèz pou nou patisipe nan kèk aspè nan ministè a, pa egzanp, bay temwayaj nan lari, preche yon fason enfòmèl oubyen preche nan tèritwa ki gen biznis, nou kapab priye Jewova pou l ban nou lespri l e nou kapab mande l ede nou gen kran pou n patisipe nan aspè sa yo nan ministè a. —1 Tes. 5:17.

7 Se sa yon kretyèn ki rele Rosa te fè *. Yon jou, pandan Rosa te nan travay li, gen yon pwofesè, yon kòlèg travay li, ki t ap li yon rapò yon lòt lekòl te fè konsènan fason yo maltrete timoun. Pwofesè a te tèlman boulvèse li te di: “Kote monn sa a prale?” Se te yon bon okazyon pou Rosa te ba l temwayaj, e li pa t ka kite okazyon sa a pase san l pa di anyen. Ki sa l te fè pou l te ka jwenn kouraj pou l pale? Rosa di: “Mwen te priye Jewova e m te mande l èd lespri l.” Li te bay yon bon temwayaj e li te pran randevou pou l te ka pale plis sou sijè a avèk pwofesè a. Annou pran yon lòt egzanp: yon ti fi ki gen senkan. Li rele Milane e li rete nan vil Nouyòk. Men sa l di: “Anvan m al lekòl, manman m toujou priye Jewova ansanm avè m.” Ki sa yo mande nan priyè sa yo? Yo priye pou Milane kapab gen kouraj pou l pale de Bondye. Men sa manman l di: “Sa ede Milane pou l esplike pozisyon l sou anivèsè nesans ak yon seri lòt fèt e sa ede l pou l pa patisipe lè lòt moun ap selebre yo.” Èske egzanp sa yo pa montre nou lapriyè ka ede nou gen kran?

8. Ki sa nou ka aprann nan men pwofèt Jeremi nan kesyon vin gen kran an?

8 Fè yon ti reflechi tou sou sa k te pèmèt pwofèt Jeremi gen kran. Lè Jewova te konfye l misyon pou l vin pwofèt nasyon yo, men sa l te di: “Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.” ​(Jer. 1:4-6). Men, avèk letan, Jeremi te vin tèlman gen andirans e li te tèlman preche avèk fòs, anpil moun te konsidere l kòm yon moun ki toujou ap anonse malè san rezon (Jer. 38:4). Pandan plis pase 65 an, li te pwoklame jijman Jewova yo avèk kran. Ann Izrayèl, yo te tèlman konnen Jeremi se yon moun ki te konn preche avèk kran, sa vle di san l pa pè, anviwon 600 ane apre, lè Jezi t ap pale avèk kran, gen moun ki te panse se Jeremi ki te resisite (Mat. 16:13, 14). Men, ki sa k fè pwofèt Jeremi pa t timid ankò, alòske okòmansman li te yon ti jan renka? Men sa l di: “Mesaj [Bondye] yo te tankou yon dife nan zo m k’ap boule tout anndan m. Mwen fè sa m kapab pou enpoze l sòti. Malgre sa, li sòti sòti l.” ​(Jer. 20:9). Pa gen dout nan sa, pawòl Jewova yo te gen yon gwo efè sou Jeremi e yo te pouse l pale.

9. Ki sa k fè pawòl Bondye a ka gen efè sou nou menm jan li te gen efè sou Jeremi an?

9 Nan lèt apot Pòl te ekri Ebre yo, li te di yo: “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.” ​(Ebre 4:12). Mesaj Bondye a, oubyen pawòl li, ka gen efè sou nou menm jan li te gen efè sou Jeremi an. E nou dwe sonje, byenke Bondye te sèvi ak moun pou l ekri Bib la, se pa yon liv ki gen sajès lèzòm ladan l, paske se Bondye ki enspire l. Men sa nou jwenn nan 2 Pyè 1:21: “Pwofèt yo pat janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t’ap bay mesaj ki sòti nan Bondye.” Lè nou pran tan pou nou etidye Labib pèsonèlman, n ap vin gen mesaj lespri sen te pouse moun ekri a nan lespri nou. (Li 1 Korentyen 2:10.) Mesaj sa a kapab vin “tankou yon dife” nan nou, nan pwen pou nou pa ka kenbe l pou nou menm sèlman.

10, 11. a) Ki jan nou ta dwe fè etid pèsonèl nou si nou ta renmen vin gen kran? b) Site omwen yon bagay ou ta renmen fè pou w amelyore fason w fè etid pèsonèl ou.

10 Pou etid pèsonèl nou ka gen yon gwo efè sou nou, nou ta dwe fè l yon fason pou mesaj ki nan Bib la ka antre fon nan kè nou, yon fason pou l ka touche moun nou ye pa anndan an. Pa egzanp, pwofèt Ezekyèl te resevwa yon vizyon, e nan vizyon sa a yo te mande l pou l manje yon woulo ki te gen yon mesaj pisan ladan l, yon mesaj li te dwe pote bay yon seri moun ki te gen tèt di. Ezekyèl te dwe fè mesaj la antre nan fon kè l. Konsa, li t ap pran plezi pou l fè konnen mesaj sa a, menm jan yon moun k ap bwè siwo myèl pran plezi pou l bwè l. —Li Ezekyèl 2:8–3:4, 7-9.

11 Nou nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Ezekyèl la. Jodi a, gen anpil moun ki pa anvi tande sa Bib la di. Si nou vle pèsevere nan preche pawòl Bondye a, li enpòtan pou nou etidye Ekriti yo yon fason k ap pèmèt nou fè mesaj la antre nan fon kè nou. Nou ta dwe pran abitid etidye regilyèman, olye nou fè sa yon lè konsa oubyen lè nou sonje sa. Nou ta dwe gen menm dezi ak yon salmis ki te di nan yon chante: “Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k’ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.” ​(Sòm 19:14). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou pran tan pou nou medite sou sa nou li yo yon fason pou verite ki nan Bib la ka desann byen fon nan kè nou! Pa gen dout nan sa, nou ta dwe fè efò pou nou amelyore fason nou fè etid pèsonèl nou *.

12. Sa k fè reyinyon yo ka pèmèt lespri sen dirije nou?

12 Yon lòt fason nou ka benefisye lespri sen Jewova, se lè ‘nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè [l], pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen, e nou pa pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo’. (Ebre 10:24, 25.) Lè nou fè efò pou nou asiste reyinyon yo regilyèman, pou nou koute avèk atansyon e pou nou mete sa nou aprann yo ann aplikasyon, se yon bon fason nou kite lespri a gide nou. Dayè, èske lespri Jewova pa sèvi ak kongregasyon an pou l gide nou? —Li Revelasyon 3:6.

Byenfè nou jwenn lè nou gen kran

13. Ki sa nou ka aprann lè nou konsidere sa kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te akonpli nan travay predikasyon an?

13 Lespri sen se pi gwo fòs ki egziste nan linivè, e li ka bay moun fòs pou yo fè volonte Jewova. Piske lespri sen t ap gide kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, yo te akonpli yon kokenn travay nan travay predikasyon an. Yo te preche bon nouvèl la “bay tout moun sou latè”. (Kol. 1:23.) Lè nou sonje pifò nan yo “se moun ki [te] sòti nan mas pèp la, ki pat resevwa okenn enstriksyon”, nou vin pi byen konprann yo te gen yon pi gwo fòs avèk yo ki t ap pouse yo aji. —Tra. 4:13.

14. Ki sa k ka pèmèt “lespri a fè nou zele”?

14 Lè nou viv yon fason ki pèmèt lespri sen dirije lavi nou, sa kapab motive nou tou pou nou akonpli ministè nou avèk kouraj. “Pou lespri a fè nou zele”, nou bezwen priye toutan pou nou jwenn li, nou bezwen pran tan pou nou fè etid pèsonèl nou, nou bezwen medite sou sa nou li yo nan lapriyè e nou bezwen asiste reyinyon yo regilyèman (Wom. 12:11, NW). Men sa Labib di konsènan ‘yon jwif yo te rele Apolòs ki te rive lavil Efèz, yon moun lavil Aleksandri ki te konn pale byen’: “Li te cho [“lespri a te fè l zele”, NW] pou l te anonse pawòl la. San dezanpare li t’ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a.” ​(Tra. 18:24, 25). Si “lespri a fè nou zele”, n ap gen plis kran nan travay predikasyon Wayòm nan e n ap gen plis kran lè n ap bay temwayaj enfòmèl. —Wom. 12:11, NW.

15. Ki byenfè nou kapab jwenn lè nou vin gen plis kran?

15 Lè nou gen plis kran pou nou bay temwayaj, sa gen yon bon efè sou nou. Nou vin gen yon pi bon atitid parapò ak travay n ap fè a paske nou vin pi byen konprann enpòtans li ak byenfè li pote. Lè nou efikas nan ministè a, nou vin gen plis kè kontan, e sa fè nou prezante mesaj la avèk plis antouzyas. Mete sou sa, nou vin gen plis zèl paske nou pi byen konprann rezon ki fè travay predikasyon an se yon travay ki ijan.

16. Ki sa nou ta dwe fè si nou vin gen mwens zèl nan ministè a?

16 Men, ki sa nou ta dwe fè si nou pèdi zèl nou te gen anvan nan ministè a oubyen nou pa chofe pou nou patisipe ladan l jan nou te konn chofe anvan an? Si nou ta remake sa, l ap bon pou nou egzamine tèt nou yon fason ki onèt. Men sa Pòl te ekri: “Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye.” ​(2 Kor. 13:5). Mande tèt ou: ‘Èske m toujou zele grasa lespri a? Èske mwen priye Jewova pou l ban m lespri l? Èske priyè m yo montre mwen konte sou li pou m fè volonte l? Èske nan priyè m yo mwen di pawòl ki montre mwen apresye ministè li konfye nou an? Ki jan m ye nan kesyon etid pèsonèl? Konbyen tan m pase ap medite sou sa m li ak sa m tande? Nan ki pwen mwen patisipe nan reyinyon yo?’ Lè w reflechi sou kesyon konsa, sa ap ede w wè kote w gen feblès, e konsa w ap kapab pote amelyorasyon.

Kite lespri Bondye fè w vin gen kran

17, 18. a) Nan ki nivo travay predikasyon an ap fèt jodi a? b) Ki sa nou bezwen fè pou nou ka gen kran pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a?

17 Men sa Jezi te di disip li yo apre l te fin resisite: “Lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.” ​(Tra. 1:8). Jodi a, travay ki te kòmanse lè sa a ap fèt nan yon nivo li pa t janm fèt anvan. Gen plis pase sèt milyon Temwen Jewova k ap preche mesaj Wayòm nan nan plis pase 230 peyi, yo pase prèske 1,5 milya èdtan nan ministè a chak ane. Se pa ti kontan nou kontan dèske nou kapab patisipe nan travay sa a, yon travay ki pap janm refèt ankò!

18 Se grasa direksyon lespri Bondye n ap fè travay predikasyon n ap fè jodi a, menm jan sa te ye nan premye syèk la. Si nou kite lespri sen gide nou, n ap pale pawòl Bondye a “avèk tout asirans” lè nou nan ministè a (Tra. 28:31, Bib Kreyòl La). Kidonk, annou kite lespri sen gide nou toutpandan n ap anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a!

[Nòt anba paj]

^ § 7 Yo chanje non yo.

^ § 11 Pou w tire plis pwofi nan lekti Labib ou ak etid pèsonèl ou, gade nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la, nan chapit ki gen tit “Appliquez-vous à la lecture” ak chapit “Les bienfaits de l’étude”, nan paj 21-32.

Ki sa nou sot aprann?

• Poukisa nou bezwen gen kran pou nou pale pawòl Bondye a?

• Ki sa k te ede premye disip yo pale avèk kran?

• Ki jan nou ka vin gen kran?

• Ki byenfè nou jwenn lè nou gen kran?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Ki jan paran yo ka ede pitit yo vin gen kran?

[Foto nan paj 8]

Yon priyè tou kout ka ede w gen kran nan ministè a.