Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Timoun yo gen dwa pou yo devlope espirityalite yo”

“Timoun yo gen dwa pou yo devlope espirityalite yo”

“Timoun yo gen dwa pou yo devlope espirityalite yo”

NAN jou ki te 9 desanm 2008 la, gen yon akademi pou dwa timoun (Swedish Academy for the Rights of the Child) ki te fè yon seminè ki te gen tèm sa a: “Timoun yo gen dwa pou yo devlope espirityalite yo”. Gen anpil oratè ki te bay opinyon yo sou kesyon an. Yo te reprezante Legliz Syèd la, plizyè lòt gwoup relijye nan lakretyente, Islam ak yon mouvman yo rele imanis.

Pami oratè sa yo, gen yon chèf relijye ki te di: “Yon moun pa ka imajine nan ki pwen istwa ki nan Bib la gen yon kokenn enpòtans pou espirityalite timoun yo.” Men, ki jan istwa ki nan Ekriti yo ka satisfè bezwen espirityèl timoun yo genyen?

Chèf relijye a te di: “Pasaj yo ak istwa yo bay timoun yo enfòmasyon yo ka reflechi sou yo.” Li te site “istwa Adan ak Èv, istwa Kayen ak Abèl, istwa David ak Golyat, istwa nesans Jezi, istwa pèseptè enpo yo te rele Zache a, parabòl pitit gason gaspiyè a ak istwa bon Samariten an” kòm “yon seri istwa ki kapab ede [timoun yo] reflechi sou yon seri kesyon tankou trayizon, padon, pwopisyasyon, hèn, imoralite, reparasyon pou fot, lanmou fratènèl ak lanmou ki pa gen egoyis ladan l.” Apre sa, li te di: “Pasaj sa yo bay egzanp ki kapab vin fè pati lavi yon moun, ki kapab pouse yon moun aji e ki kapab itil li.”

Se vre, li bon anpil pou nou ankouraje timoun yo li Bib la. Sepandan, èske timoun yo kapab “reflechi” sou sa yo li nan Ekriti yo epi tire konklizyon ki kòrèk?

Menm moun ki granmoun bezwen pou yo esplike yo kèk pasaj nan Bib la. Pa egzanp, Bib la pale de yon mesye ki pa t kapab konprann yon pasaj li t ap li malgre li te “reflechi” sou li. Mesye sa a se te yon fonksyonè Leta nan peyi Etyopi. Li t ap li liv Izayi a. Lefètke li te vle konprann sa pwofèt la te ekri a, li te byen kontan esplikasyon Filip, yon disip, te ba li (Tra. 8:26-40). Se pa Etyopyen sa a sèlman ki te bezwen sa. Tout moun bezwen esplikasyon sou Ekriti yo, espesyalman timoun yo.

Bib la di nou: “Timoun toujou ap fè move bagay.” ​(Pwo. 22:15). Timoun yo bezwen moun ba yo direksyon, e se paran yo ki gen responsablite pou yo ba yo fòmasyon espirityèl k ap ede yo gen moralite. Fòmasyon y ap ba yo a dwe baze sou Bib la ak sou ansèyman nou jwenn nan kongregasyon an. Timoun yo gen dwa pou yo jwenn kalite fòmasyon sa a. Depi yo toupiti, yo bezwen paran yo ba yo bon fòmasyon ki baze sou Bib la k ap ede yo devlope espirityalite yo yon fason pou yo ka vin “moun ki gen matirite, [...] moun kapasite konpreyansyon yo vin antrene pou distenge sa ki byen ak sa ki mal, afòs yo sèvi avè l”. —Ebre 5:14, NW.