Yon liv k ap ede jèn yo sonje Kreyatè yo a
Yon liv k ap ede jèn yo sonje Kreyatè yo a
SA GEN twa mil an depi wa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri pawòl nou pral site la yo: “Pandan ou jenn [...], pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la.” (Ekl. 12:1). Kounye a, jèn kretyen yo gen yon liv ki kapab ede yo fè sa. Se liv Les jeunes s’interrogent—Réponses pratiques, volim 2 a. Li te parèt nan kongrè distri Temwen Jewova yo te òganize sou tout tè a, soti nan mwa me 2008 pou rive nan mwa janvye 2009. Tit kongrè sa a se te: “Se lespri Bondye k ap gide nou.”
Pa anndan po liv la, gen yon lèt Kolèj santral la ekri jèn yo. Men yon pòsyon nan lèt sa a: “Nou swete enfòmasyon ki nan liv sa a ap ede nou fè fas ak presyon ak tantasyon nou jwenn nan monn nan jodi a antanke jèn e l ap montre nou ki jan pou nou pran desizyon ki ann amoni ak volonte Bondye.”
Nòmalman, paran yo dwe bay pitit yo ‘bon levasyon, yo dwe korije yo e yo dwe pale ak yo dapre prensip Senyè a’. (Efe. 6:4.) Sepandan, anpil jèn ki rive nan peryòd adolesans yo pa gen konfyans nan tèt yo e yo vrèman vle pou moun ede yo. Si w se paran yon adolesan, ki jan w kapab ede pitit ou tire plis pwofi posib nan liv sa a? Men kèk sijesyon k ap ede w fè sa.
▪ Chèche gen liv pa w epi familyarize w ak li. W ap bezwen fè plis pase annik li l. Eseye konprann fason yo prezante ide yo. Nan liv la, olye yo annik di jèn yo sa ki byen ak sa ki mal, yo chèche fè yo antrene “kapasite konpreyansyon yo”. (Ebre 5:14, NW.) Liv la ba yo bonjan sijesyon tou ki kapab montre yo ki jan pou yo pran pozisyon pou sa ki byen. Pa egzanp, nan chapit 15 lan (“Comment résister à la pression du groupe?”), yo fè plis pase annik di jèn yo pou yo di non. Yo ba yo sijesyon ki montre yo ki sa pou yo fè selon Bib la e yo ba yo repons reyalis ki kapab ede yo “konn ki jan pou [yo] reponn chak moun”. —Kol. 4:6.
▪ Itilize aspè nan liv la ki pèmèt moun bay pwennvi yo. Byenke se sitou pou jèn yo yo fè *? Pa egzanp, annou pran kesyon yo poze nan paj 16 la konsènan frekantasyon. Ou kapab eseye sonje pwennvi w te genyen sou kesyon sa a lè w te gen menm laj ak pitit ou. Nan espas yo kite pou sa, ou kapab bay repons ou panse w t ap bay nan epòk sa a. Apre sa, ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k fè pandan ane ki pase yo pwennvi m vin chanje sou kesyon sa a? Parapò ak lè m te adolesan an pou rive kounye a, ki konpreyansyon mwen vin genyen sou sa e ki jan mwen ka byen transmèt konpreyansyon sa a bay pitit mwen?’
pati ki pèmèt moun k ap li liv la bay pwennvi yo, sa w panse si w ekri repons pou pati sa yo, kote sa posib, nan liv pa w la▪ Respekte vi prive pitit ou ki adolesan. Pati nan liv la ki mande pou moun bay pwennvi yo fèt pou ankouraje pitit ou ekri sa k nan panse l oswa pou l bay yon repons nan kè l. Objektif ou se chèche konnen sa ki nan kè l, se pa pou w chèche konnen sa l ekri nan liv li a. Nan paj 3 a, nan pati ki gen tit “Un mot aux parents” an, men sa yo di: “Pou pitit ou a ki adolesan ka dispoze ekri nan liv li a san pwoblèm, ou bezwen aksepte li pa oblije montre w li. Petèt pi devan li ka fè w konnen fason l panse anrapò ak sijè li te ekri opinyon l sou yo a.”
L ap ede w nan etid ou fè ak fanmi w
Liv Les jeunes s’interrogent, volim 2 a, se yon trè bon liv k ap ede w nan Adorasyon an fanmi an. Piske pa gen kesyon pou chak paragraf, ki jan w kapab sèvi avè l? Itilize yon metòd ou wè k ap pi bon pou timoun pa w yo pou w fè etid la.
Pa egzanp, gen kèk fanmi ki gendwa twouve li enteresan pou yo fè kèk seyans repetisyon lè yo rive nan pati ki gen tit “Contre la pression du groupe” la nan paj 132 ak paj 133 a. Premye pwen an kapab ede pitit ou a idantifye tantasyon ki ba l plis pwoblèm nan. Dezyèm pwen an ede l wè ki kote gen plis chans pou li jwenn tantasyon an. Apre li fin reflechi sou rezilta l ap jwenn si li tonbe devan tantasyon an oswa si li reziste kont li, yo mande l pou l prepare kèk repons li ta kapab bay pou l diminye fòs pawòl yon moun di l pou ba l presyon, pou l eskive moun nan oswa pou l retounen presyon an sou moun nan. Ankouraje pitit ou pou l itilize imajinasyon l e pou l prepare repons l ap alèz pou l bay avèk konfyans e avèk konviksyon. —Sòm 119:46.
L ap ede nou kominike
Liv Les jeunes s’interrogent, volim 2 a, ankouraje jèn yo pou yo pale ak paran yo. Pa egzanp, kare ki gen tit “Comment parler
de la sexualité avec papa ou maman?” an (paj 63-64) ak kare ki gen tit “Parlez à vos parents!” an (paj 189) bay sijesyon sou fason pou timoun yo abòde sijè ki delika ak paran yo. Men sa yon tifi ki gen 13 an ekri: “Liv sa a te ban m kouraj pou m pale ak paran m konsènan yon seri bagay mwen te gen nan lespri m, e menm konsènan bagay mwen te fè.”Gen lòt kote toujou nan liv sa a yo ankouraje timoun yo kominike ak paran yo. Nan fen chak chapit gen yon kare ki gen tit “Qu’en pensez-vous?” Se pa senpleman yon kare pou nou fè revizyon li ye; nou kapab itilize l pou nou diskite ansanm an fanmi. Nan fen chak chapit, gen yon lòt kare ki gen tit “Mon plan de bataille”. Kare sa a bay timoun yo okazyon pou yo ekri kèk fason byen presi yo kapab aplike sa yo aprann nan chapit la. Nan dènye pati kare sa a, gen yon ti fraz ki di: “Sa mwen ta renmen mande papa m oswa manman m oubyen yo toule de sou sijè sa a.” Li kapab ede jèn yo chèche konsèy nan men paran yo.
Bat pou w touche kè timoun nan!
Antanke paran, objektif ou se pou w touche kè pitit ou. Liv Les jeunes s’interrogent, volim 2 a, kapab ede w fè sa. Ann wè ki jan yon papa te itilize liv sa a pou l ankouraje pitit fi l di l sa k nan kè l.
“Mwen menm ak Rebekah gen kèk bèl ti kote nou renmen ale apye, sou bisiklèt oswa nan machin. Lè n al kote sa yo, mwen twouve anviwònman an fè l anvi pale avè m.
“Premye pati nou te egzamine ansanm nan liv la se lèt Kolèj santral la ak pati ‘Un mot aux parents’ an. Jan yo di sa nan paj 3 a, mwen te vle l konnen li pa bezwen pè ekri sa k nan kè l nan liv la, paske mwen pa pral gade sa l ekri yo.
“Mwen te kite Rebekah chwazi chapit li ta renmen egzamine yo ansanm ak lòd li ta renmen egzamine yo. Youn nan premye chapit li te chwazi yo se chapit ki gen tit ‘Devrais-je jouer à des jeux vidéos?’ Mwen pa t ap janm panse li t ap chwazi chapit sa a! Men, li te gen yon rezon ki fè li te chwazi l. Anpil nan zanmi l yo te konn jwe yon jwèt ki vrèman chokan. Mwen pa t konnen si jwèt sa a te vyolan e si li te gen vye pawòl sal ladan l konsa! Men, mwen te aprann sa pandan nou t ap prepare kare ki nan paj 251 an ki gen tit “Mon plan de bataille” la. Kare sa a te ede Rebekah prepare yon repons sizoka yon moun ta vle fè l jwe jwèt sa a.
“Jis kounye a, Rebekah toujou di m sa li ekri nan liv li a. Lè m ap fè etid li, se yon konvèsasyon san rete n ap fè. Nou li youn apre lòt. Apre sa li vle nou diskite tout bagay, ni foto yo, ni kare yo. Sa ban m okazyon pou m di l ki jan bagay yo te ye lè m te gen laj li. Apre sa, li menm tou li di m ki jan bagay yo ye kounye a. Li vle pale avè m sou tout bagay!”
Antanke paran, pa gen dout ou te kontan lè liv sa a te parèt. Kounye a, ou gen okazyon pou w sèvi avè l. Kolèj santral la espere liv Les jeunes s’interrogent—Réponses pratiques, volim 2 a, ap yon benediksyon pou fanmi w. Nou espere nou tout ap tire pwofi ladan l, men espesyalman jèn nou yo, yon fason pou nou “kite Lespri Bondye dirije lavi nou”. —Gal. 5:16.
[Nòt anba paj]
^ § 6 Nan kèk nan pati kote yo mande moun bay pwennvi yo, moun tout laj kapab fè sa. Pa egzanp, gen yon kare ki gen tit: “Maîtrisez votre colère” (nan paj 221 an) ki kapab ede w e ki kapab ede pitit ou tou. Lòt kare yo mansyone apre yo kapab ede ni ou menm ni pitit ou: “Contre la pression du groupe” (paj 132-133), “Mon budget mensuel” (paj 163) ak “Mes objectifs” (paj 314).
[Kare nan paj 30]
Sa kèk jèn di
“Liv sa a se yon liv ou dwe chita ak kreyon w nan men w pou w li l e pou w reflechi sou li. Lefètke w kapab sèvi avè l tankou yon kanè sekrè, sa pèmèt ou reflechi nan objektif pou w viv yon pi bon fason.” —Nicola.
“Mwen jwenn anpil presyon pou m kòmanse frekante, e menm nan men moun ki gen bon entansyon. Premye pati liv sa a konvenk mwen kèlkeswa sa moun di, mwen poko pare pou m kòmanse frekante.” —Katrina.
“Kare ki gen tit ‘Songez-vous au baptême?’ nan te ede m pran batèm mwen pi oserye. Li te ankouraje m egzamine tèt mwen anrapò ak abitid mwen genyen pou m etidye e pou m priye.” —Ashley.
“Byenke paran m yo, ki kretyen, ap anseye m depi m toupiti, liv sa a ede m reflechi poukont mwen pou m wè ki direksyon pou m bay lavi m. Li ede m tou pou m vin pi alèz ak paran m.”—Zamira.
[Foto nan paj 31]
Antanke paran, familyarize w ak liv sa a.
[Foto nan paj 32]
Chèche touche kè pitit ou.