Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kenbe ‘kè nou pwòp’ nan tan difisil sa yo

Annou kenbe ‘kè nou pwòp’ nan tan difisil sa yo

Annou kenbe ‘kè nou pwòp’ nan tan difisil sa yo

“TOUT moun ka wè sa, pwoblèm moralite a se yon gwo pwoblèm nan Legliz la jodi a.” Se sa yon jounalis katolik ki rele Vittorio Messori te di konsènan eskandal ki fèt nan domèn seksyèl nan Legliz la ann Itali. Men sa l di ankò: “Menmsi yo retire obligasyon prèt yo genyen pou yo rete selibatè a, sa pap rezoud pwoblèm nan, paske 80 pousan nan ka yo gen rapò avèk omoseksyalite, ka kote prèt yo fè abi sou gason ak tigason.” —La Stampa.

Mechanste gaye toupatou, e pa gen dout nan sa, se yon siy ki montre n ap viv nan “dènye jou” sistèm sa a (2 Tim. 3:1-5). Jan nou wè sa nan nouvèl yo bay, degradasyon ki gen nan domèn moral la, gen move efè nonsèlman sou moun yo an jeneral, men li gen move efè tou sou moun ki di yo se reprezantan Bondye yo. Piske kè yo kòwonpi e kè yo pa pwòp, sa fè yo komèt yon seri aksyon ki deprave (Efe. 2:2). Jezi te gen rezon lè l te bay avètisman sa a: “Move lide, asasinay, adiltè, imoralite, vòl, fo temwayaj, denigre moun, se nan kè moun yo soti.” ​(Mat. 15:19, Bib Kreyòl La). Sepandan, Jewova Dye vle pou sèvitè l yo renmen pou ‘kè yo pwòp’. (Pwo. 22:11, NW.) Donk, ki jan yon kretyen ka kenbe kè l pwòp nan tan difisil sa yo?

Sa sa vle di pou ‘kè nou pwòp’?

Nan Bib la, souvan yo sèvi ak mo “kè” a nan yon sans senbolik. Selon yon ouvraj referans, ekspresyon biblik yo itilize pou kè a fè referans ak “pati ki pi fon nan lòm nan” e “se pati sa a ki gen plis valè nan je Bondye. Se ladan l relasyon yon moun gen ak Bondye chita, e se li menm k ap detèmine konduit yon moun nan domèn moral”. Kè a reprezante sa nou ye toutbon pa anndan. Jan ouvraj nou fèk site a montre sa, sa k enterese Jewova nan sèvitè l yo se kè yo, se li menm li egzamine e se sa k ladan l ki gen valè nan je l. —1 Pyè 3:4.

Nan Bib la, mo “pwòp” la ka fè referans ak pwòpte nan domèn fizik. Men li ka gen rapò tou ak yon bagay ki pa kontamine nan domèn moral oubyen nan domèn relijyon, sa vle di ki pa melanje, ki pa sal e ki pa kòwonpi. Men sa Jezi te deklare nan Sèmon sou montay la: “Benediksyon pou moun ki gen kè yo pwòp.” Anfèt, lè l te di sa, li t ap pale de moun ki pwòp pa anndan yo (Mat. 5:8, Bib Kreyòl La). Sa moun sa yo renmen, sa yo anvi fè ak sa k pouse yo aji, se bagay ki pwòp. Lanmou ak rekonesans pouse yo pou yo renmen Jewova ak tout kè yo, avèk senserite e san ipokrizi (Lik 10:27). Èske ou menm ou pa ta renmen pwòp nan sans sa a tou?

Se yon defi pou nou kenbe ‘kè nou pwòp’

Nonsèlman yon moun k ap sèvi Jewova “pa [dwe] fè anyen ki mal”, men li ta dwe “gen kè pwòp” tou (Sòm 24:3, 4, NW). Sepandan, jodi a, se chak jou li vin pi difisil pou moun k ap sèvi Bondye yo kontinye gen yon “kè pwòp”. Satan ak monn nan ki anba dominasyon l, san konte enpèfeksyon nou gen nan lachè nou, fè gwo presyon sou nou pou separe nou ak Jewova. Pou nou reziste anba presyon sa yo li enpòtan anpil pou nou renmen pou ‘kè nou pwòp’ e pou nou detèmine pou nou kenbe kè nou pwòp. Sa ap pwoteje nou e sa ap ede nou kontinye zanmi Bondye. Ki jan nou ka kenbe kè nou pwòp?

Men ki avètisman nou jwenn nan Ebre 3:12: “Frè mwen yo, fè atansyon pou okenn nan nou pa gen yon kè ki kòwonpi epi ki san lafwa, jiskaske pou nou ta kite Bondye vivan an.” ​(Bib Kreyòl La). Nou pa kapab kenbe “kè [nou] pwòp” si nou devlope yon kè ki “san lafwa”. Ki rezònman Satan Ledyab ap pwopaje pou fè nou pèdi lafwa nan Bondye? Nou kapab site teyori evolisyon an, filozofi ki fè konprann pa vrèman gen byen ak mal nan domèn moral ak nan domèn relijyon, ak ide kòmkwa se pa Bondye ki enspire Ekriti Sakre yo. Nou pa ta dwe kite rezònman danjere sa yo gen efè sou nou (Kol. 2:8). Nou bezwen li Labib chak jou e nou bezwen medite an pwofondè sou li. Sa ap ede nou reziste devan atak sa yo. Konesans egzak nou genyen sou Pawòl Bondye a ap ede nou gen plis lanmou pou Jewova e l ap ede nou pi byen konprann fason li boule ak moun. Lè nou gen yon lanmou konsa e nou konprann fason Jewova boule ak moun, sa ap ede nou rejte fo rezònman yo e sa ap ede nou kontinye gen yon lafwa ki solid nan Jewova. Se konsa n ap ka kenbe kè nou pwòp. —1 Tim. 1:3-5.

Fason pou nou kenbe ‘kè nou pwòpmalgre dezi lachè yo

Dezi lachè yo ak dezi pou n posede bagay materyèl yo se de bagay ki menase nou nan efò n ap fè pou nou kenbe “kè [nou] pwòp”. (1 Jan 2:15, 16.) Lanmou pou lajan oubyen dezi pou n ranmase richès ak bagay materyèl la kapab kòwonp kè nou e li kapab pouse yon kretyen fè yon seri bagay ki kont volonte Bondye. Gen kèk moun ki vin malonèt nan travay yo, ki twonpe lòt moun oswa ki vòlè lajan oubyen bagay ki pa pou yo. —1 Tim. 6:9, 10.

Yon lòt bò, lè nou kiltive yon bonjan krent pou nou pa fè sa Jewova pa renmen, lè nou renmen jistis e lè nou detèmine pou nou gen yon bon konsyans, n ap montre nou renmen pou ‘kè nou pwòp’. Sa ap ede nou kontinye “fè sa ki byen nan tout sikonstans”. (Ebre 13:18.) Lè nou aji yon fason ki dwat, n ap onèt e sa kapab bay yon bon temwayaj. Emilio, se yon Temwen italyen k ap travay kòm chofè nan yon konpayi transpò piblik. Li te jwenn yon bous ki te gen 470 ewo ($680 U.S.) ladan l. Se pa ti sezi kòlèg li yo te sezi lè yo wè li te remèt patwon l bous la. Annapre, patwon an jwenn mèt bous la e li remèt li l. Sa Emilio te fè a te tèlman enpresyone kèk nan kòlèg li yo, yo te vin enterese nan Labib e yo te kòmanse etidye. Konsa, sèt moun ki soti nan de fanmi te pran laverite. Vrèman, lè nou aji yon fason ki onèt poutèt kè nou pwòp, sa kapab pouse lòt moun pou yo louwe Bondye. —Tit 2:10.

Gen yon lòt bagay ki kapab gen yon move enfliyans sou kè yon kretyen e ki ka fè kè l pa pwòp. Se yon pwennvi ki pa kòrèk e ki imoral sou sèks. Pou anpil moun, se yon bagay ki nòmal pou moun gen relasyon seksyèl anvan yo marye, pou yo gen relasyon seksyèl ak moun ki pa konjwen yo oubyen ak moun ki menm sèks avèk yo. E piske anpil moun twouve bagay sa yo nòmal, sa ka kòwonp kè yon kretyen. Yon moun ki tonbe nan imoralite seksyèl gendwa vin yon ipokrit k ap mennen yon vi doub pou l kache peche a. Asireman sa pa t ap montre li gen yon “kè ki pwòp”.

Gabriele te batize a 15 an. Tousuit apre sa, frè sa a te pran sèvis pyonye. Sepandan, annapre, li te vin gen move zanmi e li te kòmanse al nan nayklèb avèk yo (Sòm 26:4). Se konsa li te kòmanse viv yon fason ki ipokrit e ki imoral. Yo te oblije eskominye l nan kongregasyon kretyen an. Disiplin sa a Jewova te ba li a te fè l reflechi anpil. Men sa Gabriele di: “Mwen te kòmanse fè tout bagay mwen pa t pran oserye anvan yo. Mwen te li Labib chak jou, mwen te eseye konprann sa Jewova t ap di toutbon, e mwen te pran tan pou m etidye piblikasyon teyokratik yo. Mwen te wè nan ki pwen li te enteresan pou m fè etid pèsonèl mwen, nan ki pwen sa bay satisfaksyon e nan ki pwen yon moun ka jwenn fòs lè l li Labib e lè l priye ak tout kè l.” Sa te ede Gabriele pou l kite konduit imoral li te genyen an e pou l retounen gen bon relasyon ak Jewova.

Kounye a, Gabriele rekòmanse sèvi kòm pyonye ansanm ak madanm li. Sa k te rive l la montre aklè lè yon moun etidye Labib ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”, sa kapab ede l gen yon kè ki pwòp e sa kapab ede l rejte imoralite. —Mat. 24:45, NW; Sòm 143:10.

Nou ka gen yon “kè ki pwòp” lè nou anba eprèv

Gen kèk moun k ap sèvi Bondye ki vin dekouraje akoz moun ki opoze avèk yo, akoz pwoblèm ekonomik oubyen akoz maladi grav. Pafwa tou, sa konn gen yon move efè sou kè yo. Menm wa David te pase nan moman difisil konsa. Men sa l te di: “Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.” ​(Sòm 143:4). Ki sa k te pèmèt li travèse moman eprèv sa yo? David te medite sou fason Jewova te boule ak sèvitè l yo e sou fason Jewova te delivre l li menm. Li te medite sou sa Jewova te fè pou non L ki gran. David te kite lespri l fikse sou sa Jewova fè (Sòm 143:5). Menm jan an tou, lè nou medite sou Kreyatè nou an, sou tout sa l fè e sou tout sa li kontinye fè pou nou, sa ap ede nou, menm lè nou anba eprèv.

Si yon moun fè nou yon bagay ki mal, oubyen si nou santi yo te fè nou yon bagay ki mal, sa ka fè nou gen rankin. Si nou plede reflechi sou sa, sa ka fè nou kritike frè ak sè nou yo. Anplis, sa ka fè n sispann frekante yo, sa ka fè nou met kò nou apa e sa ka fè nou prèske pa enterese nan yo ankò. Sepandan, si n ta fè sa, èske sa t ap ann amoni avèk dezi nou genyen pou n gen yon “kè ki pwòp” la? Pa gen dout nan sa, youn nan rezon ki fè nou vle gen yon kè ki pwòp se pou nou ka byen boule ak kretyen parèy nou yo menm lè gen pwoblèm.

Antanke vrè kretyen, nou diferan ak moun nan monn sa a k ap vin pi kòwonpi de jou an jou e k ap degrengole nan domèn moral. Nou diferan paske nou renmen pou ‘kè nou pwòp’. Lè nou fè volonte Bondye, n ap santi kè nou anpè, yon kalite lapè yon moun ka jwenn sèl lè l fè volonte Bondye. E sa ap gen yon bon enfliyans sou lavi nou. Sa k pi enpòtan an, n ap gen yon amitye solid avèk Jewova Dye, Kreyatè nou an ki renmen “moun ki gen kè pwòp”. (Sòm 73:1, NW.) Vrèman, nou kapab fè pati moun ki pral gen kè kontan yo, paske, selon pwomès Jezi fè, “yo va wè Bondye” lè l aji nan enterè moun ki renmen pou ‘kè yo pwòp’. —Mat. 5:8.