Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?

Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?

Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?

“Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.” —MAT. 28:19.

1, 2. a) Ki sa k te pase Jerizalèm nan Pannkòt ane 33 epòk nou an? b) Ki sa ki te pouse anpil moun ki te la batize?

NAN Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jerizalèm te chaje ak moun ki te soti nan anpil peyi. Yo te la pou yo patisipe nan yon fèt enpòtan ki t ap fèt jou sa a. Men, te gen yon bagay etranj ki te pase, e apre sa, apot Pyè te bay yon diskou ki te touche kè moun ki te la yo e ki te gen yon gwo efè sou yo. Pawòl li yo te touche kè 3 000 Juif ak pwozelit e sa te pouse yo repanti epi batize nan dlo. Se konsa moun sa yo te vin fè pati kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme (Tra. 2:41). Lefètke tout moun sa yo te batize nan basen dlo ak rezèvwa dlo ki te nan vil Jerizalèm yo, sa dwe te fè anpil bri.

2 Ki sa k te pase ki fè tout moun sa yo te batize? Nan menm jou sa a, te gen “yon sèl bri [ki te] sot nan syèl la tankou yon gwo van k’ap soufle” e te gen anviwon 120 disip Jezi ki te nan chanmòt yon kay ki te resevwa lespri sen. Apre sa, te gen gason ak fi ki gen krent pou Bondye ki te rasanble paske yo te vle tande sa disip yo ki te “pran pale lòt lang” t ap di. Lè yo te koute sa Pyè t ap di, san wete sa li t ap di sou lanmò Jezi, “yo [te] santi kè yo boulvèse”. Ki sa pou yo te fè? Men ki repons Pyè te ba yo: “Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri [...]. Apre sa, n’a resevwa Sentespri, kado Bondye a.” —Tra. 2:1-4, 36-38.

3. Nan jou Pannkòt la, ki sa Juif ak pwozelit ki te repanti yo te bezwen fè?

3 Fè yon ti reflechi sou kwayans Juif ak pwozelit ki t ap koute sa Pyè t ap di yo te deja genyen. Yo te konsidere Jewova kòm Bondye yo. E dapre sa yo te aprann nan Ekriti ebrayik yo, yo te deja konn tande pale de lespri sen Bondye a, fòs aktif li te itilize lè t ap kreye tout bagay la e li te kontinye itilize annapre (Jen. 1:2; Jij 14:5, 6; 1 Sam. 10:6; Sòm 33:6). Sepandan, yo te manke yon bagay. Li te enpòtan pou yo konnen e pou yo aksepte mwayen Jewova t ap itilize pou l delivre yo a, sètadi Mesi a, Jezi. Se sa k fè Pyè te fè yo konnen li nesesè pou yo “resevwa batèm nan non Jezikri”. Kèk jou anvan sa, apre Jezi te fin resisite, li te òdone Pyè ak kèk lòt disip pou yo batize moun “nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a”. (Mat. 28:19, 20.) Lòd sa a te gen anpil siyifikasyon nan premye syèk la e li toujou gen anpil siyifikasyon jodi a. Ki siyifikasyon li genyen?

Nan non Papa a

4. Ki chanjman ki te fèt nan fason pou yon moun gen relasyon ak Jewova?

Jan nou sot wè sa, moun ki te byen reyaji lè yo t ap koute diskou Pyè t ap bay la te deja ap adore Jewova, sa vle di yo te deja konnen l. Yo t ap eseye suiv Lwa l la, e se poutèt sa moun ki t ap viv nan lòt peyi yo te vin Jerizalèm (Tra. 2:5-11). Sepandan, Jewova te fèk fè yon chanjman nan relasyon li te gen avèk lèzòm. Li te sispann konsidere Juif yo kòm nasyon li te gen yon relasyon espesyal ak li a. Se pa Lalwa yo te oblije suiv pou yo gen apwobasyon l ankò (Mat. 21:43; Kol. 2:14). Si moun ki t ap koute yo te vle kontinye gen relasyon ak Jewova, yo te bezwen yon lòt bagay.

5, 6. Ki sa anpil Juif ak pwozelit te fè nan premye syèk la pou yo te kapab gen bon relasyon ak Bondye?

5 Sa yo te bezwen fè, se pa vire do bay Jewova, Moun ki te ba yo lavi a (Tra. 4:24). Moun ki te byen reyaji devan esplikasyon Pyè te bay yo te kapab wè pi klè, yon fason yo pa t ka wè sa anvan, jan Jewova se yon Papa ki byenveyan. Li te voye Mesi a pou l delivre yo e li te dispoze padone yo. Li te menm dispoze padone moun Pyè te di pawòl sa yo: ‘Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.’ Anfèt, moun ki te fè sa Pyè te di yo fè a te gen plis rezon toujou pou yo montre rekonesans pou Papa a poutèt sa li te fè pou tout moun ki vle gen bon relasyon ak li. —Li Travay 2:30-36.

6 Vrèman, kounye a Juif sa yo ak pwozelit sa yo te kapab wè, si yo vle gen bon relasyon ak Jewova, yo bezwen rekonèt li se Moun ki delivre yo grasa Jezi a. Nou kapab konprann rezon ki fè yo te repanti pou peche yo, san wete peche yo te fè lè yo te patisipe nan lanmò Jezi, kit yo te konn sa, kit yo pa t konn sa. Nou kapab konprann tou rezon ki fè nan jou ki te vin annapre yo, yo t ap “koute sa apòt yo t’ap moutre yo”. (Tra. 2:42.) Yo te gendwa “pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita” a e yo te anvi fè sa. —Ebre 4:16.

7. Ki chanjman anpil moun te fè nan fason yo te konsidere Bondye anvan yo te batize nan non Papa a?

7 Jodi a, gen plizyè milyon moun ki te gen divès kwayans ki vin aprann laverite konsènan Jewova nan Bib la (Iza. 2:2, 3). Genyen nan yo ki te ate oswa genyen ki te kwè gen yon Bondye men ki pa t panse li enterese nan kreyasyon l yo, men yo te vin gen konviksyon gen yon Kreyatè ki egziste e yo kapab gen bonjan relasyon avè l. Gen lòt ki te konn adore yon dye an twa pèsòn oswa divès zidòl. Yo aprann se Jewova sèlman ki Bondye toupisan an e kounye a yo itilize non l lè y ap pale avè l. Sa ann amoni ak pawòl Jezi yo lè l te di se pou disip li yo batize nan non Papa a.

8. Ki sa moun ki pa t konnen anyen sou peche nou eritye nan men Adan an te bezwen konprann konsènan Papa a?

8 Anplis, yo te aprann yo eritye peche nan men Adan (Wom. 5:12). Sa te nouvo pou yo e yo te bezwen kwè se verite. Nou kapab konpare moun sa yo ak yon moun ki malad men ki pa konn sa. Petèt li gen kèk sentòm, tankou doulè yon lè konsa. Sepandan, lefètke li pa janm fè yon analiz pou l konnen ki maladi li genyen, li panse sante l anfòm. Sepandan, sa l panse a se pa sa. (Konpare ak 1 Korentyen 4:4.) Ann sipoze li fè yon analiz annapre ki montre ki maladi li genyen egzakteman. Èske li pa t ap montre li saj si l ta chèche yon tretman lòt moun te suiv ki bay bon rezilta e ki efikas, e si li ta suiv tretman sa a? Menm jan an tou, lè anpil moun aprann laverite konsènan peche nou eritye a, yo aksepte “analiz” Labib fè a e yo vin konprann se Bondye ki ofri yo “remèd” la. Wi, tout moun ki lwen Papa a bezwen vin jwenn Moun ki gen “remèd” la. —Efe. 4:17-19.

9. Ki sa Jewova te fè pou moun ka gen bon relasyon avè l?

9 Si w deja vwe lavi w bay Jewova Dye e w deja yon kretyen ki batize, ou konnen jan sa bèl pou yon moun gen bon relasyon avè l. Kounye a ou kapab pi byen konprann jan Jewova, Papa w, gen lanmou nan li. (Li Women 5:8.) Byenke Adan ak Èv te peche kont li, se li ki te pran inisyativ pou desandan yo te kapab vin gen bon relasyon avè l, e nou menm tou nou benefisye inisyativ sa a. Jewova te aksepte pou Pitit li renmen an soufri e pou l mouri menmsi sa te ba l gwo lapèn. Èske lefètke nou konn sa, sa pa ede nou rekonèt otorite Bondye genyen e èske sa pa ede nou obeyi kòmandman l yo paske nou renmen l? Si w poko vwe tèt ou bay Bondye e ou poko batize, ou gen bonjan rezon pou w fè sa.

Nan non Pitit la

10, 11. a) Jis nan ki pwen ou santi w gen yon dèt anvè Jezi? b) Ki jan w santi w lefètke Jezi te mouri pou l bay ranson an?

10 Sepandan, ann fè yon ti reflechi ankò sou sa Pyè te di foul la. Li te mete aksan sou nesesite pou yo aksepte Jezi, e sa gen yon rapò dirèk ak batèm “nan non [...] Pitit la”. Poukisa sa te enpòtan nan epòk sa a, e poukisa sa enpòtan nan epòk nou an tou? Ebyen, aksepte Jezi epi batize nan non l vle di rekonèt wòl li jwe nan relasyon nou avèk Kreyatè a. Yo te oblije pann Jezi sou yon poto soufrans yon fason pou l te kapab retire Juif yo anba madichon Lalwa a. Sepandan, lanmò l te pote pi gwo byenfè toujou (Gal. 3:13). Li te bay ranson lèzòm te bezwen an (Efe. 2:15, 16; Kol. 1:20; 1 Jan 2:1, 2). Pou Jezi te kapab fè sa, li te andire enjistis, jouman, move tretman e finalman li te mouri. Jis nan ki pwen w gen rekonesans pou sakrifis li a? Imajine ou gen 12 an epi w ap vwayaje sou bato yo te rele Titanic la, yon bato ki te koule nan ane 1912 apre li te fin fè kolizyon ak yon kokennchenn blòk glas ki te nan lanmè a. Pandan w sou bato a, ou eseye antre nan yon kano sovtaj, men pa gen plas ankò. Lè sa a, yon mesye ki nan kano a bo madanm li, li tounen nan bato a epi li mete w nan kano sovtaj la. Ki jan w t ap santi w? Se sèten ou t ap gen rekonesans poutèt sa l fè a. Ou kapab imajine jan yon tigason ki te fè eksperyans sa a te santi l *. Sepandan, Jezi te fè plis lontan pou ou. Li te mouri yon fason pou w ka gen lavi pou letènite.

11 Ki jan w te santi w lè w te aprann sa Pitit Bondye a te fè pou ou? (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Pa gen dout, ou te santi w gen anpil rekonesans pou sa. Sa te pouse w vwe lavi w bay Bondye e sa te ede w pou w pa ‘viv pou tèt pa w ankò, men pou w viv pou moun ki te mouri pou ou a’. Batize nan non Pitit la vle di ou rekonèt sa Jezi fè pou ou e ou aksepte otorite li genyen antanke “Mwayen prensipal pou moun jwenn lavi a”. (Tra. 3:15, NW; 5:31.) Anvan sa, ou pa t gen okenn relasyon ak Kreyatè a e ou pa t gen okenn espwa vre. Men, lefètke ou gen lafwa nan san Jezi ki te koule pou ou a e ou batize, kounye a ou gen bon relasyon ak Papa a (Efe. 2:12, 13). Apot Pòl te di: “Nan tan lontan, nou t’ap viv lwen Bondye” poutèt “move lide nou te gen nan tèt nou. Men kounyeya, gremesi Kris la ki mouri nan kò l tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l ankò pou nou ka parèt devan l tankou moun k’ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.” —Kol. 1:21, 22.

12, 13. a) Lefètke w batize nan non Pitit la, ki jan sa ta dwe enfliyanse reyaksyon w genyen lè yon moun fè w yon bagay ki fè w fache? b) Antanke yon kretyen ki batize nan non Jezi, ki obligasyon w genyen?

12 Byenke ou te batize nan non Pitit la, ou konsyan ou gen tandans pou w peche. Lefètke w konsyan de sa, sa ede w chak jou. Pa egzanp, si yon moun fè w yon bagay ki fè w fache, èske w sonje nou toule de se pechè? Nou toule de bezwen Bondye padone nou e nou toule de dwe dispoze padone (Mak 11:25). Pou Jezi montre jan nou tout bezwen padon, li te bay egzanp ki vin annapre a: Yon moun te gen yon esklav ki te dwe l dimil talan (60 milyon denye) e li te anile dèt esklav sa a. Annapre, esklav sa a te refize anile dèt yon lòt esklav parèy li ki te dwe l 100 denye. Men ki leson Jezi te bay apre sa: Jewova pap padone yon moun ki pa padone frè l (Mat. 18:23-35). Wi, lè nou batize nan non Pitit la, sa mande pou nou rekonèt otorite Jezi genyen e pou nou fè efò pou nou suiv egzanp li ak ansèyman l yo, san wete ansèyman ki mande pou nou dispoze padone lòt moun nan. —1 Pyè 2:21; 1 Jan 2:6.

13 Lefètke w enpafè, ou pa kapab imite Jezi totalman. Sepandan, piske ou te vwe lavi w bay Bondye ak tout kè w, ou vle fè tout sa w kapab pou w imite Jezi. Sa gen ladan l pou w kontinye fè efò pou w retire ansyen pèsonalite a e pou w vin gen nouvo a. (Li Efezyen 4:20-24.) Lè w vin gen respè pou yon zanmi, petèt ou chèche imite egzanp li ak bèl kalite li genyen. Menm jan an tou, ou vle aprann nan men Kris e ou vle imite l.

14. Ki jan w kapab montre ou rekonèt otorite Jezi genyen antanke Wa nan syèl la?

14 Gen yon lòt fason ou kapab montre ou konprann sa sa vle di pou w batize nan non Pitit la. Bondye “soumèt tout bagay anba pye l, e li mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon an”. (Efe. 1:22, NW.) Se sa k fè ou bezwen respekte fason Jezi dirije moun ki vwe lavi yo bay Jewova yo. Kris sèvi avèk moun enpafè nan kongregasyon an, sitou ak gason ki gen matirite nan domèn espirityèl yo, anpalan de ansyen yo. Yo nome mesye sa yo pou yo ‘òganize pèp Bondye a pou chak moun fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans’. (Efe. 4:11, 12.) Menmsi yon moun ki enpafè fè yon erè, antanke Wa nan Wayòm selès la, Jezi kapab regle sitiyasyon an nan lè pa l ak nan fason pa l. Èske w kwè sa?

15. Si w poko batize, ki benediksyon ou ka atann w ap jwenn apre batèm ou?

15 Yon lòt bò, gen moun ki poko vwe tèt yo bay Jewova e ki poko batize. Si w poko fè sa, èske w pa santi dapre sa ki ekri pi wo yo li rezonab pou w rekonèt Pitit la? Èske se pa sa w ta dwe fè si w vrèman gen rekonesans pou sa li fè pou ou? Si w batize nan non Pitit la, sa ap pèmèt ou resevwa gwo benediksyon. —Li Jan 10:9-11.

Nan non Sentespri a

16, 17. Ki sa batize nan non Sentespri a vle di pou ou?

16 Sa sa vle di pou yon moun batize nan non Sentespri a? Jan nou te wè sa anvan, moun ki t ap koute Pyè yo nan jou Pannkòt la te deja konnen lespri sen egziste. Dayè, sa yo te wè nan jou sa a te ede yo konprann Bondye t ap sèvi ak lespri sen l toujou. Pyè se te youn nan moun ki te “vin anba pouvwa Sentespri, epi [ki te] pran pale lòt lang” yo (Tra. 2:4, 8). Ekspresyon “nan non” an pa nesesèman gen rapò ak non yon moun. Jodi a, gen anpil bagay ki fèt “nan non gouvènman” yo, men gouvènman yo pa moun. Bagay sa yo fèt nan non gouvènman yo paske yo gen otorite pou yo fè yo. Menm jan an tou, yon moun ki batize nan non Sentespri a rekonèt Sentespri a pa yon moun, men li se fòs aktif Jewova. Batèm sa a montre moun ki batize a rekonèt wòl lespri sen jwe nan objektif Bondye.

17 Èske etid ou fè nan Bib la pa fè w vin konnen ki sa Sentespri a ye? Pa egzanp, kounye a, ou konnen Ekriti yo te ekri anba enspirasyon lespri sen (2 Tim. 3:16). Ofiramezi w te fè pwogrè nan domèn espirityèl, sandout ou te vin konprann ‘Papa nou ki nan syèl la pap refize ban nou Sentespri l lè nou mande l li’, e sa vle di li pap refize ba ou l tou (Lik 11:13). Sandout ou wè lespri sen aji nan lavi w. Yon lòt bò, si w gen pou w batize nan non Sentespri a, ou gen gwo benediksyon k ap tann ou lè w resevwa l, paske Jezi bay nou tout asirans Papa a ap ban nou lespri sen l.

18. Ki benediksyon moun ki batize nan non Sentespri a jwenn?

18 Jodi a tou, nou kapab wè Jewova ap dirije kongregasyon an grasa lespri l. E lespri sa a ede nou nan tout aktivite nou chak jou. Lè nou batize nan non Sentespri a, nou rekonèt wòl li jwe nan lavi nou e avèk rekonesans nou kite l gide nou. Gen moun ki kapab ap mande tèt yo ki jan yo kapab respekte ve yo te fè bay Jewova a e ki jan lespri sen kapab ede yo fè sa. Se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gade Réveillez-vous! 22 janvye 1982, paj 3-8.

Èske nou sonje?

• Ki sa batize nan non Papa a vle di pou ou?

• Sa sa vle di pou yon moun batize nan non Pitit la?

• Ki jan w kapab montre ou konprann sa sa vle di pou yon moun batize nan non Papa a ak Pitit la?

• Ki sa sa vle di pou yon moun batize nan non Sentespri a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, ki kalite relasyon nouvo disip yo te vin genyen ak Papa a?

[Liy kredi]

Avèk otorizasyon Israel Museum, Jerizalèm