Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske gen kontradiksyon ant Ezekyèl 18:20, ki di: “Yon pitit p’ap peye pou peche papa l te fè”, ak Egzòd 20:5, ki di: ‘Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li yo peye sa’?

Pa gen kontradiksyon. Premye vèsè a esplike responsablite chak moun genyen, e lòt la montre lè yon moun fè yon erè, sa kapab gen konsekans sou desandan l yo.

Kontèks Ezekyèl chapit 18 la, sètadi lòt vèsè ki nan chapit sa a, montre y ap mete aksan sou responsablite chak moun genyen pou pwòp aksyon l. Vèsè 4 la di: “Moun ki fè peche a, se li menm k’ap mouri.” Men, e pou yon moun “k’ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri”? Menm chapit la di: “Se sèten l’ap viv.” ​(Eze. 18:5, 9). Donk, lè yon moun rive nan laj kote li gen matirite e li responsab aksyon l, yo jije l ‘dapre sa l fè’. —Eze. 18:30.

Nou ka konprann prensip sa a lè nou gade egzanp yon Levit ki te rele Kora. Pandan tan Izrayelit yo te pase nan dezè a, Kora te vin pa satisfè avèk privilèj espesyal Jewova te ba li yo. Li te eseye pran privilèj ki te rezève pou prèt yo e li te mete tèt ansanm ak yon seri lòt moun pou yo rebele kont moun ki te reprezante Jewova yo, anpalan de Moyiz ak Arawon. Piske yo te chèche fè dappiyanp sou yon privilèj ki pa t pou yo, Jewova te touye yo (Nonb 16:8-11, 31-33). Men, kòm pitit Kora yo pa t patisipe nan rebelyon an, Bondye pa t fè yo responsab pou peche papa yo. Lefètke yo te fidèl ak Jewova, yo te rete an vi. —Nonb 26:10, 11.

E avètisman ki nan Egzòd 20:5 lan, ki fè pati Dis Kòmandman yo? Menm jan nou te fè sa pi wo a, annou konsidere kontèks vèsè a. Jewova te fè alyans Lalwa a avèk nasyon Izrayèl la. Lè Izrayelit yo te fin tande tout sa ki te nan alyans lan, yo te di devan tout moun: “N’a fè tou sa Senyè a di nou fè.” ​(Egz. 19:5-8). Se konsa nasyon an te antre nan yon relasyon espesyal avèk Jewova. Se sa k fè, pawòl nou jwenn nan Egzòd 20:5 yo te vize nasyon an antanke gwoup.

Lè Izrayelit yo te kenbe fidelite yo anvè Jewova, tout nasyon an te tire pwofi e yo te jwenn yon pakèt benediksyon (Lev. 26:3-8). Men, yon lòt bò, lè nasyon an te rejte Jewova pou yo kouri dèyè fo dye, li te sispann beni yo e li te sispann pwoteje yo; lè sa a, nasyon an te tonbe nan gwo pwoblèm (Jij 2:11-18). Toutfwa, te gen kèk moun ki te kenbe entegrite yo e ki te obsève kòmandman Bondye yo malgre nasyon an te plonje nan idolatri (1 Wa 19:14, 18). Asireman, moun ki te fidèl yo te jwenn kèk difikilte poutèt peche nasyon an, men Jewova te demontre bonte ki plen lanmou anvè yo.

Lè nasyon Izrayèl te vyole prensip Jewova yo jis nan pwen pou lòt nasyon yo meprize non l, tèlman Izrayelit yo te aji yon fason ki chokan, Jewova te deside pou l pini pèp li a. Li te pèmèt Babilonyen yo pran yo kòm kaptif. Nòmalman, pinisyon sa a te afekte chak moun e li te afekte nasyon an antanke gwoup (Jer. 52:3-11, 27). Dayè, Bib la montre nasyon an te vin tèlman koupab, gen twa, kat oswa plis jenerasyon ki te sibi konsekans move zak zansèt yo te fè, jan Egzòd 20:5 te di sa.

Pawòl Bondye a gen egzanp tou kote tout yon fanmi te sibi konsekans peche yon paran te fè. Eli, yon gran prèt, te ofanse Jewova lè li te pèmèt pitit li yo, de “voryen”, kontinye sèvi antanke prèt (1 Sam. 2:12-16, 22-25). Piske Eli te onore pitit li yo plis pase Jewova, Li te di gen yon lè ki t ap vini pa gen gran prèt ki t ap soti nan fanmi Eli ankò. Sa te akonpli nan katriyèm jenerasyon ki te vin apre l la, sètadi nan epòk Abyata, pitit pitit pitit pitit li a (1 Sam. 2:29-36; 1 Wa 2:27). Prensip ki nan Egzòd 20:5 lan verifye nan ka pa Geyazi tou. Lè Elicha te geri Naamàn, yon jeneral ki te soti nan peyi Siri, Geyazi te mal sèvi avèk pozisyon li te genyen antanke sèvitè Elicha pou l te ka jwenn avantaj materyèl. Pa mwayen Elicha, Jewova te ba l santans li. Men sa li te di: “Maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan.” ​(2 Wa 5:20-27). Konsa, desandan Geyazi yo te sibi konsekans peche li a.

Antanke Kreyatè a e antanke Moun ki bay lavi a, Jewova gen dwa pou l detèmine ki pinisyon ki jis e ki apwopriye. Egzanp nou site pi wo yo montre peche yon moun fè kapab gen konsekans sou pitit li yo oswa desandan l yo. Sepandan, Jewova “tande jan piti yo ap rele” e yon moun ki rele l ak tout kè l kapab resevwa favè l e li kapab jwenn yon ti soulajman. —Jòb 34:28.

[Foto nan paj 29]

Kora ak moun ki te mete tèt ansanm avè l yo te responsab aksyon yo.