Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mak: li te bay “yon bon kout men nan travay la”

Mak: li te bay “yon bon kout men nan travay la”

Mak: li te bay “yon bon kout men nan travay la”

SE VRE, moun ki te nan kongregasyon Antyòch la te konn gen pwoblèm, men pwoblèm ki te gen ant apot Pòl ak apot Banabas la te diferan. De mesye sa yo t ap prepare yo pou yo fè yon vwayaj misyonè, men lè pou yo te deside kiyès ki t ap vin avèk yo, “yon diskisyon byen cho [te] leve” antre yo (Tra. 15:39). Apre sa, yo separe e yo chak fè wout pa yo. Diskisyon yo te fè a te gen rapò ak yon lòt misyonè ki te rele Mak.

Kiyès Mak te ye? Ki sa k fè de apot sa yo te fè diskisyon poutèt li? Poukisa pwennvi yo te diferan konsa? Èske pwennvi yo te vin chanje? E ki sa w ka aprann nan sa k te pase nan lavi Mak?

Lakay li Jerizalèm

Mak te grandi Jerizalèm, e sanble l te sot nan yon fanmi Juif ki te rich. Premye fwa yo nonmen non l se anrapò ak kongregasyon kretyen nan premye syèk la. Nan zòn ane 44 epòk nou an, Ewòd Agripa 1ye te fè mete apot Pyè nan prizon e zanj Jewova a te lage l pa mwayen yon mirak. Lè sa a, Pyè t al “kay Mari, manman Jan ki rele Mak la. Anpil moun te reyini la, yo t ap lapriyè”. —Tra. 12:1-12, Bib Kreyòl La *.

Donk, sanble kongregasyon ki te Jerizalèm nan te konn fè reyinyon lakay manman Mak. Nou ka konprann kay la te gwo paske yo di “anpil moun” te reyini la. Mari te gen yon sèvant ki te rele Wòd, e se li ki te parèt lè Pyè te “frape nan pòt devan an”. Detay sa yo lese konprann Mari se te yon moun ki te gen mwayen. E yo pale de kay la kòm kay pa l non pa kòm kay mari l, petèt sa vle di mari l te mouri e Mak te yon jenòm toujou. —Tra. 12:13.

Petèt Mak te pami moun ki te reyini pou yo priye yo. Sandout li te byen konnen disip Jezi yo ak lòt moun ki te wè evènman ki te pase pandan ministè Jezi yo. Anfèt, sanble jenòm ki te prèske toutouni ki te toupre apot yo e ki te chape lè yo te arete Jezi a se te Mak. —Mak 14:51, 52.

Privilèj li te jwenn nan kongregasyon an

Pa gen dout nan sa, lefètke Mak te konn frekante kretyen ki gen matirite yo, sa te gen yon bon enfliyans sou li. Li te vin grandi nan domèn espirityèl e frè ki te gen responsablite yo te remake sa. Se nan zòn ane 46 epòk nou an, Pòl ak Banabas te montre enterè pou Mak. Lè sa a, yo te vin ak bagay frè nan Antyòch yo te voye Jerizalèm pou “ede frè yo” paske te gen yon grangou ki te frape zòn nan. Lè yo t ap retounen Antyòch, yo te fè Mak vin avèk yo. —Tra. 11:27-30; 12:25.

Yon moun k ap li konsa konsa kapab panse sèl bagay ki te lye mesye sa yo youn ak lòt se lefètke yo te kretyen. Li ka panse se tou senpleman poutèt kapasite Mak Pòl ak Banabas te mennen l avèk yo. Sepandan, nan youn nan lèt Pòl yo, li te fè konnen Mak se te kouzen Banabas (Kol. 4:10). Sa ka ede nou konprann kèk bagay ki te vin rive apre sa ki te gen rapò ak Mak.

Anviwon yon ane te pase, e lespri sen te fè Pòl ak Banabas konnen se pou yo fè yon vwayaj misyonè. Yo te soti Antyòch pou y al Chip. Jan Mak te ale avèk yo “pou ede yo”. (Tra. 13:2-5.) Petèt Mak te la pou l bay Pòl ak Banabas yon koutmen nan travay ki te gen pou fèt chak jou yo yon fason pou apot yo te ka rete konsantre sou bagay espirityèl yo.

Pòl, Banabas ak Mak te travèse Chip toutpandan yo t ap preche, e apre sa yo t al ann Azi Minè. Se la Jan Mak te pran yon desizyon ki te desevwa Pòl. Selon sa Labib di, lè yo te rive Pèje, “Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm”. (Tra. 13:13.) Bib la pa di pou ki rezon li te fè sa.

Kèk ane apre, Pòl, Banabas ak Mak te twouve yo ansanm nan Antyòch. De apot yo t ap planifye pou yo fè yon lòt vwayaj misyonè yon fason pou yo te ka kontinye ak travay yo te fè nan premye vwayaj la. Banabas te vle pou kouzen l lan vin avèk yo, men Pòl pa t vle tande bagay konsa paske Mak te lage yo dènye fwa a. Se sa k te pwovoke sitiyasyon nou te dekri nan kòmansman atik la. Banabas te pran Mak epi l al fè travay la nan peyi l, Chip, tandiske Pòl te al nan peyi Siri (Tra. 15:36-41). Sa klè, Pòl ak Banabas pa t gen menm pwennvi sou desizyon Mak te pran an.

Rekonsilyasyon

Pa gen dout nan sa, eksperyans sa a te fè Mak mal. Sepandan, li te kontinye sèvi fidèlman. Anviwon 11 a 12 an apre pwoblèm Mak te gen ak Pòl la, yo retounen pale de li nan istwa premye kretyen yo. Avèk kiyès li te ye? Avèk yon moun petèt ou pa ta janm imajine: Pòl!

Nan zòn ane 60-61 epòk nou an, pandan Pòl te nan prizon nan vil Wòm, li te voye yon seri lèt ki fè pati Ekriti Sakre yo jodi a. Men sa l te di nan yon lèt li te ekri Kolosyen yo: ‘Aristak ki nan prizon ansanm avè m voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l byen si l vin lakay nou.) Se yo menm sèlman k’ap travay avè m pou gouvènman Bondye a. Yo te ban m anpil kouray.’ —Kol. 4:10, 11.

Ala yon chanjman! Anvan, Pòl pa t ka wè Mak, men kounye a, yo te retounen travay ansanm e Pòl te apresye travay li. Aparamman, Pòl te fè Kolosyen yo konnen li posib pou Mak vizite yo. Si sa te fèt, Mak t ap aji antanke reprezantan Pòl.

Èske se Pòl ki te twò di avèk Mak? Èske se Mak ki te bezwen disiplin? Oubyen èske se te toude posiblite sa yo? Kèlkeswa sa l te ye a, yo te rekonsilye e sa montre ni Pòl ni Mak te gen matirite. Yo te met sa k te pase a dèyè yo e yo te retounen travay ansanm. Èske sa se pa yon bèl egzanp pou kretyen ki gen pwoblèm youn ak lòt?

Vwayaj Mak te fè yo

Sandout ou rann ou kont Mak te konn vwayaje anpil lè w li istwa sou vwayaj li yo. Li te moun Jerizalèm, men li te deplase al Antyòch e li te soti la pou l al Chip ak Pèje. Apre sa, li t al Wòm. Pandan l Wòm, Pòl te vle voye l Kolòs. E li t al lòt kote toujou.

Apot Pyè te ekri premye lèt li a ant ane 62 ak 64 epòk nou an. Men sa l te ekri: “Dam ki Babilòn nan, [...] ni li menm ni Mak, ki se pitit gason mwen, voye salye nou.” ​(1 Pyè 5:13, Bib Kreyòl La). Donk, Mak t al Babilòn pou l travay ansanm ak apot Pyè, ki te asiste reyinyon lakay manman l plizyè ane anvan sa.

Yo te mete Pòl nan prizon Wòm yon dezyèm fwa nan zòn ane 65 epòk nou an. Detan l te la, li te ekri Timote pou l te di l kite Efèz vin jwenn li. Men sa l te di tou: “Pran Mak avèk ou lè w’ap vini.” ​(2 Tim. 4:11). Donk lè sa a, Mak te Efèz. E pa gen dout nan sa, Mak te tounen Wòm lè Pòl te mande l vini avèk Timote. Nan epòk sa a, vwayaje te difisil, men Mak te byen kontan fè vwayaj sa yo.

Yon lòt gwo privilèj

Jewova te enspire Mak pou l ekri youn nan Evanjil yo, e se te yon gwo privilèj. Byenke pa gen okenn kote nan dezyèm Evanjil la ki di kiyès ki te ekri l, selon sa yo ekri depi lontan, se Mak ki te ekri l e li te jwenn enfòmasyon yo nan men Pyè. Anfèt, Pyè te wè pifò nan sa Mak te ekri yo.

Moun ki analize Evanjil Mak la gen asirans se pou moun ki pa Juif li te ekri l, paske li te bay plizyè esplikasyon sou koutim Juif yo pou ede moun sa yo konprann (Mak 7:3; 14:12; 15:42). Lè Mak sèvi ak ekspresyon arameyen yo, ki pa t ap gen okenn sans pou yon moun ki pa Juif, li te tradui yo (Mak 3:17; 5:41; 7:11, 34; 15:22, 34). Li sèvi ak yon pakèt ekspresyon laten e li menm sèvi ak mo laten pou l bay esplikasyon sou kèk mo grèk. Lè li pale de pyès monnen Juif yo, li fè konnen konbyen yo vo nan lajan women (Mak 12:42, nòt anba paj, NW). Tout sa ann amoni ak yon tradisyon ki la depi lontan ki fè konnen Mak te ekri Evanjil li a nan vil Wòm.

“L’a ban m yon bon kout men nan travay la”

Pandan Mak te Wòm, li te ekri Evanjil li a, men nou kapab sèten se pa sa sèlman li te fè. N ap sonje Pòl te di Timote: “Pran Mak avèk ou lè w’ap vini.” Pou ki rezon? Li te di: “L’a ban m yon bon kout men nan travay la.” —2 Tim. 4:11.

Nan lòd kwonolojik, sa se dènye bagay yo ekri konsènan Mak. E sa yo di a aprann nou anpil bagay sou li. Nan tout sa yo di konsènan travay Mak te fè nan kongregasyon an, pa gen anyen ki fè nou konprann Mak te pran latèt nan kongregasyon an ni ki fè konprann li te yon apot oubyen yon pwofèt. Li te yon moun ki t ap bay koutmen, li te rann lòt moun sèvis. E pa gen dout nan sa, nan dènye moman anvan apot Pòl te mouri a, li te kapab bezwen pou Mak rann li sèvis.

Lè nou met tout sa nou konnen sou Mak yo ansanm, nou kapab wè Mak te yon moun ki te kontan sèvi lòt moun e ki te zele nan fè konnen bon nouvèl la nan diferan zòn sou tè a. Vrèman, Mak te vin gen gwo privilèj lefètke li pa t dekouraje!

Jodi a, antanke sèvitè Bondye, nou demontre menm detèminasyon ak Mak pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan. Menm jan ak Mak, gen nan nou ki kapab deplase al nan lòt zòn, oubyen ki kapab menm al nan lòt peyi pou yo kapab ede bon nouvèl la gaye nan zòn sa yo. Byenke pifò nan nou gendwa pa kapab deplase konsa, men nou tout nou kapab imite Mak nan yon lòt fason. Menm jan li te fè tout sa l te kapab pou l te ka sèvi frè l yo, se menm jan an tou nou dispoze fè efò pou nou bay kwayan parèy nou yo yon koutmen yon fason pou yo ka kontinye sèvi Bondye. Lè nou fè sa, nou gen asirans n ap kontinye resevwa anpil benediksyon. —Pwo. 3:27; 10:22; Gal. 6:2.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Souvan, moun nan epòk Mak yo te konn gen yon lòt non ki sot nan lang Ebre oubyen ki sot nan yon lòt lang. Non ki sot nan lang Ebre Mak te genyen an se te Yowanàn, oubyen Jan an kreyòl. Li te rele Marcus nan lang laten, oubyen Mak an kreyòl. —Tra. 12:25.

[Kat jeyografik/Foto nan paj 8, 9]

(Gade peryodik la)

Kèk nan vil Mak te vizite yo

Wòm

Efèz

Kolòs

Pèje

Antyòch (Siri)

Chip

LANMÈ MEDITÈRANE

Jerizalèm

Babilòn