Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou kapab kontinye gen favè Bondye malgre chanjman yo

Nou kapab kontinye gen favè Bondye malgre chanjman yo

Nou kapab kontinye gen favè Bondye malgre chanjman yo

ÈSKE w ap fè fas ak kèk chanjman nan lavi w? Èske w twouve l difisil pou w aksepte chanjman sa yo? Pifò nan nou, swa nou deja viv yon sitiyasyon konsa, swa nou pral gen pou nou fè fas ak yon sitiyasyon konsa alavni. Annou konsidere egzanp kèk moun ki te viv toutbon nan tan lontan. Egzanp yo kapab ede nou wè ki kalite k ap itil nou lè nou nan yon sitiyasyon konsa.

Annou pran egzanp David ki te gen pou l fè fas ak yon pakèt chanjman nan lavi l. Li te yon senp ti bèje lè Samyèl te wenn li pou l te ka vin wa. Pandan l te jèn, li te pote tèt li volontè pou l batay ak Golyat, yon jeyan ki te yon filisten (1 Sam. 17:26-32, 42). Yo te envite David pou l fè pati lakou Wa Sayil la, e yo te nome l chèf lame a. Sandout, David pa t janm imajine tout chanjman sa yo t ap fèt nan lavi l ni li pa t ka konnen sa k t ap tann li pi devan.

David te vin gen gwo pwoblèm ak Sayil (1 Sam. 18:8, 9; 19:9, 10). Pou l te ka sove lavi l, li te oblije pase plizyè ane nan mawon. Menm lè l te vin wa ann Izrayèl, li te oblije fè fas ak gwo chanjman nan lavi l, sitou apre l te fin komèt adiltè e li te touye yon moun pou l te ka kache peche sa a. Kòm konsekans peche l yo, ni li menm, ni fanmi l te jwenn yon pakèt gwo pwoblèm. Pa egzanp, David te gen pwoblèm lè Absalòm, pitit li, te rebele kont li (2 Sam. 12:10-12; 15:1-14). Men, lè David te repanti pou peche l te fè lè l te komèt adiltè a ak lè l te touye moun nan, Jewova te padone l e li te retounen jwenn favè l.

Sitiyasyon pa nou kapab chanje tou. Pwoblèm sante, difikilte nan domèn ekonomik, pwoblèm nan fanmi nou, menm pwòp aksyon nou kapab lakòz gen chanjman nan lavi nou. Ki kalite k ap ede nou pi byen fè fas ak pwoblèm sa yo?

Imilite ap ede nou

Yon moun ki gen imilite se yon moun ki dispoze soumèt li. Vrè imilite a ap pèmèt nou wè tèt nou jan nou ye toutbon e li ede nou wè lòt moun jan yo ye toutbon. Lè nou pa minimize kalite lòt moun genyen lakay yo ak sa yo akonpli, n ap plis kapab apresye yo pou moun yo ye a e n ap pi byen apresye sa yo fè. Menm jan an tou, imilite ka pèmèt nou konprann rezon ki fè yon bagay rive nou e li ka ede nou wè ki jan nou dwe reyaji.

Yon bon egzanp nou ka imite se Yonatàn, pitit Sayil. Gen yon seri bagay ki te rive ki te chanje sitiyasyon l e li pa t ka fè anyen pou l anpeche yo rive. Lè Samyèl te di Sayil Jewova t ap retire wayòm nan nan men l, li pa t di se Yonatàn ki t ap wa nan plas li (1 Sam. 15:28; 16:1, 12, 13). Lè Bondye te chwazi David kòm wa apre Sayil, sa te vin klè se pa t Yonatàn ki t ap wa. Nan yon sans, li te sibi konsekans dezobeyisans Sayil la. Se pa t fòt Yonatàn, epoutan, li te pèdi wayote a (1 Sam. 20:30, 31). Ki jan Yonatàn te reyaji? Èske l te kenbe David sou kè poutèt sa? Èske l te fè jalouzi? Non. Byenke l te gen plis laj ak plis eksperyans lontan pase David, li te soutni l fidèlman (1 Sam. 23:16-18). Lefètke l te enb, sa te ede l wè kiyès ki te gen benediksyon Jewova, e li pa t ‘mete nan tèt li li te plis pase sa l te ye’. (Wom. 12:3.) Yonatàn te konprann sa Jewova te vle l fè e li te aksepte desizyon L te pran an.

Se sèten, gen anpil chanjman ki ka fè nou jwenn difikilte. Te gen yon epòk kote Yonatàn t ap jere de mesye ki te pwòch li. Youn nan yo se te David, zanmi l, moun Jewova te chwazi pou l vin wa a. Lòt la se te Sayil, papa l, ki t ap reye toujou byenke Jewova te rejte l antanke wa. Sandout sa te stresan pou Yonatàn fè efò pou l kontinye gen favè Jewova e pou l jere sitiyasyon sa a anmenmtan. Chanjman nou jwenn nan lavi nou yo ka ban nou tètchaje e yo ka fè nou pè. Men, si nou chèche konprann pwennvi Jewova, n ap kapab kontinye sèvi l fidèlman toutpandan n ap fè fas ak chanjman sa yo.

Rezon ki fè li enpòtan pou nou gen modesti

Yon moun ki gen modesti konsyan li gen limit. Nou pa dwe konfonn imilite ak modesti. Yon moun ki enb pa fòseman konnen limit li genyen.

David te modès. Byenke Jewova te chwazi l pou l vin wa, li te pase plizyè ane san l pa t pran pouvwa a. Labib pa di nou si Jewova te bay David rezon ki fè sa te pran tan konsa. Poutan, byenke sitiyasyon sa a te ka parèt stresan, sa pa t bay David pwoblèm. Li te konnen limit li, li te konprann Jewova gen kontwòl sitiyasyon an e se Jewova ki te pèmèt bagay yo pase konsa. Se sa k fè David pa t touye Sayil, menmsi se te pou l sove lavi l, e li pa t kite Abichayi, konpayon l lan, fè sa nonplis. —1 Sam. 26:6-9.

Pafwa, ka gen yon sitiyasyon ki devlope nan kongregasyon nou an nou pa fin konprann li oswa nou panse ansyen yo pa t jere l oubyen yo pa t òganize l pi bon fason an. Nan ka sa a, èske avèk modesti n ap rekonèt se Jezi ki Chèf kongregasyon an e li itilize kolèj ansyen yo pou yo pran latèt nan kongregasyon an? Èske n ap demontre nou gen modesti lè nou tann Jewova bay direksyon l pa mwayen Jezi Kris, lefètke nou konnen nou bezwen fè sa pou nou kontinye gen favè Jewova? Èske n ap tann avèk modesti menm lè sa difisil? —Pwo. 11:2.

Yon tanperaman dou ap ede nou pou nou pozitif

Lè nou gen tanperaman dou, sa ede nou andire bagay ki fè nou mal yo avèk pasyans, san nou pa fache, san nou pa gen rankin e san nou pa chèche vanje tèt nou. Nou bezwen fè efò pou nou gen yon tanperaman dou, men sa pa fasil. Sepandan, Bib la di: “Benediksyon pou moun ki dou, paske y’a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.” ​(Mat. 5:5). Tanperaman dou gen rapò ak imilite ak modesti, e lè yon moun gen tanperaman dou, li gen yon seri lòt kalite, tankou byenveyans. Yon moun ki gen tanperaman dou kapab grandi nan domèn espirityèl paske li dispoze aprann e li kite yo ba l fòmasyon.

Lè nou gen yon tanperaman dou, ki jan sa ka ede nou fè fas ak chanjman ki fèt nan lavi nou? Sandout ou remake anpil moun gen tandans pa renmen chanjman. Men an reyalite, chanjman yo kapab ban nou okazyon pou nou resevwa plis fòmasyon nan men Jewova. Nou kapab wè sa byen klè lè nou konsidere egzanp Moyiz.

Lè Moyiz te gen 40 an, li te deja gen yon pakèt bèl kalite. Li te montre li te gen sousi pou bezwen pèp Bondye a e li te montre li te dispoze fè sakrifis (Ebre 11:24-26). Sepandan, anvan Moyiz te jwenn asiyasyon nan men Jewova pou l fè Izrayèl sot ann Ejip, gen kèk chanjman ki te fèt nan lavi l ki te ede l vin gen yon tanperaman ki pi dou. Li te oblije kouri kite Ejip pou l t al viv nan peyi Madyàn pandan 40 an kote l te vin yon bèje e li pa t gen gwo renome ankò. Ki rezilta sa te pote? Chanjman sa a te fè l vin yon pi bon moun (Nonb 12:3). Li te aprann mete volonte Jewova anvan volonte pa l.

Pou nou ka wè jan Moyiz te yon moun ki te gen tanperaman dou, annou konsidere sa k te rive lè Jewova te di li te vle rejte nasyon an ki te dezobeyi l pou l fè desandan Moyiz yo tounen yon gwo nasyon (Nonb 14:11-20). Moyiz te sipliye Jewova pou nasyon an. Pawòl li te di yo demontre se repitasyon Bondye ak byennèt frè l yo ki te pi enpòtan pou li e se pa tèt li li te wè. Se yon moun ki gen tanperaman dou sèlman ki te kapab jwe wòl Moyiz te jwe antanke lidè nasyon an e antanke medyatè. Miryam ak Arawon te plenyen kont Moyiz, sepandan, Labib fè nou konnen Moyiz “te gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a”. (Nonb 12:1-3, 9-15, NW.) Sanble Moyiz te sipòte sa yo te di kont li yo paske li te gen tanperaman dou. Ki jan sa t ap fini si Moyiz pa t gen yon tanperaman dou?

Nan yon lòt okazyon, lespri Jewova te vin sou kèk mesye, e sa te fè yo pwofetize. Jozye, sèvitè Moyiz la, te santi Izrayelit sa yo te mal aji. Yon lòt bò, Moyiz, ki te gen tanperaman dou, te wè bagay yo fason Jewova wè yo e li pa t pè pou l pèdi otorite l (Nonb 11:26-29). Si Moyiz pa t gen tanperaman dou, èske l t ap aksepte chanjman sa a nan fason Jewova te òganize bagay yo?

Tanperaman dou Moyiz te genyen an te pèmèt li byen sèvi ak gwo otorite Bondye te ba li a epi byen jwe wòl Li te ba li a. Jewova te envite l monte sou mòn Orèb la. Apre sa, Moyiz te kanpe devan nasyon Izrayèl la; Bondye te sèvi ak yon zanj pou l pale avè l e Li te fè l vin medyatè alyans lan. Lefètke Moyiz te gen tanperaman dou, sa te ede l aksepte gwo chanjman sa a ki te gen rapò ak otorite li te genyen e sa te pèmèt li kontinye gen favè Bondye.

E nou menm? Li esansyèl pou nou gen tanperaman dou pou nou ka fè pwogrè. Tout moun nan pèp Bondye a ki resevwa privilèj ak otorite bezwen demontre yo gen tanperaman dou. Kalite sa a ede nou pou nou pa gen ògèy lè gen chanjman ki fèt e li ede nou pou nou gen yon bon atitid lè n ap fè fas ak difikilte yo. Reyaksyon nou enpòtan anpil. Èske n ap aksepte chanjman an? Èske n ap konsidere l kòm yon okazyon nou genyen pou nou amelyore? Anfèt, chanjman sa a gendwa se yon opòtinite san parèy k ap pèmèt nou vin gen yon tanperaman dou.

Nou pap janm sispann fè fas ak chanjman nan lavi nou. Pafwa li difisil pou nou konprann rezon ki fè kèk bagay rive nou. Strès ak limit nou genyen ka fè li difisil pou nou kontinye wè bagay yo fason Jewova wè yo. Sepandan, imilite, modesti ak tanperaman dou se yon seri kalite k ap ede nou aksepte chanjman yo e k ap ede nou kontinye gen favè Bondye.

[Antrefilè nan paj 4]

Vrè imilite a ap pèmèt nou wè tèt nou jan nou ye toutbon.

[Antrefilè nan paj 5]

Li esansyèl pou nou gen tanperaman dou pou nou ka fè pwogrè.

[Foto nan paj 5]

Gen kèk chanjman ki te fèt nan lavi Moyiz ki te ede l vin gen yon tanperaman ki pi dou.