Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Pou ki rezon Mesi a te mouri?

Lanmò Jezi pwouve yon moun ki pafè kapab kontinye gen atachman pou Bondye kèlkeswa gwosè eprèv li jwenn. Anplis, Jezi te bay ranson an pou peye peche desandan Adan yo eritye a. Konsa, li ouvè pòt pou yo jwenn lavi etènèl. —15/12, paj 22-23.

• Ki sa ki ka ede yon moun modere nan kantite alkòl l ap bwè?

Lapriyè ak etid biblik kapab ede l. Anplis, li enpòtan anpil pou l aprann metrize tèt li, pou l kenbe rezolisyon li pran epi pou l chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou li. Yon moun ki chwazi bwè dwe limite kantite alkòl l ap bwè e li dwe aprann di non. —1/1-F, paj 7-9.

• Sa sa mande pou nou byen kominike ak pitit nou?

Nou bezwen fè plis pase annik pale avèk yo. Sa mande pou nou poze yo kesyon tou e pou nou koute repons yo bay yo avèk pasyans. Gen anpil moun ki twouve moman repa yo se bon okazyon pou yo pale ansanm. —15/1, paj 18-19.

• Si Jewova pafè, ki jan l ka fè santi l regrèt?

Pafwa, Bondye chanje fason li konsidere kèk moun. Pa egzanp, an plizyè fwa, pèp Izrayèl tan lontan an te vire do bay Jewova pou y al adore lòt dye. Lè yo te fè sa, Jewova te sispann pwoteje yo. Men, lè yo te regrèt sa yo te fè a e yo te rele Bondye pou l ede yo, li te chanje fason li konsidere yo, sa vle di li te vin “santi l regrèt”. (Jij 2:18, NW.) —1/2-F, paj 21.

• Nan ki sikonstans li ta bon pou yon moun egzamine si l dwe rebatize?

Li ta bon pou yon moun egzamine si l dwe rebatize si lè li te batize a li te nan yon sitiyasyon ki pa kòrèk an kachèt oswa li t ap pratike yon bagay an kachèt ki te ka fè l eskominye si l te deja batize. —15/2, paj 22.

• Ki twa eskiz kèk moun konn bay lè yo aji yon fason ki malonèt?

Gen moun ki panse, piske yo pòv, pa gen pwoblèm si yo vòlè. Gen lòt moun ki di: “Pa gen moun ki pa vòlè.” E yo pran sa kòm eskiz. Gen lòt moun ankò, lè yo jwenn yon bagay ki gen valè, yo di: “Sa k atè se pou chen.” Bib la pa dakò ak okenn nan eskiz sa yo. —1/3-F, paj 12-14.

• Nan egzanp ble ak move zèb Jezi te bay la, ki sa travay simen bon semans lan reprezante?

Pitit lòm nan, sètadi Jezi, te prepare jaden an pandan li t ap akonpli ministè l sou tè a. Apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, yo te simen bon semans lan lè kretyen yo te wen antanke pitit Bondye, sètadi pitit Wayòm nan. —15/3, paj 20.

• Nan egzanp Jezi a, ki jan yo mete ble a nan depo Jewova (Mat. 13:30)?

Akonplisman egzanp Jezi a fèt pandan yon peryòd tan nan konklizyon sistèm nan. Yo mete kretyen wen yo, pitit Wayòm nan, ki reprezante ble a, nan depo Jewova lè yo mete yo nan kongregasyon kretyen an ki te restore oswa lè yo resevwa rekonpans yo nan syèl la. —15/3, paj 22.

• Kiyès ki te detèmine ki liv ki t ap fè pati kanon Ekriti grèk kretyen yo?

Se pa t okenn klèje nan yon Legliz ki te fè sa, ni se pa t okenn chèf relijye. Depreferans, vrè kretyen yo ki te gen lespri sen Bondye k ap gide yo te konnen liv ki te enspire toutbon yo. Yo te kapab konn sa grasa youn nan don lespri a te bay pa mwayen mirak pandan plizyè dizèn ane ki te vini apre kongregasyon kretyen an te fin etabli. Don sa a se te ‘don pou yo konprann pawòl ki enspire yo’. (1 Kor. 12:4, 10, NW.) —1/4, paj 28.