Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, ogmante dezi ou genyen pou w sèvi Jewova

Jèn, ogmante dezi ou genyen pou w sèvi Jewova

Jèn, ogmante dezi ou genyen pou w sèvi Jewova

“Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la.” —EKL. 12:1.

1. Ki envitasyon yo te lanse ann Izrayèl ki te konsène timoun yo?

SA GEN anviwon 3 500 ane, Moyiz, yon pwofèt Jewova, te bay prèt ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo lòd sa a: “Sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, [...] pou yo ka tande [...], pou yo ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l.” ​(Det. 31:12). Remake yo te mande gason, fi ak timoun pou yo la nan rasanbleman yo t ap fè pou adore Jewova yo. Donk, menm jèn yo te dwe pami moun ki te la pou yo koute enstriksyon Jewova yo, pou yo aprann yo epi pou yo suiv yo.

2. Ki jan Jewova te montre li gen sousi pou jèn ki te nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la?

2 Nan premye syèk la, Jewova te kontinye montre li gen sousi pou jèn ki t ap sèvi l yo. Pa egzanp, li te enspire apot Pòl pou l mete enstriksyon espesyalman pou jèn yo nan kèk nan lèt li te voye nan kongregasyon yo. (Li Efezyen 6:1; Kolosyen 3:20.) Jèn kretyen ki te suiv konsèy sa yo te vin pi renmen Papa yo ki nan syèl la ki gen lanmou pou yo e yo te resevwa benediksyon nan men l.

3. Jodi a, ki jan jèn yo demontre dezi yo genyen pou yo sèvi Bondye?

3 Èske jodi a yo envite jèn yo pou yo reyini avèk pèp Jewova a pou yo adore l? Wi! Tout moun nan pèp Bondye a kontan wè tout jèn sa yo k ap sèvi Bondye sou tout tè a e ki koute egzòtasyon Pòl te bay lè l te di: “Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.” ​(Ebre 10:24, 25). Mete sou sa, gen anpil timoun ki patisipe ansanm ak paran yo nan preche bon nouvèl Wayòm Bondye a (Mat. 24:14). E chak ane, gen plizyè milye jèn ki batize pou montre lanmou yo gen nan kè yo pou Jewova. Yo jwenn benediksyon lefètke yo se disip Kris. —Mat. 16:24; Mak 10:29, 30.

Aksepte envitasyon an kounye a

4. Ki lè jèn yo kapab aksepte envitasyon Bondye ba yo pou yo sèvi l la?

4 Men sa nou jwenn nan Eklezyas 12:1: “Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la.” Ki laj jèn yo, fi kou gason, ta dwe genyen pou yo aksepte bèl envitasyon sa a Jewova ba yo pou yo adore l e pou yo sèvi l la? Ekriti yo pa presize okenn laj. Donk, pa ezite koute Jewova epi sèvi l. Pa panse ou twò jèn pou w fè sa. Kèlkeswa laj ou, vèsè sa a ankouraje w aksepte envitasyon sa a san pèdi tan.

5. Ki jan paran yo ka ede pitit yo pou yo fè pwogrè nan domèn espirityèl?

5 Gen anpil jèn ki resevwa èd pou yo fè pwogrè nan domèn espirityèl nan men youn nan paran yo oswa nan men toule de paran yo. Si w te resevwa yon èd konsa, ou menm jan ak Timote ki t ap viv nan tan biblik yo. Depi lè l te toupiti, Enis, manman l, ak Loyis, grann li, te aprann li sa k nan Ekriti sakre yo (2 Tim. 3:14, 15). Sandout paran w ba w fòmasyon menm jan an, lè yo etidye Labib avèk ou, lè yo priye avèk ou, lè yo mennen w nan reyinyon yo ak nan asanble pèp Bondye a òganize e lè yo mennen w nan predikasyon. Vrèman, Jewova bay paran w yo yon kokenn responsablite, se responsablite pou yo anseye w chemen l yo. Èske w apresye lanmou ak sousi yo gen pou ou? —Pwo. 23:22.

6. a) Selon Sòm 110:3, ki fason pou w sèvi Jewova pou w fè l plezi? b) Ki sa nou pral egzamine kounye a?

6 Sepandan, tank w ap grandi, Jewova vle pou w “verifye pèsonèlman nan lavi [w] sa ki volonte [l], yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè”, menm jan Timote te fè sa (Wom. 12:2, NW). Si w fè sa, w ap patisipe nan aktivite kongregasyon an, non pa paske paran w vle sa, men paske w vle fè volonte Bondye. Si w sèvi Jewova ak tout kè w, sa ap fè l kontan (Sòm 110:3). Men, ki jan w ka demontre ou ta renmen ogmante dezi w genyen pou w koute Jewova e pou w suiv enstriksyon li ba w? Nou pral konsidere twa fason enpòtan ou kapab fè sa. Se etid, lapriyè ak konduit. Annou egzamine yo youn apre lòt.

Aprann konnen Jewova antanke yon Moun toutbon

7. Ki jan Jezi kite yon egzanp nan domèn etidye Ekriti yo, e ki sa k te ede l nan sans sa a?

7 Premye fason ou ka demontre ou vle ogmante dezi w genyen pou w sèvi Jewova, se lè w li Labib chak jou. Lè w li Pawòl Bondye a chak jou, ou ka satisfè bezwen w genyen nan domèn espirityèl e w ka vin gen konesans ki gen nan Bib la, yon konesans ki gen anpil valè (Mat. 5:3). Jezi te bay egzanp nan sans sa a. Yon fwa, lè l te gen 12 an, paran l yo, ki t ap chèche l, te jwenn li nan tanp lan; li te “chita nan mitan dirèktè yo. Li t’ap koute yo, li t’ap poze yo kèsyon tou”. (Lik 2:44-46.) Depi lè Jezi te timoun, li te deja renmen Ekriti yo e li te deja konprann yo. Ki sa k te ede l nan sans sa a? Mari, manman l, ak Jozèf, papa adoptif li, te jwe yon wòl enpòtan nan sa. Yo t ap sèvi Bondye e yo te konn pale Jezi de Bondye depi lè l te toupiti. —Mat. 1:18-20; Lik 2:41, 51.

8. a) Ki lè paran yo ta dwe kòmanse aprann pitit yo renmen Pawòl Bondye a? b) Rakonte yon eksperyans ki montre li enpòtan pou paran yo bay pitit yo fòmasyon depi lè yo toupiti.

8 Menm jan an, jodi a, paran ki gen krentif pou Bondye yo rekonèt li enpòtan pou yo aprann pitit yo renmen Labib ak tout kè yo depi lè yo toupiti (Det. 6:6-9). Se sa yon sè ki rele Rubi te fè yon tikras tan apre Joseph, premye pitit gason l, te fèt. Chak jou, li te konn li Liv istwa biblik mwen an pou li. Tank li t ap grandi, li te ede l aprann plizyè vèsè pakè. Èske Joseph te tire pwofi nan fòmasyon sa a? Yon ti tan apre l te kòmanse pale, li te deja kapab rakonte anpil istwa biblik ak pwòp mo pa l. Li te bay premye diskou l nan Lekòl ministè teyokratik a senkan.

9. Poukisa li enpòtan pou w li Labib e pou w medite sou sa w li ladan l?

9 Jèn, pou w kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl, ou bezwen pran abitid pou w li Labib chak jou, e w bezwen kontinye fè sa pandan w adolesan ak lè w vin adilt (Sòm 71:17). Sa k fè lekti Labib kapab ede w fè pwogrè? Gade sa Jezi te di Papa l nan yon priyè: “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an.” ​(Jan 17:3). Vrèman, plis w ap aprann konnen Jewova, se plis w ap vin wè li se yon Moun toutbon e se plis w ap renmen l (Ebre 11:27). Se sa k fè chak fwa w ap li yon pòsyon nan Bib la, ou ta dwe pwofite aprann plis bagay sou Jewova. Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Ki sa pasaj sa a aprann mwen sou Jewova? Ki jan pasaj sa a fè m wè lanmou Bondye ak sousi li gen pou mwen?’ Lè w pran tan pou w medite sou kesyon sa yo, sa ap ede w aprann ki jan Jewova panse, ki santiman li genyen ak sa li vle w fè. (Li Pwovèb 2:1-5.) Anplis, menm jan ak Timote lè l te jèn, sa ap “konvenk ou pou w kwè” nan sa w aprann nan Ekriti yo e sa ap pouse w adore Jewova ak tout kè w. —2 Tim. 3:14, NW.

Fason lapriyè ap ede w ogmante lanmou w pou Jewova

10, 11. Ki jan lapriyè kapab ede w ogmante dezi w genyen pou w sèvi Bondye?

10 Dezyèm fason w kapab ogmante dezi w genyen pou w sèvi Jewova ak tout kè w, se pa mwayen priyè w fè yo. Men sa nou jwenn nan Sòm 65:2: “Paske ou tande lè y’ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou.” Menm nan epòk kote se pèp Izrayèl ki te pèp Bondye te fè alyans avè l la, moun lòt nasyon yo ki te vin nan tanp Jewova a te ka priye l tou (1 Wa 8:41, 42). Jewova pa gen patipri. Moun ki obeyi kòmandman l yo gen asirans l ap koute yo (Pwo. 15:8). Wi, l ap koute “tout moun”, san wete jèn yo.

11 Ou konnen baz yon amitye ki solid se bonjan kominikasyon. Petèt ou renmen pale de ide w, de sousi w e de santiman w ak bon zanmi w. Menm jan an tou, ou kapab kominike ak Bondye ki te kreye w la lè w priye l ak tout kè w (Fil. 4:6, 7). Pale ak Jewova kòmsi w t ap ouvri kè w bay yon paran w ki renmen w oubyen bay yon bon zanmi w. Anfèt, gen yon rapò sere ant fason w priye ak fason w konsidere Jewova. W ap remake plis amitye w gen ak Jewova ap vin pi solid, se plis w ap priye pi byen.

12. a) Poukisa yon bon priyè pa depann de pawòl nou di ladan l sèlman? b) Ki sa k ap ede w konprann Jewova toupre w?

12 Pa bliye sa, yon bon priyè pa depann de pawòl ou di ladan l sèlman. Li ta dwe gen santiman ki sot nan fon kè w ladan l. Priyè w yo dwe demontre jan w renmen Jewova, jan w gen anpil respè pou li ak jan w konte sou li totalman. Tank w ap konprann fason Jewova reponn priyè w yo, se tank w ap rann ou kont pi plis toujou li “kanpe toupre moun k’ap rele l” yo (Sòm 145:18). Wi, Jewova ap vin pi pwòch ou, l ap ba w fòs pou w pran pozisyon kont Dyab la e pou w fè bon chwa nan lavi w. —Li Jak 4:7, 8.

13. a) Lefètke yon sè te zanmi Bondye, ki jan sa te ede l? b) Si w zanmi Bondye, ki jan sa kapab ede w fè fas ak presyon kamarad ou ap fè sou ou?

13 Annou konsidere ki jan yon sè ki rele Cherie te jwenn fòs lefètke li te gen bon relasyon avèk Jewova. Lè l te nan klas segondè, li te jwenn plizyè prim paske l te fò lekòl e paske li te fò nan spò. Lè l te fini lekòl, yo te ofri l yon bous pou l al nan inivèsite. Men sa Cherie di: “Òf sa a te atiran. Antrenè yo ak lòt elèv yo te fè anpil presyon sou mwen pou m aksepte l.” Men, li te konprann si l fè gwo etid, sa ap mande pou l pase pifò tan l ap etidye epi ap prepare evènman spòtif yo, e tan ki t ap rete pou l sèvi Jewova a pa t ap anpil. Ki sa Cherie te fè? Men sa l di: “Mwen te priye Jewova, mwen te refize bous la epi mwen te pran sèvis pyonye pèmanan.” Li gen senkan depi li pyonye. Men sa l di ankò: “Mwen pa regrèt anyen. Lefètke m konnen m te pran yon desizyon ki fè Jewova plezi, sa fè kè m kontan. Pa gen dout, si w mete Wayòm Bondye a an premye, l ap ajoute tout lòt bagay yo pou ou.” —Mat. 6:33.

Si w gen bon konduit, w ap montre ou gen yon kè ki pwòp

14. Poukisa lè w gen yon bon konduit, sa gen valè nan je Jewova?

14 Twazyèm fason ou ka montre w ap sèvi Jewova ak tout kè w, se pa mwayen konduit ou. Jewova beni jèn ki rete pwòp nan domèn moral yo. (Li Sòm 24:3-5.) Lè Samyèl te jèn, li te refize imite konduit imoral pitit Eli yo, gran prèt la. Lòt moun te wè bèl konduit Samyèl te genyen. Men sa Labib fè konnen: “Ti Samyèl [...] t’ap grandi toujou. Li t’ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.” —1 Sam. 2:26.

15. Bay kèk rezon ki fè w kontinye gen yon bon konduit.

15 N ap viv nan yon monn ki chaje ak moun ki renmen pwòp tèt yo, ki ògeye, ki dezobeyi paran yo, ki engra, ki pa fidèl, ki fewòs, ki gonfle ak ògèy, ki renmen plezi pito pase yo renmen Bondye, e sa se kèk nan karakteristik Pòl te di moun yo t ap genyen (2 Tim. 3:1-5). Donk, sa kapab difisil pou w kontinye gen yon bon konduit nan monn mechan sa a. Sepandan, chak fwa ou fè sa k bon e ou pa aksepte fè sa k pa sa, ou pwouve se pou Jewova ou pran pozisyon nan kesyon souvrènte inivèsèl la (Jòb 2:3, 4). Ou menm tou ou santi w satisfè lefètke w byen reyaji devan bèl envitasyon Jewova fè w lè l di: “Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m [nan].” ​(Pwo. 27:11). Anplis, lefètke w konnen Jewova apwouve w, sa ap ogmante dezi w genyen pou w sèvi l.

16. Ki jan yon sè te fè kè Jewova kontan?

16 Gen yon sè ki rele Carol ki te suiv prensip Bib la lè l te lekòl etan l te adolesan, e lòt moun te remake sa. Ki sa k te rive? Kamarad li yo te pase l nan rizib paske konsyans li ki fòme grasa Labib pa t pèmèt li patisipe nan fèt yo te konn fè ak nan seremoni patriyotik. Pafwa sa konn ba l okazyon pou l esplike lòt moun kwayans li yo. Plizyè ane apre sa, gen yon kamarad Carol ki te voye yon kat pou li. Men sa l te ekri ladan l: “Mwen te toujou swete pran kontak avè w pou m ka remèsye w. Mwen te remake bon konduit ou genyen, bon egzanp ou te bay antanke jèn kretyèn, e lefètke ou te pran detèminasyon avèk kouraj pou w pa patisipe nan fèt yo. Se ou menm ki te premye Temwen Jewova mwen te rankontre.” Egzanp Carol te tèlman gen yon gwo efè sou kamarad li a, sa te fè pi devan li te kòmanse etidye Labib. Nan kat li te ekri Carol la, li te fè l konnen li batize depi plis pase 40 an! Jodi a, menm jan ak Carol, jèn ki suiv prensip ki nan Bib la avèk kouraj yo, kapab ankouraje moun ki gen kè ki sensè yo pou yo aprann konnen Jewova.

Jèn k ap louwe Jewova

17, 18. a) Ki jan w konsidere jèn ki nan kongregasyon w yo? b) Ki sa k ap tann jèn ki gen krentif pou Bondye yo?

17 Sou tout tè a, tout moun ki fè pati òganizasyon Jewova a kontan wè plizyè milye jèn ki nan vrè adorasyon an! Jèn sa yo ogmante dezi yo genyen pou yo adore Jewova lè yo li Labib chak jou, lè yo priye e lè yo gen yon konduit ki konfòm ak volonte Bondye. Jèn sa yo, ki bay bon egzanp, se yon sous ankourajman pou pwòp paran yo e pou tout sèvitè Jewova yo. —Pwo. 23:24, 25.

18 Alavni, jèn ki fidèl yo pral pami gwo foul moun k ap chape pou yo rantre nan monn nouvo Bondye pwomèt la (Rev. 7:9, 14). Lè sa a, yo pral jwenn yon pakèt benediksyon tank y ap kontinye renmen Jewova pi plis, e y ap kapab louwe l pou tan endefini. —Sòm 148:12, 13.

Èske w ka esplike?

• Ki jan jèn yo ka patisipe nan vrè adorasyon an jodi a?

• Si w ta renmen tire pwofi nan lekti Labib w ap fè, poukisa li enpòtan anpil pou w medite sou sa w li ladan l?

• Ki jan lapriyè ka ede w pwoche bò kote Jewova?

• Ki rezilta bon konduit yon kretyen kapab genyen?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Èske w gen abitid li Labib chak jou?