Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova pa vle anyen mal rive nou

Jewova pa vle anyen mal rive nou

Jewova pa vle anyen mal rive nou

LÈ EVÈNMAN ki pi danjere k ap gen pou fèt nan listwa a rive bridsoukou sou lèzòm, lè sa a, Bondye toupisan an pral veye pou tout moun ki gen apwobasyon l yo “sove”. (Yow. 2:32.) Sepandan, Jewova te toujou vle pwoteje moun pou anyen mal pa rive yo. Piske se “[li menm] ki sous lavi a”, li bay chak moun anpil valè e li konsidere chak moun merite pou l pwoteje yo. —Sòm 36:9.

Sèvitè fidèl Bondye te genyen ki t ap viv nan tan lontan yo te gen menm pwennvi avè l sou lavi. Selon Jenèz 33:18, Jakòb ak fanmi l te fè yon vwayaj danjere, men yo te rive “sennesòf” ​(NW). Jakòb te konte sou Jewova pou pwoteje l, men li te fè yon seri aksyon pratik pou l te pwoteje tout moun ki t ap vwayaje avè l yo (Jen. 32:7, 8; 33:14, 15). Lè nou aplike prensip biblik yo, n ap pi an sekirite e n ap pèmèt lòt moun pi an sekirite tou. Annou wè ki jan verite sa a aplikab pou moun k ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm yo, pou moun k ap travay nan lòt pwojè konstriksyon konsa e pou moun k ap pote sekou lè gen katastwòf natirèl.

Kesyon sekirite a nan epòk Lalwa Moyiz

Lalwa Moyiz te mande pou moun ki nan pèp Bondye a suiv yon seri prensip nan domèn sekirite. Pa egzanp, yon Izrayelit ki t ap konstwi yon kay te dwe fè yon balistrad, sètadi yon ti mi toutotou do kay la. Piske souvan moun yo te konn monte sou do kay ki te plat yo, balistrad sa yo t ap anpeche yo tonbe (1 Sam. 9:26; Mat. 24:17). Si mèt yon kay pa t obeyi lwa sa a, e ta gen yon aksidan ki rive, devan Jewova, se mèt kay la ki t ap responsab. —Det. 22:8.

Nan Lalwa, te gen sanksyon tou pou lè bèt yon moun blese yon lòt moun. Si yon towo bèf te touye yon moun ak kòn li, mèt bèf la te dwe touye l yon fason pou l pa met lavi lòt moun an danje. Piske li pa t ka manje vyann bèt sa a, ni li pa t ka vann lòt moun li pou yo manje, se yon gwo pèt li te fè. Men, ann sipoze yon bèf te fin blese yon moun paske mèt li pa t veye l, ki sa k t ap pase? Si menm bèf sa a ta touye yon moun, yo te dwe touye ni bèf la ni mèt li. Lwa sa a te fè moun ki gen tandans neglijan ak bèt yo konfòme yo. —Egz. 21:28, 29.

Lalwa te ankouraje moun yo tou pou yo byen sèvi ak zouti yo. Anpil Izrayelit te konn sèvi ak rach pou yo koupe bwa pou yo fè dife. Si tèt yon rach te soti nan manch li pa aksidan epi l al frape yon moun ki te la epi moun nan mouri, moun ki t ap koupe bwa a te dwe kouri al nan yon vil refij. Li te oblije rete ladan l jiskaske gran prèt la mouri. Sa vle di yon moun ki te touye yon moun san l pa t fè espre t ap separe ak fanmi l e li pa t ap ka retounen lakay li pandan plizyè ane. Dispozisyon sa a te aprann nasyon an lavi se yon bagay ki sakre pou Jewova. Yon moun ki te gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi te dwe kenbe zouti l an bon eta e li te dwe sèvi ak yo yon fason pou anyen mal pa rive lòt moun. —Nonb 35:25; Det. 19:4-6.

Avèk lwa sa yo, Jewova te montre li vle pou sèvitè l yo pa mete lavi moun an danje nan fason y ap aji ni deyò ni anndan kay yo. Moun ki te touye yon moun oubyen ki te blese yon moun, menmsi se te pa aksidan, te responsab devan Jewova. Panse Jewova sou kesyon sekirite a pa chanje (Mal. 3:6). Li toujou vle pou sèvitè l yo pran prekosyon pou yo pa blese tèt yo e pou yo pa blese lòt moun. Nou bezwen veye sou sa sitou lè n ap konstwi lokal pou vrè adorasyon an e lè n ap fè antretyen ladan yo.

Kesyon sekirite a sou chantye konstriksyon yo

Nou konsidere travay konstwi Sal Wayòm, Sal asanble ak filyal epi fè antretyen ladan yo kòm yon gwo privilèj. Nou kapab di menm bagay la tou pou privilèj nou genyen pou nou pote sekou pou moun apre yon katastwòf natirèl fin pase. Tout travay n ap fè, nou vle fè yo avèk ladrès, paske lè nou pa travay byen, menm lè se ti travay n ap fè, nou kapab blese tèt nou e nou kapab blese lòt moun (Ekl. 10:9). Si nou pran abitid travay avèk prekosyon, n ap evite sa.

Men sa Labib di: “Se kouray ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l yo ki fè valè l.” ​(Pwo. 20:29). Fòs jèn yo genyen an pèmèt yo fè gwo travay. Men, moun ki granmoun yo, ki gen eksperyans nan travay konstriksyon, fè travay finisyon yo. Lè moun ki granmoun kounye a yo te jèn, yo te konn sèvi ak fòs yo pou yo fè gwo travay. Si w ap sèvi kòm volontè, gade fason moun ki gen eksperyans yo travay e suiv enstriksyon yo ba w. Si w dispoze aprann, frè ki gen eksperyans nan konstriksyon yo ap aprann ou anpil bagay. Pami bagay y ap aprann ou, gen fason pou w sèvi ak materyèl ki danjere yo e fason pou w leve bagay ki lou. Konsa, w ap fè anpil travay, w ap travay an sekirite e avèk kè kontan.

Moun k ap travay sou yon chantye ta dwe toujou veyatif. Paske bagay yo ka chanje byen vit. Yon kote ki pa t gen yon twou, kapab vin gen yon twou. Lòt moun nan ekip la kapab deplase yon nechèl, yon planch oswa yon bokit penti. Si w distrè, fasilman ou kapab blese. Nan prensip sekirite yo, yo mande pou moun k ap travay sou yon chantye itilize ekipman ki pou pwoteje yo. Lè w met linèt pou pwoteje je w, kas ak soulye ki apwopriye pou travay la, sa kapab pwoteje w kont anpil danje sou chantye a. Men, w ap jwenn pwoteksyon sa a sèlman si w kenbe ekipman sa yo an bon eta e si w mete yo.

Byenke anpil zouti parèt senp pou moun itilize, pou nou itilize yo yon fason pou anyen mal pa rive pèsonn e pou nou fè sa byen, li nesesè pou nou resevwa yon fòmasyon pou sa e pou nou fè pratik. Si w pa konnen ki jan pou w sèvi ak yon zouti ou bezwen pou w fè travay ou, ou bezwen pale ak frè k ap sipèvize travay la. L ap fè aranjman pou w jwenn bonjan fòmasyon. Yon bèl kalite ou bezwen genyen, se modesti. Sa vle di ou bezwen konn limit ou. An reyalite, li nesesè pou w gen kalite sa a si w ta renmen pou w pa blese tèt ou e pou w pa blese lòt moun sou chantye a. —Pwo. 11:2.

Youn nan bagay ki konn lakòz moun blese souvan sou chantye konstriksyon yo se tonbe yo konn tonbe. Anvan w monte sou yon nechèl oswa sou yon chafo, ou bezwen asire w ekipman sa a gen tout sa l dwe gen sou li pou w sèvi avè l an tout sekirite e asire w li an bon eta. Si w ap travay sou yon chafo oswa sou yon do kay, li ka nesesè pou w gen yon ekipman sou ou ki atache w yon kote swa pou anpeche w deplase, swa pou anpeche w tonbe. Oubyen li ka nesesè pou w mete yon balistrad pou pwoteje w. Si w gen kesyon ou ta renmen poze konsènan travay w ap fè kote ki wo, pale ak siveyan travay la *.

Tank kantite moun k ap sèvi Jewova yo ap ogmante nan lemonnantye, se tank li nesesè pou nou konstwi plis Sal Wayòm ak lòt lokal ankò pou nou soutni vrè adorasyon an. Moun k ap sipèvize travay chantye kote y ap konstwi Sal Wayòm yo ak lòt konstriksyon menm jan an gen responsablite pou yo veye sou mouton Jewova yo, ki gen anpil valè nan je l, k ap travay avèk yo (Iza. 32:1, 2). Si w gen privilèj pou w dirije frè ak sè k ap travay sou yon chantye konstriksyon, pinga w janm bliye sekirite moun yo enpòtan. Asire w chantye a pwòp e pa gen bagay k ap trennen sou li. Avèk bonte, men tou avèk fèmte, raple moun ki bezwen sa yo ki jan pou yo travay san yo pa mete moun an danje. Pa kite jèn yo oswa moun k ap travay ki pa gen eksperyans yo antre nan zòn ki danjere anpil. Chèche prevwa sa ki ka reprezante yon danje pou moun k ap travay yo epi prepare moun yo pou yo travay yon fason pou anyen mal pa rive yo. Pa bliye, objektif nou se fini konstriksyon an san pa gen moun ki blese.

Wòl lanmou jwe

Lè n ap konstwi Sal Wayòm ak lòt lokal nou itilize pou vrè adorasyon an, sa ka mande pou nou fè travay ki ka gen danje ladan yo. Se sa k fè moun k ap patisipe nan konstriksyon sa yo ta dwe pran anpil prekosyon. Lè w respekte prensip Bib la, ou obeyi prensip ki etabli nan travay la e ou sèvi ak bon jijman w, w ap evite danje e w ap pwoteje lòt moun k ap travay bò kote w yo.

Ki bagay prensipal ki fè nou bay sekirite moun yon pakèt enpòtans konsa? Se lanmou. Wi, lanmou nou gen pou Jewova pouse nou bay lavi anpil enpòtans, menm jan ak li. E lanmou nou gen pou moun parèy nou fè nou pa fè okenn neglijans yon fason pou anyen mal pa rive yo (Mat. 22:37-39). Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou moun k ap travay sou chantye konstriksyon yo rete “sennesòf”.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Gade kare “Fason pou nou sèvi ak yon nechèl san anyen mal pa rive nou” an, ki nan paj 30 lan.

[Kare/Foto nan paj 30]

Fason pou nou sèvi ak yon nechèl san anyen mal pa rive nou

Ozetazini, sa pa gen lontan, pandan yon ane, te gen plis pase 160 000 travayè ki te blese paske yo te tonbe sou nechèl. Anplis, gen anviwon 150 moun ki te mouri poutèt sa. Kèlkeswa kote w ap viv la e kèlkeswa kote w ap travay la, konsèy ki pi ba yo kapab ede w pou w pa tonbe sou yon nechèl.

◇ Pa sèvi ak yon nechèl k ap souke oswa ki gen yon pwoblèm. Pa repare nechèl sa a. Li ta pi bon pou w kraze l. 

◇ Chak nechèl gen yon kantite pwa li kapab sipòte. Asire w pwa kò w plis pwa zouti w yo ak pwa materyo w ap mete sou nechèl la pa plis pase sa l ka sipòte.

◇ Mete nechèl la kanpe sou yon sifas ki plat e ki solid. Pa mete l sou yon bagay ki pa stab, tankou sou yon chafo oswa sou bokit ak sou bwat.

◇ Toujou bay nechèl la fas ou lè w ap monte l oswa lè w ap desann li.

◇ Pinga w kanpe, ni pinga w chita sou de dènye mach yo, kèlkeswa nechèl la.

◇ Lè w ap itilize yon nechèl pou w monte sou yon do kay oswa sou yon lòt kote oswa pou w desann sot sou yo, tèt nechèl la ta dwe gen omwen twa pye anplis do kay la oswa lòt kote a. Pou w anpeche pye nechèl la glise, mare yo yon kote oubyen kloure yon moso planch devan yo. Si w pa kapab fè ni youn ni lòt nan bagay sa yo, mande yon moun kenbe l pou ou pandan w ap travay sou li a. Se pou w mare tèt nechèl la tou pou I pa glise.

◇ Pa mete planch chita sou mach nechèl la pou w kanpe sou planch lan.

◇ Si w ap travay byen wo sou yon nechèl e w lonje pye w pou w mete l yon kote oswa w lonje men w pou w fè yon bagay, sa ka fè nechèl la vin pa stab. Pinga w fè sa. Li pi bon pou w deplase nechèl la otan sa nesesè yon fason pou w mete l toupre kote w ap travay la.

◇ Si w oblije travay sou yon nechèl ki toupre yon pòt ki fèmen, take pòt la epi mete yon nòt sou li pou w avèti moun ki ta vle pase la. Si w pa ka take pòt la, mete yon moun la pou avèti lòt moun ki bezwen pase.

◇ Se yon sèl moun ki dwe travay sou yon nechèl, sof si li fèt pou l kenbe de moun *.

[Nòt anba paj]

^ § 33 Nan Réveillez-vous! 8 out 1999, paj 22-24, w ap jwenn yon lis ki gen lòt bagay yon moun bezwen sonje lè l ap travay sou yon nechèl.

[Foto nan paj 29]

Lalwa Moyiz la te mande pou yo mete yon balistrad toutotou do kay ki te plat yo.