Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou andire eprèv yo, e sa ranfòse konfyans nou gen nan Jewova

Nou andire eprèv yo, e sa ranfòse konfyans nou gen nan Jewova

Nou andire eprèv yo, e sa ranfòse konfyans nou gen nan Jewova

Dapre Ada Dello Stritto

Mwen fèk fin kopye vèsè pou tèks pou jounen an nan kaye m. Mwen gen 36 an, men, m te pran dezèdtan pou m kopye l. Poukisa m te pran tout tan sa a? Manman m pral esplike nou rezon an. —Joel.

MARI M avè m te batize antanke Temwen Jewova nan ane 1968. Apre m te fin fè de pitit gason ki byen pòtan, David ak Marc, mwen te fè Joel, twazyèm pitit gason m nan. Li te fèt an 1973. Li te fèt anvan lè l nan yon lopital ki nan vil Binche nan peyi Bèljik, a anviwon 60 kilomèt nan sid vil Briksèl. Li pa t menm peze 4 liv. Lè m te kite lopital la, Joel te oblije rete yon fason pou l te ka pran plis pwa.

Plizyè semèn apre sa, pitit gason nou an pa t bay okenn siy amelyorasyon, se sa k fè mwen menm ak Luigi, mari m, te mennen l kay yon pedyat. Lè doktè a fin konsilte Joel, li di nou: “Mwen dezole. Joel gen yon pakèt pwoblèm frè l yo pa t genyen.” Apre sa li fè silans pou yon bon ti tan. Lè sa a mwen te vin konprann ti pitit gason nou an te gen yon pwoblèm sante ki te grav anpil. Apre sa, doktè a rale mari m sou kote epi li di l: “Tibebe w la gen trizomi 21 *.” An jeneral yo rele moun ki gen maladi sa a mongòl.

Nou te tèlman tris lè nou te tande sa pedyat la te di nou, nou te deside al wè yon lòt espesyalis. Li te egzamine Joel avèk swen pandan prèske inèdtan san l pa di yon mo. Pou mwen menm ak Luigi, se te yon etènite. Finalman, doktè a gade nou epi l di: “Pitit nou an pral depann de nou anpil.” Apre sa, avèk bonte, li te di: “Men, Joel pral gen kè kontan paske paran l renmen l.” Tout kalite santiman te anvayi m. M te kenbe Joel avèk prekosyon nan bra m, epi nou te tounen lakay avè l. Lè sa a li te gen uit semèn.

Reyinyon ak predikasyon fòtifye nou

Yo te fè lòt tès medikal ki te fè konnen Joel te gen yon malfòmasyon grav nan kè l e li t ap rachitik. Lefètke kè l te twò gwo, li te fè presyon sou poumon l, e sa te lakòz li fè enfeksyon byen fasil. Annapre, li te fè yon nemoni e nou te oblije retounen lopital avè l. Li te gen kat mwa lè sa a. Lè l rive lopital la, yo te mete l an karantèn. Sa te difisil anpil pou nou wè l k ap soufri konsa. Nou te anvi kenbe l nan bra nou e nou te anvi karese l, men nou te pase dis semèn kote nou pa t kapab manyen l ditou. Pandan tan sa a, nou te enkyè anpil. Sèl sa Luigi avè m te kapab fè se gade l, bay youn lòt akolad epi priye.

Pandan moman difisil sa a, nou te kontinye asiste reyinyon kongregasyon an avèk David ak Marc ki te gen 6 an ak 3 an. Lè nou te nan Sal Wayòm nan, nou te santi se kòmsi se men Jewova ki t ap pran swen nou. Pandan tan nou te pase nan Sal la, avèk frè ak sè nou yo, nou te santi nou te kapab lage fado nou sou Jewova e nou te santi kè nou anpè (Sòm 55:22). Menm enfimyè ki t ap pran swen Joel yo te remake ki jan reyinyon yo te ede nou kenbe ekilib nou.

Pandan tan sa a tou, mwen te sipliye Jewova pou l ban m fòs pou m ale nan predikasyon. Mwen pa t vle ret lakay ap kriye, mwen te vle pale ak lòt moun e m te vle di yo poukisa mwen te jwenn fòs lefètke m te mete konfyans mwen nan pwomès Bondye fè pou gen yon monn kote pap gen maladi ankò. Chak fwa mwen te patisipe nan ministè a, mwen te santi Jewova reponn priyè m.

“Sa estrawòdinè!”

Se pa ti kontan nou te kontan lè finalman Joel te soti lopital la, lè nou te ka mennen l lakay! Men, nan demen, kè kontan nou te genyen an te transfòme an tristès. Ka Joel te vin agrave byen rapid, e nou te oblije kouri tounen lopital avè l. Lè doktè yo te fin konsilte l, yo te di nou: “Joel pa gen plis pase simwa pou l viv.” Apre de mwa, lè sa a li te gen anviwon uimwa, doktè yo sanble te gen rezon, paske sante Joel te vin deteryore nèt. Gen yon doktè ki te chita avèk nou epi ki te di: “Mwen regrèt sa anpil. Nou pa ka fè anyen pou li ankò.” Apre sa, li te di: “Kounye a se sèl Jewova ki kapab ede l.”

Mwen te retounen nan chanm lopital kote Joel te ye a. Byenke mwen te dekouraje nèt e byenke mwen te fatige anpil anpil, mwen te pran detèminasyon pou m pa deplase bò kot kabann li an. Gen plizyè sè ki te vini youn apre lòt pou yo rete ansanm avèk mwen paske Luigi te dwe pran swen de pi gran pitit gason nou yo. Yon semèn pase, epi apre sa, bridsoukou, Joel fè yon kriz kadyak. Enfimyè yo kouri antre nan chanm nan, men yo pa t ka fè anyen pou yo ede l. Apre kèk minit, gen youn nan yo ki di tou ba: “Tout bagay fini kounye a [...].” Mwen te about. Mwen pete kriye epi m sot nan chanm nan. Mwen te eseye priye Jewova, men m te prèske pa t ka jwenn mo pou m di l doulè m santi. Apre anviwon 15 minit, gen yon enfimyè ki rele m epi ki di m: “Joel retounen!” Li pran bra m epi l di m: “Vini, kounye a ou ka wè l.” Lè m tounen kot Joel la, kè l te rekòmanse bat ankò. Nan yon tikras tan, nouvèl la te gentan gaye. Enfimyè yo ak doktè yo vin wè l e anpil ladan yo t ap di: “Sa estrawòdinè!”

A katran, li fè yon gwo pwogrè

Pandan premye ane lavi Joel, byen souvan, pedyat la te konn ap repete nou: “Joel bezwen anpil lanmou.” Piske mwen menm ak Luigi nou te santi jan Jewova te pran swen nou avèk amou, espesyalman apre nesans Joel, nou te vle pran swen pitit gason nou an avèk anpil amou tou. Nou te gen anpil okazyon pou nou fè sa paske li te bezwen èd nou nan tout sa l t ap fè.

Jis lè Joel te gen setan, chak ane se te toujou menm bagay yo. Ant mwa oktòb ak mwa mas, pwoblèm sante yo te vin youn apre lòt, e nou te oblije fè vayevyen nan lopital la. Lè sa a, mwen te fè efò pou m pase kantite tan m te kapab ansanm ak lòt pitit nou yo, David ak Marc. Yo menm sou bò pa yo, yo te ede Joel anpil pou l fè pwogrè, e sa te gen rezilta nou pa t ap atann. Pa egzanp, gen plizyè doktè ki te di nou Joel pa t ap janm mache. Men, yon jou, pandan Joel te gen katran, Marc di l: “Ale Joel, montre manmi ou kapab!” M te sezi wè Joel fè premye pa l yo! Nou te kontan e nou te priye ansanm an fanmi pou nou remèsye Jewova ak tout kè nou. Menm nan lòt okazyon kote Joel te fè ti pwogrè toupiti nan yon domèn kèlkonk, nou te toujou felisite l anpil.

Fòmasyon espirityèl nou te ba l depi l te toupiti bay bon rezilta

Nou te fè tout efò nou pou nou mennen Joel nan reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan. Pou nou te ka pwoteje l kont mikwòb ki te ka fasil fè l malad, nou te mete l nan yon pousèt espesyal ki te gen yon kouvèti an plastik sou li. Byenke li te chita dèyè plastik la, li te kontan lè l te avèk kongregasyon an.

Frè ak sè yo te ban nou fòs, yo te antoure nou ak lanmou e yo te ban nou èd pratik nou te bezwen. Gen yon frè ki te toujou ap fè nou sonje pawòl nou jwenn nan Izayi 59:1 an, ki di: “Gade! Men Jewova pa vin twò kout pou l sove nou, ni li pa tande di.” ​(NW). Pawòl rekonfòtan sa yo te ede nou mete konfyans nou nan Jewova.

Tank Joel t ap grandi, nou te fè efò pou sèvis li t ap bay Jewova a gen yon plas enpòtan nan lavi l. Chak okazyon nou jwenn, nou te konn pale de Jewova avè l yon fason pou l te ka vin renmen Papa l ki nan syèl la. Nou te sipliye Jewova pou l beni efò nou fè yo, pou fòmasyon espirityèl nou te ba li a te ka pote bon fwi.

Ofiramezi Joel t ap antre nan adolesans li, nou te kontan wè jan li te renmen pale de verite ki nan Bib la ak moun li rankontre. A 14 an, pandan li t ap reprann fòs apre yon gwo operasyon li te fè, men sa li te di m: “Manmi, èske m ka bay chirijyen an liv Vivre éternellement an?” Se pa ti kontan m te kontan! Kèk ane apre sa, yo te oblije fè Joel yon lòt operasyon. Nou te byen konnen pa t gen anpil chans pou l chape. Anvan operasyon an, Joel te bay doktè l yo yon lèt nou te prepare ansanm avèk li. Lèt sa a te fè yo konnen pozisyon l sou kesyon san an. Chirijyen ki t apral opere Joel la te mande l: “Ou dakò ak sa?” Li te reponn avèk tout kè l: “Wi, doktè.” Nou te fyè anpil pou nou wè ki jan pitit gason nou an te mete konfyans li nan Kreyatè l la e ki jan li te detèmine pou l fè l plezi. Tout ekip moun ki t ap travay nan lopital la te ede nou anpil, e nou te rekonesan anpil pou sa.

Pwogrè espirityèl Joel te fè

A 17 an, Joel te batize pou l demontre li te vwe lavi l bay Bondye. Se yon jou nou pap janm bliye! Lè n ap gade pwogrè espirityèl li yo, sa ban nou anpil kè kontan. Depi apre batèm li, lanmou li gen pou Jewova ak zèl li gen pou laverite pa janm diminye. Anfèt, yon bagay Joel renmen di chak moun li rankontre se: “Laverite se tout lavi m!”

Joel te aprann li ak ekri nan fen adolesans li. Sa te mande anpil efò. Chak ti mo li te rive ekri se te yon viktwa. Depi lè sa a, premye bagay li fè chak jou se egzamine tèks pou jounen an nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a. Apre sa, li pran anpil tan e li fè anpil efò pou l kopye vèsè a nan youn nan kaye l yo, e kounye a li gen yon gwo kantite kaye!

Nan jou reyinyon yo, Joel toujou veye pou l rive bonè nan Sal Wayòm nan paske li vle la atan pou l akeyi tout moun k ap antre nan Sal la. Li renmen fè kòmantè pandan reyinyon yo e li renmen patisipe nan demonstrasyon. Li ede frè yo ranje mikwo yo e li fè lòt bagay ankò. Chak semèn, si sante l pèmèt li, li akonpaye nou nan travay predikasyon an. An 2007, yo te anonse kongregasyon an yo nome Joel asistan ministeryèl. Dlo te koule nan je nou tèlman nou te kontan. Se te vrèman yon benediksyon Jewova te ban nou ki demontre bonte l!

Nou santi Jewova ede nou

An 1999, nou te jwenn yon lòt eprèv. Gen yon move chofè ki te frape machin nou an e Luigi te blese grav. Yo te oblije koupe youn nan janm li yo e li te fè plizyè gwo operasyon nan kolòn vètebral li. Yon lòt fwa ankò, nou te fè Jewova konfyans e nou te santi li ban nou fòs li bay sèvitè l ki bezwen sa (Fil. 4:13). Byenke Luigi enfim, nou fè efò pou nou wè bagay yo yon fason ki pozitif. Piske l pa ka al travay, li gen plis tan pou l veye sou Joel. Sa pèmèt mwen rezève plis tan pou aktivite espirityèl yo. Mete sou sa, Luigi plis kapab konsantre sou bezwen espirityèl fanmi nou ak kongregasyon an, kote l kontinye sèvi kòm kowòdinatè kolèj ansyen an.

Akoz sitiyasyon nou, yon sitiyasyon moun pa rankontre souvan, nou pase anpil tan an fanmi. Ofiramezi tan ap pase, nou aprann pou nou rezonab e pou nou pa espere plis pase sa k posib. Nan jou nou santi nou dekouraje yo, nou fè Jewova konnen sa nan lapriyè. Malerezman, lè David ak Marc, pitit gason nou yo vin gran, yo te kite kay la e ofiramezi, yo te sispann sèvi Jewova. Nou gen espwa yo ka tounen vin jwenn li. —Lik 15:17-24.

Ofiramezi ane yo ap pase, nou santi jan Jewova soutni nou e nou aprann konte sou li nan chak difikilte nou jwenn. Se pa ti renmen nou renmen pawòl ki nan Izayi 41:13 yo, ki di: “Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M’ap pran men nou, m’ap di nou: Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!” Nou jwenn anpil rekonfò lefètke nou konnen Jewova kenbe men nou fèm. Vrèman, nou kapab di lefètke nou andire eprèv sa yo, sa ranfòse konfyans nou gen nan Jewova, Papa nou ki nan syèl la.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Trizomi 21 an se yon pwoblèm yon moun fèt avè l ki fè moun nan retade. Nòmalman, kwomozòm yo mache pa de, men tibebe ki fèt avèk trizomi yo gen yon twazyèm kwomozòm nan youn nan pè kwomozòm yo. Yo rele pwoblèm sa a trizomi 21 paske se kwomozòm 21 an ki gen yon kwomozòm anplis.

[Foto nan paj 16, 17]

Joel avèk Ada, manman l.

[Foto nan paj 18]

Ada, Joel ak Luigi.

[Foto nan paj 19]

Joel renmen akeyi frè ak sè yo nan Sal Wayòm nan.