Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

“Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen. Fè m rete vivan nan chemen w lan.” —SÒM 119:37, NW.

1. Nan ki pwen je nou enpòtan?

SE PA ti enpòtan je nou enpòtan! Yo pèmèt nou wè an koulè tout sa ki antoure nou e yo pèmèt nou wè longè yo, wotè yo ak lajè yo. Yo ede nou wè zanmi nou nou renmen oswa yo ede nou wè lè gen danje. Yo pèmèt nou apresye sa ki bèl, bagay estrawòdinè Bondye kreye yo e yo pèmèt nou konprann gen yon Bondye ki gen glwa ki egziste (Sòm 8:3, 4; 19:1, 2; 104:24; Wom. 1:20). Anplis, je nou jwe yon wòl enpòtan nan ede nou gen konesans sou Jewova e nan ede nou fòtifye lafwa nou nan li, paske yo se yon mwayen enpòtan pou sèvo nou resevwa enfòmasyon. —Joz. 1:8; Sòm 1:2, 3.

2. Poukisa nou ta dwe fè atansyon ak sa n ap gade, e ki sa nou kapab aprann nan demann yon salmis te fè avèk senserite?

2 Sepandan, sa nou gade kapab gen move efè sou nou. Je nou tèlman gen enfliyans sou sèvo nou, sa nou wè kapab fè nou vin gen anbisyon, yo kapab mete yon seri dezi nan kè nou oswa yo kapab fè anbisyon ak dezi nou genyen yo vin pi fò. Mete sou sa, piske n ap viv nan yon monn ki deprave, yon monn Satan Ledyab ap dirije, kote moun yo viv pou yo satisfè pwòp dezi egoyis yo, monn nan bonbade nou ak imaj ak pwopagann ki kapab fè nou abandone lafwa fasilman, menmsi se tonbe je nou tonbe sou yo an pasan (1 Jan 5:19). Se sa k fè sa pa etonan lefètke gen yon salmis ki te sipliye Bondye konsa: “Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen. Fè m rete vivan nan chemen w lan.” —Sòm 119:37.

Je nou ka fè nou fè sa k pa sa

3-5. Bay kèk istwa nan Bib la ki montre danje ki genyen lè nou kite je nou fè nou fè sa k pa sa.

3 Ann pran pa egzanp sa k te pase Èv, premye fi a. Satan te di l je l t ap “louvri” si li manje fwi ki nan “pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la”. Lè Èv te tande je l t ap “louvri”, sa dwe te fè l anvi wè ki jan sa t ap fèt. Li te vin anvi manje nan fwi yo te di l pa manje a lè li te “wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch”. Lefètke Èv te vin ap gade pyebwa a e li te vin anvi manje nan fwi l yo, sa te fè l dezobeyi lòd Bondye te bay la. Adan, mari l, te dezobeyi tou, e sa gen konsekans grav sou tout limanite. —Jen. 2:17; 3:2-6; Wom. 5:12; Jak 1:14, 15.

4 Nan epòk Noye a, gen kèk zanj tou ki te kite sa yo wè enfliyanse yo. Men sa Jenèz 6:2 di anpalan de yo: “Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.” Lefètke zanj rebèl sa yo t ap gade fi sou tè a avèk move entansyon, sa te fè yo vin gen yon dezi ki pa natirèl pou yo gen rapò seksyèl ak yo. Yo te fè yon seri pitit ki te vyolan anpil. Nan epòk sa a, lèzòm te vin mechan, e sa te lakòz tout limanite detwi, sof Noye ansanm ak fanmi l. —Jen. 6:4-7, 11, 12.

5 Plizyè syèk annapre, je Akàn, yon Izrayelit, te fè l vòlè kèk bagay nan vil Jeriko lè Izrayelit yo te pran vil sa a. Bondye te ba yo lòd pou yo detwi tout sa yo te jwenn nan vil sa a, eksepte kèk bagay yo te dwe mete nan trezò Jewova. Men avètisman yo te jwenn: “Pinga nou pwoche bò kot bagay nou dwe detwi yo, yon fason pou nou pa vin gen dezi” pou nou pran kèk nan bagay sa yo. Lefètke Akàn te dezobeyi lòd sa a, pèp la te sibi yon defèt lè yo t al batay kont moun vil Ayi yo, e gen nan yo ki te mouri. Akàn pa t devwale se li ki te vòlè bagay yo jiskaske yo te dekouvri se li. Men sa li te di: “Mwen te wè” bagay yo. Apre sa li di: “Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo.” Je l te fè l vin gen dezi pou l pran bagay sa yo e sa te lakòz li mouri e yo te detwi “tout lòt bagay li te genyen” yo (Joz. 6:18, 19, NW; 7:1-26). Akàn te vin anvi posede bagay li pa t gen dwa pou l posede.

Nou bezwen disipline tèt nou

6, 7. Pami tout bagay “Satan gen nan tèt li” pou l twonpe nou, kiyès ladan yo li itilize souvan, e ki jan moun k ap fè reklam yo itilize l?

6 Jodi a tou, lèzòm jwenn tantasyon menm jan Èv, zanj dezobeyisan yo ak Akàn te jwenn tantasyon an. Pami tout mwayen “Satan gen nan tèt li” pou l itilize pou l twonpe lèzòm, “dezi je” se mwayen ki pi efikas la (2 Kor. 2:11; 1 Jan 2:16, NW). Moun ki konn fè reklam jodi a konnen byen sa je nou wè gen enfliyans sou nou e se konsa sa ye depi lontan. Gen yon espè ewopeyen nan zafè maketing ki di: “Pami tout sans nou yo, se je nou ki gen plis enfliyans sou nou.” Li di tou: “Souvan, li domine sou tout lòt sans nou yo e li gen kapasite pou l pouse nou aji tankou moun ki pa gen bonsans.”

7 Nou kapab konprann rezon ki fè moun k ap fè reklam yo bonbade nou ak imaj yo prezante yon jan pou yo gen gwo efè sou nou lè nou gade yo e pou yo fè nou anvi genyen bagay y ap fè reklam pou yo a! Gen yon moun Ozetazini, ki fè rechèch sou fason reklam gen enfliyans sou moun, ki di reklam yo “fèt nonsèlman pou enfòmasyon yo prezante ladan yo a gen efè sou lespri moun, men tou, sa ki pi enpòtan, pou yo eveye santiman lakay moun e pou yo pouse yo aji”. Nan reklam yo, souvan yo itilize imaj seksyèl ki eveye vye dezi lakay moun. Donk, li enpòtan anpil pou nou fè atansyon ak sa n ap gade e pou nou fè atansyon ak sa n ap kite antre nan sèvo nou ak nan kè nou!

8. Ki jan Labib mete aksan sou nesesite pou nou veye sou sa n ap gade?

8 Dezi je ak dezi lachè ka gen efè sou vrè kretyen yo tou. Se sa k fè Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou disipline tèt nou anrapò ak sa n ap gade e anrapò sa nou anvi genyen (1 Kor. 9:25, 27; li 1 Jan 2:15-17). Jòb, yon nonm fidèl, te rekonèt rapò ki genyen ant sa nou wè ak dezi nou genyen. Men sa l te di: “Mwen te fè yon alyans ak je m, donk, kòman m ta fè ap plede gade yon fi ki vyèj?” ​(Jòb 31:1, NW). Nonsèlman Jòb pa t aksepte manyen yon fi yon fason ki imoral, men menm nan lespri l li pa t mete lide konsa. Jezi te mete aksan sou nesesite pou lespri nou rete pwòp, pou l pa gen panse ki imoral ladan l lè l te di: “Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” —Mat. 5:28.

Bagay ki pa vo anyen nou bezwen rete lwen yo

9. a) Poukisa nou bezwen veye anpil lè n ap sèvi ak Entènèt? b) Ki konsekans nou ka jwenn menmsi se pou yon ti tan nou gade pònografi?

9 Nan monn n ap viv ladan l jodi a, de jou an jou moun yo kontinye “gade” pònografi pi plis toujou, e se plis sou Entènèt yo fè sa. Nou pa menm bezwen chèche sit sa yo, se yo k vin jwenn nou. Ki jan? Pa egzanp, yon reklam ki gen yon imaj endesan ladan l ka parèt bridsoukou sou òdinatè yon moun. Oubyen, yo gendwa voye yon e-mail pou nou ki pa sanble gen anyen mal ladan l, men, lè nou ouvri l, nou tonbe sou yon foto pònografik ladan l epi yo mete l yon fason pou l difisil pou nou retire l sou ekran an. Menmsi se yon koudèy sèlman yon moun fè nan foto a epi apre sa li efase l, foto sa a ka rete nan lespri l. Menmsi se pou yon ti tan sèlman yon moun gade pònografi, sa ka gen move konsekans sou li. Sa ka fè moun nan gen yon move konsyans e sa ka difisil pou l efase imaj imoral yo nan lespri l. Anplis, lè yon moun chwazi kontinye “gade” pònografi, sa montre li poko fè move dezi li gen nan kè l yo mouri. —Li Efezyen 5:3, 4, 12; Kol. 3:5, 6.

10. Poukisa pònografi kapab plis atire timoun, e ki konsekans li ka genyen sou yo si yo gade l?

10 Piske tou natirèlman timoun toujou ap chèche konnen tout bagay, yo ka santi yo atire pou yo gade pònografi. Si sa rive, sa ka gen konsekans dirab sou fason yo konsidere sèks. E selon sa yon rapò fè konnen, konsekans sa yo se kapab swa yon pwennvi ki defòme anrapò ak sa ki nòmal nan domèn seksyèl, swa “difikilte pou yo vin gen bonjan relasyon ak moun yo renmen ak yo. Yo kapab vin gen yon pwennvi ki pa nòmal tou sou fi, e gen posiblite pou yo vin pa ka viv san yo pa gade pònografi, sa ki ka gen konsekans sou fason yo travay lekòl, sou amitye yo gen ak lòt moun e sou relasyon yo genyen ak manm fanmi yo”. Sa ki pi grav, se konsekans sa ka genyen sou maryaj yo pi devan.

11. Bay yon egzanp pou montre danje ki genyen nan gade pònografi.

11 Men sa yon frè te di: “Pami tout move abitid mwen te genyen anvan m te vin Temwen yo, se gade pònografi ki te pi difisil lontan pou m kite. Jis kounye a mwen wè imaj sa yo nan lespri m nan moman mwen plis pa atann. Sa k konn fè yo vin nan tèt mwen se kapab sant yon bagay, yon mizik, yon bagay mwen wè oubyen menm yon panse ki vin nan lespri m. Se yon batay m ap mennen tout tan e chak jou.” Gen yon lòt frè, lè l te piti, ki te konn gade jounal papa l te genyen ki gen pònografi ladan yo. Li te konn fè sa lè paran l pa la. Men sa l te ekri: “Antanke timoun, foto sa yo te gen yon efè terib sou lespri m. Menm jodi a, 25 an apre, se kòmsi gen kèk nan imaj sa yo ki kuit nan lespri m. Kèlkeswa efò m fè, yo pa sot nan lespri m. Sa fè m santi m koupab, byenke m pa rete ap reflechi sou yo.” Se pa ti saj li saj pou yon moun pa gade bagay ki pa vo anyen, paske sa fè l evite gen santiman sa yo ki tankou yon pwa lou sou do l. Ki jan yon moun ka rive fè sa? Li bezwen fè gwo efò pou l ‘mare tout vye lide pou l fè yo obeyi Kris’. —2 Kor. 10:5.

12, 13. Ki bagay ki pa vo anyen kretyen yo pa dwe gade, e poukisa?

12 Yon lòt “bagay ki pa itil” ​(NW) oubyen ki pa vo anyen nou bezwen evite se detant ki ankouraje materyalis oubyen ki ankouraje moun fè maji oubyen ki gen vyolans ladan yo, ki prezante sèn kote anpil san ap koule e moun ap mouri. (Li Sòm 101:3.) Paran kretyen yo gen responsablite devan Jewova pou yo veye sa moun lakay yo ap gade nan televizyon. Natirèlman, pa gen okenn vrè kretyen k ap fè espre pou l lage kò l nan espiritis. Sepandan, paran yo bezwen veye sou fim, pwogram yo pase nan televizyon, jwèt videyo e menm desen anime ak liv timoun ki gen espiritis ladan yo. —Pwo. 22:5.

13 Kit nou jèn, kit nou aje, je nou pa ta dwe pran plezi nan jwèt videyo ki santre sou vyolans e ki montre kote y ap touye moun yon fason sanginè. (Li Sòm 11:5.) Nou pa dwe kite lespri nou konsantre sou kèlkeswa aktivite Jewova kondane. Pa bliye sa, se lespri nou Satan vle kòwonp (2 Kor. 11:3). Menm lè nou konsidere sa n ap gade pou nou detann nou akseptab, si nou pase twòp tan ap gade yo, sa kapab anpyete sou tan n ap pase nan adorasyon an fanmi, nan li Labib chak jou e nan prepare reyinyon yo. —Fil. 1:9, 10.

Annou suiv egzanp Jezi

14, 15. Ki sa nou remake nan twazyèm tantasyon Satan te mete devan Kris la, e ki jan Jezi te rive rejte tantasyon sa a?

14 Malerezman, je nou pa ka pa tonbe sou bagay ki pa vo anyen ki gen nan monn mechan sa a. Menm Jezi te wè bagay ki pa vo anyen. Nan twazyèm tantativ Satan te fè pou l anpeche Jezi fè volonte Jewova, Labib di: “Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Mat. 4:8). Poukisa Satan te fè sa? Sandout li te vle sèvi ak gwo enfliyans je genyen. Piske Jezi te wè bèl bagay ki genyen nan wayòm ki nan monn nan, sa te ka fè l vin gen dezi pou l gen prestij nan monn nan. Ki jan Jezi te reyaji?

15 Jezi pa t rete sou òf sa a ki te ka tante l. Li pa t kite kè l gen move dezi. E li pa t pèdi tan pou l rejte òf Dyab la. Li te aji menm moman an. Men lòd li te bay Dyab la: “Wete kò ou sou mwen, Satan.” ​(Mat. 4:10). Jezi te konsantre l sou relasyon li genyen ak Jewova e li te reponn ann amoni ak objektif li te gen nan lavi l, sètadi fè volonte Bondye (Ebre 10:7). Kòm rezilta, li te byen dejwe plan Satan an.

16. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Jezi kite kote li te rejte tantasyon Satan yo?

16 Gen anpil bagay nou ka aprann nan egzanp Jezi a. Premyèman, pa gen moun Satan pa ka tante (Mat. 24:24). Dezyèmman, sa nou rete ap gade kapab ranfòse dezi ki nan kè nou swa an byen, swa an mal. Twazyèmman, Satan ap sèvi ak “dezi je” otan l kapab pou l chèche fè nou vire do bay Jewova (1 Pyè 5:8). E katriyèmman, menm jan ak Jezi, nou kapab opoze ak Satan, sitou si nou aji san pèdi tan. —Jak 4:7; 1 Pyè 2:21.

Kenbe je nou “fikse sou yon sèl bagay”

17. Poukisa li pa saj pou nou tann se lè nou devan yon bagay ki pa vo anyen pou nou deside ki sa nou pral fè?

17 Lè nou t ap vwe lavi nou bay Jewova, nou te fè yon pwomès solanèl pou nou vire do bay bagay ki pa vo anyen yo. Lefètke nou fè ve pou nou fè volonte Bondye, menm jan ak salmis la, se kòmsi nou di: “Mwen veye pou m pa mete pye m nan move chemen, pou m ka fè tou sa ou di m fè.” ​(Sòm 119:101). Li pa saj pou nou tann se lè nou devan yon bagay ki pa vo anyen pou nou deside ki sa nou pral fè. Nou byen konnen bagay Labib kondane yo. Nou byen konnen manèv Satan yo. Ki lè li te tante Jezi pou l fè wòch tounen pen? Se apre l te fin pase 40 jou 40 nuit ap jene, nan yon moman li te “vin grangou”. (Mat. 4:1-4.) Satan kapab wè lè nou fèb ak lè li pi fasil pou nou tonbe nan tantasyon. Se sa k fè se depi kounye a pou nou reflechi sou sa n ap fè lè nou jwenn tantasyon. Pa pèdi tan pou nou fè sa! Si jou apre jou nou pa janm bliye ve nou te fè bay Jewova a, n ap vrèman detèmine pou nou vire do bay sa ki pa vo anyen. —Pwo. 1:5; 19:20.

18, 19. a) Bay diferans ki genyen ant lè je nou “fikse sou yon sèl bagay” ak lè yo “fikse sou yon pakèt bagay”. b) Poukisa li enpòtan pou nou kontinye reflechi sou bagay ki gen valè yo, e ki konsèy nou jwenn nan Filipyen 4:8 nan domèn sa a?

18 Chak jou, nou fè fas avèk tout kalite distraksyon ki parèt bèl nan je nou, e de jou an jou gen plis distraksyon konsa. Donk, li enpòtan anpil pou nou suiv konsèy Jezi te bay pou nou kenbe je nou “fikse sou yon sèl bagay”. (Mat. 6:22, 23, NW.) Si je nou konsa, n ap rete konsantre nèt sou yon sèl bagay: fè volonte Bondye. Tandiske lè je nou “fikse sou yon pakèt bagay”, yo ka fè nou rize, yo ka fè nou gen konvwatiz e yo ka fè bagay ki pa vo anyen parèt atiran pou nou.

19 Pa bliye sa, sa je nou wè al nan lespri nou, e sa ki nan lespri nou gen yon efè sou kè nou. Kidonk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou kontinye reflechi sou bagay ki gen valè yo! (Li Filipyen 4:8.) Vrèman, se pou nou kontinye fè menm priyè ak salmis la, ki te di: “Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen.” Lè sa a, tank n ap fè efò pou nou viv ann amoni ak priyè sa a, nou kapab gen asirans Jewova ap “fè [nou] rete vivan nan chemen [l lan]”. —Sòm 119:37; Ebre 10:36.

Revizyon

• Ki rapò ki gen ant je nou, sèvo nou ak kè nou?

• Ki sa ki ka rive nou lè nou gade pònografi?

• Poukisa li enpòtan pou nou kenbe je nou “fikse sou yon sèl bagay”?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki bagay ki pa vo anyen kretyen yo pa dwe gade?