Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Wòl lespri sen jwe nan akonplisman objektif Jewova

Wòl lespri sen jwe nan akonplisman objektif Jewova

Wòl lespri sen jwe nan akonplisman objektif Jewova

“Pawòl mwen ki sot nan bouch mwen [...] ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a.” —IZA. 55:11, NW.

1. Bay yon egzanp pou montre diferans ki genyen ant yon plan ak yon objektif.

IMAJINE de mesye. Yo chak ap prepare yo pou yo fè yon vwayaj nan machin yo. Youn nan yo chwazi egzakteman chak wout l ap fè pou l rive kote l prale a. Lòt la li menm wè kote l prale a klè nan tèt li, men li konnen plizyè wout li ka fè pou l al kote l vle ale a. Li ka chanje wout si sa nesesè, sètadi si ta gen yon obstak sou wout li. Nan yon sans, diferan fason mesye yo aranje yo pou y al kote yo prale a montre diferans ki genyen ant yon plan ak yon objektif. Nou ta kapab di yon plan se tankou lè yon moun chwazi egzakteman chak wout l ap fè pou l al yon kote. Tandiske yon objektif se tankou lè yon moun konnen kote l prale san l pa planifye chak ti detay sou fason pou l rive kote a.

2, 3. a) Ki sa k gen nan objektif Bondye a, e ki jan Bondye te reyaji devan sitiyasyon ki te vin genyen lè Adan ak Èv te peche a? b) Poukisa nou ta dwe chèche byen konprann fason objektif Jewova ap reyalize e nou ta dwe chèche aji ann amoni avèk li?

2 Pou Jewova akonpli volonte l, li pa gen yon plan fiks, men li gen yon objektif li vle akonpli ofiramezi tan ap pase (Efe. 3:11). Objektif sa a gen ladan l sa li te vle depi okòmansman pou limanite e pou tè a, sètadi pou tè a tounen yon paradi kote moun pafè ap viv nan lapè ak kè kontan pou toutan (Jen. 1:28). Lè Adan ak Èv te peche, Jewova te reyaji devan sitiyasyon an e li te fè aranjman pou l te ka sèten objektif li t ap reyalize. (Li Jenèz 3:15.) Jewova te deside madanm senbolik li a t apral gen yon “desandans” ​(NW), yon Pitit. Finalman, Pitit sa a t apral gen pou l detwi Satan, sila ki te pouse Adan ak Èv peche a, e li t apral gen pou l efase tout pwoblèm Satan lakòz. —Ebre 2:14; 1 Jan 3:8.

3 Pa gen okenn pisans ni nan syèl la ni sou tè a ki kapab anpeche Bondye akonpli objektif li genyen an (Iza. 46:9-11). Sa k fè nou kapab di sa? Se paske lespri sen Jewova jwe yon wòl nan akonplisman objektif sa a. Pa gen anyen ki kapab opoze ak fòs sa a, e sa ban nou garanti objektif Bondye a “ap reyisi san mank”. (Iza. 55:10, 11.) L ap bon pou nou chèche byen konprann fason objektif Bondye ap reyalize e pou nou aji ann amoni avèk li. Espwa nou genyen parapò ak fason lavi nou pral ye alavni an depann de akonplisman objektif sa a. Mete sou sa, lè nou wè fason Jewova sèvi ak lespri sen l, sa kapab ranfòse lafwa nou. Donk, annou egzamine wòl lespri sen te jwe nan tan lontan, wòl li jwe jodi a ak wòl l ap gen pou l jwe alavni nan akonplisman objektif Jewova genyen an.

Wòl lespri sen te jwe nan tan lontan

4. Ki jan Jewova te fè konnen objektif li ofiramezi?

4 Nan tan biblik yo, Jewova te fè konnen objektif li ofiramezi. Okòmansman, pèsonn pa t konnen kiyès ki reprezante Desandans li te pwomèt la. Se te yon “sekrè sakre”. (1 Kor. 2:7, NW.) Se apre 2 000 an anviwon Jewova te retounen pale de yon desandans. (Li Jenèz 12:7; 22:15-18.) Jewova te fè Abraram yon pwomès, e li te bay plis detay nan pwomès sa a. Lè l te di “grasa desandans ou a” ​(NW), sa te montre aklè, Desandans lan se t ap yon moun, yon desandan Abraram. Sandout, lè Bondye t ap revele Abraram enfòmasyon sa a, Satan t ap suiv avèk anpil enterè. Pa gen dout nan sa, Advèsè sa a te vle swa detwi moun ki t apral fè pati desandans Abraram yo, swa kòwonp yo, yon fason pou l te ka anpeche objektif Bondye a reyalize. Men sa t ap enposib paske Jewova t apral sèvi ak lespri sen l lèzòm pa ka wè pou l anpeche sa fèt. Ki jan?

5, 6. Ki jan Jewova te sèvi ak lespri l pou l pwoteje fanmi kote Desandans lan t ap soti a?

5 Jewova te sèvi ak lespri l pou l pwoteje moun ki te nan fanmi kote Desandans lan t ap soti a. Men sa li te di Abram (Abraram): “Se mwen menm k’ap pwoteje ou.” ​(Jen. 15:1). Pawòl sa yo se pa t pale met la. Pa egzanp, annou konsidere sa k te rive nan zòn ane 1919 anvan epòk nou an, lè Abraram ak Sara t al abite pandan yon tan nan yon vil yo te rele Gera. Wa a, ki te rele Abimelèk, pa t konnen si Sara se te madanm Abraram, konsa li te pran l nan entansyon pou l fè l tounen madanm li. Èske se Satan ki te dèyè aksyon sa a? Èske se anpeche li te vle anpeche Sara pote desandans Abraram nan? Labib pa di anyen sou sa. Men, Labib di Jewova te mete bouch nan koze a. Nan yon rèv, li te avèti Abimelèk pou l pa manyen Sara. —Jen. 20:1-18.

6 Se pa t lè sa a sèlman Jewova te aji konsa. Jewova te delivre Abraram ak manm fanmi l nan plizyè lòt okazyon ankò (Jen. 12:14-20; 14:13-20; 26:26-29). Men sa yon salmis te di konsènan Abraram ak desandan l yo: “Li [Jewova] pat kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.” —Sòm 105:14, 15.

7. Ki fason Jewova te pwoteje nasyon Izrayèl la?

7 Jewova te sèvi ak lespri l pou l pwoteje nasyon Izrayèl tan lontan an kote Desandans li te pwomèt la t apral fèt. Jewova te sèvi ak lespri l pou l bay Izrayèl Lalwa. Lalwa te prezève vrè adorasyon an e li te pwoteje Juif yo pou yo pa t kontamine nan domèn espirityèl, nan domèn moral e nan domèn fizik (Egz. 31:18; 2 Kor. 3:3). Nan epòk jij yo, lespri Jewova te bay kèk mesye fòs pou yo te ka delivre Izrayèl anba ènmi l yo (Jij 3:9, 10). Pandan plizyè syèk anvan nesans Jezi, pati prensipal desandans Abraram nan, sandout, lespri sen te gen yon wòl li te jwe nan pwoteje Jerizalèm, Betleyèm ak tanp lan, kote yon seri pwofesi ki te konsène Jezi t apral akonpli.

8. Ki sa k montre lespri sen te gen yon aksyon dirèk sou lavi Pitit Bondye a e sou ministè l?

8 Lespri sen te gen yon aksyon dirèk sou lavi Jezi ak ministè l. Lespri sen te aji sou Mari, yon vyèj, e li te akonpli yon bagay ki pa t janm fèt ni anvan ni apre sa. Li te pèmèt yon fi ki enpafè vin ansent e li te pèmèt li fè yon Pitit ki pafè, ki pa t merite lanmò kòm pinisyon pou peche (Lik 1:26-31, 34, 35). Apre sa, lespri te pwoteje Jezi lè l te toupiti, yon fason pou l pa t mouri anvan lè l (Mat. 2:7, 8, 12, 13). Lè Jezi te gen 30 an anviwon, Bondye te wen l avèk lespri sen. Se konsa Bondye te chwazi l pou l vin eritye twòn David la e li te konfye l misyon pou l preche (Lik 1:32, 33; 4:16-21). Lespri sen te bay Jezi pisans pou l fè mirak, tankou geri moun ki malad, bay foul moun manje ak leve mò. Aksyon pisan sa yo te bay yon apèsi sou benediksyon nou kapab atann nou pral jwenn pandan rèy Jezi a.

9, 10. a) Ki jan sa te parèt klè lespri sen te aji sou disip Jezi yo nan premye syèk la? b) Ki bagay ki te parèt klè nan akonplisman objektif Jewova nan premye syèk epòk nou an?

9 Apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te sèvi ak lespri l pou l wen moun ki nan pati segondè desandans Abraram nan, e anpil nan yo pa t soti nan fanmi Abraram (Wom. 8:15-17; Gal. 3:29). Sa klè, lespri sen te aji sou disip Jezi yo nan premye syèk la lè li te pèmèt yo preche avèk zèl e lè li te ba yo pouvwa pou yo fè mirak (Tra. 1:8; 2:1-4; 1 Kor. 12:7-11). Lespri sen te revele yon nouvo aspè estrawòdinè nan fason Jewova ap akonpli objektif li lè li te ba yo don pou yo fè mirak. Pandan plizyè syèk Jewova te pran dispozisyon pou moun adore l nan tanp lan, Jerizalèm, men li te mete fen nan dispozisyon sa a. Kounye a se kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme ki te gen favè l. Depi lè sa a, se ak kongregasyon kretyen wen yo Jewova ap sèvi pou l akonpli objektif li.

10 Jewova te sèvi ak lespri sen nan tan biblik yo pou l asire l objektif li ap akonpli, e kèk nan fason li te sèvi ak lespri sen l se te pou l pwoteje moun, pou l ba yo pouvwa pou yo fè mirak e pou l wen yo. E pou epòk pa nou an? Ki jan Jewova sèvi avèk lespri l pou l reyalize objektif li? Nou bezwen konnen ki jan l fè sa, paske nou ta renmen aji ann amoni ak lespri a. Donk, annou konsidere kat nan fason Jewova ap sèvi ak lespri l kounye a.

Wòl lespri sen jwe jodi a

11. Ki sa k montre lespri sen ede pèp Bondye a rete pwòp, e ki jan w kapab montre ou kite lespri a gide w?

11 Premyèman, lespri sen ede pèp Bondye a rete pwòp. Moun k ap sèvi Jewova selon volonte l yo e k ap jwenn byenfè lè objektif li reyalize dwe rete pwòp nan domèn moral. (Li 1 Korentyen 6:9-11.) Gen moun ki vin vrè kretyen ki te konn pratike yon seri bagay imoral, tankou fònikasyon, adiltè ak omoseksyalite. Dezi yo te genyen ki te fè yo komèt peche sa yo gendwa te byen anrasinen nan yo (Jak 1:14, 15). Sepandan, “yo lave” yo. Sa montre moun sa yo fè chanjman yo ta dwe fè nan lavi yo pou yo fè Bondye plezi. Ki sa k pèmèt yon moun ki renmen Bondye reziste devan move dezi? 1 Korentyen 6:11 di se “lespri Bondye nou an” ​(NW). Lè w rete pwòp nan domèn moral, w ap montre ou kite lespri sa a gen yon gwo enfliyans sou ou.

12. a) Selon vizyon Ezekyèl la, ki jan Jewova gide òganizasyon l lan? b) Ki jan w kapab montre w ap travay anba direksyon lespri a?

12 Dezyèmman, Jewova sèvi ak lespri l pou l fè òganizasyon l lan ale nan direksyon li vle l ale a. Nan vizyon Ezekyèl te resevwa a, yo dekri pati nan òganizasyon Jewova a ki nan syèl la kòm yon cha selès k ap akonpli objektif Jewova, yon cha anyen pa ka rete. Ki sa k pouse cha sa a avanse nan tèl ou tèl direksyon? Se lespri sen (Eze. 1:20, 21). Pa bliye òganizasyon Jewova a gen de pati, youn ki nan syèl la ak youn ki sou tè a. Si se lespri sen k ap gide pati ki nan syèl la, pa gen dout nan sa, se li menm tou k ap gide pati ki sou tè a. Lè w obeyi enstriksyon w jwenn nan men pati ki sou tè a e lè w kontinye suiv yo, w ap montre w ap avanse ansanm avèk cha selès Jewova a e w ap travay anba direksyon lespri sen l. —Ebre 13:17.

13, 14. a) Kiyès ki fè pati “jenerasyon sa a” Jezi te pale de li a? b) Bay yon egzanp ki montre Jewova sèvi ak lespri sen l pou l fè verite ki nan Bib la parèt klè. (Gade kare ki gen tit: “Èske w ajou ak eklèsisman yo?”)

13 Twazyèmman, Jewova sèvi ak lespri sen pou l ede nou konprann verite ki nan Bib la (Pwo. 4:18). “Esklav fidèl ki prevwayan an” gen lontan depi l ap sèvi ak peryodik sa a kòm prensipal mwayen pou l fè konnen verite ki nan Bib la ofiramezi (Mat. 24:45, NW). Pa egzanp, annou konsidere sa nou konprann konsènan moun ki fè pati “jenerasyon sa a” Jezi te pale de li a. (Li Matye 24:32-34.) De ki jenerasyon Jezi t ap pale la a? Atik ki te gen tit “Ki sa prezans Kris la vle di pou ou?” a te montre Jezi pa t ap pale de moun ki mechan, men de disip li yo ki t apral wen avèk lespri sen yon ti tan annapre *. Se disip wen Jezi yo, sètadi ni disip nan premye syèk la ni sa ki nan epòk nou an, ki t ap idantifye siy lan e ki t ap konprann lè yo wè siy lan, sa t ap vle di Jezi “toupre, li la nan papòt la”.

14 Ki sa esplikasyon sa a vle di pou nou? Byenke nou pa kapab kalkile ki kantite tan egzakteman “jenerasyon sa a” ap dire, l ap bon pou nou sonje kèk bagay konsènan mo “jenerasyon” an. An jeneral, mo “jenerasyon” an fè referans ak moun ki gen divès laj k ap viv pandan yon peryòd tan an patikilye; kantite tan yon jenerasyon dire pa twò long e li gen yon limit (Egz. 1:6). Donk, ki jan nou ka konprann pawòl Jezi te di konsènan “jenerasyon sa a”? Nou ka konprann li te vle di pandan kretyen wen ki te wè kòmansman siy lan nan ane 1914 t ap vivan toujou, t ap gen lòt kretyen wen ki pi jèn e kretyen sa yo t ap wè kòmansman gwo tribilasyon an. Jenerasyon sa a te gen yon kòmansman, e se sèten l ap gen yon fen. Akonplisman divès pati nan siy lan montre aklè sandout gwo tribilasyon an toupre. Lè w toujou sonje gen ijans e lè w kontinye veye, w ap montre ou ajou ak eklèsisman nou jwenn nan fason nou konprann verite ki nan Bib la e w ap montre ou kite lespri sen gide w. —Mak 13:37.

15. Ki sa k montre se lespri sen ki ban nou fòs pou nou preche bon nouvèl la?

15 Katriyèmman, lespri sen ban nou fòs pou nou preche bon nouvèl la (Tra. 1:8). Ki lòt bagay ki ta ka fè yo preche bon nouvèl la konsa sou tout tè a? Fè yon ti reflechi sou sa. Petèt ou se youn nan moun ki te panse ou pa t ap janm ka al preche kay an kay paske w te timid anpil oubyen paske w te pè anpil. Poutan, kounye a w ap patisipe nan travay sa a avèk zèl *. Gen anpil Temwen Jewova fidèl ki kontinye preche malgre yo jwenn pèsekisyon ak opozisyon. Se sèl lespri sen Bondye ki ka ban nou fòs pou nou venk gwo obstak e ki ka fè nou fè yon seri bagay nou pa t ap ka fè ak pwòp fòs nou (Mika 3:8; Mat. 17:20). Lè w patisipe nan tout aspè ki gen nan travay predikasyon an, w ap montre ou kowopere ak lespri sa a.

Wòl lespri sen gen pou l jwe alavni

16. Poukisa nou kapab gen asirans Jewova pral pwoteje pèp li a pandan gwo tribilasyon an?

16 Alavni, Jewova pral sèvi ak lespri sen l divès fason ki estrawòdinè pou l kapab fè objektif li reyalize. Premyèman, annou konsidere pwoteksyon Jewova ap ban nou. Jan nou te wè sa, Jewova te sèvi ak lespri l nan tan lontan pou l pwoteje moun e anmenmtan pou l pwoteje nasyon Izrayèl la antanke pèp. Se sa k fè nou gen tout rezon pou nou kwè li pral sèvi ak menm lespri sa a, ki pisan anpil, pou l pwoteje pèp li a pandan gwo tribilasyon an k ap pwoche. Nou pa bezwen fè devinèt pou nou konnen egzakteman ki jan Jewova ap pwoteje nou lè sa a. Okontrè, nou mèt gen konfyans parapò ak lavni, lefètke nou konnen Jewova pap janm lage moun ki renmen l yo e l ap toujou ede yo pa mwayen lespri sen l. — 2 Kwo. 16:9; Sòm 139:7-12.

17. Ki jan Jewova pral sèvi ak lespri sen l nan monn nouvo a?

17 Ki jan Jewova pral sèvi ak lespri sen l nan monn nouvo k ap vini an? Se grasa lespri sa a yo pral ekri nouvo woulo ki pral ouvri lè sa a (Rev. 20:12). Ki sa k ap gen nan woulo sa yo? Sanble nan woulo sa yo, Jewova pral ban nou enfòmasyon presi sou sa l vle nou fè pandan mil an yo. Èske w swaf pou w konnen ki sa k ap nan nouvo woulo sa yo? Se sèten n ap tann monn nouvo a avèk anpil enpasyans. Nou pa menm ka imajine ki jan sa ap ye lè n ap viv nan epòk beni sa a, epòk kote Jewova pral sèvi ak lespri sen l pou l akonpli objektif li pou latè e pou moun k ap viv sou li yo.

18. Ki fèm detèminasyon w pran?

18 Pinga nou janm bliye objektif Jewova ap reyalize kanmenm, paske li sèvi ak lespri sen l, fòs ki pi pisan ki gen nan linivè a, pou l fè sa. Objektif sa a konsène w tou. Se sa k fè ou dwe pran fèm detèminasyon pou w sipliye Jewova pou l ba w lespri sen l e pou w aji ann amoni ak direksyon lespri sa a bay (Lik 11:13). Konsa, jan Jewova te vle sa, w ap gen espwa pou w viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Pou nou ka jwenn egzanp yon moun ki te venk gwo timidite li te genyen e ki te vin zele nan ministè a, gade Toudegad 15 septanm 1993, paj 19 (fransè).

Èske nou sonje?

• Ki diferan fason Jewova te sèvi ak lespri sen l nan tan biblik yo pou l kapab akonpli objektif li?

• Ki jan Jewova sèvi ak lespri l kounye a?

• Ki jan Jewova pral sèvi ak lespri l alavni pou l akonpli objektif li?

[Kesyon]

[Kare nan paj 10]

Èske w ajou ak eklèsisman yo?

Jewova kontinye fè laverite vin pi klè pou sèvitè l yo. Men kèk eklèsisman konsa ki te parèt nan Toudegad:

▪ Nan egzanp Jezi te bay sou ledven an, ki leson nou te aprann anrapò ak pwogrè k ap fèt nan domèn espirityèl (Mat. 13:33)? —15 jiyè 2008, paj 19-20.

▪ Ki lè kretyen yo ap sispann resevwa apèl selès? —1ye me 2007, paj 30-31 (fransè).

▪ Ki sa sa vle di pou nou adore Jewova “avèk lespri”. (Jan 4:24, NW.) —15 jiyè 2002, paj 15 (fransè).

▪ Nan ki lakou gwo foul la ap sèvi Jewova (Rev. 7:15)? —1ye me 2002, paj 30, 31 (fransè).

▪ Ki lè separasyon ant mouton ak kabrit la ap fèt (Mat. 25:31-33)? —15 oktòb 1995, paj 18-28 (fransè).