Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye devlope kapasite konpreyansyon nou

Annou kontinye devlope kapasite konpreyansyon nou

Annou kontinye devlope kapasite konpreyansyon nou

ALA sa bèl lè n ap gade yon moun ki konn fè jimnastik byen lè l ap fè yon seri bèl mouvman avèk rapidite e avèk fasilite! Bib la ankouraje kretyen yo pou yo antrene kapasite yo genyen pou yo reflechi menm jan yon moun ki konn fè jimnastik bezwen fè antrènman.

Nan lèt apot Pòl te ekri bay Ebre yo, men sa li te di: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite, pou moun kapasite konpreyansyon yo [“sans yo”] vin antrene [tankou yon moun ki fè jimnastik] pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.” ​(Ebre 5:14, nòt anba paj, NW). Poukisa Pòl te ankouraje Ebre yo pou yo antrene kapasite konpreyansyon yo menm jan yon moun ki fè jimnastik fè egzèsis pou kò l fè mouvman yo pi byen? Ki jan nou kapab antrene kapasite konpreyansyon nou?

‘Se pwofesè yo te dwe ye’

Men sa Pòl te di lè li t ap esplike wòl Jezi jwe antanke “granprèt menm jan ak Mèlkisedèk”: “Sou kesyon sa a, pawòl nou anpil. E li difisil pou nou esplike nou yo, paske nou vin lou pou nou tande. Vrèmanvre, depi tan sa a, se pwofesè nou te dwe ye. Olye sa, se bezwen nou bezwen pou yo anseye nou bagay preliminè ankò, bagay lè moun fèk kòmanse ak pawòl Bondye a. Wi, se lèt nou bezwen, se pa gwo manje.” —Ebre 5:10-12; Bib Kreyòl La.

Sanble gen kèk nan premye kretyen yo, ki te Juif, ki pa t pwogrese nan konpreyansyon yo e ki pa t fè pwogrè nan domèn espirityèl. Pa egzanp, li te difisil pou yo aksepte plis limyè yo te vin jwenn konsènan Lalwa e konsènan sikonsizyon (Tra. 15:1, 2, 27-29; Gal. 2:11-14; 6:12, 13). Genyen nan yo ki te twouve li difisil pou yo sispann suiv tradisyon yo te konn suiv ki te gen rapò ak jou saba yo te konn obsève chak semèn nan e ki te gen rapò ak jou Pwopisyasyon an yo te konn obsève chak ane (Kol. 2:16, 17; Ebre 9:1-14) Se sa k fè Pòl te ankouraje yo pou yo antrene kapasite konpreyansyon yo yon fason pou yo ka distenge sa ki byen ak sa ki mal e li te di yo se pou yo “vin gen matirite”. (Ebre 6:1, 2, NW.) Sandout konsèy sa a li te ba yo a te pouse kèk nan yo pou yo reflechi sou fason yo t ap sèvi ak kapasite konpreyansyon yo e li te ede yo fè pwogrè nan domèn espirityèl. Men, e nou menm?

Devlope kapasite konpreyansyon nou

Ki jan nou kapab devlope kapasite nou genyen pou nou reflechi? Pòl te di nou kapab fè sa ‘afòs nou sèvi avè l’. Menm jan yon moun ki fè jimnastik fè egzèsis yon fason pou kò l kapab fè yon seri bèl mouvman ki difisil, nou ta dwe itilize kapasite nou genyen pou nou reflechi a yon fason pou nou ka distenge sa ki byen ak sa ki mal.

Men sa yon pwofesè ki rele John Ratey, ki anseye sikyatri nan inivèsite Harvard, di: “Pi bon bagay yon moun ka fè pou sèvo l se sèvi avè l.” Selon Gene Cohen, direktè yon sant ki fè etid sou vyeyisman, sante ak syans imèn (Center on Aging, Health and Humanities), ki nan inivèsite George Washington, Ozetazini, “lè nou fè sèvo nou travay, li fòme nouvo dandrit, e sa fè vin gen plis sinaps oswa plis koneksyon ant selil yo.”

Donk, nou montre nou saj lè nou devlope kapasite nou genyen pou nou reflechi e nou chèche pi byen konnen Pawòl Bondye a. Lè nou fè sa, n ap pi anmezi pou nou fè ‘sa Bondye vle, ki bon nèt ale’. —Wom. 12:1, 2.

Chèche gen apeti pou “gwo manje”

Si nou vle “vin gen matirite”, nou bezwen poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske mwen pwogrese nan fason mwen konprann verite ki nan Bib la? Èske lòt moun konsidere m kòm yon moun ki gen matirite nan domèn espirityèl?’ Yon manman kontan bay pitit li lèt oswa manje pou bebe. Men, èske li pa t ap enkyete si ofiramezi ane ap pase pitit li a pa janm manje gwo manje? Menm jan an tou, nou kontan wè yon moun n ap etidye Bib la avè l fè pwogrè jis li vwe tèt li bay Bondye e li batize. Men, e si apre sa, moun nan sispann fè pwogrè? Èske sa pa t ap dekouraje nou (1 Kor. 3:1-4)? Moun ki te anseye nouvo disip la espere avèk letan nouvo disip sa a ap vin yon anseyan tou.

Pou nou ka sèvi ak kapasite konpreyansyon nou pou nou rezone, sa mande pou nou medite sou sa nou aprann e pou nou fè anpil efò (Sòm 1:1-3). Distraksyon tankou gade televizyon oswa lòt aktivite nou fè pou nou detann nou pa mande pou nou fè sèvo nou travay anpil. Donk, nou pa dwe kite aktivite sa yo anpeche nou pran tan pou nou medite sou bagay ki enpòtan. Si nou vle devlope kapasite nou genyen pou nou reflechi, li nesesè pou nou gen dezi pou nou etidye Bib la ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” prepare pou nou yo e pou nou chèche satisfè dezi sa a (Mat. 24:45-47, NW). Nonsèlman nou bezwen gen yon pwogram pèsonèl pou nou li Labib, men tou, li enpòtan pou nou rezève tan pou nou fè Adorasyon an fanmi e pou nou etidye sijè ki soti nan Bib la afon.

Jerónimo, yon siveyan itineran nan peyi Meksik, di li etidye chak nimewo Toudegad menm moman li resevwa yo. Li rezève tan tou pou li etidye ansanm ak madanm li. Men sa li di: “Nou pran abitid pou nou li Bib la ansanm chak jou, e nou itilize kèk piblikasyon tankou bwochi ‘Bon pays’ a.” Gen yon kretyen yo rele Ronald ki di li toujou rete ajou ak lekti biblik kongregasyon an. Anmenmtan tou, li gen youn oswa de sijè li planifye pou li etidye pandan yon tan. Men sa Ronald di: “Sijè sa yo fè m toujou swaf pou lè a rive pou m fè etid pèsonèl mwen.”

E nou menm? Èske nou rezève ase tan pou nou li Labib, Pawòl Bondye a, e pou nou medite sou li? Èske nou devlope kapasite nou genyen pou nou reflechi? Èske nou fè efò pou nou vin gen plis eksperyans nan pran desizyon sou baz prensip biblik yo (Pwo. 2:1-7)? Annou tout bay tèt nou objektif pou nou vin gen matirite nan domèn espirityèl. Konsa, n ap vin gen konesans ak sajès moun ki antrene kapasite konpreyansyon yo pou yo distenge sa ki byen ak sa ki mal yo genyen!

[Foto nan paj 23]

Nou devlope kapasite nou genyen pou nou reflechi ‘afòs nou sèvi avè l’.