Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aràn, yon vil ki te gen anpil aktivite nan tan lontan

Aràn, yon vil ki te gen anpil aktivite nan tan lontan

Aràn, yon vil ki te gen anpil aktivite nan tan lontan

POU moun ki konn Ekriti yo, depi yon moun mansyone Aràn, tousuit, se Abraram, yon nonm ki te fidèl devan Bondye, ki vin nan lespri yo. Lè Abraram, Sara, madanm li, Tera, papa l ansanm ak Lòt, neve l, t ap vwayaje sot Ou pou y al nan peyi Kanaran, yo te rete Aràn. Pandan Abraram te nan vil sa a, li te vin posede anpil bagay materyèl. Apre lanmò papa l, Abraram te kite vil sa a pou l al nan peyi vrè Dye a te pwomèt li a (Jen. 11:31, 32; 12:4, 5; Tra. 7:2-4). Annapre, Abraram te voye sèvitè ki avè l pi lontan an swa Aràn, swa nan yon zòn ki pa lwen vil sa a, pou l jwenn yon madanm pou Izarak. Jakòb, pitit pitit Abraram, te viv nan vil sa a tou pandan yon kantite ane. —Jen. 24:1-4, 10; 27:42-45; 28:1, 2, 10.

Nan iltimatòm Senakerib, wa asiryen an, te bay Izkiya, wa Jida a, li te mete Aràn nan lis “nasyon” wa asiryen yo te konkeri yo. “Aràn” sa a, se pa t sèlman vil Aràn, men se te tout zòn ki te antoure vil la (2 Wa 19:11, 12). Nan pwofesi Ezekyèl la, yo pale de Aràn kòm youn nan prensipal vil ki te konn fè komès ak yon lòt vil ki rele Ti. Sa montre Aràn se te yon vil kote te gen anpil aktivite komèsyal. —Eze. 27:1, 2, 23.

Jodi a, Aràn se yon ti vil ki toupre Şanlıurfa, nan zòn lès peyi Tiki. Men, nan tan lontan, vil sa a te gen anpil aktivite ladan l. Aràn se youn nan vil ki kenbe non li gen nan Bib la toujou. Pa gen anpil vil konsa. Nan lang asiryen an, non l, Harranu, kapab vle di “Wout” oubyen “Wout karavàn”. Sa montre Aràn te sou yon wout komèsyal enpòtan ki te relye plizyè gwo vil. Gen kèk bagay yo detere Aràn ki gen enfòmasyon ki ekri sou yo ki montre manman wa babilonyen yo rele Nabonid la, se te yon fi ki te prèt nan tanp Sin, dye lalin nan, yon dye moun Aràn yo te konn adore. Dapre sa yo di, Nabonid te fè reparasyon nan tanp sa a. Gen plizyè anpi ki monte e ki kraze, men Aràn toujou la.

Jodi a, Aràn diferan nèt parapò ak sa li te ye nan tan lontan. Nan tan lontan, se te yon vil enpòtan, ki te rich, espesyalman pandan kèk peryòd. Jodi a, Aràn se yon kote ki gen yon seri kay do yo fèt an won. Toutotou vil la, moun ka wè te gen plizyè kominote ki te egziste nan diferan epòk. Nan monn nouvo Bondye pral etabli a, anpil moun ki te viv Aràn pral resisite. Pami moun sa yo, gen Abraram, Sara ak Lòt. Sandout y ap kapab di nou anpil bagay sou Aràn, yon vil ki te gen anpil aktivite nan tan lontan.

[Foto nan paj 20]

Restan vil Aràn.

[Foto nan paj 20]

Kay do yo fèt an won.

[Foto nan paj 20]

Vil Aràn jodi a.