Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Piske Jewova kondane idolatri, poukisa li pa t pini Arawon lè li te fè ti bèf annò a pou pèp la adore?

Jan yo montre sa nan liv Egzòd la, nan chapit 32 a, Arawon te fè yon ti bèf annò. Lè li te fè sa, li te vyole lwa Bondye te bay konsènan idolatri a (Egz. 20:3-5). Kòm konsekans, “[Jewova] te fache anpil [...] sou Arawon jouk li te vle touye l. Men, [Moyiz] te lapriyè nan pye l pou Arawon”. (Det. 9:19, 20.) Èske siplikasyon Moyiz, yon nonm jis, te fè pou Arawon an nan sitiyasyon sa a te gen “anpil pouvwa”? (Jak 5:16.) Wi. Sanble Jewova te reponn priyè Moyiz la e li pa t pini Arawon poutèt siplikasyon Moyiz te fè a e poutèt omwen de lòt rezon ankò.

Sandout, youn nan rezon yo se paske, anvan sa, Arawon te toujou montre li fidèl. Lè Jewova te voye Moyiz devan Farawon e li te ba l misyon pou l fè Izrayelit yo soti nan peyi Ejip, li te chwazi Arawon pou l akonpaye Moyiz yon fason pou l te ka pale pou li (Egz. 4:10-16). De mesye sa yo te parèt devan wa Ejip la plizyè fwa, e se yo menm prensipalman ki te fè fas ak move konpòtman Farawon te genyen poutèt kè l te di. Anfèt, pandan Arawon te ann Ejip, li te montre li fidèl devan Bondye an plizyè okazyon e li te kontinye sèvi l. —Egz. 4:21.

Fè yon ti reflechi tou sou sa k te pase ki fè Arawon te fè ti bèf annò a. Moyiz te monte sou mòn Sinayi e li te pase karant jou la. “Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann”, yo te konvenk Arawon pou l fè yon zidòl pou yo. Arawon te fè sa yo te di l la; li te fè yon ti bèf annò (Egz. 32:1-6). Sepandan, aksyon li te fè annapre yo montre li pa t vrèman dakò ak idolatri ki t ap fèt la. Sanble se lefètke yo te ba l presyon ki fè li te aji konsa. Lè Moyiz te regle kesyon idolatri a avèk severite jan l te fè a, tout pitit Levi yo, san wete Arawon, te pran pozisyon pou Jewova. Twa mil moun te pèdi lavi yo. Se moun sa yo prensipalman ki te responsab idolatri ki te fèt la. —Egz. 32:25-29.

Annapre, Moyiz di pèp la: “Nou te fè yon gwo peche.” ​(Egz. 32:30). Donk, se pa Arawon sèlman ki te responsab sa k te fèt la. Ni li menm, ni pèp la te benefisye mizèrikòd estrawòdinè Jewova te fè yo.

Apre sa k te pase anrapò ak ti bèf annò a, Jewova te bay lòd pou yo enstale Arawon kòm gran prèt. Men sa Bondye te di Moyiz: “W’a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w’a vide lwil sou tèt li. W’a mete l apa pou mwen pou l ka sèvi m prèt.” ​(Egz. 40:12, 13). Kòm nou kapab wè sa, Jewova te padone Arawon pou feblès li yo. An reyalite, Arawon se te yon moun ki t ap soutni vrè adorasyon an fidèlman. Se pa t yon rebèl ki t ap fè idolatri.