Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou menm frè, simen sa ki ann akò ak lespri a, epi fè efò pou nou kalifye!

Nou menm frè, simen sa ki ann akò ak lespri a, epi fè efò pou nou kalifye!

Nou menm frè, simen sa ki ann akò ak lespri a, epi fè efò pou nou kalifye!

“Yon moun ki simen pou lespri a, lespri a ap fè l rekòlte lavi etènèl.” —GAL. 6:8, NW.

1, 2. Ki fason Matye 9:37, 38 ap akonpli, e ki bezwen sa fè kongregasyon yo vin genyen?

JODI A, w ap asiste yon seri evènman moun pap janm bliye pandan tout letènite. Gen yon travay Jezi Kris te anonse k ap fèt sou tout tè a. Men sa Jezi te di: “Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l lan.” ​(Mat. 9:37, 38). Jewova Dye reponn priyè moun fè nan sans sa a yon fason li pa t janm fè sa anvan. Pandan ane sèvis 2009 la, te gen 2 031 nouvo kongregasyon Temwen Jewova ki fòme, ki fè kounye a gen 105 298 kongregasyon antou nan lemonnantye. An mwayèn, gen 757 moun ki te batize chak jou.

2 Akwasman sa a fè li nesesè pou gen frè kalifye pou pran latèt nan anseye moun nan kongregasyon yo e pou pran swen mouton ki ladan l yo (Efe. 4:11). Ofiramezi ane yo ap pase, Jewova fè gen moun ki kalifye pou pran swen mouton l yo, e nou gen konfyans l ap kontinye fè sa. Pwofesi nou jwenn nan Mika 5:5 lan (NW) ban nou asirans, nan dènye jou yo, pèp Jewova a t ap gen “sèt bèje” ak “uit dik”, ki reprezante yon gwo kantite gason ki kalifye pou yo pran latèt nan mitan pèp Bondye a.

3. Esplike ki sa yon moun dwe fè pou l “simen pou lespri a”.

3 Si w se yon frè, yon Temwen Jewova batize, ki sa ki kapab ede w kalifye pou w gen responsablite nan kongregasyon an? Yon bagay enpòtan ou bezwen fè se “simen pou lespri a”. (Gal. 6:8.) Pou w ka fè sa, ou bezwen viv yon fason k ap pèmèt lespri sen Bondye aji sou ou san pwoblèm. Se pou w detèmine pou w pa yon “moun ki simen pou chè li”. Veye pou w pa kite yon seri bagay tankou konfò, detant ak distraksyon diminye dezi w genyen pou w fè plis nan sèvis Bondye a. Tout kretyen dwe “simen pou lespri a”, e avèk letan, li posib pou mesye ki fè sa yo kalifye pou yo resevwa responsablite nan kongregasyon an. Piske nou bezwen anpil asistan ministeryèl ak ansyen jodi a, atik sa a konsène prensipalman frè yo. Se sa k fè, nou ankouraje nou nou menm frè pou nou egzamine atik sa a seryezman e pou nou priye sou kesyon an.

Chèche kalifye pou yon bèl travay

4, 5. a) Ki privilèj yo ankouraje kretyen ki batize yo pou yo kalifye pou yo jwenn? b) Ki jan yon frè kapab kalifye pou l jwenn yo?

4 Yon kretyen pa kapab vin siveyan si l pa fè efò pou sa. Li dwe chèche kalifye pou “bèl travay” sa a (1 Tim. 3:1). Youn nan bagay li pral fè nan “bèl travay” sa a, se pran swen kwayan parèy li yo ak tout kè l. (Li Izayi 32:1, 2.) Yon frè k ap chèche kalifye pou l vin siveyan e ki gen bon mobil pa yon moun ki gen anbisyon egoyis. Okontrè, li montre li dispoze sèvi lòt moun san l pap chèche enterè pa l.

5 Yon frè k ap chèche kalifye pou l vin yon asistan ministeryèl epi pou l vin yon siveyan ap fè tout sa l kapab pou l ranpli kondisyon Ekriti yo bay yo (1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9). Si w se yon frè ki batize, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m patisipe afon nan travay predikasyon an, epi èske m ede lòt moun fè sa? Èske m ankouraje sèvitè Jewova parèy mwen yo lè m montre mwen enterese nan byennèt yo ak tout kè m? Èske yo konnen m kòm yon moun ki renmen etidye Pawòl Bondye a? Èske m amelyore kòmantè m yo? Èske m ranpli responsablite ansyen yo ban mwen yo avèk dilijans (2 Tim. 4:5)?’ Kesyon konsa merite pou w egzamine yo seryezman.

6. Pou w kalifye pou w gen responsablite nan kongregasyon an, ki sa ki enpòtan pou w fè?

6 Yon lòt bagay ou kapab fè pou w kalifye pou w jwenn responsablite nan kongregasyon an, se “fòtifye moun [ou] ye pa anndan an avèk pisans, grasa lespri [Bondye]”. (Efe. 3:16, NW.) Lè yon moun vin asistan ministeryèl oswa ansyen nan kongregasyon kretyen an, se pa yon vòt yo fè pou sa. Paske se sèlman lè yon moun pwogrese nan domèn espirityèl li rive jwenn privilèj sa yo. Ki jan yon moun ka pwogrese nan domèn espirityèl? Yon fason li ka rive fè sa se lè l “kite Lespri Bondye dirije lavi [l]” e li kiltive fwi lespri a (Gal. 5:16, 22, 23). Tank w ap pwouve ou gen kalite ki nesesè pou w gen lòt privilèj e tank w ap aplike konsèy yo ba w sou fason pou w amelyore w, ‘tout moun ap wè jan w’ap fè pwogrè’. —1 Tim. 4:15.

Li nesesè pou nou gen lespri sakrifis

7. Ki sa sa mande pou w sèvi lòt moun?

7 Pou w sèvi lòt moun, sa mande pou w fè anpil efò e pou w gen lespri sakrifis. Piske siveyan yo nan kongregasyon kretyen an se bèje nan domèn espirityèl yo ye, yo gen anpil sousi pou pwoblèm twoupo a. Gade ki jan responsablite apot Pòl te genyen antanke bèje a te okipe lespri l anpil. Li te di kwayan parèy li yo ki te nan kongregasyon Korent pawòl sa yo: “Kè m te boulvèse anpil, kè m te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m renmen nou anpil.” ​(2 Kor. 2:4). Li klè Pòl te mete tout kè l nan travay li t ap fè a.

8, 9. Bay kèk egzanp biblik ki montre ki fason mesye ki t ap travay pou byen sèvitè Jewova yo te konn pran swen lòt moun yo.

8 Depi lontan mesye k ap travay pou byen sèvitè Jewova yo te toujou gen lespri sakrifis. Pa egzanp, li difisil pou nou ta imajine Noye k ap di moun lakay li: ‘Lè nou fin konstwi lach la, n a fè m konnen pou m vin jwenn nou.’ Lè Izrayelit yo t ap kite Ejip, Moyiz pa t di yo: ‘N a wè lè nou rive nan lanmè Wouj. Bat pou nou rive jan n kapab.’ Jozye pa t janm di Izrayelit yo: ‘Lè mi Jeriko yo tonbe, n a fè m konnen.’ Izayi pa t lonje dwèt sou yon lòt moun epi li di: ‘Men li! Voye l.’ —Iza. 6:8.

9 Jezi Kris se pi gwo egzanp moun ki te kite lespri Bondye pouse l aji. Li te aksepte volontèman asiyasyon li te jwenn pou l vin sove limanite (Jan 3:16). Èske lanmou Jezi te genyen ki te fè l dispoze fè sakrifis la pa ta dwe pouse nou tou pou nou dispoze fè sakrifis pou lòt moun? Men sa yon frè, ki gen lontan depi li ansyen, te di lè l t ap dekri santiman li gen pou twoupo a: “Pawòl Jezi te di Pyè yo, lè l te di l pran swen ti mouton m yo, touche m anpil. Tank ane yo ap pase, se tank mwen vin pi byen konprann ki jan kèk pawòl yon moun di yon lòt moun pou demontre lanmou li oswa yon senp jès li fè anvè l avèk bonte kapab ankouraje l. Mwen renmen travay bèje m ap fè a anpil.” —Jan 21:16.

10. Ki sa ki kapab pouse yon frè imite Jezi nan kesyon sèvi lòt moun nan?

10 Jezi te montre li dispoze sèvi lòt moun. Men sa l te di yon lè: “M’a soulaje nou.” ​(Mat. 11:28). Se sèten, frè ki batize yo dispoze demontre yo gen menm atitid ak Jezi anvè twoupo a. Lafwa frè yo gen nan Bondye ak lanmou yo gen pou kongregasyon an pouse yo chèche kalifye pou bèl travay sa a, e yo pa panse se yon twò gwo sakrifis pou yo oswa sa mete twòp chay sou do yo. Men, ki sa pou yon frè fè si l pa vrèman santi li anvi kalifye pou l sèvi nan kongregasyon an? Èske li kapab chèche gen dezi sa a?

Chèche gen dezi pou w sèvi lòt moun

11. Ki jan yon moun kapab chèche gen dezi pou l sèvi lòt moun?

11 Si w pa santi w kalifye paske w panse w manke kapasite ak kalite ou ta dwe genyen yo, li ta bon pou w priye Jewova pou l ba w lespri sen (Lik 11:13). Lespri Jewova ap ede w venk tout enkyetid ou kapab genyen nan sans sa a. Se Bondye ki bay yon frè dezi pou l sèvi lòt moun, paske se lespri l ki pouse yon frè fè efò pou l vin kalifye e ki ba l fòs apre sa pou l bay Bondye yon sèvis sakre (Fil. 2:13; 4:13). Se sa k fè li toutafè nòmal pou w mande Jewova pou l ede w gen dezi pou w aksepte responsablite nan sèvis li. —Li Sòm 25:4, 5.

12. Ki fason yon moun ka vin gen ase sajès pou l ranpli responsablite yo konfye l?

12 Yon frè gendwa pa chèche kalifye pou l gen responsablite paske li wè okipe twoupo a se yon bagay ki difisil e sa ap mete twòp chay sou do l. Oswa li kapab santi li pa gen ase sajès pou l pran responsablite sa a. Si l santi sa, li kapab vin gen sajès lè l etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon yo ki baze sou Bib la plis an pwofondè. Li kapab poze tèt li kesyon sa a: ‘Èske m rezève tan pou m etidye Pawòl Bondye a e èske m priye Bondye pou l ban m sajès?’ Men sa disip Jak te ekri: “Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.” ​(Jak 1:5). Èske w kwè nan pawòl enspire sa yo? Kòm repons pou priyè Salomon te fè Bondye a, Bondye te ba l ‘konesans ak bon konprann’ ki te ede l fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal lè l t ap fè jijman (1 Wa 3:7-14). Se vre, ka Salomon an se te yon ka espesyal, sepandan, nou kapab gen konfyans Bondye ap bay mesye li konfye responsablite nan kongregasyon an sajès yo bezwen yon fason pou yo ka pran swen mouton yo byen. —Pwo. 2:6.

13, 14. a) Esplike ki efè “kalite renmen Kris la gen pou nou an” te gen sou Pòl. b) Ki efè “kalite renmen Kris la gen pou nou an” ta dwe gen sou nou?

13 Yon lòt bagay ki kapab ede nou vin gen dezi pou nou sèvi lòt moun, se lè nou medite an pwofondè sou tout sa Jewova ak Pitit li a fè pou nou. Pa egzanp, annou konsidere sa 2 Korentyen 5:14, 15 di. (Li l.) Nan ki sans ‘kalite renmen Kris la gen pou nou an ap dirije nou’? Lanmou Kris montre li gen pou nou lè l te vin bay lavi l pou nou an, jan Bondye te vle sa a, tèlman estrawòdinè, li fè nou gen plis rekonesans pou li, e konsa, li pouse nou aji. Pòl te kite lanmou Kris la dirije l nan sa l t ap fè. Lanmou sa a te anpeche l aji yon fason egoyis e li te ede l konsantre sou objektif pou l sèvi Bondye e pou l sèvi moun parèy li, ni moun ki fè pati kongregasyon an, ni moun ki pa fè pati kongregasyon an.

14 Lè nou medite sou lanmou Kris gen pou moun, sa fè nou gen rekonesans pou li. E konsa, nou vin konprann li pa t ap bon ditou pou nou kontinye ‘simen pou chè nou’ lè nou pousuiv yon seri objektif egoyis e nou viv prensipalman pou nou satisfè tèt nou. Depreferans, nou fè yon seri chanjman pou nou kapab bay travay Bondye ban nou fè a premye plas nan lavi nou. E nou santi nou anvi “sèvi” frè nou yo paske nou renmen yo. (Li Galat 5:13.) Si nou konsidere tèt nou kòm esklav k ap travay avèk imilite pou sèvitè Jewova yo, n ap trete yo avèk diyite e avèk respè. Se sèten nou pap gen etadespri pou n ap kritike lòt moun e pou n ap jije yo, yon etadespri Satan ankouraje moun yo genyen. —Rev. 12:10.

Se tout fanmi an ki pou fè efò ansanm

15, 16. Ki wòl moun ki nan fanmi an jwe nan ede chèf fanmi an kalifye pou l sèvi kòm asistan ministeryèl oswa kòm ansyen?

15 Si yon frè marye epi li gen pitit, lè y ap detèmine si frè a kalifye pou l asistan ministeryèl oswa ansyen, yo egzamine fanmi l tou. An reyalite, yon bagay ki pral gen yon enpak dirèk sou kalifikasyon l se espirityalite fanmi l ak repitasyon manm fanmi l. Sa montre ki jan li enpòtan pou madanm frè a ak pitit li soutni l nan efò l ap fè pou l vin asistan ministeryèl oswa ansyen, pou l sèvi kongregasyon an. —Li 1 Timote 3:4, 5, 12.

16 Jewova kontan lè moun ki nan yon fanmi kretyen kowopere youn ak lòt (Efe. 3:14, 15). Yon chèf fanmi bezwen gen ekilib pou l ranpli responsablite l nan kongregasyon an e pou l dirije kay li “yon fason ki kòrèk” ​(NW). Kidonk, li trèzenpòtan pou yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl etidye Labib avèk madanm li ak pitit li nan Adorasyon an fanmi yo fè chak semèn yon fason pou yo tout ka fè pwogrè nan domèn espirityèl. Li ta dwe patisipe nan ministè a avèk yo regilyèman. Pou sa posib, li enpòtan pou manm fanmi an kowopere ak chèf fanmi an pou efò l ap fè yo reyisi.

Èske w dispoze sèvi ankò?

17, 18. a) Si yon frè vin diskalifye, ki sa l bezwen fè? b) Ki etadespri e ki atitid yon frè ki t ap sèvi kòm ansyen oswa asistan ministeryèl ta dwe genyen?

17 Petèt ou te ansyen oswa ou te asistan ministeryèl pandan yon epòk, men kounye a ou pa gen privilèj sa a ankò. Ou renmen Jewova e ou mèt gen asirans li pa sispann renmen w (1 Pyè 5:6, 7). Èske yo te di w ou bezwen fè kèk ajisteman? Ou bezwen dispoze admèt mankman w e w bezwen mande Bondye èd li pou w travay sou sa. Veye pou w pa vin twò an kòlè. Se pou w saj e se pou w montre ou pozitif. Gen yon frè ki te sèvi kòm ansyen pandan plizyè ane, men ki te pèdi privilèj li, ki te di pawòl sa yo: “Mwen te detèmine pou m kontinye asiste reyinyon yo menm jan an, pou m kontinye patisipe nan ministè a e pou m kontinye li Labib menm jan m te konn fè lè m te ansyen. Mwen te rive atenn objektif sa a. Mwen te aprann gen pasyans, paske mwen te panse mwen t ap rejwenn privilèj mwen te genyen yo nan ennan oswa dezan. Epoutan, mwen te pran setan anvan m te sèvi ankò kòm ansyen. Pandan tout tan sa a, mwen te jwenn ankourajman pou m pa bese lebra e pou m kontinye fè efò pou m kalifye ankò; e sa te ede m anpil.”

18 Si w se yon frè ki nan sitiyasyon nou sot dekri a, pa dekouraje. Reflechi sou fason Jewova beni ministè w ak fanmi w. Fòtifye fanmi w nan domèn espirityèl, vizite moun ki malad yo e ankouraje moun ki fèb yo. E sitou, cheri privilèj ou genyen pou w louwe Bondye e pou w pwoklame bon nouvèl Wayòm nan antanke Temwen Jewova *. —Sòm 145:1, 2; Iza. 43:10-12.

Analize sitiyasyon w

19, 20. a) Ki sa yo ankouraje tout frè ki batize pou yo fè? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Jodi a, nou bezwen plis siveyan ak plis asistan ministeryèl pase tout lè. Se poutèt sa nou ankouraje tout frè ki batize pou yo analize sitiyasyon yo e pou yo mande tèt yo: ‘Poukisa m pap sèvi kòm asistan ministeryèl?’ Oswa, ‘poukisa m pap sèvi kòm ansyen?’ Se pou nou kite lespri Bondye ede nou gen yon bon pwennvi sou kesyon enpòtan sa a.

20 Lè chak moun nan kongregasyon an fè efò pou yo gen lespri sakrifis, tout lòt moun ki ladan l yo tire pwofi. Lè nou fè bon aksyon, san nou pa chèche enterè pa nou, nou jwenn lajwa lefètke n ap sèvi lòt moun e nou simen pou lespri a. Men, jan atik ki vin apre a pral montre sa, nou pa dwe fè lespri sen Bondye lapenn. Ki sa pou nou fè pou nou pa fè sa?

[Nòt anba paj]

Ki repons nou ta bay?

• Ki asirans pwofesi ki nan Mika 5:5 lan ban nou?

• Esplike ki sa nou dwe fè pou nou montre nou gen lespri sakrifis.

• Ki jan yon moun ka chèche gen dezi pou l sèvi lòt moun?

• Pou yon chèf fanmi sèvi kòm asistan ministeryèl oswa kòm ansyen, poukisa li enpòtan pou tout fanmi an kowopere avè l?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Ki sa w kapab fè pou w kalifye?