Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou menm medam yo, poukisa nou dwe soumèt nou anba otorite?

Nou menm medam yo, poukisa nou dwe soumèt nou anba otorite?

Nou menm medam yo, poukisa nou dwe soumèt nou anba otorite?

“Gason se chèf fanm.” —1 KOR. 11:3.

1, 2. a) Ki sa apot Pòl te ekri konsènan dispozisyon Jewova pran anrapò ak otorite ak soumisyon? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

SE Jewova ki te etabli prensip otorite apot Pòl te mansyone lè l te di “Kris la se chèf tout gason” e “Bondye se chèf Kris la”. (1 Kor. 11:3.) Atik nou te egzamine anvan an te montre Jezi te konsidere se yon privilèj pou l soumèt devan Chèf li, Jewova Dye, e li te kontan fè sa. Anplis, li te montre chèf gason ki kretyen yo se Kris. Kris te gen bonte, li te janti, li te gen konpasyon e li pa t egoyis nan fason li te boule ak moun. Mesye yo nan kongregasyon an bezwen konsa tou avèk lòt moun, sitou avèk madanm yo.

2 Men, e fi yo, kiyès ki chèf yo? Pòl te ekri “gason se chèf fanm”. Ki jan medam yo ta dwe konsidere pawòl enspire sa a? Èske prensip sa a valab tou lè mari yon kretyèn pa kwayan? Piske madanm nan dwe soumèt anba otorite mari a, èske sa vle di li pa gen opinyon pou l bay lè gen desizyon ki pou pran? Ki lè y ap fè lwanj pou yon fi?

“M’ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l”

3, 4. Poukisa li pwofitab pou moun marye yo respekte prensip otorite a?

3 Se Jewova ki etabli prensip otorite a. Apre Jewova te fin kreye Adan, men sa li te di: “Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M’ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.” Lè Jewova te fin kreye Èv, Adan te tèlman kontan dèske li te gen yon konpay, yon moun pou ede l, men sa l te di: “Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m! Zo l se zo mwen. Chè l se chè mwen.” ​(Jen. 2:18-24). Adan ak Èv te gen posiblite estrawòdinè pou yo vin papa ak manman tout moun sou tè a, ki t ap pafè, ki t apral viv pou toutan ak kè kontan nan yon paradi ki t ap kouvri tout tè a.

4 Akoz premye paran nou yo te rebele nan jaden Edenn, lèzòm te vin pa kapab jwe wòl yo yon fason ki pafè ankò nan dispozisyon Jewova te pran anrapò ak otorite a. (Li Women 5:12.) Men, Bondye te toujou konsidere mari yo kòm chèf madanm yo. Lè yon mari egzèse otorite l kòrèkteman, e lè madanm li soumèt li anba otorite l, sa pote anpil byenfè ak anpil kè kontan nan maryaj yo. Lè sa a, moun yo ap santi yo menm jan Jezi te santi l lefètke li te soumèt li devan Chèf li, Jewova. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te “toujou kontan travay anba je [Jewova]”. (Pwo. 8:30.) Akoz enpèfeksyon lèzòm, gason yo vin pa kapab egzèse otorite yo yon fason ki pafè ankò, e fi yo pa kapab demontre yon soumisyon ki pafè. Sepandan, lè mari yo ak madanm yo kontinye fè tout sa yo kapab pou yo jwe wòl yo genyen an, dispozisyon sa a pèmèt yo jwenn pi gwo kè kontan ki posib pou moun jwenn nan maryaj yo, malgre yo enpafè.

5. Poukisa mari yo ak madanm yo ta dwe aplike konsèy nou jwenn nan Women 12:10 la?

5 Pou yon maryaj reyisi, li esansyèl pou konjwen yo aplike yon konsèy ki nan Ekriti yo tout kretyen ta dwe suiv: “Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k’ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n’ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Wom. 12:10). Anplis, ni mari ni madanm ta dwe fè anpil efò pou yo suiv konsèy ki nan Efezyen 4:32 a ki di: “Se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt.”

Si konjwen w pa kwayan

6, 7. Ki sa k ka rive si yon madanm ki kretyèn soumèt li ak mari l ki pa kwayan?

6 E si youn nan konjwen yo pap sèvi Jewova? Byen souvan se mari a ki konn pa kwayan. Nan ka sa a, ki jan madanm li ta dwe trete l? Men repons Bib la bay: “Nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n pa janm bezwen louvri bouch nou, paske y’a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.” —1 Pyè 3:1, 2.

7 Pawòl Bondye a mande madanm yo pou yo toujou soumèt yo ak mari yo menmsi li pa kwayan. Bon konduit yon madanm ka pouse mari l chèche konnen ki sa ki pouse madanm nan aji byen konsa. Kòm rezilta, mari a ka chèche konnen kwayans madanm li ki kretyèn e finalman, li ka vin aksepte laverite.

8, 9. Ki sa yon madanm ki kretyèn kapab fè si mari l ki pa kwayan pa byen reyaji devan bèl konduit li genyen?

8 Men, e si yon mari ki pa kwayan pa byen reyaji devan bèl konduit madanm li genyen? Ekriti yo ankouraje madanm nan pou l pa janm sispann demontre bèl kalite li genyen antanke kretyèn, kèlkeswa jan sa difisil. Pa egzanp, men sa nou li nan 1 Korentyen 13:4: “Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans.” Donk, l ap bon pou madanm nan kontinye aji ‘avèk yon imilite ki konplè, yon dousè ki konplè e avèk pasyans’ yon fason pou l ka sipòte sitiyasyon an avèk amou (Efe. 4:2, NW). Avèk èd lespri sen Bondye, fòs aktif li a, li toujou posib pou nou demontre bèl kalite nou genyen antanke kretyen, menm lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil.

9 Men sa Pòl te ekri: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” ​(Fil. 4:13, NW). Lespri Bondye pèmèt konjwen ki kretyen an rive fè yon pakèt bagay li pa t ap janm ka fè san èd lespri sa a. Pa egzanp, lè konjwen ki pa kretyen an aji yon fason ki di avèk li, li ta gendwa vle rann li mal pou mal. Sepandan, men sa Labib di tout kretyen: “Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. [...] Paske men sa ki ekri nan liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.” ​(Wom. 12:17-19). Nan menm sans lan, men ki konsèy nou jwenn nan 1 Tesalonisyen 5:15: “Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.” Grasa èd lespri sen Jewova, nou vin kapab fè sa nou pa t kapab fè ak pwòp fòs nou. Li vrèman apwopriye pou nou mande Bondye lespri sen l pou ede nou.

10. Ki jan Jezi te reyaji lè moun te pale mal avèk li oswa yo te aji mal avèk li?

10 Jezi te bay yon egzanp san parèy nan fason li te boule ak moun ki te pale mal e ki te aji mal avèk li. Selon 1 Pyè 2:23: “Lè yo t’ap joure l, li pat reponn. Lè yo t’ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li [te] renmèt kòz li nan men Bondye k’ap jije tout bagay san patipri.” Nou jwenn egzòtasyon pou nou suiv bèl egzanp li bay. Pa kite move konduit yon moun genyen fè nou mal aji. Menm jan tout kretyen yo resevwa konsèy sa a, “se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman”. —1 Pyè 3:8, 9.

Èske yo pa gen dwa bay opinyon yo?

11. Ki gwo privilèj kèk kretyèn pral genyen?

11 Èske lefètke fi yo dwe soumèt anba otorite mari yo, sa vle di yo dwe toujou rete an silans, san yo pa gen dwa bay opinyon yo sou bagay ki konsène fanmi an ak lòt bagay ankò? Non. Jewova bay ni gason ni fi yon pakèt privilèj. Nou kapab reflechi sou gwo privilèj li bay 144 000 moun pou yo wa ak prèt nan syèl la anba direksyon Kris lè l pral dirije tè a. Gen fi tou pami moun sa yo (Gal. 3:26-29). Sa klè, Jewova bay fi yo jwe yon wòl aktif nan dispozisyon li pran yo.

12, 13. Bay yon egzanp ki montre fi yo te konn bay mesaj ki soti nan Bondye oubyen pwofetize.

12 Pa egzanp, nan tan biblik yo, fi yo te konn pwofetize. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Yowèl nan Yowèl 2:28, 29: “M’a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesay m’a ba yo. [...] Wi, lè sa a, m’a vide lespri m sou tout moun, ata sou moun k’ap travay lakay nou, fi kou gason.”

13 Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jezi te gen anviwon 120 disip, fi kou gason, ki te reyini nan yon chanmòt nan Jerizalèm. Lespri sen Bondye te vide sou tout moun ki te la yo nèt. Se sa k fè Pyè te kapab site sa pwofèt Yowèl te anonse a e li te kapab fè aplikasyon an ni sou gason ni sou fi san distenksyon. Men sa Pyè te di: “Sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k’ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k’ap pale: M’ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. [...] Wi, lè sa a, m’ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y’a bay mesay ki sòti nan Bondye [“y ap pwofetize”, NW].” —Tra. 2:16-18.

14. Ki wòl fi yo te jwe nan gaye krisyanis la nan premye syèk la?

14 Nan premye syèk la, fi yo te jwe yon wòl enpòtan nan gaye krisyanis la. Yo te preche lòt moun Wayòm Bondye a e yo te fè lòt bagay pou yo soutni travay predikasyon an (Lik 8:1-3). Pa egzanp, apot Pòl te pale de Febe; li te di se “yon sè k’ap sèvi nan [kongregasyon] Sankre”. E lè apot Pòl t ap voye salitasyon pou kèk konpayon travay li, li te mansyone yon seri medam ki te fidèl, tankou “Trifèn ak Trifòz, de sè k’ap bay kò yo anpil traka pou Senyè a”. Li te pale tou de “Pèsid [Pèsis], bon zanmi [l] ki te pran anpil fatig pou Senyè a”. —Wom. 16:1, 12.

15. Ki wòl fi yo jwe nan gaye krisyanis la nan epòk nou an?

15 Nan epòk nou an, gen plis pase sèt milyon moun k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a, e yon bonkou nan moun sa yo se fi ki gen tout laj (Mat. 24:14). Gen anpil nan yo ki nan sèvis aplentan, ki misyonè oswa ki manm fanmi Betèl yo. Men sa salmis David te di nan yon chante: “Senyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la.” ​(Sòm 68:11). Vrèman, nou kapab wè ki jan pawòl sa yo se verite. Jewova bay wòl fi yo jwe nan deklare bon nouvèl la e nan akonpli objektif li anpil valè. Pa gen dout, lè l mande kretyèn yo pou yo soumèt yo, sa pa vle di yo pa gen dwa bay opinyon yo.

De fi ki pa t annik rete an silans

16, 17. Ki jan egzanp Sara montre madanm yo pa oblije rete an silans?

16 Si Jewova bay fi yo anpil privilèj konsa, èske mari yo pa ta dwe mande madanm yo opinyon yo anvan yo pran yon gwo desizyon? Li t ap saj pou yo fè sa. Ekriti yo pale de divès sitiyasyon kote gen madanm ki te pale oubyen ki te aji san mari yo pa t mande yo fè sa. Annou konsidere de egzanp.

17 Sara, madanm Abraram, yon patriyach, t ap plede di l pou l fè dezyèm madanm li an ansanm ak pitit gason l lan ale paske yo te aji yon fason derespektan. Labib fè konnen “pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil”. Men, Jewova pa t wè bagay yo konsa. Li te di Abraram: “Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a.” ​(Jen. 21:8-12). Abraram te obeyi Jewova, li te koute Sara, e li te fè sa Sara te mande l fè a.

18. Ki inisyativ Abigayil te pran?

18 Nou ka sonje Abigayil tou, madan Nabal. Lè David t ap chape pou wa Sayil, pandan yon tan li te tabli kan l toupre twoupo Nabal yo. David ak mesye ki te avè l yo pa t pran anyen nan sa mesye rich sa a te posede, okontrè, yo te pwoteje yo. Sepandan, Nabal “te gen move jan, li pat konn boule byen ak moun menm” e li te “pale mal” ak mesye David yo. Se te “yon voryen”, yon “moun fou”. Lè mesye David yo t al mande Nabal kèk pwovizyon avèk respè, li te refize. Ki jan Abigayil te reyaji lè l te tande sa k te rive a? San l pa di Nabal anyen, li “prese pran desan (200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (200) gato fèt ak figfrans chèch” epi li pote yo bay David ak mesye l yo. Èske Abigayil te gen rezon pou l aji konsa? Wi, paske men sa Labib di: “Senyè a frape Nabal, Nabal mouri”. Pi devan, David marye ak Abigayil. —1 Sam. 25:3, 14-19, 23-25, 38-42.

‘Fi yo fè lwanj pou li a’

19, 20. Ki sa k fè yon fi vrèman merite pou yo fè lwanj pou li?

19 Ekriti yo felisite madanm ki fè bagay yo fason Jewova vle yo a. Liv Pwovèb la fè lwanj pou “yon bon madanm”. Men sa l di: “Li gen plis valè pase yon boul lò. Mari l mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. Madanm lan p’ap janm aji mal ak mari l, l’ap pase tout lavi l ap fè l byen.” Mete sou sa, “lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l’ap fè. Tout pitit li yo ap fè l konpliman. Mari l menm ap fè lwanj li”. —Pwo. 31:10-12, 26-28.

20 Ki sa k fè yon fi vrèman merite pou yo fè lwanj pou li? Men sa Pwovèb 31:30 di: “Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y’a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Senyè a.” Yon moun ki gen krentif pou Bondye bezwen soumèt li volontèman devan moun Jewova bay otorite. Bib la di “gason se chèf fanm”, “Kris la se chèf tout gason” e “Bondye se chèf Kris la”. —1 Kor. 11:3.

Se pou nou rekonesan pou kado Bondye bay la

21, 22. a) Ki rezon kretyen ki marye yo genyen pou yo gen rekonesans pou maryaj ki se yon kado Bondye bay? b) Poukisa nou ta dwe demontre nou gen respè pou moun Jewova bay otorite? (Gade kare ki nan paj 17 la.)

21 Kretyen ki marye yo vrèman gen yon pakèt rezon pou yo gen rekonesans pou Bondye! Yo ta dwe gen rekonesans pou li sitou poutèt maryaj yo ki se yon benediksyon Bondye ba yo, paske li ba yo posiblite pou youn atache ak lòt e pou yo sèvi Jewova kòtakòt ak kè kontan antanke moun marye (Rit 1:9; Mika 6:8). Jewova, Sila ki kreye maryaj la, konnen egzakteman ki sa ki nesesè pou moun jwenn kè kontan nan maryaj. Se pou nou toujou aji ann amoni ak volonte Jewova, konsa ‘kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs’ menm nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm. —Ney. 8:10.

22 Yon mari kretyen ki renmen madanm li menm jan li renmen tèt li ap demontre otorite li avèk tandrès e avèk konsiderasyon. Madanm li, ki gen krentif pou Bondye, ap soutni l e l ap demontre yon pwofon respè pou li, e sa ap fè l vrèman merite pou mari l renmen l. Sa ki pi enpòtan, sèke maryaj yo ap sèvi kòm egzanp e l ap onore Jewova, Bondye nou an, ki merite louwanj.

Èske nou sonje?

• Ki dispozisyon Jewova pran anrapò ak otorite ak soumisyon?

• Poukisa moun ki marye yo dwe gen respè youn pou lòt?

• Ki jan yon madanm ki kretyèn ta dwe trete mari l ki pa kwayan?

• Poukisa mari yo ta dwe mande madanm yo opinyon yo anvan yo pran gwo desizyon?

[Kesyon]

[Kare nan paj 17]

Poukisa nou dwe respekte otorite?

Jewova pran dispozisyon pou gen otorite nan mitan kreyati entèlijan l yo. Li te fè sa ni pou byen kreyati espirityèl yo ni pou byen lèzòm. Sa ba yo opòtinite pou yo sèvi ak libète Bondye ba yo pou yo chwazi a e pou yo onore Bondye lè yo sèvi l avèk inite e nan amoni. —Sòm 133:1.

Kongregasyon kretyen wen yo rekonèt otorite Jezi Kris e li rekonèt li kòm Chèf li (Efe. 1:22, 23). Lefètke Jezi rekonèt otorite Jewova, Labib di gen yon lè k ap rive, “Pitit la [...] va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay”. (1 Kor. 15:27, 28.) Donk, li vrèman apwopriye pou moun ki vwe lavi yo bay Bondye yo kowopere ak moun ki gen otorite nan kongregasyon an ak nan fanmi yo (1 Kor. 11:3; Ebre 13:17)! Lè nou fè sa, nou jwenn anpil byenfè, paske Jewova apwouve nou e li beni nou. —Iza. 48:17.

[Foto nan paj 13]

Lapriyè ka ede yon madanm ki kretyèn pou l demontre bèl kalite ki soti nan Bondye.

[Foto nan paj 15]

Jewova bay wòl fi yo jwe nan fè enterè Wayòm nan avanse anpil valè.